Vol. 4 n° 2 · Analyse

Refleksyon pou yon lòt ansèyman literati ayisyen

Première page — Luna Gourgue

Men, depi lane 1986, kote lapwòl libere, anpil otè santi nesesite pou yo ekri nan lang kreyòl ; gen otè ki chwazi ekri nan lang kreyòl sèlman.

Rezime : Literati peyi nou ekri nan de (2) lang paske yon ekriven ayisyen chwazi lang li vle - franse, kreyòl oswa toulede - pou li fè konprann lide li, santiman li, emosyon li, konba li, pozisyon li. Men, depi lane 1986, kote lapwòl libere, anpil otè santi nesesite pou yo ekri nan lang kreyòl ; gen otè ki chwazi ekri nan lang kreyòl sèlman. Konsa, literati peyi a pran yon lòt oryantasyon ki ta dwe bay ansèyman literati ayisyen an yon lòt direksyon. Men, ansèyman literati rete menman parèyman nan peyi a : analiz dezoutwa zèv ki ekri an franse, anpil istwa literè rapòte, absans prèske total zèv ki ekri an kreyòl. Konsa elèv ayisyen pa janm jwenn chans dekouvri tout reyalite otè yo charye nan literati nou an, menm jan yo pa jwenn posibilite pou yo devlope anvi ak bezwen pou dekouvri dirèk dirèk zèv sa yo - kit se an franse, kit se an kreyòl. Kòm moun ki enterese anpil nan ansèyman literati, mwen reflechi sou ansèyman literati a epi swete pote lide pou chanjman. Dizon mwen, nan piblikasyon sa a, chita sou twa (3) konsiderasyon : montre kouman fason nou anseye literati a pa fè elèv yo pwofite tout richès lide ak ekriti zèv yo ; montre kouman nou ka amelyore ansèyman literati ayisyen nan peyi a nan pote lide pou favorize lekti, ekriti, rechèch ak nan brase lide sou zèv literè yo epi pwovèb nou yo ; epi montre enpòtans ak plas zèv kontanporen ayisyen yo ansanm ak zèv ki ekri nan lang kreyòl nan pwogram literati a. Objektif entèvansyon sa a, se pataje ak tout pwofesè literati kèk lide pou, ansanm, nou rive modènize didaktik literati an jeneral, espesyalman didaktik literati ayisyen, pou ede elèv nou yo rantre tout bon vre nan nannan zèv yo epi pwofonde sou lide ki ladan yo.

1. INTWODIKSYON

Literati yon peyi, se tout zèv otè yo ekri oswa pale ak sansiblite yo tankou yon travay atis. Woman, pwezi, pyès teyat, chante, kont… reprezante literati peyi a. Zèv sa yo pote idantite sosyete sa a ; se pòtre peyi a ak pwoblèm li, se reyalite kiltirèl ak sosyal li. Literati yon peyi denonse sa ki pa mache nan sosyete a, sa ki fè mal, menm jan tou li chante sa ki bèl ak sa ki bay lakontantman. Gen otè ki di « Literati se glas sosyete a » kote moun ka founi je gade tout sa sosyete a ap viv. Apa rapòte sa ki ap boulvèse bil sosyete a, oswa sa ki pote lajwa nan kè abitan yo, ekriven yo pote yon atansyon espesyal nan jan yo pote lide yo. Powèt ak romansye pa pale menm langaj ak tout moun. Pou yo, se pa rapòte bèl istwa, istwa orijinal ; se pa devlope bèl lide, se sitou pote pawòl la nan yon fòm ekriti orijinal, yon fòm ekriti ki mennen lang lan nan yon lòt nivo, yon nivo siperyè, yon nivo estrawòdinè ; se sa yo rele fonksyon powetik mesay la. Kidonk, literati se yon jwèt marèl ki lyannen lide ak ekriti ; se aspè sa a ki pral detache tèks literè yo de tout lòt kalite tèks. Konsa, premye

