Vol. 2 n° 2 · Analyse
Enpak èd entènasyonal sou enfrastrikti sivik : ONG nan kan pou deplase yo

Premyèman, atik la analize kondisyon lavi nan kan yo, sitou apati endikatè tankou sèvis dlo ak latrin.
Rezime : Atik sa a detaye enpak èd imanitè nan kan pou moun yo deplase nan Pòtoprens soti 12 janvye 2010 rive janvye 2012. Premyèman, atik la analize kondisyon lavi nan kan yo, sitou apati endikatè tankou sèvis dlo ak latrin. Apre yon analiz estatistik avèk varyab endepandan, rès atik la analize yon konsèp “enfrastrikti sivik”. Apati “kapital sosyal” la, enfrastrikti sivik la mete ansanm yon seri relasyon ant plizyè kategori moun, paske nan tout relasyon yo, gen resipwosite ki fè yonn enfliyanse lòt. Apre yon deskripsyon enfrastrikti sivik nan kapital la avan 12 janvye, atik sa a detaye yon seri aspè chanjman ki vini avèk fason èd imanitè a te òganize. Atik sa a montre kijan politik èd pou sinistre (sitou manje) kraze estrikti familyal tradisyonèl la (yon lojik kiltirèl “lakou”) epi ranfòse yon modèl “oksidantal.” Èd imanitè a te kreye yon sistèm “komite,” ki repodwi yon estrikti vètikal, yerachik, epi eksklizif ki soti nan estrikti sistèm entènasyonal ONG a, daprè lojik li, ak kilti li.
1. ENTWODIKSYON
Papye sa a rezime twa lane rechèch nan kan pou moun yo deplase andan zòn Pòtoprens lan apre evennman 12 janvye a. Tranblemanntè a te lakòz yonn nan pi gwo jefò imanitè ki pa te ko janm rive fèt nan lemonn. Men tou, katastwòf la, ki te alafwa estriktirèl epi konjonktirèl, te kreye yon nouvo reyalite nan zòn metwopolitèn lan : se sa yo rele “kan” pou moun ki te deplase. Popilasyon ki nan kan yo te ogmante jouk rive 1,5 milyon moun pandan ete ane 2010 la. Anpil moun te konsidere prezans kan yo tankou yon “kriz imanitè” – se kan yo ki montre aklè yon seri pwoblèm sosyal peyi a te ap viv depi byen lontan avan tranblemantè a. Men, kan yo, bò kote pa yo, te vin kreye yon pakèt nouvo reyalite nan peyi a, sitou nan Repiblik Pòtoprens lan. Yon pakèt jounalis epi yon seri mouvman sosyal 1. Otè a te prezante entèvansyon sa a nan yon kòlòk entènasyonal “Colloque sur la condition de vie dans les camps et les interventions des ONG,” 10-11 décembre 2012, Faculté d’Ethnologie (UEH). Otè a ta renmen remèsye kòlèg li, Ilionor Louis, chèf Depatman Syans Devlopman, ki òganize kòlòk sa a. Rechèch la te posib paske ekip la te jwenn yon sibvansyon nan National Science Foundation (NSF) sibvasyon #1122704. Tout opinyon, enfòmasyon, konklizyon, oswa rekòmandasyon ki nan atik sa a, se opinyon otè a, se pa opinyon NSF. Otè a ta renmen remèsye tout ekip rechèch la : Marie Laviode Alexis, Sabine Bernard, Théagène Dauphin, Jean Dider Deslorges, Mackenzy Dor, Edwitch Edouard, Jean Rony Emile, Junior Jean François, Robenson Jn-Julien, Vanessa LouisCharles, Elisabeth Michel, Sandy Nelzy, Adlin Noël, Rose-Mercie Saintilmot, Stephanie Semé, Roody Jean Therlius, Tracey Ulcena, Castelot Val, ak Jude Wesh.
kontinye ap chèche konnen vrè rezilta èd entènasyonal la : ki kote lajan an soti ? Kisa ki te fèt avèk li ? Nan premye etap rechèch sa a, nou te eseye rive jwenn bonjan enfòmasyon sou kondisyon moun yo nan kan yo. Se apati diskisyon mwen avèk kèk gwoup moun mwen fè premye rechèch kantitativ sa a. Sitou yonn ki fèt sou enpak èd entènasyonal, sou sa mwen rele “enfrastrikti sivik” [1]. Antan ke antwopològ, sa mwen wè ki pi enteresan nan rechèch sa a, se enpak èd imanitè an sou sosyete Ayiti a pandan yon peryòd tan byen long, relasyon moun ak moun, solidarite, epi mak fabrik peyi a limenm.
2. ANALIZ
2.1 Kondisyon lavi nan Kan yo
Nan yon premye ankèt mwen te dirije nan ete 2010, yon pakèt kòlèg nan òganizasyon popilè te mande mwen pou kore mouvman an avèk bonjan rechèch. Nonsèlman yo te bezwen objektivite ak kredibilite yon pwofesè inivèsite, men yo te ekzije mwen tou yon seri chif ki kapab montre aklè kondisyon lavi nan kan yo. Mwen kontan yo te fè mwen ekzijans sa a. Pou mwen fè travay la, mwen te sèvi ak yon baz done ofisyèl Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon an (OIM, an franse) te kreye ki rele DTM, (Displacement Tracking Matrix). Nan epòk sa a, te gen 1,3 milyon moun ki te rete nan plis pase 1 200 kan toupatou
Cahier thématique – Aménagement du territoire et environnement
nan peyi a. Nan zòn metwopolitèn Pòtoprens2 sèlman te gen 841 kan.
Tablo 1 Lokalite kan yo
KOMIN Pòtoprens Delma Kafou Petyonvil Site Solèy Taba Kwadeboukè TOTAL
Kantite 138 206 148 98 55 97 99 841
TOTAL Pousantaj 16.0 24.0 18.0 12.0 6.5 12.0 12.0
ECHANTIYON Kantite Pousantaj 18 17.0 25 24.0 18 17.0 12 11.0 7 6.7 12 11.0 13 12.0 105
Tablo 2 Estati kan yo
ESTATI Planifye Sant Kolektif Tranzitwa Enfòmèl TOTAL
TOTAL Kantite Pousantaj 17 2.0 85 10.2 4 0.5 731 87.3 837
ECHANTIYON Kantite Pousantaj 1 1.0 12 11.5 1 1.0 90 86.5 104
Tablo 3 ONG “mannadjè”
ONG KI DIRIJE KAN Wi Non Total
Kantite 183 658 841
TOTAL Pousantaj 22 78
ECHANTIYON Kantite Pousantaj 26 25 79 75 105
Nan rechèch sa a, nou te seleksyone 105 kan abitrèman; chak 8yèm kan nan baz done DTM lan (tablo 1-3). Yon ekip 8 etidyan finisan Fakilte Etnoloji te mennen yon ankèt ki te dire 3 semenn. Ankèt la te gen 3 pati : 1) obsèvasyon dirèk pou verifye yon seri kondisyon (kantite twalèt, kondisyon tant, elatriiye) ; 2) yon ti entèvyou fèmen ak 4 moun, ki ap viv nan kan, sou nivo konesans ak enplikasyon yo nan “komite” ki andan kan an ; 3) chèchè yo te chita pale ak kèk reprezantan komite kan an. Mwen te pibliye rezilta rechèch la nan yon rapò ki te rele Fondasyon Enstab [2]. Se vre, gen anpil jefò ki ap fèt. Zanmi Lasante – nan yon patenarya avèk Leta – te rekonstwi 2. Mwen te konte kan nan komin Pòtoprens, Delma, Petyonvil, Site Solèy, Taba, Kafou, epi Kwadèboukè.
