
L’Académie haïtienne des sciences, un nouvel instrument de promotion de la science au pays
Écrit par Samuel Pierre
Au mois de juin 2013, lors d’une réunion de mise en place de l’Institut des sciences, des technologies et des études avancées d’Haïti (ISTEAH) tenue à Port-au-Prince, le Groupe de réflexion et d’action pour une Haïti nouvelle (GRAHN) avait annoncé l’initiative d’une Académie haïtienne des sciences (AHS). Une page Web avait alors été créée sur le site Internet de l’ISTEAH1 pour entretenir cette idée, en attendant de pouvoir la concrétiser. Il s’agissait pour le GRAHN de contribuer à doter le pays d’un instrument de promotion de la science dont il a grandement besoin pour son développement.
Nan mwa jen 2013, pandan yon reyinyon, nan Pòtoprens pou mete sou pye Enstiti syans, teknoloji ak etid avanse Ayiti a (ISTEAH), Gwoup refleksyon ak aksyon pou yon Ayiti tou nèf (GRAHN) te anonse lide pou yo kreye yon Akademi Ayisyen pou lasyans (AHS). Yo te kreye yon paj Web sou sit ISTEAH1 a pou bay lide a jarèt anvan yo rive reyalize li. Se te yon okazyon pou GRAHN ede nan tabli anndan peyi a yon enstriman pou fè pwomosyon lasyans. Yon zouti peyi a bezwen tout bon pou devlopman li.