Vol. 2 n° 1 · Opinion
Yon koze sou akademi kreyòl ayisyen
Kreyòl ak franse, se lang ofisyèl Repiblik d’Ayiti.” Se pawòl sa a nou jwenn nan Atik 5 Konstitisyon 1987 la.
“Sèl lang ki simante tout ayisyen ansanm, se lang kreyòl. Kreyòl ak franse, se lang ofisyèl Repiblik d’Ayiti.” Se pawòl sa a nou jwenn nan Atik 5 Konstitisyon 1987 la. Manman Lwa peyi a rekonèt kijan lang kreyòl la soude nou-menm Ayisyen. Atik 213 la limenm deklare, “Yo mete yon Akademi Ayisyen pou li fikse lang kreyòl la e pou li fè l kapab devlope anfòm, ann òd epi selon prensip lasyans.” Nan Atik 213-1, nou jwenn tou,“Yo kapab mete lòt akademi toujou ;” kidonk, depi nasyon an bezwen akademi, nou gen dwa tabli yo jan nou pito. Konstitisyon 1987 la kontinye pou li di nan Atik 214 la li-menm, “Pote non : manm akademi, se yon dekorasyon ;” dizondi se pou lonè ak laglwa. Sou menm ti tèk la, Atik 214-1 roule konsa, “Lalwa deside kouman pou akademi yo òganize ak kouman pou yo mache.” Jodi a, se Atik 213 la menm ki pral klere chemen nou nan ti rale n’ap fè la a.
Lontan anvan ane Konstitisyon 1987 la te pral parèt tèt li, lengwis ak kreyolis toupatou te konn ap mande pou tout Ayisyen chache pran kreyòl la, lang manman ak papa yo, oserye ; lèfini, pou yo ta mete enstitisyon tout kalite ki soti nan leta ak nan sosyete-sivil ki ap bay lang lan jarèt. Nan moman sa a, nou ap fè rimay Pastè Ormonde McConnell ak Edikatè Frank Laubach, 2 meriken ki te bay kreyòl anpil gwo bourad nan ane 1940-1950 yo, avèk premye òtograf (sistèm ekriti) yo te tabli a. Filològ Charles-Fernand Pressoir ak Lelio Faublas merite gwo plas nan fèy memwa nou tou, poutèt yo te kreye yon dezyèm sistèm ekriti yo te kwè ki te pi natif-natal pase sa McConnell ak Laubach te gentan tabli anvan an. Konsa, soti sou tout mouvman ki te fèt nan lepase sa yo vin tonbe sou Dekrè-Lwa 1979 sou sistèm òtograf IPN nan, nou mèt di demach pran kreyòl la oserye a te tanmen, san nou pa bliye anpil gwo jefò pou antre kreyòl lekòl, Minis Edikasyon Jozèf Bèna, avèk menm dekrè a anba bra li, te fè nan epòk sa a. Se te yon michan vansman pou kreyòl la. Kòm enstitisyon, se te Enstiti Pedagojik Nasyonal /Institut Pédagogique National (IPN) ki te pote labanyè pou devlope materyèl epi pouse lang kreyòl la vanse devan. Rive la, te vin genyen twa sistèm pou ekri kreyòl ayisyen ki te nan sikilasyon : òtograf McConnell-Laubach, òtograf Pressoir-Faublas, epi òtograf-IPN. Pami yo se òtograf-IPN nan sèl lalwa te mande pou moun ki apekri sèvi. Atousa, anpil kreyolofòn pa te vle suiv regleman yo. Men, pou di vre, jouk jounen jodi a, nou kontre moun ki vle kenbe tandans pa suiv regleman ak lalwa sou sistèm ekriti ofisyèl la. Gen moun se
eskiz syantifik, gen lòt se wòklò yo wòklò, gen lòt toujou se eseye yo poko eseye aprann li ak ekri kreyòl ditou. Sanble Akademi kreyòl ayisyen an pral vin louvri je moun sa yo, pou montre yo nesesite pou tout moun respekte règ ki tabli pou kouche lang manman ak papa yo sou papye. Mwa oktòb 2011 ki fin pase a, nou mèt di karebare Kolòk sou Akademi kreyòl ayisyen ki sòt fèt la, se yon lòt gwo bout jefò tou pou fè lang kreyòl nou an pwogrese. Sepandan, ekip ki ap pilote pwojè Akademi kreyòl la pa pran kanpo, paske rive nan dat 12 desanm 2012, yo te prepare yon pwojè lwa ki te jwenn benediksyon nan Chanm senatè yo. Kou nou ye la a, yo ap goumen pou kreyòl Ayiti a sèvi kòm dezyèm lang ofisyèl nan Caribbean Community (CARICOM).