Lopital Jeneral epi yo ap fè yon nouvo lopital pou Inivèsite Leta a. Gen kèk kote ki pi byen amenaje pase lòt, men, pwogrè ki te fèt yo pa koresponn ak gwo jefò yo te mete deyò yo. Rechèch la te pèmèt nou jwenn yon pakèt enfòmasyon, men done ki ta dwe mande plis atansyon se 30,3% kan yo ki pa te gen yon grenn twalèt nan epòk sa a (out 2010). Lè nou fè yon kalkil – kote nou divize kantite moun nan popilasyon an avèk kantite twalèt nou te verifye yo, nou rive jwenn gen 273 moun ki pataje yon twalèt. Estanda Minimòm Esfè pou Èd Imanitè di : pinga gen plis pase 20 moun pou pataje yon twalèt3 (Foto 1) Nou rive jwenn 40,5% kan ki pa te gen dlo. Nou jwenn lòt enfòmasyon tou, tankou, se te sèlman yon kan sou senk ki te gen yon klinik, epi distans mwayèn pou jwenn klinik pi pre a te pran yon moun 27 minit pou li mache rive ladan. Nou te kwaze varyab kondisyon yo ak kèk varyab endepandan, tankou komin, prezans yon ONG “mannadjè” (“Camp Management Agency” an angle) ak mèt teren kote kan yo ye a (si teren an te prive oswa nan yon espas piblik). Varyab ki pi fò a se kan ki gen prezans ONG Mannadjè a : kan ki gen ONG Mannadjè gen 2 fwa pi plis dlo ak klinik pase kan ki pa gen prezans ONG yo. Sa ta ka yon bon nouvèl, men se te sèlman 20,8% kan ki te genyen yon mannadjè. Nou te wè tou yon diferans parapò ak komin yo : kan nan komin santral yo (Pòtoprens, Delma, Petyonvil, Taba) gen plis nan sèvis esansyèl yo pase sila yo ki nan komin ki lwen yo (Kafou ak Kwadèboukè), epi se sitou kan ki nan Site Solèy, ki pa te gen prèske anyen. Kan ki lokalize sou tè prive yo te gen mwens sèvis pase kan ki nan espas piblik yo. Tout varyab sa yo ta ka montre kalite politik sistèm imanitè a : kote yo sipoze travay yo, yo travay tout bon. Men, gen mwens chans pou yon ONG travay nan yon zòn “wouj” tankou Site Solèy oubyen yon teren prive, paske swadizan, mèt tè yo fè ONG yo sòti kite espas la. Ratman nan sèvis sante, sitou dlo ak latrin, kreye yon tè fètil pou maladi kolera, ki pral pran peyi a nan mwa oktòb 2010 [3]. Apre, vin genyen yon lòt 173 milyon dola ki distribye pou kanpay kwape kolera, ki pwogrè ki te fèt ? Malerezman, pa anpil. Mwen te dirije yon dezyèm ankèt nan mwa janvye 2011, kote yon ekip te retounen vizite tout kan nan baz done a ki pa te gen swa dlo oubyen yon twalèt, yon fason pou yo wè si sèvis sa yo te enstale pou popilasyon an. Olye pou te genyen 40,5% kan ki pa gen dlo, te vin gen 37,6% kan san dlo ; yon ogmantasyon 3%. Nan sèvis twalèt la, ogmantasyon an pa te twò gwo, soti 30,3% vin genyen 25,8% kan ki pa te gen twalèt. Fòk nou sonje, kan ki te kraze anba fòs oubyen dezespwa popilasyon an pa te nan chif sa yo, epitou li te posib pou kan ki te gen dlo nan mwa out 2010 vin pèdi sèvis la. Kote pwogrè a te konsantre epi ki enteresan, se te nan Site Solèy. Sa te posib gras ak prezans DINEPA ki te ekzije yon kouvèti 3. Vèsyon kreyòl Estanda Minimòm disponib sou : http://www. sphereproject.org/resources/download-publications/ ?search=1&keywords=&language=Haitian+Creole&type=0&category=22
Cahier thématique – Aménagement du territoire et environnement
Foto 1
Esaie Jules-Gelin, avril 2010. Kan Solino. Pa te ko gen twalèt lè sa a.
sèvis dlo ak latrin nan 100% kan ki te nan komin sa a. DINEPA te kowòdone Klòstè WASH (rezo imanitè ki kowòdone dlo ak asenisman), epi li te rankontre ni ak lameri ni ak ONG pou rezoud pwoblèm yo. Sa montre aklè pwogrè a posib depi Leta jwe wòl kowòdinasyon li, epi depi ONG yo travay pou ankadre Leta. Pou kont yo, ONG yo mete nouvo sèvis dlo ak latrin nan 1% kan yo sèlman. ONG yo se estrikti prive : yo pa gen responsablite anvè popilasyon an pou fè li benefisye èd yo ap bay yo. ONG yo la sèlman pou yo bay sèvis, yo pa gen pou yo rann kont bay popilasyon an.
