Vol. 4 n° 2 · Opinion
Pou yon ogmantasyon lavant ansanm ak lektora liv kreyòl an Ayiti
Pou esplike sitiyasyon an pi byen, nan atik la, genyen eta pwodiksyon liv literè kreyòl yo te ye soti nan peryòd kolonyal la pou rive nan kòmansman ane 1970 yo.
Résumé. Cet article traite des difficultés liées à la vente des livres écrits en créole haïtien et de ce qu'il faut faire pour augmenter leur production, leur vente, ainsi que leur lectorat. Une mise en contexte est faite avec la présentation d'un état des lieux de la production littéraire créole de la période coloniale jusqu'au début des années 1970. Ensuite, des actions concrètes sont proposées pour augmenter la production, la vente et le lectorat des livres produits dans la langue maternelle des Haïtiens.
Rezime : Atik sa a montre divès difikilte ki genyen nan lavant liv ki ekri an kreyòl epi sa ki dwe fèt pou ogmante lavant liv sa yo ansanm ak kantite moùn ki ap li yo. Pou esplike sitiyasyon an pi byen, nan atik la, genyen eta pwodiksyon liv literè kreyòl yo te ye soti nan peryòd kolonyal la pou rive nan kòmansman ane 1970 yo. Apresa, anndan atik la, yon moùn ka jwenn kèk aksyon pratik ki demontre divès fason pou ogmante pwodiksyon, lavant epi lektora liv ki ekri nan lang matènèl Ayisyen yo.
1. ENTWODIKSYON
nan kategori kont. Poudayè, depi nan kòmansman liv la, otè a di se kont li ap tire.
Ki jan sa te ye okòmansman
Rechèch yo demontre depi nan peryòd kolonyal la, te konn gen dokiman politik ak tèks ki ekri nan lang kreyòl an Ayiti. Nou kab site deklarasyon Léger Félicité Santhonax yo nan ane 1793 nan Sendomang [1]. Nan li Robert Cornevin (1973) nou aprann Monsieur Clément, yon Blan kreyòl, te ekri yon opera li te rele Jeannot et Thérèse, ki se yon parodi kreyòl. Pyès sa , se yon adaptasyon pyèsteyat Jean-Jacques Rousseau ki rele le Devin du village [2].
Pandan yon syèk ak degi, (1740 – 1758 pou rive 1760 jiska 1900), malgre lizay politik ak nan literè lang pèp la, pa te ko gen liv ki ekri an kreyòl. Nou konstate gen divès tèks kreyòl ki parèt nan plizyè liv ki te ekri an fransè. (Chanlatte, Oswald Durand, Massillon Coicou,). Men, nou dwe tann ane 1901, pou nou jwenn, nan kategori fab, yon liv fab, ki se yon adaptasyon fab Lafontaine yo, Georges Sylvain te fè nan lang kreyòl ayisyen an ak reyalite ayisyen. Pou orijinalite nou jwenn nan fab Georges Sylvain yo, ki nan yon liv otè a rele Cric Crac , nou kwè fab sa yo, san grate tèt, ta kab pote non Georges Sylvain epi ta kab fasilman rantre
Rive nan ane 1933, Milo Rigaud te ekri yon rekèy ki gen 12 tèks pwezi ladan. Tit liv sa a te Tasso, se premye liv pwezi kreyòl moùn ki ap fè travay fouyapòt sou pwezi kreyòl Ayiti a te rive jwenn [3]. Onivo medya ekri yo, nan ane 1940, gras ak efò Ormonde McConnell, vin gen yon tizon dife ki kòmanse limen. Se pral kreyasyon premye jounal nan lang kreyòl Ayiti a sou non Zétwal métodis. Sou menm woulib sa a, rive nan ane 1944, Prezidan Élie Lescot te lanse premye kanpay alfabetizasyon pou granmoùn nan peyi a [4]. Jouk jounen jodi a, kanpay alfabetizasyon an poko vrèman bay yon rezilta kòrèk nan peyi a. Apre ouvèti sou alfabetizasyon an, yon lòt liv pwezi kreyòl vin parèt, se Dyakout Moriso-Lewa a (1950 ?). Liv Moriso-Lewa a parèt 17 lane apre liv Milo Rigaud a. Kanta liv Milo Rigaud a, Tasso, li te parèt 32 lane apre Cric Crac. Si lòt pwezi ki parèt apre Dyakout yo rive pran lari nan yon peryòd tan ki pi piti pase peryòd ki te separe Cric Crac ak Tasso a epi Tasso ak