LAKONTANTMAN AK LAPÈRÈZ Menm kote mwen te tande kozman kolòk sou Akademi kreyòl ayisyen an, lakontantman ak lapèrèz te anparemwen lapoula. Lakontantman poutèt kolòk la ap fèt, epi poutèt mwen konnen degre konviksyon moun ki pral patisipe ladan li. Mwen kontan poutèt ekzistans Akademi kreyòl Ayisyen an pral lakòz nannan lengwistik kreyòl ayisyen resevwa tretman natif natal, ki pral bòde lang lan selon kòporans, konpòtman, ak abitid ki rele li chèmèt chèmètrès. Mwen anba lapèrèz pou enstitisyon Akademi kreyòl ayisyen reprezante a pa ta tounen yon ti Lafrans, tèlman manm li yo ta vle imite Akademi fransèz. Mwen pè pou nèg ak nègès ayisyen pa ta vle pou se “40 imòtèl”, kidonk 40 manm ki la pou toutan
gen tan, ki ta dwe mennen enstitisyon an, tankou sa sanble li ye nan Akademi fransèz. Dènye lapèrèz sa a te disparèt nèt, lè mwen vin konnen kijan Atik 214 nan Konstitisyon 1987 la klè sou kozman tit manm yo anndan Akademi kreyòl ayisyen an. Lapèrèz anvayi mwen tou poutèt Akademi kreyòl ayisyen an, kòm enstitisyon, ka vin bay Ayisyen yon teren anplis pou pil dilatwa ak anpil lòt eskiz pou yo ka kwape lòd, regleman, oswa disiplin.
AKADEMI KREYÒL AYISYEN NAN MITAN SOSYETE AYISYEN AN Yon akademi bezwen ekspè, ekspè bezwen fè rechèch, rechèch mande resous, resous mande ekipman, lèfini ekipman mande lajan. Desizyon ki pran jodi yo dwe vin tabli règ, prensip ak machasuiv pou sa ki ap vini demen ka suiv. Akademi kreyòl ayisyen an dwe pran abitid kite tras konsekan ki pou mennen kreyòl sou chimen pwogrè ak depasman. Lè Akademi kreyòl ayisyen an fin trase yon gwo tras pwès, sila yo ki ap vini ta dwe ale bay tras sa a plizyè vizit, sonde li, pran pèz li, anvan pou yo ta depatcha li. Pou valè move kreyòl ki ap soti toulejou anba bouch, sou papye, nan radyo ak entènèt, Akademi kreyòl ayisyen an pral blije kreye mwayen ak lonn pou lonnen kijan moun pale, tande, li, epi ekri kreyòl. Akademi kreyòl ayisyen an pral bezwen mete sou pye yon sit entènèt ak lòt mwayen manbre pou ede kreyolofòn sèvi ak lang lan nan bon ti mamit. Tout kreyolofòn, lengwis ak kreyolis pral gen adrès Akademi kreyòl ayisyen an nonpa pou bay nuizans, men pou ede Akademi an travay ak responsablite li genyen yo. Règ pou pale, li, lèfini ekri lang lan pral kouche sou papye. Akademi kreyòl ayisyen an pral enspire Ayisyen suiv regleman ki fè lang lan rete granmoun tèt li. Pou simen plis limyè sou konpòtman tout mo kreyolofòn sèvi pou yo bay chak bagay non, Akademi kreyòl ayisyen an pral bezwen fè anpil seminè sou onomasyoloji, leksik lang lan, eksetera. Nan sans sa a, Akademi kreyòl ayisyen an pral ede nou voye je pi fon sou tout dyalèk lang kreyòl pa nou an pote nan kòtòf li. Sou menm woulib la toujou, nou pral vin reyalize kijan zèv yon etnolengwis kou Serge Fuertes deja trase chimen an pou nou, sitou nan jan zèv li a rive lote tout senk gran dyalèk nou yo. Dyalèk sa yo chita sou varyete nan aksan, nan kadans, ritm fraz, ak pwononsyasyon kèk mo vokabilè lokal, ki soti nan rejyon kote lòt Ayisyen parèy nou ap viv andedan peyi a. Men yo tout se menm lang kreyòl ayisyen an yo pale. Yon Ayisyen gen dwa soti nan tèt anbouchi Rivyè Masak nan Depatman Nòdès, epi li desann al koze ak yon lòt Ayisyen nan kwen Lèziwa nan Depatman Grandans. Yonn pa pe gen pyès pwoblèm pou li konprann lòt la, se kreyòl pale kreyòl konprann nètalkole. Se nan founi je gade epi mete zòrèy an