2.2 Rechèch etnografik
Mwen te sèvi ak menm baz done mwen te genyen nan premye 2 etap rechèch la pou seleksyone yon echantiyon 8 kan nan yon kad teyorik. Yonn nan done ki te etone mwen nan rechèch 2010 la, se yon relasyon negatif prezans ONG ki ap jwe wòl “mannadjè” kan yo sou kesyon demokrasi epi patisipasyon nan kan yo. Kan ki gen ONG mannadjè te gen plis sèvis, se vre, men tou, genyen mwens espas pou popilasyon an patisipe nan desizyon sou fonksyonnman kan an. Kidonk, nou te seleksyone 4 kan ki te gen ONG mannadjè (Plas Lapè, Karade, HANCHO I, ak Senlwi Gonzag) epi 4 ki pa te gen yon ONG mannadjè (CAJIT, Kolonbi, Nan Bannann epi Lameri Dikini). Apresa, nou te eseye fè konparezon ant kan ki sanble yo ; sa vle di, yon gwo kan avèk
yon lòt gwo kan, elatriye. Nou te vle vize kan ki gen yon komite kote fanm yo plis prezan, men pa te gen ase kan, kote fanm yo te nan pozisyon lidèchip. Nan 8 kan sa yo, te gen 3 kote yonn nan ekip Etnoloji a, ki te pwouve kapasite li, te ale pou kont li (ekip la te ekri yon tèks epi li te menm ekri yon jounal). Nan 5 lòt kan, te gen yon ekip yon moun nan Etnoloji epi yonn ki soti nan CUNY, kote mwen te ap travay. Tout etidyan CUNY yo se te Dyaspora : twa ladan yo toujou gen yon paspò Ayisyen. Nou te fè yon etap rechèch ki dire 5 semenn soti jen rive jiyè 2010. Nan rechèch sa a ekip la te distribye 100 kesyonè nan 100 fanmi. Kesyonè a te gen 56 kesyon sou sitiyasyon ekonomik, familyal, pèsepsyon yo sou èd la, relasyon yo avèk plizyè lòt enstans, preyokipasyon yo pou lavni. Nou rive jwenn 791 egzanplè. Se etidyan CUNY ki te rantre enfòmasyon nan baz done Excel la. Etidyan ki te travay pou kont yo te rantre done tou. Apre premye faz sa a, chak ekip te fè 10 entèvyou ouvè, ak anrejistreman pou yon total 83. Yon kòlèg, ki te kolabore avèk mwen depi 2005, te tape tout. Kèk entèvyou te tradwi an Angle avèk èd etidyan CUNY, epi mwen te konte sou kolaborasyon mwen avèk Fakilte Lengistik Aplike pou konplete travay la. Konsa, nou pral gen yon bonjan analiz kalitativ. Men, done kantitativ yo deja mete yon pwen entèwogasyon sou enpak enfrastrikti sivik èd la te genyen.
Cahier thématique – Aménagement du territoire et environnement
2.3 Enpak sou enfrastrikti sivik la
Konsèp enfrastrikti sivik la te sòti nan travay kolektif yon gwoup moun tou piti ki ap milite pou chanje kondisyon lavi lokatè. Mwen te travay avèk yo, kòm animatè kominotè. Enfrastrikti sivik, se yon ansanm de relasyon (moun ak moun) ki makonnen yonn ak lòt. Se yon analiz global paske relasyon kèk gwoup moun – tankou relasyon ki genyen ant moun ki manm yon ti gwoup –, kapab enfliyanse lòt relasyon, tankou relasyon ant moun nan baz yo ak lameri. Konsa tout relasyon “anwo” – tankou relasyon ant yon òganizasyon lokal ak yon ONG – kapab enfliyanse relasyon “anba” – tankou relasyon ant òganizasyon sa a ak popilasyon an –. Relasyon yo ekziste ansanm epi yo toujou afekte lòt relasyon, ki nan menm kontèks la epi menm milye a. Konsèp sa a depase lòt tankou “kapital sosyal” nan plizyè fason. Nan fòmilasyon kapital sosyal la, gwoup moun,sa ekziste, men chak fwa pou etidye li, se nan yon fason endividyèl. Se pa moun lan, men se relasyon an menm ki enteresan. Se tankou enfrastrikti woutye osnon telekominikasyon, kote gen rezo ki konekte kèk “baz” ; si gen blokaj nan yonn, sa ka afekte lòt la. Konsa, si gen prejije, inegalite, elatriye nan yonn, sa ka afekte lòt la. Konsèp la gen “sivik” ladan li pou demontre se aksyon kolektif sitwayen, yon mouvman sosyal / popilè ki sous pouvwa. Se karakteristik – chapant ak mak fabrik – relasyon sa yo ki kapab sèvi pou yon analiz sosyal. Yon pakèt rechèch sou milye riral site yon bann aspè nan kilti peyizan [4]. Yonn nan valè kiltirèl peyizan se “yonn ede lòt” [5]. Peyizan yo mete sou pye yon ansanm estrikti kolektif, tankou kòve, konbit, epi gwoupman peyizan pou reyalize lespri solidarite sa a. Janil Lwijis te analize enpak fenomèn ONG yo nan milye a ; yonn nan pi gwo enpak li se lojik “pwojè a” ki re-oryante travay kolektif nan lojik kapital ak priyorite etranje [6]. Politik neyoliberal la, ak yon seri zak byen malere, tankou masak kochon kreyòl yo, te rale anpil moun nan direksyon lavil [7], sitou vil yo rele “Repiblik Pòtoprens lan”. Se konsa bidonvil yo vin gonfle ; dapre Alex Dupuy, lè politik neyoliberal la koumanse mete pye Ayiti [8], te gen 732,000 moun nan Pòtoprens nan lane 1980 yo4. Nan lane 2008, popilasyon an vin 3 milyon, li gonfle apati yon faktè ki kat fwa pi plis. Se nan ane sa yo, bidonvil yo te kreye osnon eksploze. Konsa, kouch swadizan “moun lavil” yo te meprize nouvo popilasyon sa a. Te gen yon diskou ak tèlman pisans sou li, ke li fè kwè anyen pa pe janm mache nan Pòtoprens, paske lavil la manke sa kèk moun rele “kapital sosyal” la, kote vwazen yo yonn pa konnen lòt epi pa gen lespri solidarite. Nan egzòd riral sa a, fanmi ayisyen, epi menm vwazinaj, te eseye repwodi pwòp tèt yo nan ibanizasyon sa a. Antwopològ Michel Laguerre te etidye kijan enstitisyon “lakou” te evolye nan katye popilè Pòtoprens yo [9]. Nan 8 kan ki nan etid sa a, plis pase twaka fanmi ki anndan kan an te rete 4. Yon premye gwo etap nan ane 70-80 epitou yon lòt gwo bourad soti nan anbago (Koudeta 1991-1994) pou tonbe nan ajisteman estriktirel / kontrebann avèk “le retour” (Aristide-Préval).
nan menm katye avan 12 janvye. Se katye ki te pi pre kan an5. Men, lè nou gade non katye a, nou wè, tou, fanmi nan Pòtoprens yo te rete pi pre avèk ansyen vwazen yo te genyen nan pwovens yo : katye ki rele “Site Okay” oswa “Site Jeremi” gen yon lyen toujou ak moun nan pwovens sa yo6. Nan yon rechèch mwen te fè avan 12 janvye, nou wè yon sistèm solidarite ki toujou pouse malgre fenomèn ibanizasyon sa a epi maladi sosyal li pote, tankou : lamizè, moun pa konn moun, pwomiskite, elatriye. Menm nan Pòtoprens, te gen yon seri aksyon kolektif, tankou komite dlo, ti sourit, epi gwoupman katye ki mennen ti pwojè apati kotizasyon [10]. Prèv solidarite nan katye popilè parèt nan epòk 12 janvye a menm. Yon pakèt moun bay temwayaj yon solidarite djam kote inegalite, prejije, divizyon politik epi menm relijyon te mete akote nan yon gwo jefò pou moun sove lòt moun [11]. Men, solidarite sa a pa te dire twò lontan.