Dyakout, se paske te genyen yon katalizè ki te kòmanse fè ti dife-boule nan Pòtoprens. Katalizè sa a se te prezans yon ekip moùn kou : Paul Laraque, Claude Innocent, Frank Fouché, Emile Célestin Mégie ( Togiram) elatriye ki te pran abitid ekri an kreyòl. Travay militans pwo-kreyòl mesye sa yo vin jwenn plis nanm apati aksyon 2 potorik gason : Pyè Banbou (Dr. Ernst Mirville ak Jan Tanbou (Henri-Claude Daniel) - misye mouri nan prizon Fò dimanch - ki te kreye Mouvman kreyòl Ayisyen avèk Jan Mapou[3]. Òganizasyon Mouvman kreyòl la vin ponn Sosyete Koukouy, ki se premye mouvamn literè kreyòl ayisyen, ki genyen pami divès misyon li yo pou ogmante kantite liv kreyòl nan tout domèn. Ekriven Soyete koukouy yo pibliye liv nan kategori Pwezi, Woman, Teyat. Yo pibliye liv syantifik ak esè literè an kreyòl. Poudayè, sosyete Koukouy kontinye kenbe labànyè lang kreyòl la byen wo, ni sou plan lengwistik ni sou plan literè, jouk jounen jodi a. Nan ane swasant yo, nou pa te jwenn anpil liv kreyòl, se vre, men te gen anpil klib kiltirèl, kou « Lanbi Klib », « Etwal Karayib », « Poto Mitan », « Karako Ble », eksetera, ki te kreye nan Pòtoprens. Se nan boujonnay klib kiltirèl sa yo òganizasyon Mouvman Kreyol la te kreye epi anndan li te gen yon gwoup literè sou non Sosyete Koukouy, ki te rasanble anba youn sèl labànyè plizyè nan klib kiltirèl ki te ekziste nan epòk la. Se sa tou ki te lakòz yo te bay tèt yo non Sosyete [5]. Gwoupman sa a - Mouvrnan Kreyòl - te viv pandan 3 zan 4 mwa anndan peyi a. Sepandan, prezans li ta pral make literati kreyòl la pou tout tan avèk kreyasyon fòm pwezi wongòl epi antrennman pou balanse pwezi kreyòl la sou kadans kont chante nou yo. Malgre tout efò sa yo, nan ane 1960 yo, pwodiksyon liv kreyòl te toujou nan yon eta mizerab. ( ni sou plan kalite ni sou plan kantite. Onivo kantite, parapò ak pwezi, nou te jwenn de (2) liv pwezi Rassoul Labuchin yo : « Trois colliers maldioc » (1962) ak « Compère » (1968), de (2) liv Georges Castera fils : « Tele-Dyòl ! » (1964) ak « Klou Gagit » (1965), « choublak ak Kamelya » (1968), liv pwezi kolektif ki te soti nan Sosyete Koukouy. Te genyen tou, kontribisyon Émile Roumer avèk « Rosaire,Couronnes, Sonnets » (1964) ki se tradiksyon kèk vèsè Labib [6]. Pou ane 1970 yo nou pa pe kab nonmen tout zèv powetik ki te pran lari. Men, se depi lè sa a tou pwezi kreyòl la vin layite kò li toutantye kòm zam defans pèp la kont rejim diktati François Duvalier a. Sa vin lakoz jenn powèt kreyòl yo pran yon pli pwetik fòmèl, pwezi batay, ki rete kole sou tèm pwezi kreyòl la jouk nou rive nan ouvèti ane 2000 yo.