zouti yon moun bezwen pou li rantre nan nannan literati a se lang literati a. Depi tout tan, soti nan premye epòk literè rive jounen jodi a, ekriven nou yo ekri an franse ak an kreyòl. Premye ekriven yo te sitou ekri an franse ; men, apre evennman politik pèp la te pral viv nan lane 1986, kote lapawòl te pral libere, plis otè vin santi nesesite pou yo ekri nan lang kreyòl ; gen nan yo ki chwazi ekri nan lang kreyòl sèlman pou fè plis moun konprann lide yo, santiman yo, emosyon yo, konba yo, pozisyon yo…Pou Georges Castera [1], « Ekri an kreyòl, se bay tèt ou zam pou ou lite ». Move moman sosyopolitik sekwe peyi a, men, literari ayisyen an pa janm sispann vanse. Anpil ekriven ayisyen resevwa bonjan lonè ak pri nan peyi a tankou nan peyi etranje. Se vre, literati peyi a ap pran valè ak rekonesans piblik, men, ansèyman literati ayisyen pa vanse pou sa. Kesyon nou poze se : « Pou ki sa kou literati nan lekòl nou yo pa rive mete elèv nou yo sou chimen lekti ak ekriti kòmsadwa ? Refleksyon sou ansèyman literati pa manke, didaktisyen ak pwofesè konsekan pa sispann mande pou yo refòme ansèyman

Cahier thématique – La littérature haïtienne aujourd’hui et demain : succès et défis

literati ayisyen an nan peyi a. Pa twò lontan, nou jwenn ekriven Jobnel Pierre ak Pierre-Raymond Dumas1 nan jounal « Le Nouvelliste » ki poze kesyon Èkse se yon defi oswa se lave men siye atè, si nou panse ansèyman literati ayisyen an yon lòt jan ? » (Se tradiksyon nou) Nan atik sa a, nou vle pote kèk refleksyon pou yon lòt ansèyman literati. Nou vle plede pou yon ansèyman literati ayisyen ki lyannen nou ak reyalite nou, yon ansèyman ki pran an konsiderasyon pwoblèm sosyolengwistik ak sosyokiltirèl elèv ayisyen, yon ansèyman ki chita sou bezwen, kapasite ak kondisyon aprantisay elèv nou yo. Konsa, nou pral pale sou Sitiyasyon jeneral ansèyman literati, ak sou demach pou yon lòt didaktik literati ayisyen nan lekòl nou yo.

2. DEVLOPMAN

2.1 Sitiyasyon jeneral ansèyman literati nan peyi a 2.1.1 Ansèyman literati an jeneral

An jeneral, kit se literati franse, kit se literari ayisyen, ansèyman an fèt menm jan : Etid sou lavi ak sou zèv otè yo, analiz dezoutwa zèv, anpil istwa literè rapòte. Pwogram literati a koumanse ak zèv ansyen yo, zèv ki ekri nan yon lang franse ansyen, yon franse mwayen-aj, yon lang jèn elèv nou yo pa twò konprann, yon lang ki pa atire yo. Klas literati nan peyi a se yon klas jako repèt kote elèv pa twò aktif, kote pa gen anpil reyaksyon, kote dòmi volè elèv. Ekriven Georges Castera 2 te mande tèt li : Èske nou ap gen yon literati san nou pa gen lektè pou li oswa èske nou ap gen yon literati san nou pa gen lang pou li ? (Se tradiksyon nou). Nan mòd ansèyman tradisyonèl la, elèv ayisyen pa janm jwenn chans dekouvri tout reyalite otè yo charye nan zèv yo, menm jan yo pa jwenn posibilite pou yo devlope anvi ak bezwen pou dekouvri dirèk dirèk zèv otè yo ; yo kontante yo etidye pakè, an franse, istwa literè ak tèks yo jwenn nan liv yo, tèks pwofesè dikte yo oswa ekri sou tablo pou yo ; nan pifò ka, yo pa rive konprann sa yo ap etidye a. Konsa, elèv nou yo pa branche vre nan literati a, yo pa enterese fouye zèv yo ; yo pran sa yo ba yo, jan yo kapab, jan li vini, san poze kesyon. Sila yo ki pa maton nan langay literati a pase akote kesyon an. Nan etidye literati pakè an franse, elèv nou yo pa janm kesyone tèks yo ni nan lide ki ladan yo, ni nan fòm ekriti yo. Pou anpil moun nan sosyete a, liv literè se bèbèl sou etajè.