2.4 Chanjman nan estrikti lafanmi
Lafanmi se baz epi modèl sosyete a. Pou koumanse nou kapab di èd imanitè apre 12 janvye a te genyen yon gwo enpak sou estrikti familyal la. Gen yon analiz depi Engels ki konstate chanjman nan fanmi swiv mòd ekonomik yon sosyete [12]. Revolisyon endistriyèl epi yonn nan efè li, ibanizasyon, mete plis aksan sou fanmi “nikleyè a ” (ki vle di, manman, papa, pitit). Epitou Engels poze kesyon inegalite fanm ak gason lè fanmi an vin pran fòm lafanmi nikleyè a. An Ayiti, sistèm tradisyonèl la – “lakou” – te koumanse avèk espas fizik kote yon fanmi ki gen anpil moun konstwi kay alantou yon espas santral. Nan etid etnolojik Ainsi Parla l’Oncle [13], Jean Price-Mars pale sou fason konsèp espasyal sa a vin yon senbòl kiltirèl, ki repodwi valè ak lespri kolektif. Nan ouvraj Poto mitan, kòlèg li, Jacques Roumain, dekri fason sistèm lakou a degrade akoz ògmantasyon popilasyon an, degradasyon anviwonnman an, epi sitou pisans “grandon” nan zòn riral la [14]. Menmsi sistèm lakou a te modifye akoz ibanizasyon an, li te toujou yon gid pou fanmi ayisyen, menm nan katye popilè yo [15]. Apre enplantasyon neyoliberal la, ki te gonfle bidonvil Pòtoprens yo, anpil fanmi kenbe chapant “lakou” a. Èd ki te vini yo pral chanje sa. Nan kesyonè nou te pase yo, moun yo di yo te rete avèk 5,37 moun an mwayèn nan kay la. Chif sa a plizoumwen koresponn ak lòt etid IHSI te fè. Lè nou mande moun yo ak konbyen yo ap viv anba tant la, yo di 3,36 moun an mwayèn. Kote lòt 2 moun yo pase ? Ki kote yo ale epi poukisa ? Se nan entèvyou ouvè nou ap koumanse jwenn yon repons. Diminisyon to familyal la se rezilta dirèk politik èd imanitè nan kan yo. Kijan ? Avan gouvènman an te deside kanpe pwogram manje a nan mwa avril 2010 la, ONG yo te distribye èd yo yon “fanmi” alafwa. Menmsi ONG yo, yomenm, pa te 5. Lè nou retire kan Karade, ki se yon re-lokalizasyon, chif la monte plis pase 85%. 6. Nou poze tou kesyon sou kote moun yo te fèt – epi anpil ladan yo soti nan menm pwovens lan. Ekzanp anpil moun ki te rete nan “Site Okay” te fèt nan Sid.
Cahier thématique – Aménagement du territoire et environnement
distribye manje a fizikman, se yo ki oryante èd la. Pou peyi yo rele peyi “oksidantal” yo, apre revolisyon endistriyèl la te gen yon ideyoloji ki di yon fanmi, se manman, papa, epi pitit. Pa ta dwe gen grann oswa kouzin ladan. Men, an Ayiti, ansanm avèk yon bann lòt peyi ki te kreye nan sistèm plantasyon esklavaj la, epitou, kèk lòt peyi ki te gen yon eritaj kiltirèl byen chita avan sistèm kapitalis la, yon fanmi – nou kapab sèvi ak konsèp “fwaye” a oswa lakou a – pi fleksib nan kantite moun li dwe genyen [16]. Fleskibilite sa a te yon baz solidarite nan peyi a epi se yonn nan divès estrateji pou lavi miyò. Men, èd imanitè a toujou gen yon kilti ki mache ak li, menmsi li kache dèyè yon politik swadizan “inivèsèl.” Kidonk, èd la te privilejye estrikti lafanmi daprè sistèm “oksidantal” la. Epitou, pèp la limenm te etidye sistèm ki te la devan li an pou li wè kijan li kapab benefisye ladan. Politik Programme Alimentaire Mondial la (PAM) te privilejye manman (pita gouvènman ayisyen an pral kopye sou li avèk pwojè “Ti Manman Cheri”) pou resevwa manje (Foto 2). Kidonk, yon jèn fanm ki gen 20, oubyen 21 lane ap vin yon nouvo chèf fanmi premye fwa nan lavi pa li, epi li ap jwenn yon tant pou kont li.
sou ki kalite èd pou yo ta bay, sou ki fòm èd la ka rive, nan ki fason pou yo ta bay èd la, epi kiyès ki kapab kowòdone travay la – sa ta pe egzije yon gwo rankont ak kominote a –, ONG yo mete sa yo rele “komite” sou plas. Olye ONG yo ta mete sou pye yon sistèm patisipasyon dirèk, ONG yo te mete yon sistèm entèmedyè pou kanalize epi jere èd. Olye pou tout popilasyon an pran yon desizyon kolektif, se 3-4 grenn moun ki kapab deside pou tout popilasyon ki nan kan an. Popilasyon kan an konn genyen plizyè milye moun. Nan pawòl ki soti nan bouch moun yo, nou gentan wè ki pèsepsyon yo genyen sou fenomèn nan : yo rele komite yo “chèf seksyon,” “gwo ponyèt,” “gran nèg,” epi menm “makout.” (Foto 3) Tankou nou deja di li, poko genyen yon bonjan analiz kalitativ – sitou lengwistik –, men nou kapab site egzanp nan rechèch ki te deja fèt. Nan premye rechèch 2010 la, nan yon echantiyon 108 kan, nou te fè yon entèvyou ak komite yo. Daprè sa yomenm yo di, se te sèlman 18% komite kan an ki te eli. Gen 59% ki di se yomenm ki te mete pwòp tèt yo kòm komite.