2. POUKI REZON PWODIKSYON LIV NAN LANG KREYÒL LA TE MÈG ANPIL SOTI NAN PERYÒD KOLONYAL LA POU RIVE NAN ANE 1960 YO ?
Nan mache lengwistik Ayiti a, depi nan lakoloni, jouk rive jounen jodi a, konesans lang (panyòl, anglè ) ak franse, se yon mwayen pou Ayisyen pran grad sosyal ak pwomosyon ekonomik. Nan peryòd kolonyal la, esklav ki te konn pale franse yo, se sila yo ki te gen avantay viv nan kay avèk mèt yo. Travay pa
yo pa te nan kategori fyèl pete menm jan ak travay konpayèl yo ki te nan chan kann, chan koton elatriye. Jeneralman, se esklav ki te fèt nan koloni an menm ki te jwenn chans sa a. Kòm se nan fwote ak mèt yo, ki gen pouvwa lavi ak lanmò sou esklave yo, kategori esklav sa yo te rive metrize lang franse a, sa te vin ba yo yon siperyorite sou lòt esklav yo. Men, se depi peyòd kolonyal la jouk rive jounen jodi a, tout moun (politisyen ak komèsan) konnen, lè pou yon mesaj rive jwenn tout moùn nan divès nivo nan sosyete a, se nan lang kreyòl la pou li sikile. Ositou, pou andyoze mas pèp la, pou yo benefisye tout avantay piblisite ak enterè politik mwayen lengwistik kreyòl la ofri, yo itilize lang nasyonal peyi a nan kominikasyon ki pa gen prestij ni prestans. Nou jwenn ekzanp lan avèk yonn nan deklarasyon Santhonax yo. Se te menmman parèyman lè pou pèp la te leve-kanpe kont diktati rejim Divalye yo. Konsa, kreyòl se yon fòs, men kalite fòs sa a toujou rete kadnase pou jouk tan lelit entèlektyèl la deside sèvi ak li (pou rezon avantay politik ak komès). Bourik kreyòl travay pou chwal fransè ak anglè galonnen ! Apre lendepandans, sitiyasyon an pa te chanje. Monopòl aparèy Leta a te anba men moun ki konn pale franse yo. Sou okipasyon ameriken, se te tou pa sila yo ki konn pale anglè. Konsa, se moun ki pale franse ak angle, ki te jwenn bon travay nan Leta, nan gouvènman an, nan konpayi prive yo. Se yomenm tou ki ta pe dirije peyi a. Kòm lèzòm toujou ap chèche rekonesans ak byennèt nan kèlkeswa sosyete yo ap viv la, pa te gen okenn nesesite pou yo te enterese pwodwi materyèl an kreyòl, paske kreyòl pa te yon lang ki bay prestij. Jounen jodi a, se konpetans fransè, angle, panyòl , (alman) ki bay prestij ak rekonesans sosyal, literè, ekonomik, elatriye. Òganizasyon frankofòn, anglofòn, ispanofòn ap bay piyay sibvansyon pou aktivite kiltirèl epi literè. Òganis frankofòn ap simen pri literè. Òganis anglofòn ak ispanofòn ap simaye rekonesans. Nan kontèks konkirans lang sou teritwa peyi a, manke òganizasyon kreyòl solid ki pou ta kanpe anfas òganis entènasyonal sa yo, pou soutni epi ogmante valè konpetans kreyòl la nan mache lengwistik Ayiti a. Lang espayòl, anglè ak fransè transmèt konesans ak enfòmasyon ekri. Soti nan lakoni jouk rive nan kòmansman ane 1970 yo, sèl lang ki te sèvi nan transmèt lakonesans anndan lekòl Ayiti