2.1.2 Ansèyman literati ayisyen

Literati ayisyen ki antre nan klas nou yo, se branch literati ki ekri an franse a. Yo anseye li an franse, yo fè egzamen sou li an franse ; konsa anpil elèv ki pa maton nan lang franse bloke nan pwòp literati peyi li. Menm jan yo fè pou literati franse a, elèv nou yo etidye literati ayisyen pakè. Kidonk, pa gen posiblite 1. J. Pierre et P-R Dumas (15 décembre 2005). Repenser l’enseignement de la littérature haïtienne : défi ou peine perdue ? Le Nouvelliste. 2. G. Castera (2001). Aurons-nous une littérature sans lecteurs ou une littérature sans langue ? Notre Librairie, n° 143, janvier-mars.

dekouvri ni analyze ; pa gen mwayen diskite ni apwofondi, pa gen mwayen fè deba sou lide yo. Menm jan an tou, travay pwofesè literati yo pa evolye : anpil nan yo ap repete chak ane menm nòt yo, menm esplikasyon yo. Yo pa anpil, sila yo ki modènize ansèyman yo. Konsa, pou pifò nan pwofesè literati nou yo ; se menmman parèyman pandan plizyè lane. Nan sistèm sa a, se pa tout pwofesè ki konsakre tan pou korije devwa literati. Anpil fwa nan koreksyon yo, se nòt la sèlman ki genyen, pa gen remak, pa gen suivi sou koreksyon an ; elèv yo pa konnen sa nou ta rele korije tèt yo. Literati ayisyen ki ekri nan lang kreyòl la pa rantre nan lekòl toutbonvre. Lè gen kèk pwofesè ki pale sou kèk zèv ki pibliye nan lang kreyòl, sa pa ale pi lwen pase sa. Kidonk, pati literati elèv yo ta ka konprann, kote yo ta ka reflechi sou tèks yo, paske li ekri nan lang yo konnen pi byen an, pati sa a, pa antre nan pwogram klas la. Kidonk, lekòl pa aprann elèv yo apresye zèv ki ekri an kreyòl. Nou pa aprann yo richès pwovèb, imaj ak konparezon ki simaye nan langaj ayisyen ; nou pa aprann yo dekouvri moral, pawòl sajès ak pawòl an daki ki nan zantray popilasyon an. Elèv nou yo pa alèz nan rezonnman ak refleksyon sou zèv literè, sa pa rantre nan pratik yo. Sa pa rantre nan abitid elèv nou yo pou yo li yon zèv, esplike li, rezime li, etidye dram li, etidye pèsonaj li yo ak ideyal yo epi fè deba sou lide ki devlope ladan yo, ni tou, sa pa rantre nan abitid yo pou di sa yo panse sou zèv yo ak sa yo aksepte nan zèv yo. Konsa, elèv nou yo pa aprann pratike mannyè ak lizay pou yo diskite an gwoup.

2.2 Demach pou yon lòt didaktik literati ayisyen

Se nan twoke lide ansanm pou nou rive jwenn yon demach didaktik ki pou redrese ansèyman literati ayisyen an nan peyi a. Se nan kad sa, nou pote refleksyon pa nou nan deba a epi pwopoze yon demach pou yon lòt apwòch. Demach la ap touche kat pwen fondamantal nan ansèyman literati a : Etid zèv literè, Etid zèv kontanporen, Etid zèv ki ekri nan lang kreyòl ak Mòd evalyasyon.