Te gen lòt pwoblèm nan distribisyon manje a. ONG ki te bay èd la mete sou pye yon estrikti ki daprè yo, pi bon, pi fasil, pi demokratik epi pi jis. Olye pou ONG yo chita avèk popilasyon a pou brase lide sou vrè bezwen popilasyon an, sou priyorite li,
Nan etap rechèch etnografik la, nou te fè sa ki rele “fokis gwoup” kan yo pou nou pi byen konprann kreyasyon komite yo ak pwoblèm yo jwenn sou wout yo. Nan yon entèvyou avèk 2 komite kan, yo te admèt kareman se te ONG yo ki te kreye yo (nan 2 lòt ka, yo di ONG yo te kreye yon lòt komite). Se avèk ki kritè ONG yo chwazi kiyès ki vin komite a ? Pa vrèman gen yon repons. Nan youn nan kan yo, Plas Lapè nan Delma 2, se te Armé du Salut ki te kreye komite a ; li seleksyone fidèl legliz la, menmsi moun sa yo pa te rete nan kan an. Nan ka sa a, te gen yon òganizasyon de baz ki te gen 2,000 manm, ki te kreye nan ane 1990. Anpil manm gwoupman sa a te rete anndan kan an alepòk. Òganizasyon sa a te kapab pi byen plase pou aji kòm komite kan an. Nan yon lòt ka, HANCHO I, se te Kwawouj ki te vini nan dat 13 Janvye epi li te di tout popilasyon an li pral pran kan sa a an chaj, men fòk ta gen yon komite. Epitou, Kwawouj te mande pou gen yon fanm alatèt komite sa a. Li di li ap tounen demen. Vle pa vle, komite a kreye. Sèl grenn fanm ki ladan an,
Valerie Kaussen, mas 2010. Yon liy pou fanm ki ap tann manje,
Foto 3 Mark Schuller, Jiye 2010. Yon grafiti kont komite, ki nan komin Kafou.
Lè nou gade distribisyon manje a, se te menm kantite diri, lwil, pwa, ble, farin pou chak fanmi, kit “fanmi” a te gen 3 moun, kit li gen 8 moun. Nan sitiyasyon sa a, yon fanmi entelijan ap divize kantite moun li genyen an epi voye ti jèn fanm yo al viv tankou yon nouvo fanmi. Konsa, li ap jwenn 2 sak manje. Tandiske, èd ki te rantre nan peyi a te kapab oryante yon lòt jan, kote se pa kantite moun ki konte. Men, sa ta va egzije yon lòt apwòch, kote popilasyon an ta gen mwayen pou li patisipe nan tout desizyon yo ap pran pou li yo.
2.5 Estrikti komite yo
Foto 2 Karavèl.
Cahier thématique – Aménagement du territoire et environnement
se limenm ki te vin “prezidan” kan an. Men, nan chak rankont mwen te genyen avèk yo, te gen yon lòt lidè defakto. Prezidan an pa te okouran yon pakèt koze.
2.6 Nivo enplikasyon popilasyon an
Tankou nou deja di li, anpil sa yo rele “komite”, komite yo se ONG yo ki kreye yo pou kanalize èd la. Men, kreyasyon vètikal sa a pa nesesèman di popilasyon an pa rekonèt oubyen aksepte prezans komite yo. Kijan popilasyon wè komite yo ? Èske yo okouran estrikti yo, desizyon yo pran, estrateji yo mete sou pye, elatriye ? Nan premye rechèch nou yo, nou rive konnen yon tyè moun ki viv nan kan yo okouran : genyen sèlman 32,4% moun ki konnen non komite a, epi 31,5% konn ki plan yo genyen. Yon lòt 32,3% moun okouran sa ki pral pase nan kan an alavni. Nou pa te gen chif sifizan pou kwaze endikatè sa yo avèk varyab endepandan, tankou prezans fanm nan komite yo oubyen ONG mannadjè, men, nou wè sa ta ka enteresan. Kòm egzanp, komite ki gen plis fanm yo gen chif pi wo sou endikatè patisipasyon / nivo enplikasyon popilasyon an. Men, sa ki te plis enteresan, prezans ONG mannadjè te asire pi plis sèvis tankou dlo oubyen klinik, lè konsa, komite nan kan yo enplike popilasyon an mwens. Sa ta ka sanble, si komite yo santi yo gen yon “blan”, yo pa bezwen mete popilasyon an okouran : si komite a pi pre ONG yo, li pa bezwen yon patisipasyon reyèl pami moun ki nan popilasyon kan an. Se yonn nan ipotèz nou te eseye verifye nan etap rechèch etnografik la nan ane 2011. Pi lwen, nou pral wè kòlèg yo ap reflechi sou estrikti komite kan yo. Done ki nan entèvyou (n=791) montre eksperyans varye nan 8 kan. Nan Plas Lapè, kòm egzanp, se sèlman 2 moun ki te kapab site non komite a. Epi, lè nou mande popilasyon an pou site non lidè komite a, nou te jwenn 11 repons. Se sèlman 1 moun (sonje, se te 100 moun ki te reponn kesyonè a) ki te konnen kilè komite a fè reyinyon. Nan lòt kan, tankou Kolonbi, 66% moun te kapab di kilè komite a rankontre epi 86% moun nan CAJIT te di yo te kapab patisipe nan aktivite komite a. Nou ap toujou fè analiz, men nou kapab toujou poze tèt nou kesyon sou sa ki esplike diferans lan. Èske nou kab di se paske komite nan Plas Lapè a gen yon ONG dèyè li ? Se vre, Plas Lapè se yon gwo kan, men, lòt gwo kan kou– Karade – se kan ki gen plis moun ki konnen non komite a. Nan tout sa, nou ap mande tèt nou, si kreyasyon komite yo pa ogmante lespri “asistana” a, sa ki parèt pi kreyòl se “chita ret tann.” Apre katastwòf la, se lespri tèt ansanm ki te sove Ayiti. Wè pa wè, pou ti moman sa a, divizyon ki te genyen, swa sou plan politik, swa sou plan ekonomik, te sispann. Se te yonn ede lòt, pataje sa ki te genyen an ak sila yo ki pa te gen anyen ditou. Mwen te wè sa nan katye mwen, epi gen yon bann lòt moun ki site menm solidarite a. Se nan lespri sa a, anpil komite kan te kreye, pou tout moun ka mete tèt yo ansanm. Mwen te rankontre ak yon pakèt kan ki demontre yon volonte : nan CAJIT, yo te enstale yon klinik ak senk kòb. Nan nwit yo mande kotizasyon nan popilasyon pou peye manje pou gason ki ap mache nan kan an pou bay sekirite
kòm benevòl. Mwen wè yon kan nan Leyogann ki gen yon komite fanm alatèt li, kote yo te mete yon sinema, yon pyèsteyat, epi yon aktivite kòmès pou bay moun yo yon ti resous. Menm nan Channmas, te gen yon kan (Mozole) kote, ki te gen mwatye fanm nan komite a, ki pa te anrejistre, te gen yon sèl ka vyòl pou premye sis mwa a. Nan Leyogann se te pou yon ane. Sa montre yon volonte pou ede popilasyon an epi yon vrè aksyon patisipasyon. Men, sa pa te pran twòp tan pou èd ONG yo gate lespri sa a nan fason yo te distribye èd la. Kounye a, anpil komite di menm pawòl la : yo la pou jwenn èd nan men ONG. Lè ekip mwen an te mande yo kisa yo fè avèk pwòp mwayen pa yo, majorite komite yo di : “anyen.” Kèk jwè domino ak kat. “Se tann nou ap tann.” Ki vle di, se yon eta depandans totalkapital prezans ONG yo enplante. Daprè pawòl ki soti nan bouch manm komite kan yo, menm nan ete 2010, 90% moun nan yo pa te fè anyen, paske yo ap tann ONG pou ba yo plis èd. Pou fè yon komite ki te sipoze kòmanse nan poze bon jan aksyon tounen yon zonbi avèk yon kwi, se deja yon gwo transfòmasyon sosyal. Sa vle di, nenpòt sa ONG yo bay, mèsi bondye. Menmsi popilasyon an bezwen latrin, dlo, kach-fò-wòk (an angle, “cash for work”), etsetera, komite a vin kontan pou aksepte yon bal pèpè. Nan entèvyou 2011 (n=791), twa premye bezwen yon popilasyon se kay (328), dlo (221), ak travay (148), tandiske èd ki vini an se twous ijenik (496), dlo (272), ak twalèt (200). Lè nou mande popilasyon an poukisa ONG yo bay èd sila a, mwens pase 1% rive reponn kesyon an. Sa vle di, yo pa okouran.