twonpèt pandan nou ap mache nan mitan yon mache lokal, kote machann ak pratik ap fè machanday, pou yon moun suiv kijan diferan dyalèk lang kreyòl la ap kalonnen, epi kijan dyalèk, Serge Fuetes rele dyalèk Mastèbrenn nan liv li a, ap fè antresoti nan tranzaksyon yo. Sa, se mèvèy kilti ak lengwistik ! Akadmei kreyòl ayisyen an pral analize kominikasyon sa yo, pou li voye je sou ki fasad lang lan nan tèl dyalèk sanble ak tèl lòt epi sou ki lòt fasad, yonn pa sanble lòt. Akademi kreyòl ayisyien an pral travay avèk ekspè nan domèn akizisyon lang, ki anndan divès enstitisyon nan peyi a dosye sa a enterese, pou yo chache konprann pwogram bileng, kijan pwogram sa a mache nan kèk peyi ki sèvi ak li deja, kijan metòd ansèyman sa a ka benefisye tout Ayisyen, fè yo resevwa enstriksyon ni an franse ni an kreyòl. Konsa, franse a li-menm, nou pral aprann li tankou yo montre moun lang etranje, anba metòd ak teknik modèn. Akademi kreyòl ayisyen an ka jwe gwo wòl nan kozman ansèyman bileng sa a. Li pral sèvi ak konesans sou pedagoji pou pwofesè epi aprantisaj pou elèv, pou li kore desizyon ak pozisyon li nan domèn nan. Fason Akademi kreyòl ayisyen an pral fè amenajman pou kreyòl ak franse nan peyi a, se yon kozman kapital. Akademi kreyòl ayisyen an dwe ankouraje travay tradiksyon, adaptasyon ak natiralizasyon zèv ekriven ayisyen tankou zèv lòt ekriven lòt peyi, lòt epòk, pou ede lang lan twoke kòn ak bèl lide inivèsèl. Akademi kreyòl ayisyen an ta dwe louvri bra li bay Mouvman kreyòl ayisyen ak Sosyete Koukouy ki ap feraye depi plis pase 46 làne pou vansman kreyòl. Pi rouye pi koupe, apre depase 46 ane sou tèt li, epi sou teren lang kreyòl nou an, Sosyete Koukouy rive antipile anpil eksperyans ak konesans, san nou pa bliye latriye zèv ak rechèch manm enstitisyon literè sa a deja pibliye, yo ka separe avèk Akademi kreyòl ayisyen an. Mete sou sa, dwe gen pakèt lòt grenn endividi ak gwoup ki ap travay pou vansman lang lan, Akademi an pral bezwen soutni relasyon travay epi kolabore ak yo tou.
RECHÈCH AKADEMI KREYÒL AYISYEN AN Rechèch ki pral fèt nan Akademi an pral aprann nou kijan lang kreyòl ayisyen an te derape, ki wout li fè, ki kote li ye jodi a, ki chanjman li sibi, epitou ki kote li prale. Bò kote pa yo Sosyolengwis yo pral fè nou wè ki valè varyete kreyòl la pote andedan vant li, epi ki rapò tout varyete sa yo genyen ak fenomèn sosyal ; Sikolengwis yo pral dirije bonnanj nou sou kijan kreyòl parèt epi sou kijan li fonksyone nan sèvo ak lespri nou. Travay mesyedam Newolengwis yo se pral klere je nou sou kijan sèvo nou trete lang kreyòl la. Sèvo moun fè gwo mèvèy, lè depase 100 milyon selil li yo ap fwote, trese, yonn ak lòt pou fè nou aprann kreyòl, kit nan tikatkat nou, kit nan granmoun nou. Fason timoun rive aprann kreyòl depi yo ti maymay epi kijan granmoun kontinye ap aprann lang lan, se domèn akizisyon lang. Apresa, nou mèt di analiz diskou
ap voye nou al plonje nan achiv tout sa ki ekri sou papye, san nou pa bliye tout sa moun di nan konvèsasyon kreyòl yo, nan telefòn, nan diskou, ak nan radyo. Tout sa nou ap di la a pou lang kreyòl nou an, li vre tou pou tout lang sou latè. Se sa ki fè nou pa pe bliye kijan Konstitisyon 1987 la deklare se kreyòl ak franse ki lang ofisyèl nou. Konsa, Akademi kreyòl ayisyen an pral aprann nou kijan pou nou boule ak prezans de (2) lang ofisyèl sa yo, pandan li ap travay sou “fikse lang kreyòl, fè li kapab devlope anfòm, ann òd epi selon prensip lasyans.” Motivasyon Akademi an pral ankouraje Ayisyen sispann mande lòt Ayisyen “exprimer” yo, lè yonn ap sèvi ak kreyòl pou li eseye esplike lòt la yon sitiyasyon, lè li antre nan yon biwo pou li resevwa yon sèvis, lè li antre nan yon magazen pou li achte yon pwodui.
