Vol. 2 n° 1 · Analyse

Pawòl Ko-editè yo

Première page — Ronald Jean-Jacques ak Jean J. Moisset

Rehèch pou laverite, malgre tout sa nou konnen epi pisans echanj ki fèt nan mitan moun ki konsène yo, pou nou kab transfòme reyalite a, kapab epi dwe mache men nan men ak respè pou tout moun.

Rehèch pou laverite, malgre tout sa nou konnen epi pisans echanj ki fèt nan mitan moun ki konsène yo, pou nou kab transfòme reyalite a, kapab epi dwe mache men nan men ak respè pou tout moun. Se ak lespri sa a epi avèk plezi nou te aksepte travay ko-editè nimewo tematik revi Haïti Perspectives la sou ansèyman wo nivo epi linivèsite an Ayiti, sou demann Pwofesè Samuel Pierre, Editè an chèf, nou di mèsi anpil. Entansyon nou se pote koutmen pa nou, piti kou li ye, nan kreyasyon kokennchen travay sa a, ki fè devlopman dirab peyi a. Depi byen lontan, sitiyasyon Ayiti an jeneral, se yon sitiyasyon katastwofik. Se menman- parèyman pou sistèm edikasyon li an ak ensèyman wo nivo a. Sa ki parèt klè, anyen pa chanje epi plis ane yo ap pase, sa vin pi mal, espesyalman apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la, ki fè anpil dega, ki lakòz anpil moun mouri epi kraze chapant peyi a nan divès sektè pwodiksyon lavi nasyonal la, prensipalman nan kapital peyi a ak kèk sektè nan depatman Lwès la epi Sidès la. Karakteristik ansanm ak defi nan ansèyman wo nivo epi inivèsitè an Ayiti genyen yon istwa byen long. Se yon reyalite konplèks ki rantre nan nannan sistèm edikasyon ak fòmasyon an, men ki soti nan devlopman lavi nasyonal la nan divès dimansyon li yo. Si nou vle aji yon fason pou nou pote yon chanjman, li enpòtan pou nou konsidere dimansyon sa yo nan refleksyon nou ap fè yo. An Ayiti, genyen anviwon 40 000 jenn moun ki pare pou yo resevwa yon fòmasyon epi yon diplòm nan plis pase 200 enstitisyon ansèyman wo nivo anndan peyi a. Enstitisyon sa yo pa gen twò bon kalite, ni tou yo pa gen anyen pou rann moun jalou, epi repitasyon yo varyab. Anplis, yo bati yo nan nenpòt kondisyon, (GTEF, 2011). Genyen prèske menm kantite jenn fi ak jenn gason ayisyen ki ale nan peyi ki alantou nou yo, pou yo al tante chans yo nan inivèsite peyi etranje pou yo kab jwenn lakonesans nan domèn lasyans ak teknoloji. Inivèsite Ayiti yo bay yon ansèyman ki jeneralman fèb, paske pwofesè pa toujou byen fòme ; inivèsite yo pa toujou pran angajman pou fè rechèch ni pou bay sèvis kominotè. Menm pasyon moun nan peyi a manifeste pou ledikasyon an jeneral, se limenm tou yo genyen pou yo rantre nan inivèsite.