2.7 Kliyantelis
Yon pwoblèm ki parèt apati kreyasyon sistèm komite sa a, se sa ki rele “kliyantelis la.” Se yon fason pou repwodwi inegalite ant gwo peyi ak ti peyi tankou Ayiti. ONG ak Leta, epi gran manjè ak mas pèp la. Depi yon ONG kolabore ak kèk grenn moun (pifò se gason ; mwen poko gen chif) pou monopolize tout relasyon ki fèt an deyò kan an, grenn nèg sa a ap vin gen anpil pouvwa. Rès popilasyon an pa enplike, pa patisipe, epi li pa gen lavwa ochapit. Vrè bezwen yo, priyorite yo, pa pe janm rezoud, paske ONG yo pa tande yo. Mwens pase yon tyè, 32 %, popilasyon an pa konnen plan komite yo. Pifò ladan yo pa menm konnen kijan komite a rele. Majorite nan yo santi yo pa ka patisipe nan diskisyon an, epi yo pa konnen anyen nan zafè èd ONG. Pwoblèm lan vin pi rèd lè gen yon distribisyon ki ap fèt. Nan mwa avril, Preval deside kanpe distribisyon manje jeneral. Men, avan sa, se te yon distribisyon ki te fèt avèk kat. Gwo ONG yo te mete anpil kat, swa kèk san oubyen kèk mil, nan men komite a. Se “moun pa” ki te jwenn yon kat pou manje a. Oubyen, se “gwo ponyèt.” Anpil moun nan kan yo te plenyen pou zafè kat la. Poukisa ONG yo te sèvi ak kat ? Pou koumanse, se te pi fasil, pi rapid pou yo : tou senpman yo te bay kat epi jou apre a, yo ale avèk yon kamyon manje byen lwen. Lè yon moun mande yon ONG poukisa yo fè sa a, ONG a ap esplike sa te fèt avèk patisipasyon popilasyon an. Depi gen komite, pa bezwen genyen yon
Cahier thématique – Aménagement du territoire et environnement
rasanbleman. Yo pa menm bezwen reflechi sou yon sistèm ki plis egalego. Se pale ak komite a epi sa fini la. Li klè, komite yo vin tounen yon nouvo gwo chèf pou kontwole popilasyon an, pou anpeche yo rele anmwe, pou evite yon demokrasi, patisipasyon, brase lide, tèt ansanm ki soti nan baz la. Gen kèk moun ki pa nan komite yo ki di, “ONG yo ap prefere komite ki tèt bese.” Lòt yo di, “ONG yo bezwen fè popilasyon tann. Yo vle nou bèbè.”
2.8 Sistèm ONG a
Wè pa wè, estrikti ONG vin pi pwisan nan peyi a. Sauveur Pierre Etienne te rele ogmantasyon ONG yon “envazyon” [17]. Dapre Bill Clinton gen 10,000 ONG ki ap travay nan peyi a. Si sa a vre (nou poko janm wè kalkil), Ayiti se youn nan peyi ki gen plis ONG pa tèt moun nan planèt la (Lend gen plis pase 3,3 milyon ONG, preske youn sou 300 moun). Gen kèk pwogrè ki te fèt kont SIDA epi pou alfabetizasyon, men preske tout rès endikatè devlopman imen vin degrade depi ONG vin pi pwisan. Se vre, gen kèk ladan ki pote yon soulajman pou moun ki ap viv nan move kondisyon. Men alabaz, ONG yo fè pati de zouti neyoliberal “kominote entènasyonal” la [18]. Pifò ONG entènasyonal jwenn finansman nan Leta etranje, yon filyè politik ekstèn gwo peyi Nò yo [19]. Epitou ONG yo afebli Leta nan fason dirèk ak endirèk. Sitou avèk sa ki te rele Pwogram Ajistiman Estriktirèl (PAS an franse), ensititisyon entènasyonal te redwi kapasite Leta, ki te kreye yon vid ONG vin ranple. Epi ONG yo peye estaf yo anpil pi plis pase Leta, kidonk majorite kad / teknisyen ki te byen fòme, ki te konn travay pou Leta rale kò yo ladann. Nan travay yo, globalman (avèk kèk eskepsyon), ONG yo pa respekte otorite Leta ayisyen. Dapre yonn nan responsab UCAONG (estrikti nan Leta pou kowodone travay ONG) se te sèlman 10-20 pousan ONG ki menm bay rapò anyèl pou gouvènman. Apre yon gwo jefò apre 12 janvye, UCAONG te reyisi mande ONG entènasyonal bay rapò. Jounen jodi a yon mwatye bay rapò anyèl. Anpil ONG fè sa yo vle, menmsi yon lòt ONG ap fè menm bagay nan menm kote, menmsi entèvansyon yo pa touche vrè bezwen kominote a. Gen anpil kote ki pa benefisye sèvis ONG. Men, eksperyans DINEPA, se yon lòt ka, kote Leta bay lòd epi ONG travay nan liy ki trase pa Leta. Epitou depi ete 2012, UCAONG ap mete yon estrikti nan chak depatman, avèk yon komite ONG ak otorite lokal yo, pou kowòdone travay la. Estrikti sa a two nèf pou verifye enpak li. Men, vizyon ki dèyè li epi estrikti a limenm, deja pote yon chanjman.