2.2.1 Etid zèv literè

Premye travay nou panse ki ta dwe fèt nan ansèyman an, se koumanse kou literati yo ak etid zèv yo anvan nou rantre nan istwa sou yo. Se chache sa ki konekte zèv yo, yonn ak lòt, nan yon menm epòk, yon jan pou elèv yo rekonèt pou kont yo ki mak fabrik epòk la. Olye pou yo etidye istwa literè rapòte, se fè yo dekouvri istwa a, epi ekri li, yo menm, an ekip nan travay an gwoup. Elèv yo ka chache konprann yo oswa analize yo, menm jan yo ka fè deba sou yo, anvan pou yo rapòte yo an franse. Apre travay konpreyanzyon zèv yo, elèv yo ka rantre nan etidye fòm ekriti tèks la, chache orijinalite ekriti a genyen nan lang franse a ak ki jan yo ta ka pote lide yo an kreyòl. Ansèyman an dwe fè elèv yo pwofite tout richès lide ak fòm ekriti ki gen nan literati a. Menm jan an, etid sou lavi otè yo ka fèt ansanm ak etid sou zèv yo, kote elèv yo ka al chache esplikasyon sou lide otè yo nan lavi yo, nan esperyans yo te viv, nan karaktè sosyal epòk yo te ekri

Cahier thématique – La littérature haïtienne aujourd’hui et demain : succès et défis

a. Se ta dwe travay elèv yo pou yo jwenn, ak konkou pwofesè a, rapò ki genyen ant zèv yo ak reyalite otè yo oswa reyalite epòk la.

pwen (pou literati a) epi li rantre nan pwojè pou valorize ekriti ak lang kreyòl.

Li ta bon pou yo sène etid sou karaktè kouran literè a an menm tan nan literati ayisyen ak nan literati franse. Egzanp, si nou ap etidye kouran romantik nan literati ayisyen an, elèv yo ka rejwenn mak fabrik kouran sa a nan tèks ki soti an Frans yo tou. Konsa, yo ap wè ki jan ak ki lè literati franse te gen enfliyans sou literati ayisyen.

2.2.3 Etid zèv ki ekri an kreyòl

Kalite aktivite sa yo dwe pèmèt elèv yo rantre nan nannan tèks yo pou pèmèt yo devlope lakay yo, bezwen konprann, bezwen ak anvi li, bezwen ak anvi ekri. Kalite egzèsis sa yo dwe abitye elèv nou yo ak travay an gwoup, abitid chita pale, brase lide ansanm pou devlope espri ekip, espri tolerans lakay yo. Se yon bon mwayen pou aprann yo mete lòd nan relasyon sosyal yo, yonn ak lòt.

2.2.2 Etid zèv kontanporen

Dezyèm pwen ki nesesè nan modènizasyon ansèyman literati a, se rantre zèv kontanporen nan pwogram yo, nou vle di, zèv ki ekri nan epòk elèv yo, pou aprann yo konpare epòk pase yo ak epòk pa yo a, ansanm ak reyalite ki make yo. Konsa, yo ap aprann etidye evolisyon ki fèt nan literati a. Elèv yo dwe dekouvri ki tèm ki toujou la nan tout epòk, ki tèm ki fè alevini, ak ki tèm ki tou nèf ; yo ta sipoze ka esplike pou ki sa tèm yo pa toujou menm. Etid zèv kontanporen yo dwe montre elèv yo enpòtans ak wòl literati a nan yon peyi ; sa montre sosyete a aklè, kote elèv yo ap viv menm esperyans ak otè yo, kote yo ka pote dizon pa yo nan lide ki ap devlope nan zèv yo ; kote elèv yo dwe santi yo konsène kidonk yo gen mo pa yo nan lide yo pou kore otè yo oswa pou kritike yo selon esperyans yo. Nan etidye zèv kontanporen yo, elèv yo manyen pwoblèm ak tribilasyon sosyete a. Woman, nouvèl, teyat menm jan ak pwezi pase men nan tout kouch sosyete a ak reyalite yo chak ; konsa elèv yo jwenn okazyon mache kontre ak tout milye sosyal, pwofesyonèl, kiltirèl, politik … Nan etid zèv kontanporen yo, li ta bon pou ansèyman an vize, tou, zèv ki resevwa pri nasyonal ak entènasyonal yo, pou yo pale sou yo, pou elèv fè rechèch sou yo, fè deba sou yo sitou nan klas terminal yo. Etidye zèv kontanporen yo, se okazyon tou pou louvri mache liv ayisyen nan peyi a, pou otè yo pouse plis nan anvi ekri, pou yo santi bezwen ak nesesite pou yo kontinye ekri pou Ayisyen (menm lè nou konnen literati pa gen fontyè). Lè nou ankouraje otè ayisyen, ki ekri an kreyòl, nou ankouraje pwodiksyon kreyòl. Nan lane 2001, nan yon kontrandi sou zèv kreyòl, ekriven Lyonel Trouillot3 panse ekri antoloji kreyòl, se yon bon