yo se te franse. Nou pa bliye peryòd Wa Kristòf ki te fè vini pwofesè anglè pou fè lekòl nan Nò. Ni nan epòk okipasyon ameriken, kote lang anglè te gen yon enpòtans. Ni tan jodi a, avèk Collège, Institut, Université, Alliance, Organisation internationale, kote frankofoni, anglofoni ak ispanofoni anvayi espas lekòl nou yo, nan tout nivo edikasyon yo. Pa bliye nonplis, tout kòwòt Ayisyen yo ki travèse al etidye an espayòl Sen Domeng. Ositou, pa vrèman genyen okenn enterè pou okenn moun pwodui materyèl nan lang kreyòl la. Poutan, depi sou prezidans Pétion (1806 -1818) te genyen responsab Leta ki ta pe mande
pou lekòl primè fèt an kreyòl [4]. Men, pa te gen pyèsmoun ki te janm pran sa oserye. Politik lengwistik Leta ayisyen te (epi kontinye toujou) an favè lang fransè a Nan konstitisyon 1918 la, pandan peryòd okipasyon ameriken an, lang franse a te vini lang ofisyèl peyi a daprè lalwa. [7]. Sa vle di depi lè sa a, lang administratif Leta ayisyen se fransè, sou tout teritwa Ayiti a, poutan nou konnen, kreyòl la se sèl lang ki sou pwòp teritwa li, paske tout Ayisyen pale kreyòl. Pandanstan, nan epòk sa yo, pa te gen okenn lwa ki pou te fòse okenn moùn itilize lang kreyòl la nan okenn fonksyon. Sosyete a te menm entèdi lizay kreyòl la nan anpil espas tankou nan lekòl, lajistis, laprès, elatriye. Soti nan lakoloni pou jouk nou rive nan kòmansman ane 1970 yo, Leta Ayiti pa te janm fonksyone an kreyòl. Lang administratif Leta ayisyen se pa kreyòl. Tout aktivite kominikasyon ekri Leta te fèt nan lang franse. Tout enfòmasyon ekri nan ministè Lajistis ak lòt fonksyon ministè piblik yo fèt an fransè. Jounal ofisyèl peyi a, Le Moniteur, papye tenbre Leta, relasyon diplomatik, elatriye te fèt an franse. Se chans si ou te ka jwenn yon filang tèks Leta ki ekri an kreyòl. Nan kondisyon politik lengwistik ki toujou an favè fransè a, tout moun kapab konprann ekriven nou yo pa te gen okenn enterè pou yo pwodui an kreyòl.
2.1 Poukisa vin genyen plis liv kreyòl nan ane 1980 yo ?
Gen twa (3) rezon majè ki esplike ogmantasyon liv kreyòl yo apati ane 1980 yo. De ladan yo se politik epi twazyèm lan se aksyon militan kreyòlis yo ansanm ak travay kèk gwoup byen motive nan sosyete sivil la.
2.1.1 Chanjman politik lengwistik Leta ayisyen.
Konstitisyon 1987 la bay lang kreyòl la grad ofisyèl, avèk lang fransè a tou ki te deja genyen li depi 1918. Alaverite, atik 5 ak atik 213 konstitisyon 1987 la se de bon pyon sou tab amenajman lengwitisk Ayiti a. Daprè atik 5 lan kreyòl se lang ofisyèl peyi Ayiti menmjan ak franse a. Daprè menm atik 5 lan tou, kreyòl se sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm. Kanta atik 213 la limenm, li prevwa kreyasyon yon akademi pou fikse lanng kreyòl la epitou pou pèmèt li devlope syantifikman epi san dezòd.