2.9 Enpak ONG yo
An jeneral, gen yon “ONG-izasyon” sosyete a : alepòk Ayisyen/ Ayisyèn te gen yon konpòtman tèt ansanm / konbit. Menm nan Pòtoprens, moun te konn wè gwoupman katye mete tèt yo ansanm pou rezoud ti pwoblèm popilasyon an ap sibi [20]. Gade kounye a : si moun pa touche pou pote yon mayo jòn nan kad « kach-fò-wòk », yo pa pe pwòpte katye yo rete a [21]. Menm nan sektè pwogresis yo, kèk kòmantè montre kijan mouvman
popilè a, ki te pouse depi 1986, vin biwokratize, yerachize, epi pèdi militans yo apre yo chwazi repwodui modèl ONG yo [22]. Fenomèn sa a pa izole an Ayiti : Lenin, Weber, ak Michels te poze pwoblematik sa a depi lontan [23]. Pou nou verifye enpak èd ONG a, nou kapab wè chanjman apre yo soti nan yon kan. Nan kan Lameri Dikini apre èd ONG a disparèt, komite a dekouraje epi li sispann pwòpte kan an. Nan yon lòt kan – CAJIT – yon ONG kreye yon nouvo komite ki fè konpetisyon ak sila yo a ki te bay sèvis li vontèman. Nouvo komite a pa pran anpil tan pou montre koripsyon li. Sou chanjman nan fanmi, mwen te dirije yon denye ankèt nan mwa jiyè 2012 nan 4 katye popilè. Nan 4 katye sa yo, 71% moun yo te rete nan yon kan. Yonn nan chif ki frape mwen pi plis se 47% moun ki di yo pa rete ak menm fanmi an. Sa montre chanjman sa yo kapab pèmanan.
3. KONKLIZYON
Yon gwo deba toujou kontinye sou enpak èd ONG yo ki te vini apre 12 janvye a. Se klè, manje, dlo, tant, ak kit yo te ede anpil moun viv [24]. Epitou, sistèm imanitè a te rale plizyè milye moun avèk yon ti djòb. Kèk ladan yo te resevwa fòmasyon sou pwoteksyon sivil, avan epi apre yon katastwòf. Men, antanke yon antwopològ, se travay mwen pou poze kesyon sou enpak yon aksyon sou yon peryòd tan byen long. Se poutèt sa mwen te konsantre sou sa mwen rele “enfrastrikti sivik la.” Nan tout chanjman nou te wè yo, genyen kèk grenn moun entelijan ki jwenn yon benefis. Pou yon chanjman ase rapid nan estrikti enstitisyon ki ase santral nan yon sosyete, tankou yon fanmi, nou poko ka wè aklè kote nou prale. Ka gen kèk grenn jèn ki jwi nan nouvo libète chanjman sa yo ap pote. Men, nou deja manke kay pou plis pase 350,000 moun ki toujou ap viv anba tant 3-an apre 12 janvye. Toutotan nou gen plis fanmi akoz divizyon sa a, sa pral ogmante bezwen pi plis toujou. Men, preyokipasyon mwen baze sou enpak sa kab genyen sou prensip solidarite a. Èske apre divizyon sa a, kreyasyon nouvo elit nan swadizan komite yo, epi relasyon kliyantelis sa a – ki se kèk nan rekòlt dirèk politik èd imanitè apre 12 janvye a – peyi a ap kapab vin solidè lè va genyen yon lòt katastwòf ?
3.1 Pwopozisyon pou rechèch
Tout chanjman otou èd imanitè entènasyonal la mete an kontèks fason yon sosyete evolye. Gen anpil kesyon ki poze epi ki merite yon analiz pwofon : èske estrikti solidarite ayisyen – ki genyen rasin li nan lafanmi “lakou” – pral retounen apre ajans imanitè yo kite peyi a ? Èske deplasman kiltirèl sa a pral pèmanan osnon èske lojik sosyo-kiltirèl ayisyen an pral retounen, epi avèk ki modifikasyon ?
3.2 Pwopozisyon pou amenajman teretoriyèl
Eksperyans èd imanitè nan kan yo montre aklè nesesite enfrastrikti sosyal depi nan baz yo. Pou soti nan yon kan, retounen nan yon bidonvil ki toujou pa gen sèvis sosyal fondamantal tankou dlo ak latrin – pou nou nonmen sa yo
Cahier thématique – Aménagement du territoire et environnement
sèlman pami lòt bezwen tankou ledikasyon ak lasante – pral kontinye ògmante prekarite popilasyon malere a. Fòk tout èd entènasyonal toujou kontinye kore estrikti ak enfrastrikti piblik ak sèvis fondamantal. Pou nou fini, fòk gen yon rekonstriksyon ki fèt pou nonsèlman rekonstwi kay ki deja andomaje yo, men tou, fòk yo konstwi nan lojik sosyo-kiltirèl ayisyen, ki kore tandans kolektif la, kòm ekzanp, nou kab nonmen : espas piblik ak estrikti lakou.
3.3 Pwopozisyon pou bon pratik gouvenans
Pou tout sa vin posib, fòk ajans entènasyonal yo travay nan plen kowodinasyon avèk yon Leta responsab, ki bay yon kad reyèl. Fòk tout èd ki vini yo ranfòse kapasite nasyonal la, ni nan gouvèman ni nan òganizasyon. Popilasyon benefisyè yo dwe genyen yon bon jan patisipasyon nan tout pwosesis la ; soti nan diskisyon rive nan evalyasyon, nan rekonstriksyon epi nan èd. Pou sa, dwe genyen yon lòt politik entènasyonal ki konstwi sou baz solidarite, ki koupe fache ak sistèm peze souse a, batay jewopolitik la, ansanm ak enterè entènasyonal gwo peyi yo. Se sitou yon lòt Leta nan peyi Nò yo ki dwe konstwi kote pèp ki ap viv nan peyi sa a yo gen yon bon jan patisipasyon nan sa ki ap fèt sou non yo. Konsèp enfrastrikti sivik la kapab fè nou wè aklè nesesite pou konstwi relasyon dirèk ant pèp nan peyi Nò yo ak pèp nan peyi Sid yo, san entèmedyè ki ajoute pwòp enterè pa yo nan relasyon an. BIBLYOGRAFI