3. L. Trouillot. (Septembre 2001). Grandeur et misère de l’écrit en créole. Compte-rendu de lecture des anthologies : Randevou, Claude Pierre – Mosochwazi pawòl ki ekri an kreyòl Ayisyen, J.C. Bajeux – Pawòl kreyòl, C. Charles. « Ces anthologies constituent donc un bienfait et s’inscrivent dans un projet de valorisation de l’écrit et de la langue créoles. » Lire Haiti, vol. 1, no 2, p.75-76

Twazyèm pwen ki enpòtan anpil nan ansèyman literati a, se rantre ofisyèlman etid zèv ki ekri nan lang kreyòl nan pwogram literati a nan tout klas, depi lekòl matènèl rive nan inivèsite nan peyi a. Etidye zèv an kreyòl, se okazyon pou elèv yo dekouvri richès lang kreyòl la, ak imaj li yo, ak pwovèb li yo, ak patikilarite lang nan ; se okazyon pou yo rekonèt sentaks lang nan, pou yo aprann fikse ekriti lang nan, pou yo pran konsyans lang kreyòl se yon lang apa, ki diferan parapò ak tout lòt lang, epi ki gen pwòp prensip li. Se konsa pou elèv nou yo rive genyen sa sikolengwis yo rele yon « konsyans lengwistik ». Se okazyon pou elèv yo aprann renmen lang yo, dekouvri varyete ki gen nan lang nan dapre kèk rejyon nan peyi a. Se okazyon pou elèv ak etidyan yo al chache konprann sa ki fè orijinalite tèks literè yo. Etid zèv kreyòl se okazyon pou elèv yo pwofonde nan lide yo, paske pa gen baryè lang ki pou bloke yo. Lang literati a se lang yo. Kidonk yo ka fè rechèch sou lide yo ak sou lang nan. Zèv ki gen pri espesyal yo ta dwe jwenn yon plas enpòtan nan pwogram literati a. Egzanp, li ta enpòtan pou elèv konnen woman “Kèkèt ak Janmari” Rhoddy Attilus la ki resevwa pri literè Henry Dechamps 20144 la. Manm jiri yo fè konnen yo chwazi woman sa a paske li ekri nan yon lang kreyòl original, kote richès lang nan makonnen ak senplisite li, kote amizman lyannen ak reyalite, kote otè a jwenn bon taktik pou fè pòtrè sikolojik pèsonaj yo. (Se tradiksyon nou).

