
Pourquoi tant de partis politiques ?
Et à quoi sont-ils utiles ?
Écrit par Alain Gilles
Le nombre et la vocation des partis politiques occupent une place centrale dans les études sur les systèmes de partis, qui permettent de comprendre la participation politique dans ses dimensions quantitatives et qualitatives : non seulement beaucoup de gens participent, mais des gens de différentes couches sociales le font. Les partis, par leur nombre, sont aussi un indicateur du degré de consensus dans une société, de la capacité des différentes forces à articuler leurs intérêts dans une vision commune capable d’être exprimée dans un parti politique. Dans ce bref article, où nous invitons à étudier les phénomènes politiques en tenant compte des contextes historiques et sociaux dans lesquels ils se développent, nous soutenons que le nombre des partis politiques tend à se multiplier en Haïti en raison de la faible cohésion sociale et de la centralité du politique dans la société haïtienne..
Kantite epi misyon pati politik yo gen yon plas enpòtan nan etid sou lide ki alabaz pati politik yo. Sa pèmèt moun konprann patisipasyon nan politik apati dimansyon kantitatif epi kalitatif yo : nonsèlman gen anpil moun ki patisipe nan politik, men genyen tou, moun ki soti nan divès kouch sosyal yo ki ap patisipe. Kantite pati politik ki genyen yo montre aklè : ki nivo konsansis ki genyen anndan yon sosyete, kapasite divès fòs yo pou yo prezante enterè yo daprè yon vizyon komen ki kab parèt anndan yon pati politik. Nan tèks tou kout sa a, nou envite nou etidye fenomèn politik yo apati kontèks istorik, sosyal, kote yo ap dewoule a; nou kwè kantite pati politik yo ap gen tandans miltipliye an Ayiti, paske manke koyezyon nan sosyete a epi akoz wòl santral politik la genyen nan sosyete Ayiti a.