2.1.2 Lwa 28 septanm 1979 la
Lwa sa a, tout moun konnen li sou non refòm Bernard. Alaverite, Minis edikasyon nasyonal epòk la te rele Joseph C. Bernard. Ak refòm Bernard la, Leta te fikse òtograf kreyòl la epi li deklare kreyòl dwe sèvi anndan tout lekòl nan peyi a kòm zouti travay epi tankou yon matyè pou yo anseye nan lekòl yo. [8]. Ekzistans lwa 28 septanm 1979 la kreye de (2) sitiyasyon ki vin genyen yon enpak pozitif sou pwodiksyon liv an kreyòl. Liv kreyòl yo ogmante nan lekòl. Nan menm epòk sa a tou, te vin genyen yon enstitisyon Leta ki te pote non I.P.N. ( Institut Pédagogie Nationale) branch Leta sa a te pwodwi anpil liv pou ede pwofesè yo fè travay yo nan lekòl elemantè. Anplis I.P.N.,
gen anseyan ak lòt pwofesyonèl edikasyon ki pwodui materyèl eskolè, diksyonè, gramè, liv teknik syantifik ak lòt liv an kreyòl. San nou pa bliye liv literati ekriven kreyòl yo ekri ki ap sèvi tou nan lekòl yo.
2.1.3 Kreyòl vin gen plis valè sou plan entènasyonal
Anplis lekòl anndan peyi a, ki ta pe sèvi ak lang kreyòl la, te genyen tou lekòl nan peyi etranje yo ki te ale nan menm sans lan. Kreyasyon pwogram bileng (Kreyòl-Angle), kote Board of education nan Nouyok, Boston ak Miyami dekouvri wòl fondamantal lanng kreyòl la genyen nan aprantisay jenn Ayisyen anndan lekòl vil sa yo te fòse moun save ( espesyalis, syantifik ak teknisyen edikasyon ) etranje kou ayisyen pwodui liv an kreyòl. Itilizasyon lang kreyòl la anndan lekòl Ayiti ak nan lekòl Amerikdinò vin tounen yon kouwa transmisyon, ki modifye mantalite sosyal depaman yo epi diminye baryè prejije lenguistik yo. Sitiyasyon pozitif sa a pral ankouraje tout kalite pwodiktè tante chans yo sou teren kreyòl la nan kreye zouti pou edikasyon nan lekòl yo ak pou edikasyon politik pèp ayisyen an [3]. Sa vin lakòz, lang kreyòl la, ki te toujou yon zonbi, pral goute sèl, li pral kreye travay pou pwofesè, pwodui benefis ak enterè lajan pou pwofesyonèl lekòl ak mezon-edisyon yo. Divès kalite pwodiktè ( ekriven, tradiktè,) vin pi enterese nan liv kreyòl. Lang kreyòl vin genyen plis valè paske li rapòte enterè pwofesyonèl, literè ak finansye. Kidonk, soti nan fen ane 1990 yo pou rive nan ane 2000 yo, vin genyen lòt kalite materyèl ki ekri nan lang kreyòl la : Esè, teyat chante / Opera, woman epistolè, Istwa-kout, epi liv referans sou divès kalite sijè, tankou : levanjil ( labib) pou rantre nan gramè, liv pou moun pran swen kò yo tankou Dlo se lavi ( Antonio Miguel), diksyonè kreyòl (Valdman, Vilsaint, Prophète…) san nou pa bliye Revi Literè Pawòl Kreyòl, ki se yon reyalizasyon Sosyete Koukouy [7].
3. PWOPOZISYON AK ESTRATEJI POU OGMANTE LAVANT LIV KREYÒL YO EPI LEKTORA A
An jeneral pa gen anpil Ayisyen ki depanse nan achte liv. Lè se kreyòl menm, se pi rèd. Men, nou gen anpil espwa epi nou genyen konfyans tou kantite moun ki kab li kreyòl yo ap ogmante pi plis chak jou.
3.1 Politik lengwistik nan lekòl
Nan nivo Ministè Edikasyon Nasyonal la, si Ministè a kontinye ap pouse lang kreyòl la anndan lekòl yo, si Leta kontinye mete matyè ki rele lang kreyòl la nan ekzamen ofisyèl yo kòmsa dwa, nan 20 an apeprè, pa pe fouti gen moùn ki kab sèvi ak pretèks mwen pa konn li kreyòl la kòm andikap ki pou anpeche yo achte yon liv ki ekri an kreyòl epi pran desizyon li tout liv ki ekri an kreyòl lè liv sa yo enterese yo. Konsa, balon an retounen nan pye Leta, nan pye pwofesè lekòl, radyo, jounal ak televizyon yo. Mayèt pou lavant liv ki ekri an kreyòl yo se nan men yo li chita. Pwogram pou devlope lektora a nan lang kreyòl la chita nan men yo tou.