2.2.4 Evalyasyon kou literati

Katriyèm aspè nou ta konsidere nan ansèyman literati a, se fason yo fè evalyasyon pwodiksyon elèv yo. Egzamen literati a ta dwe moman ki pi aktif nan aprantisay elèv yo, kote yo ta dwe pran gou nan travay sa a. Kesyon etidye pakè epi resite (si se pa kopye) paj liv oswa paj kaye pou fè yon disètasyon, oswa pou pale sou yon zèv, pa pote ni nan konesans sou literati a ni sou lang literati a. Si elèv yo rive devlope memwa yo, se pou yon ti tan, se memwa kout yo ki travay, paske apre egzamen an, yo pral bliye pifò nan sa yo te etidye a. Nan mòd evalyasyon tradisyonèl la, egzamen literati yo pa evalye konesans sou literati a ni sou fòm ekriti, ni sou kapasite analiz ak jijman elèv yo. Pwodiksyon elèv yo pa montre vre sa yo aprann nan kou literati a. Rezilta egzamen literati se katastwòf nan pifò lekòl, pa gen matyè, pa gen lang : se paj plen ekriti kote sa ki ekri a pa gen anyen pou li wè ak kesyon ki poze a, kote fraz yo san pye ni tèt, kote mo yo pa gen sans, kote lide yo tèt anba, melimelo. Koreksyon devwa literati, se esperyans ki bay pwofesè anpil lapenn, anpil dekourajman. Koreksyon egzamen literati nan Bakaloreya, se teyat ki 4. Prix Deschamps 2014. Mot des membres du jury (en ligne) : http://www. fondationluciennedeschamps.org/rhoddy-attilus-laureat-du-prix-deschamps-2014/ « Ce roman écrit en créole a attiré l’attention du Jury par la nouveauté de sa langue, qui manie à la fois richesse et sobriété, humour et réalisme et une grande finesse dans le traitement psychologique des personnages » (Consulté en avril 2015)

Cahier thématique – La littérature haïtienne aujourd’hui et demain : succès et défis

boulvèse pwofesè menm lè yo pase nan rizib pwodiksyon elèv yo ki chaje ak franse mawon oswa galimacha. Gen pwofesè ki fè lis sa yo rele « Les perles du Bac » pou yo fè sikile sou rezo entènèt. Mòd evalyasyon literati ka chanje nan sistèm nan. Egzamen literati pa dwe mande yon konesans teyorik, men pito konpreyansyon sou ansanm lide ki devlope pou pèmèt elèv yo konstwi pwòp tèks pa yo. Nou ka mande elèv yo, paregzanp, ajoute yon estwòf nan yon pwezi kote yo gen pou respekte lide prensipal ki devlope nan pwezi a ; nou ka mande elèv yo ekri yon paj pou rezime yon zèv ; nou ka mande elèv yo pou montre sa ki menm oswa sa ki chanje nan diskou de tèks ki nan menm peryòd oswa ki nan peryòd diferan ; nou ka mande elèv yo di sa yo panse sou kèk lide orijinal, oswa kèk pasay nan yon zèv oswa sou yon pwovèb ; menm jan nou ka mande yo fè yon disètasyon an kreyòl…

3. KONKLISYON

Pandan lang kreyòl ap rantre ak tout fòs nan literati, nan lasyans ak nan teknoloji, pandan sosyete a fenk enstale yon Konsèy Akademisyen Lang Kreyòl pou ede lang nan devlope nan lòd ak disiplin selon prensip lasyans, elèv nou yo pa ka kontinye ap repete pawòl anlè anlè ; yo dwe kapab devlope kapasite pou yo konprann, pou yo reflechi, pou yo pote dizon yo. Lè yon moun ap li oswa ekri, li dwe konprann mesay la, li dwe ka reflechi sou li pote li pi lwen, oswa transfòme li pou konstwi lòt mesay. Lekti ak ekriti se aksyon ki dwe nennen nan konesans. Nan menn lide sa, nou fini atik nou an ak yon pawòl Doktè Yves Dejean5 : Li san konprann se pa li. Repete fraz nan yon lang ou pa konnen se pa li ak entelijans. Menm apre plizyè lane pase lekòl, anpil nan elèv ayisyen yo pa konprann vre fraz yo ap repete an franse a. (se tradiksyon nou). Nou rapousuiv lide a ak yon lòt pawòl : Aprann istwa literè san konprann se pa aprann literati. BIBLIYOGRAFI