tanmen ede nou metba yon latriye zèv pou Akademi an mete nan achiv ak nan sant dokimantasyon li. Antan nou ap fini, nou ap pwofite mande tout moun, nan kèlkeswa nivo oubyen nan kèlkeswa tranch yo ap viv nan sosyete a, pou yo kanpe fèm, fè yon sèl avèk Akademi kreyòl ayisyen an pou ede enstitisyon an pouse lang lan pi devan. Pingga vin kontrarye li, okontrè gide li, ba li lebra ak jarèt pou li ka pare tout lakilbit ak soukous li pral kontre yo. Nou espere, nan ti bout koze sa a, nou te rive esplike ti kras tout lakontantman ak lapèrèz ki te anpare nou yo. BIBLIYOGRAFI • Allen, Peter. 2008. “France’s L’Académie française upset by rule to recognize regional tongues,” The Telegraph, August 16, p.1-2. • Barlow, Julie et Nadeau, Jean-Benoît. 2007. La Grande Aventure de la Langue Française / De Charlemagne au Cirque du Soleil, Editions Québec Amérique Inc., p. 88-94.
KONKLIZYON Ak labanyè konesans, rechèch, pratik oswa eksperyans byen djige anba ponyèt li, Akadmi an pral pran swen tout repozwa lengwistik kreyòl ayisyen yo nèt. Yo-menm sou bò pa yo tou, repozwa lengwistik sa yo pral sèvi kòm rezèvwa pou ede tout kreyolofòn bati fondasyon yo bezwen pou yo pale, koute, li, epi ekri kreyòl tankou rosiyòl. Lè chak kreyolofòn rive maton nan sèvi ak repozwa epi rezèvwa lengwistik, se san plan yo pral rive vin mete pwòp repètwa pa yo kanpe. Pou nou fini nèt, nou ap resevwa Akademi an avèk tout kè, sèvo, ak lespri nou : kè nou ap fè nou renmen travay enstitisyon an pral fè yo patriyotikman ; sèvo nou pral fè nou valorize tout sa lang lan kannale kòm kilti ak idantite nou ; alafendèfen, lespri nou pral
• Dejean, Yves. 1986. Ann Aprann Òtograf Kreyòl la, Edisyon dèz Antiy, S.A., Ayiti, p.1-2. • Firmin, Anténor. 1885. The Equality of the Human Races, (2002 translation by Charles, Asselin), University of Illinois Press, Urbana and Chicago, p.325-328. • Freire, Paolo. 2011, 2012. Pedagogy of the Oppressed, Continuum International Publishing Group, p. 46-48. • Fuertes, Serge. 2011. Le créole haïtien, une langue néo-kwasane, p.66-70b. • Hughes, John P. 1962. The Science of Language, An Introduction to Linguistics, Random House, NY, p.145-155. • Konstitisyon Ayisyen. 1987. • Milfort de Ariza, Mireille. 1991. Le créole haïtien : variation et prosodie, CIDIHCA, p. 21-26. • Pompilus, Pradel. S.d. Manuel d’initiation à l’étude du creole. • Vernet, Pierre. 1980.Techniques d’écriture du Créole Haïtien, Centre de Linguistique Appliquée, Université dEtat d’Haïti, p. 23-25.
Ivon Lamou, M.Ed. M.S.W. se Pwofesè Angle Kòm Dezyèm Lang, epitou li se Dirèktè Sant Entènasyonal Pou Elèv ak Paran Bileng nan Lise Cambridge Rindge and Latin School, Cambridge, Massachusetts, peyi Etazini. Depi menm kote li te fin fonde SDKA-Sant Devlòpman Kreyòl Ayisyen nan lane 1983, Pwofesè Lamou ap fè kou Kreyòl pou Ayisyen ak lòt nasyon, pou pwofesè lekòl, pou etidyan inivèsite ak lòt pwofesyonèl tout branch ; li òganize seminè pou ayisyen, epitou li fè konferans sou kilti ayisyen ak lang kreyòl. Nan mwa Jiyè 1997, li te derape yon seri seminè fòmasyon anseyan toupatou Ayiti, kote li gentan fè seminè fòmasyon pou depase 4000 anseyan ki soti nan 64 Seksyon Kominal andedan Ayiti a. Men kouryèl oswa adrès imèl msye : yylamour@yahoo.com.