1 SCHULLER, Mark, & Foreword by Paul Farmer. (2012). Killing with Kindness : Haiti, International Aid and NGOs New Brunswick : Rutgers University Press. 2 SCHULLER, Mark. (2010). Unstable Foundations : The Impact of NGOs on Human Rights for Port-au-Prince’s 1.5 Million Homeless (pp. 52). New York and Port-au-Prince : The City University of New York and the Université d’État d’Haïti. 3 Jiska jodi a, ipotèz ki toujou rete pi pwisan sou sous kolera se baz MINUSTAH bò Mibale ki te gen twoup Nepal ki te enfekte. Konsilte HENDRIKSEN, Rene, Price, Lance B, & Shupp, James M. (2011). Population Genetics of Vibrio cholerae from Nepal in 2010 : Evidence on the Origin of the Haitian Outbreak. mBIO, 2(4), 1-6, ak PIARROUX, Renaud, Barrais, Robert, Faucher, Benoît, Haus, Rachel, Piarroux, Martine, Gaudart, Jean,… Raoult, Didier. (2011). Understanding the Cholera Epidemic, Haiti. Emerging Infectious Diseases, 17(7), 1161-1167. 4 ANGLADE, Georges. (1974). l’Espace Haïtien. Montréal : Presses de l’Université de Québec ; BARTHÉLÉMY, Gérard. (1990). L’Univers Rural Haïtien : Le Pays en Dehors. Paris : L’Harmattan ; ak ROUMAIN, Jacques, trans Maude Heuterlou. (1999). Fòs Lawouze. Coconut Creek, FL : EducaVision. 5 GABAUD, Pierre Simpson. (2000). Associationnisme Paysan en Haïti : Effets de Permanence et de Rupture. Port-au-Prince : Editions des Antilles ; SMITH, Jennie Marcelle. (2001). When the Hands are Many : Community Organization and Social Change in Rural Haiti. Ithaca : Cornell University Press. 6 LWIJIS, Janil. (1993). Entè OPD : Kalfou Pwojè. Pòtoprens : Imprimateur II ; LWIJIS, Janil. (2009). ONG : Ki gouvènman ou ye ? Pòtoprens : Asosyasyon Inivèsite ak Inivèsitèz Desalinyèn – ASID. 7 DESHOMMES, Fritz. (1992). Vie Chère et Politique Économique en Haïti. Portau-Prince : L’Imprimateur II ; DESHOMMES, Fritz. (1995). Néo-libéralisme : crise
économique et alternative de développement (2nd ed.). Port-au-Prince : Presses des Imprimateur II ; DEWIND, Josh, & Kinley III, David H. (1988). Aiding Migration : the Impact of International Development Assistance on Haiti. Boulder : Westview Press. 8 DUPUY, Alex. (2010). Disaster Capitalism to the Rescue : The International Community and Haiti After the Earthquake. NACLA Report on the Americas, 43(5), 14-19. 9 LAGUERRE, Michel. (1982). Urban Life in the Caribbean : a Study of a Haitian Urban Community. Cambridge, Mass. : Schenkman Publishers. 10 SCHULLER, Mark. (2012). Genetically Modified Organizations ? Understanding and Supporting Local Civil Society in Urban Haiti. Journal of Haitian Studies, 18(1), 50-73. 11 LAHENS, Yanick. (2010). Failles. Paris : Sabine Wespieser ; MONTASDOMINIQUE, Michèle. (2011). Sim Pa Rele (If I Don’t Shout). In P. Farmer (Ed.), Haiti after the Earthquake (pp. 259-272). Philadelphia : Public Affairs ; TROUILLOT, Evelyne. (2012). Abse sou Klou : Reconstructing Exclusion. In M. Schuller & P. Morales (Eds.), Tectonic Shifts : Haiti since the Earthquake (pp. 103-107). Sterling, VA : Kumarian Press ; VICTOR, Gary. (2010). Le Sang et la Mer. La Roque d’Anthéron, France : Vents d’Ailleurs. 12 ENGELS, Friedrich. (1986 (1884)). The Origin of the Family, Private Property, and the State. New York : Penguin Books. 13 PRICE-MARS, Jean. (1928) Ainsi Parla l’Oncle : Essaies sur l’Ethnologie. Port-auPrince, 1928. Disponib sou : http://classiques.uqac.ca/classiques/price_mars_ jean/ainsi_parla_oncle/ainsi_parla_oncle.pdf 14 Roumain, Fòs Lawouze. 15 Laguerre, Urban Life in the Caribbean 16 CLARKE, Edith. (1957). My Mother who Fathered Me : A Study of the Family in Three Selected Communities in Jamaica. New York : G. Allen & Unwin ; PRICE, Sally. (1982). Co-wives and Calabashes. Ann Arbor : University of Michigan Press ; TROUILLOT, Michel-Rolph. (1992). The Caribbean Region : an Open Frontier in Anthropological Theory. Annual Review of Anthropology, 21, 19-42. 17 ÉTIENNE, Sauveur Pierre. (1997). Haiti : L’Invasion des ONG. Port-au-Prince, Haiti : Centre de Recherche Sociale et de Formation Economique pour le Développement. Liv sa a prete anpil konsèp ak done nan yon lòt etid : MATHURIN, Alliette, Mathurin, Ernst, & Zaugg, Bernard. (1989). Implantation et Impact des Organisations non Gouvernementales : Contexte Général et Étude de Cas. Portau-Prince : GRAMIR. 18 Étienne, Invasion des ONG ; Lwijis, Ki gouvènman ou yè ? 19 HOUTART, François. (1995). Le Défi de la Mondialisation pour le Sud. Port-auPrince : CRESFED ; Mathurin et. al, Implantation et Impact des ONG. 20 SCHULLER M. (2012), Genetically Modified Organizations ? Understanding and Supporting Local Civil Society in Urban Haiti. Journal of Haitian Studies. Vol. 18, No. 1 : 50-73. 21 AYITI KALE JE. (2010, November 9). Cash for… What ? Argent contre… Quoi ? Dinero para… Que ? http://haitigrassrootswatch.squarespace.com/ journal/2010/11/8/cash-for-what-argent-contre-quoi-dinero-para-que.html 22 Lwijis, Ki gouvènman ou yè ; REGAN, Jane. (2003). ONG “altènatif” - zanmi oswa ennmi lit radikal ? (pp. 13). Port-au-Prince : Institute Culturel Karl Leveque. 23 LENIN, Vladimir Ilich. (1922). Role and Function of Trade Unions Under the New Economic Policy. Pravda, 12 ; MICHELS, Robert. (1949). First lectures in political sociology. Minneapolis : University of Minnesota Press ; WEBER, Max. (1946). Bureaucracy. In H. H. G. a. C. W. Mills (Ed.), From Max Weber : Essays in Sociology (pp. 196 - 244). New York : Oxford Press. 24 ETIENNE, Yolette. (2012). Haiti and Catastrophes : Lessons Not Learned. In M. Schuller & P. Morales (Eds.), Tectonic Shifts : Haiti since the Earthquake (pp. 2732). Sterling, VA : Kumarian Press.
Mark Schuller, Ph.D. se yon pwofesè asistan (Assistant Professor of Anthropology and NGO Leadership Development) nan Northern Illinois University (NIU) ak Fakilte Etnoloji (UEH) ki ap travay an Ayiti depi 2001. Avèk plis pase 20 atik nan revi akademik ak chapit liv tou, li pibliye yon liv : Killing with kindness : Haiti, International aid, and NGOs (2012), epi li deja ko-edite 3 liv ; denye a se Tectonic Shifts : Haiti since the Earthquake (2012). Tou de liv sa yo pral pibliye nan Éditions UEH an kreyòl oswa franse. Li ko-edite epi ko-pwodui yon fim dokimantè : Poto Mitan : Haitian Women, Pillars of the Global Economy (2009). mschuller@niu.edu Haïti Perspectives, vol. 2 • no 2 • Été 2013