Sitiyasyon sa a, pandan de (2), twa syèk pase yo rantre nan kad rechèch teyorik kou eksperimantal, ki demontre ak prèv ledikasyon se yon eleman esansyèl nan devlopman ak byennèt moun epi devlopman ekonomik ansanm ak devlopman tout sosyete. Pou nou repete pawòl T. W. Schultz (1983) : Moun se richès. Pesonn pakab twonpe tèt li lè li envesti nan moun. GRAHN konprann sa aklè. Se sa prensipalman ki esplike ekzistans Kaye tematik sa a sou lansèyman wo nivo ak inivèsite an Ayiti. Ledikasyon se yon branch nan pati santral fòmasyon resous moun ki esansyèl pou sektè edikasyon an (nan tout nivo li yo) ak pou tout lòt sektè nan lavi nasyonal la reyini ansanm. Premye nimewo Haïti Perspectives, ki deja pibliye yo, te pou noumenm ko-editè nimewo sa a, yon sous enspirasyon ak motivasyon. Paske moun ki te la anvan nou yo te deja trase chemen an pou nou. Nou wete chapo nou devan yo. Nou voye yon mèsi espesyal pou tout moun ki ekri tèks nou resevwa yo daprè deskripsyon nou te mande yo (ki sa), idantifikasyon epi analiz kòz yo (pouki sa) epi prezantasyon aksyon apwopriye pou amilyore sitiyasyon yo (kouman). Tout sa sèvi pou anrichi nou epi pèmèt tout moun konprann reyalite sistèm ansèyman wo nivo a epi sistèm inivèsite a konplèks. Alapapòt, Pierre Toussaint poze kesyon an « Quelle université pour Haïti dans la perspective de sa reconstruction ? » Li prezante nou aklè sitiyasyon Inivèsite yo an Ayiti avèk difikilte pou moun antre ladan yo, kalite fòmasyon yo bay ladan yo a epi tout kalite defi ki genyen nan enstitisyon sa a. Sitiyasyon sa a, ki te nan tèt tout moun depi plizyè ane, vin pi agrave apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la. Otè a fè nou remake « divès pwoblèm inivèsite a genyen yo parèt aklè : kanpis li yo toupatou, salklas yo mal ekipe, pwofesè yo pa byen prepare eksetera. ». Li kontinye pou li di « sitiyasyon sa a, ki regretab, se pa sitiyasyon Ayiti sèl grenn », li raple avèk rezon sitiyasyon kèk peyi nan Afrik frankofòn lan pami tandòt. « Se yon sitiyasyon ki bay kè sote depi kounye a epi pou ane ki ap vini yo si pa gen anyen ki fèt rive 2015 », nan ka Ayiti a an patikilye « nan kontèks yon ekonomi mondyal ki chita sou lenfòmasyon ak lakonesans ».

Cahier thématique – Enseignement supérieur et université

Toussaint fè nou sonje epi li presize misyon yon inivèsite epi li presize « wòl Leta, se kreye egalite chans pou tout moun prensipalman nan domèn ansèyman wo nivo ». Otè a dakò ak prensipal oryantasyon Plan operasyonèl 2010 – 2015 Ministè Edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la (MENFP). Nan premye pati tèks li a, li prezante 7 rekòmandasyon akonpaye ak jistifikasyon, ki soti nan chapit 6 liv GRAHN lan. Jean Joseph Moisset nan « Gouvernance du système d’enseignement supérieur et l’université en Haïti (SESUH) : amélioration nécessaire et possible, mais… » analize pwoblèm la nan rapò ak « feblès gouvènans sistèm ansèyman wo nivo nan inivèsite ki mache ak fayit istorik Leta ayisyen vizavi misyon li nan ledikasyon ». Lè otè a te fin montre enpòtans ledikasyon ak ansèyman wo nivo, li te bay kèk ekzanp ki demontre eta chapant ansanm ak karakteristik SESUH, kote pandan deseni ki ap file yo inivèsite prive yo te rive pran anpil plas. Nan yon dezyèm seksyon, Moisset te vini avèk kèk presizyon sou gouvènans, yon konsèp ki an vòg jounen jodi a, men ki la depi lontan, epi, apre anpil lòt, li konstate, « pa genyen yon kad nòmatif epi reglemantè nan ansèyman wo nivo ». Daprè Moisset gen yon pwoblèm ki rete tennfas nan echèk yonn apre lòt ki genyen nan Refòm Inivèsite Leta Ayiti a. Pwoblèm sa a fèt pou regle. Se poutèt sa li di : « tout moun dakò gen pwoblèm epi yo dwe rezoud yo kòmsadwa ». Otè a sèvi ak katriyèm epi dènye seksyon atik la pou li bay kèk solisyon ak kèk aksyon reyalizab. Genyen ladan yo ki an aksyon. Se « kreyasyon yon kad nòmatif, epi reglemantè ansanm ak kreyasyon yon òganizasyon endepandan epi nan wo nivo, ki la espesyalman pou fè aplike alalèt nouvo kad sa a » mete sou sa kreyasyon yon Ministè ansèyman wo nivo ak rechèch syantifik. » Se de eleman esansyèl ki pou genyen yon bidjè ki alawotè misyon Leta ap bay SESUH la. Nan sans sa a, Bénédique Paul ak Thébeau Michel abòde dirèkteman pwoblematik finansman an nan « Comment juguler les limitations financières des universités haïtiennes ? ». Yo di aklè « pou yo reponn kesyon sa a », yo sèvi ak « yon apwòch istorik epi enstitisyonèl, ki pèmèt yo fè rapidman dyagnostik divès feblès ansèyman wo nivo Ayiti a, anvan yo pwopoze kèk estrateji sou plan manajman, yon moun kab aplike pou ogmante resous finansye ak resous moun pou inivèsite Ayiti yo ». Otè yo ale pi lwen pase yon dyagnostik, yo pwopoze kèk estrateji pou ogmante resous ki genyen nan inivèsite Ayiti yo. Pwopozisyon sa yo, daprè yomenm, valab « pou inivèsite Leta yo kou inivèsite ki pa inivèsite Leta. Sa rantre nan yon apwòch pou fè lajan … » Se prensipalman, « nesesite pou inivèsite yo antre nan antreprenarya, mobilize lajan apati kòb yo resevwa nan men moun ki gen lajan, inivèsite yo dwe patisipe nan pwojè ki jwenn finansman, yo dwe devlope ekspètiz epi ofri kominote a sèvis pou lajan. ». Yo mete sou sa fòmasyon pou