Apre tout konsiderasyon, nou ka di gen ijans jodi a pou nou panse ansèyman literati a yon lòt jan. Nou rekonèt se pa senpman chanjman metòd nan etid zèv yo, entegrasyon zèv kontanporen, ak zèv kreyòl nan pwogram oswa chanjman nan mòd evalyasyon kou literati a ki pral modènize ansèyman an. Anpil lòt konsiderasyon dwe rantre nan deba a : Pwoblèm fòmasyon pwofesè, kondisyon travay, pwoblèm mankman materyèl pedagojik… Men, objektif entèvansyon nou an, se brase lide ak tout pwofesè literati, ak tout responsab nan sistèm edikatif la, ak tout direktè-direktris lekòl ki konsène nan domèn ansèyman literati ayisyen nan peyi a. Entansyon nou, se sansibilize yo sou kesyon an, se pote lide pou nou rive ansanm mete sou pye yon dokiman pilòt ki pou mennen nou nan modènizazyon didaktik literati an jeneral, espesyalman didaktik literati ayisyen an. Prensipal volonte nou nan tèks sa a, se ede elèv nou yo rantre tout bon vre nan nannan zèv yo pou pwofonde lide yo ak fòm ekriti yo, se ede yo jwenn wout yo sou chimen literati a, kote yo pa dwe pè pale, kote yo pa dwe wont pale, kote yo dwe pale selon panse yo, san konplèks, san yo pa sibi prejije.

1 NOTRE LIBRAIRIE (Jan-avril 1998) Revue du livre : Afrique, Caraibes, Océan Indien, no 133, Littérature haitienne, de 1960 à nos jours, 223 p. 2 NOTRE LIBRAIRIE (Oct-déc.1997) Revue du livre : Afrique, Caraibes, Océan Indien, no 132, Littérature haitienne, des origines à 1960, 167 p. 3 DEJAN Iv, (2012). Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba. Editions de l’Université d’Etat d’Haiti, 442 p. 4 BERROUET-ORIOL Robert, et al. (2011). L’aménagement linguistique en Haïti : Enjeux, défis et propositions. Editions de l’Université d’Etat d’Haiti, 241 p. 5 BLAMONT Jacques (2013). Pour une révolution de l’éducation en Haïti. Editions de l’Université d’État d’Haiti, 201 p. 6 FRANCOIS Pierre Enocque (2010). Politiques éducatives et inégalités des chances scolaires en Haiti. Editions de l’Université d’Etat d’Haiti, 252 p. 7 GOVAIN Renauld, sou direksyon (2013). Akademi Kreyòl Ayisyen : ki pwoblèm ? ki avantaj ? ki defi ? ki avni ? Editions de l’Université d’Etat d’Haiti, 440 p. 8 POMPILUS Pradel (1985). Le problème linguistique haitien, Editions Fardins, Haiti, 178 p.

5. Y. DEJEAN (18 novembre 2001). Créole, école, rationalité (en ligne) http://w w w.tanbou.com/2002/fall/CreoleEcoleRationalite.htm (consulté en avril 2015) « Lire sans comprendre, ce n’est pas vraiment lire. Prononcer les phrases d’une langue que l’on ne connaît pas, à partir d’un texte écrit, ce n’est pas lire intelligemment. Même après plusieurs années à l’école, la plupart des élèves haïtiens ne saisissent pas le sens des phrases qu’ils arrivent à prononcer en français. »

Luna Gourgue se Sekretè Egzekitif Akademi Kreyòl Ayisyen. Li etidye nan Ekòl Nòmal siperyè ak Fakilte Lengwistik Aplike nan Pòtoprens, li gen yon espesyalizasyon nan Didaktik Franse Lang Etranjè (AUPELF-UREF) ak nan Fòmasyon a Distans (Université du Québec, Canada). Pandan plis pase trant (30) lane, li travay kòm pwofesè literati epi asire kou franse ak kreyòl ansanm ak kou didaktik franse ak didaktik kreyol nan Inivèsite leta ak prive ; kòm kòdonatè kou franse nan Inivèsite leta d Ayiti pou fakilte Lengwistik Aplike ; kòm Responsab pedagojik nan PRONEI, Pwogram Nasyonal Edikasyon Entegre pou MENFP ; kòm Direktris Etid ak Rechèch nan ISPOS, Enstiti Siperyè pou fòmasyon Politik ak Sosyal. lugour26@yahoo.fr

Télécharger le PDF