An nou ale pi lwen nan refleksyon yo. Nan tout sosyete, genyen 3 poto mitan ki pou paweze eskanp chanjman : Sistèm edikasyon an, lafanmi epi legliz. Si twa enstitisyon sa yo rantre nan batay la kòmsa dwa, lavant liv kreyòl pa dwe soufri nan peyi a epi lektora a pral ogmante tou.
Rezon an se paske genyen apeprè 20 lane, si se pa plis, depi ansèyman lang kreyòl la ap fèt anndan lekòl Ayiti yo. Li pa fèt kòmsadwa, genyen anpil lekòl ki fè li yon fason pachiman. Men, sa ki rete klè epi ki se kle a, tout jenn moun sa yo se lektè ki nan wout pou vin achte liv ki ekri an kreyòl yo.
Legliz Katolik ak legliz potestan deja rantre nan won, tradiksyon Labib la an kreyòl, se te yon kokennchenn pa. Kanta lafanmi, si Leta nan peyi a, apati ajisman li ak lang kreyòl la, demontre aklè, lang kreyòl kapab sèvi pou bay travay epi pou moùn travay, se fasilman lafanmi ap rantre pi fon nan won, poudayè, yo deja nan won, paske tout Ayisyen nan peyi a pale kreyòl. Konpòtman Leta pral sèvi pou diminye oubyen elimine prejije ki kab genyen nan lafanmi kont lang kreyòl la. Konsa, Leta dwe an premye entegre ofisyèlman ansèyman literati kreyòl la nan korikoulòm literati Ayiti a. Sa pral bay ekriven ki ekri an kreyòl yo plis prestij ak rekonesans epitou rekonesans lan pral layite sou anpil moùn. Se pa de (2) osnon twa grenn non sèlman yo pral nonmen lè yo genyen pou yo analize oubyen etidye zèv ekriven kreyòl yo anndan lekòl yo ak nan inivèsite yo. Se absans travay divès ekriven kreyòl yo nan lekòl yo, nan divès fakilte Inivèsite Leta Ayiti a, ak nan divès branch laprès, ki lakòz anpil jounalis ap di : pa genyen zèv kreyòl.
Yon lòt faktè nou dwe konsidere nan mache liv ayisyen an, ak pou ogmante lektora liv ayisyen ekri yo, se fason jèn elèv ki ap frekante sistèm lekòl nan peyi a ap grandi nan yon anviwonnman ki depaman ak reyalite lavi yo. Tout moun ap viv an kreyòl, men materyèl fondamantal ki anndan sistèm lekòl yo se nan lang franse a nou jwenn yo. Se reyalite depaman sa a Pwofesè Yves Dejean rele : Yon lekòl tèt anba nan peyi tèt anba. Aspè depaman sa a genyen alabaz li yon karaktè ekonomik, ki anpeche jenn elèv lekòl sa yo achte liv otè ayisyen yo pwodwi nan kèlkeswa lang liv sa yo ekri a. Epitou, divès lekòl Leta ki genyen nan peyi a pa genyen bibliyotèk ki pou pèmèt liv ekriven aysiyen yo, nan kèlkeswa lang yo ekri a, sikile anndan lekòl nan peyi a. De eleman sa yo se de gwo toumant pou jèn lektè nou yo. Kidonk, toumant ki anpeche kantite moun ki ap li liv ekriven ayisyen yo ogmante.