anpeche pwofesyonèl yo faya sou plan kantitatif ak sou plan kalitatif. Yo prevwa tou ankourajman pou sila yo ki manke sou kalifikasyon yo vin pi kalifye epi pou sila yo ki pi kalifye yo rete kalifye. Sou de (2) pwen sa yo, otè a demontre « kontribisyon dyaspora akademik ayisyen an, se yon estrateji esansyèl pou Ayiti ». Atik Ronald Jean-Jacques, « Revaloriser la fonction enseignante afin de construire une université haïtienne » byen chita pami refleksyon ki te fèt pi wo yo. Otè a vle, dayè depi nan kòmansman atik la, « presize esansyèlman ki sa yon Inivèsite ye, sa vle di : resous moun li yo, anseyan li yo oubyen pwofesè li yo, epi nou di li kareman pwofesè-chèchè li yo ». Trè rapidman, li mete kanpe sitiyasyon ansèyman siperyè an Ayiti ki « jounen jodi a ka pi mal toujou pase kalite inivèsite katastwofik Creutzer Mathurin (1997) te prezante nou 15 ane pase yo ». Sa ki enpòtan tou pou Jean-Jacques se pote solisyon avèk yon plan daksyon. An premye « yo dwe kreye epi antrene yon ekip pwofesè diy epi konpetan. Se ekip pwofesè sa yo sèlman ki kab ede nou genyen yon vrè inivèsite an Ayiti. Se poutèt sa, otè a ensiste pou « yo kreye bous dekselans, ki kab pèmèt pi bon etidyan yo kontinye etid yo nan nivo metriz ak doktora. Se sa ki ap pèmèt nou jwenn pwofesè epi kreye pwogram fòmasyon pou yo pandan yo ap travay, yon fason pou ede pwofesè yo rive nan pi wo nivo konpetans akademik posib. Otè a kontinye pou li di, yo dwe valorize travay ansèyan an apati kreyasyon yon plan karyè pou pwofesè-chèchè yo (ki ap travay tan plen ) ak pou pwofesè tanporè yo, men tou ki dwe gen yon salè respektab, avantaj sosyal (lojman, transpò, asirans) mete sou sa, yo dwe genyen bon kondisyon travay, materyèl epi bon jan lojistik. Nan atik li a « Avez-vous dit Université publique régionale pour une égalité des chances ? » Pierre-Michel Laguerre apiye li sou obsèvasyon ak analiz plizyè moun ansanm pou li montre kèk gwo pwoblèm ki gen nan sistèm Ayiti a ansanm ak kondisyon difisil anpil jèn ki vwayaje soti nan pwovens rantre Pòtoprens vin chèche « lakonesans ki mal distribye pami sa ki nan pozisyon santral epi alantou yo, Pòtoprens ak Pwovens yo, vil yo ak lakanpay, tout sa koresponn ak distribisyon ki soti nan abondans jouk rive nan yon privasyon ekstrèm ». Pierre-Michel Laguerre pran defans inivèsite Leta nan pwovens yo ki « pa jwenn tout sa yo dwe genyen [men] ki ap goumen chak jou pi plis pou yo kenbe plas yo kòm yon nesesite sosyopolitik epi yon faktè esansyèl nan chans egal-egal pou plizyè milye jenn ki ap chèche yon edikasyon nan nivo inivèsitè ». Otè a baze li sou sa, pou li di :« nou dwe fini ak yon sitiyasyon ki parèt « nòmal nan deplasman elèv / etidyan pou yo ale lekòl /nan inivèsite » [se poutèt sa] « fòk, an premye, nou refonde Lekòl nan pwovens yo (Fondamantal ak segondè) epi kreye Sant ansèyman wo nivo pou pwovens yo ki respekte

