Vol. 2 n° 3 · Arts, culture et littérature
Fanm Pou Medjine ak Mendjaly

Pa gen baryè Pou mezire kouray-ou Lè fanm ap goumen Kòtakòt ak gason Bab pou bab ak ranyon dife Lè fanm pran sèt so Anvan li di alatraka Fò ou konnen konbyen kalfou Jipon-l janbe Konbyen flanm li travèse Anvan bonèt li chavire Michel-Ange Hyppolite Zile Nou 1995, p.
Lè fanm vanyan ap mache, li pòtre ak Manzè lavi Fanm pote lavi Pi wo pase fetay solèy Nan voye wòch monte Bwote dlo desann Nan lakou plètil Fanm leve nechèl wotè van K’ap bale wouze
Fanm mennen lavi Nan sous dodo meya Kwape lamizè Twaze dyòl maldyòk Dwèt madichon fanm Pa respekte pè pap Lè fanm vanyan ap mache Li sanble tèt koupe ak manzè lavi
Nan peyi malfini Fanm charye douvan jou-l Sou tèt kamyon bwat Madan sara fè ovètay Pou po pistach
Lesiv defigire men-l Kout batwèl Ant salyè e valyè Trese riban Nan boukan pen kotidyen-l Semèl jounen-l Manje pousyè Vale kalfou Twoke twòkèt pou chay Fanm O ! Pa gen baryè Pou mezire kouray-ou
Lè fanm ap goumen Kòtakòt ak gason Bab pou bab ak ranyon dife Lè fanm pran sèt so Anvan li di alatraka Fò ou konnen konbyen kalfou Jipon-l janbe Konbyen flanm li travèse Anvan bonèt li chavire
Michel-Ange Hyppolite Zile Nou 1995, p. 48-49
Femme à Medjine et Mendjaly
Femme, ta force a le visage de la vie Tu mènes la vie par la main
Tu portes la vie Et lui fais enjamber le soleil Grâce à toi, Les pierres s’escaladent l’une l’autre L’eau dévale les pentes de bon gré Et le vent est une voile que tu tisses Pour la pavoiser à tour de vue.
Comme un enfant à son berceau ; Tu fais fuir la misère, Et rends muettes les mauvaises langues. Ton doigt vengeur N’épargne ni pape ni seigneur Femme, ta force A le courage de la vie.
En terre de malheur, Femme, tu es porteuse d’aurore, Par monts et par vaux, Travailleuse de mon pays, Tu t’échines Sans même l’espoir d’un merci.
Tes mains déchirées d’avoir trop Lessivé ; Entre malheur et détresse Tu te faufiles Pour arracher l’essentiel. Tu bats la campagne Les yeux emplis de poussière Et vas de ci de là Échangeant le boulet pour le fardeau Ô Femme, Notre admiration N’arrive pas à partager Ton courage !
Quand tu luttes À nos côtés, L’éclair de tes yeux Rivalise avec le feu de nos armes. Tu ne cries jamais miséricorde ! Avant ton dernier souffle. Nul ne sait Quels abîmes tu as franchis, Ni quelles flammes tu as bravées Sans un tremblement de cil.
Michel-Ange Hyppolite Zile Nou 1995, p. 50-51 (Texte traduit du créole haïtien par Professeur Maximilien Laroche)
Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj) fèt Ayiti nan ane 1952. Li ap viv Kanada depi 1980. Pwofesè syans alaretrèt, li se powèt ak kritik literè. Michel-Ange Hyppolite te etidye nan Jersey City University ak nan Ottawa University, Etazini, kote li te pran yon lisans nan byoloji nan ane 1980, nan Université du Québec, kote li te gen yon diplòm nan siko-pedagoji nan ane 1983. Li te etidye tou nan Ottawa University, kote li genyen yon metriz nan domèn edikasyon nan ane 1990. Nan domèn literati, li pibliye plizyè rekèy pwezi tankou Anba Lakay (1984); Zile Nou (1995). Nan lane 2000, li pibliye youn esè literè Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti, (Educa Vision, 2000). Li pibliye Lèt Ife ak Soul (2006). Nan domèn pedagoji, li pibliye Atlas Leksik Zo Mounn (1989) nan 4 lanng, Li Konprann Ekri: Yon Jaden Kreyòl, (Educa Vision, 1995). Haïti Perspectives, vol. 2 • no 3 • Automne 2013