Amenaje kreyòl la nan lekòl yo, yon fason pou ogmante lektora ki ap sèvi ak liv kreyòl yo. Ogmante nòt pasaj pou matyè ki rele kreyòl la ; ogmante kalite lang ansèyman an ki se kreyòl ; egzije pou elèv yo reyisi matyè lang kreyòl la pou yo gen dwa genyen diplòm yo.
3.2 Ogmante liv kreyòl nan lekòl yo
Nan sistem lekòl frankofòn ki anndan peyi a, egzije liv nan de lan ofisyèl. ki koresponn ak imajinè jèn ekolye ayisyen yo. Bay otè ayisyen tan modèn yo yon plas enpòtan nan pwogram ansèyman lekòl yo Epi chanje otè yo nan chak peryòd, sa vle di, deside pandan konbyen ane yon liv ka sèvi nan yon klas. Nan li zèv Koralen, Georges Castera, Pierre Michel Chéry, Manno Ejèn, Syto Cavé, Kiki Wainwright, Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj), Pauris Jean-Baptiste, Fanketienne, Jan Mapou, Jean Ephèle Milcé, Iléus Papillon, Anivince Jean-Baptiste, eksetera, oubyen nan analize zèv Moris Siksto, ak anpil lòt ankò, nou kab wè nan Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti, ak Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj) (2000), jenn elèv nou yo pral devlope yon pasyon pou pwezi, woman, teyat, lodyans, elatriye. Sa pral ogmante apeti yo genyen pou yo li liv ekriven ayisyen yo, epi yomenm tou, yo pral kòmanse kreye zèv literè kreyòl ki ap gen potansyèl pou ale pi lwen pase zèv ekriven kreyòl nou konnen jounen jodi a. Si nou gade sou jenerasyon moun ki gen 40 an epik jounen jodi a epi ki genyen pouvwa lajan nan men yo pou yo achte sa yo vle, nou kab santi lavant liv Ayisyen ki ekri an kreyòl yo ansanm ak lektora a an danje. Men, nou dwe ale pi lwen pase gwoup moun ki nan kategori laj sa a. Aktyèlman, nanpwen yon timoun 20 tan, apre li fini ak lekòl fondamantal, sòfsi li gen movèz fwa, ki kab di, menm jan ak moun 40 an epik yo :« mwen pa li kreyòl ! ».
Etabli yon rezo bibliyotèk piblik ou prive pou fè liv kreyòl yo sikile. Sèvi avèk pwogram Direksyon nasyonal liv la ( DNL ), avèk Sant lekti ak ekriti yo (CLÉ an franse) pou ogmante lektora a ak enterè pou liv kreyòl yo. Nan espas sa yo, dwe genyen diskisyon sou liv ekriven kreyòl yo. Dwe genyen rankont pou montre jenn yo ekri, sa vle di, atelye travay pou moun ki vle aprann ekri oubyen ki vle amilyore fason yo ekri. Plis dirijan òganizasyon ki ap travay pou avansman lang kreyòl la nan Sosyete sivil la kab antann yo ak radyo, televizyon, jounal, direktè lekòl pou vin pale sou ekriven kreyòl yo ak sou literati kreyòl an jeneral, se plis yo va rive louvri mache liv kreyòl la toupatou nan peyi a. Se plis ap genyen moun ki ap enterese li liv ki ekri an kreyòl. Pou nou fini, nou ap di : Si Leta ayisyen, kreyolis yo, ekriven ayisyen yo, òganizasyon ki kreye sosyete sivil la, sitwayen ayisyen yo rive fè yon efò pou aplike pwopozisyon nou bay pi wo yo, nou garanti tout moun, nan yon peryòd tan byen kout, ap genyen anpil pwodiksyon liv kreyòl an Ayiti kou nan dyaspora a. Se sa tou ki pral ogmante lektora liv kreyòl yo. Epitou, si tout aksyon sa yo rive fèt jan nou swete li a, yo pral mete jenn elèv ayisyen yo nan yon anviwonnman imajinè ki rele yo pa yo. Lè nou konnen depi timoun ayisyen an fèt, tout sa ki nan anviwonnman li, yon anviwonnman kreyòl, deja ap lemante li, sa vin ranfòse konfyans nou nan ogmantasyon kantite moun ki ap ap genyen pou yo li liv ki ekri an kreyòl yo. Sepandan, kondi pawòl la : « Se ti pa ti pa pou nou rive kay gran papa ! »
4. KONKLIZYON
Pale sou lavant liv an Ayiti ak sou kantite moun ki pare pou li liv ki pibliye yo, se tonbe ak kinggole. Alaverite, depi moun yo pran abitid li, ekriven yo ap vin genyen plis gou pou yo podwi liv. Sepandan, se tout moun ki konsène, nan divès sektè piblikasyon yo, ki pou travay ansanm pou chanje sitiyasyon kriz ki genyen, nan podiksyon liv ak nan lektora a, anndan peyi a.