Cahier thématique – Enseignement supérieur et université

prensip Nouvo segondè a ». Lè yo mete UPR yo an rezo sa ap pote pou yo, daprè Lguerre, anpil avantaj ki ap ba yo posiblite pou yo tounen yon kokennchenn zouti « nan yon politik agrandisman sosyal » ak desantralizasyon, de poto mitan nan devlopman dirab peyi a. « Vers l’harmonisation et la consolidation du réseau des Universités publiques régionales (UPR) d’Haïti », se tit atik Yves Voltaire ekri a. Avèk atik sa a, panorama a vin pi laj epi vin gen yon koudèy global, ki ale pi lwen pase kreyasyon Inivèsite piblik rejyonal yo ki kòmanse avèk UPSAC Okay la nan ane 1999. Anfèt, atik la chita sou evolisyon UPR yo ak mwayen pou amonize yo epi konsolide yo an rezo. Otè a baze li sou yon apwòch sosyo-istorik » ak sou « klasifikasyon aktè yo devan yon chanjman », pou li montre defi ki genyen nan fòmasyon pòs-segondè a nan yon kontèks ayisyen. Apresa, li prezante aklè, ki sa rezo UPR yo ye. Aktyèlman genyen kat. Nan atik sa a otè a montre, san patipri, tout difikilte ak pwoblèm UPR yo genyen nan « kòmansman yo kòm enstitisyon. » Nan ka UPSAC li presize « pou kèk moun oryantasyon teknolojik la te parèt tankou yon fòmasyon san valè pou jèn ki ap viv nan pwovens yo epi pa te gen ase lajan disponib pou eksperyans lan ». Otè a optimis, men li mete anpil pridans nan optimis li an okoz divès etap ki te deja fèt epi ki parèt nan « entegrasyon UPR yo nan kèk enstitisyon entènasynal tankou : l’Agence francophone universitaire (AUF), la Conférence des Recteurs et Présidents des Universités de la Caraïbe (CORPUCA), la Conférence des Recteurs et des Présidents des Universités d’Haïti (CORPUHA) ansanm ak devlopman patenarya yo deja genyen avèk City University of New York (CUNY) osnon lòt enstitisyon ki travay

trè pwòch avèk yo tankou Consortium Interuniversitaire pour la Relance du Système Éducatif Haïtien (CIRSEH), ki genyen anndan li 8 inivèsite kanadyen, 11 inivèsite ayisyen, mete sou sa MENFP ak Groupe de Réflexion et d’Action pour une Haïti Nouvelle (GRAHN) ». Voltaire montre tout sa ki ap pase nan mitan aktè yo epi li mande pou yo kreye yon Ajans endepandan pou ansèyman wo nivo ak rechèch epi yon Ministè Ensèyman wo nivo … pou amilyore gouvènans rezo a ». Anfen, Voltaire swete UPR yo pa pe kite fòs anti chanjman yo afebli yo ni fè yo echwe nan misyon yo bay tèt yo. Nimewo tematik Haïti Perspectives sa a ensiste pi plis sou kouman apati pwopozisyon ki nan tout atik li yo, pwopizisyon divès lide, gid pou rechèch, demach ak etap ki pou pèmèt peyi nou an genyen, nan peryòd rekonstriksyon li an, yon Inivèsite tout bon. Menm lè nou te oblije vini avèk konsta ansanm ak dyagnostik ki fè mal epi ki katastwofik pou sistèm ansèyman inivèsitè nou an, tout otè yo, nan menm lide konstriksyon GRAHN lan, te chèche epi pwopoze gid pou rechèch, mete baliz ak mekanis ki, si lidè politik nou yo epi responsab akademik nou yo sèvi ak yo, ka pèmèt nou konstwi yon Inivèsiste ayisyen pou tout moun, miltip epi ki gen diyite. Nou swete lektè yo va ale pi lwen ak refleksyon an. BIBLIOGRAPHIE • Groupe de travail sur l’éducation et la formation (GTEF), sous la présidence de J. LUMARQUE (2011). L’éducation par-dessus tout : Pour un pacte national pour l’éducation en Haïti. • MATHURIN, C. (1997). L’enseignement supérieur en Haïti : état, enjeux et perspective, MENJS, Port-au-Prince, Haïti. • SHULTZ, T. W. (1983). Il n’est de richesse que d’hommes : investissement humain et qualification, Bonel, Économie sans rivages, Paris.

Télécharger le PDF