Kèlkeswa jan nou vire koze a, responsablite Leta peze lou nan balans lan. Nan ka lang kreyòl la, kote ki gen anpil prejije negatif ki tabli depi lontan, epi ki ap kontinye jouk jounen jodi a, ka a vin pi grav. Fòk genyen bon politik lengwistik epi tout moun dwe respekte yo. Fòk gen bibliyotèk toupatou nan peyi a. Fòk lekòl yo abòde ansèyman literati a diferamman, epi fòk inivèsite yo tabli domèn rechèch nan divès branch an kreyòl. Ogmante lektora a ak pwodiksyon liv kreyòl an Ayiti, se aplike avèk rigè, divès apwòch no u mansyone pi wo yo. BIBLIYOGRAFI
1 Jean-Baptiste, Pauris (2011). « Evolisyon deklarasyon legal sou kreyòl ayisyen an », Pawòl Kreyòl, Revi literè Sosyete Koukouy, Vol 2, p. 187 -194.
2 Cornevin, Robert (1973). Le théâtre haïtien, des origines à nos jours. Collection Caraïbes. Montréal, Québec, Leméac, 301 p. 3 Hyppolite, Michel-Ange (2000). Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti. Coconut Creek, Florida, Educa inc, 254 p. 4 Hoffman, Léon-François (1990). Port-au-Prince, Haïti, Éditions Henri Deschamps, 324 p. 5 Hyppolite, Michel-Ange (1991). « La Sosyete Koukouy, Ci-Devant Mouvman Kreyòl : Historique et réalisations », Études créoles, VolXIV, p. 97 – 111. 6 Charles, Christophe (2011). 135 poètes créoles d’Haïti, de 1750 - 2011, Portau-Prince, Haïti, Éditions Choucoune, 400 p. 7 GRAHN (2012). Yon amenajman lengwistik pou devlopman pèp ayisyen : De lang ofisyèl ak valorizasyon kreyòl la, Montréal, Québec, Éditions Presses Internationales Polytechnique, 53 p. 8 Pompilus, Pradel (1983). Manuel d’initiation à l’étude du créole, Port-auPrince, Haïti, 75 p.
Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj), M. Sc., se yon pwofesè syans alaretrèt. Li se Akademisyen lang kreyòl Ayisyen, powèt epi kritik literè. Li te etidye nan New Jersey City University, Etazini, kote li soti ak yon lisans nan biyoloji (1980), epi nan Ottawa University, Kanada, kote li soti ak yon lisans epi yon metriz nan edikasyon (1990). Nan Université du Québec, Kanada, li genyen yon diplòm nan siko-edikasyon (1983). Nan domèn literati, li pibliye rekèy pwezi kou : Anba Lakay (1984), Zile Nou (1995). Nan lane 2000, li pibliye esè literè, Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti, nan Educa Vision. Li pibliye Lèt Ife ak Soul (2006) woman epistolè. Nan domèn pedagoji, li pibliye Atlas Leksik Zo mounn (1989) nan 4 lanng epi Li konprann Ekri : yon jaden kreyòl(1995) Educa Vision. michelangehyppolite@rogers.com
