Vol. 5 n° 2 · Analyse

Kesyon Lang nan Ansèyman Siperyè nan Peyi Ayiti

Première page — Marky Jean-Pierre

Nan yon moman kote peyi a ap prepare li pou li chwazi pi bon estrateji ki pou pèmèt sosyete a rantre nan wout devlopman.

Rezime : Atik sa a pale sou koze lang parapò ak devlopman enstitisyon inivèsitè yo an Ayiti. Nan yon moman kote peyi a ap prepare li pou li chwazi pi bon estrateji ki pou pèmèt sosyete a rantre nan wout devlopman. Nan moman sa a, kreyasyon pi plis inivèsite epi amilyorasyon enstitisyon inivèsitè yo vin pi difisil. Poutan, nou fèt pou nou ekzaminen yo an detay. Anfèt, pami divès pwoblèm enstitisyon inivèsitè yo, kesyon lang lan mande yon atansyon espesyal. Atik sa a demontre, daprè yon kad teyorik miltip, li nesesè pou nou konsidere kesyon lang lan tankou yon resous, ki bay lang kreyòl la yon plas primòdyal nan ansèyman siperyè. Fason panse sa a, se yon vizyon sou yon peryòd tan byen long, kote pral genyen yon sosyete miltileng, ki va konsidere anglè, fransè, espayòl – yon miltilengwis ki ap genyen pou li chita sou lang tout moun pale nan peyi a, kreyòl. Atik sa a ap ekzamine wòl lang jwe nan sik etid kèk inivèsite ki nan monn oksidantal la, epi otè atik la pwopoze yon fason pou nou abòde kesyon lang lan nan enterè etidyan ayisyen yo ansanm avèk devlopman peyi a.

1. ENTWODIKSYON

Ayiti se yon peyi ki gen pase 10 milyon moun. Menm lè peyi a kontinye ap fè fas ak anpil kriz – kriz politik, kriz ekonomik, kriz sosyal, kriz sou plan medikal, kriz sou plan agrikilti, oubyen kriz sou plan devlòpman moun ak devlòpman teritwa a an jeneral – nasyon an oblije anvizaje mwayen ki kapab pèmèt jèn ayisyen yo devlope bon jan konpetans pou Ayiti ka vin pran plas li tout bon vre nan mitan nasyon devlope yo, oubyen, omwen, pou li antreprann demach pou li mete sou pye estrikti ki nesesè pou yon peyi ki dwe antre nan pwosesis devlopman ; selon jan monn kontanporen an wè nosyon peyi devlope a. Pa gen pyès dout sou sa, milye akademik la se yon poto mitan nan yon demach konsa. Anfèt, lè nou konsidere popilasyon Ayiti a ap ogmante ofiramezi, tandike espas jewografik la pa pe ogmante, nou ta ka menm di Ayiti gen enterè pou li ta estriktire sistèm inivèsite li yo, yon jan pou peyi a ofri yon fòmasyon akademik ki gen yon repitasyon wòdpòte, ki ka menm atire atansyon monn entènasyonal la, epi ki ka atire kapital ekonomik. Nan sans sa a, efò Leta ayisyen fè pou mete sou pye Inivèsite piblik nan Rejyon yo ap pèmèt plis jèn ayisyen ale nan inivèsite. Men, gen anpil efò ki pou fèt toujou pou de (2) sistèm inivèsite sa yo rive gen bon repondong pou yo jwe wòl yo dwe jwe a, tout bon, nan ede Ayiti antre sou wout devlopman. Yon nan efò sa yo konsènen kesyon lang lan nan 2 sistèm inivèsite yo anndan peyi a. Atik sa a antre

nan yon refleksyon sou kesyon lang lan nan ansèyman siperyè, sitou nan nivo Inivèsite Leta Ayisyen ak Inivèsite Piblik nan Rejyon yo. Apasa, li fè yon pwopozisyon sou jan dirijan yo ta dwe apwoche kesyon lang nan pou fasilite devlopman akademik etidyan Ayiysen yo epi ranfòse ansèyman siperyè a.

2.1 Kesyon lang lan nan pwoblematik reyisit ak echèk eskolè nan peyi Ayiti

Menm jan pou tout sektè nan sosyete a, anndan peyi Ayiti, kesyon lang nan poze yon gwo defi pou ansèyman siperyè a. Petèt, li enpòtan pou nou raple, sou 1000 elèv ki antre lekòl nan premye ane, gen mwens pase 50 ladan yo ki rive fini klas segondè yo1. Se yon pòsyon nan 50 elèv sa yo ki rive fini lekòl segondè, epi ki ka patisipe nan konkou pou yo antre nan inivèsite. Epitou, se yon pòsyon nan 50 elèv sa yo, ki patisipe nan konkou yo, ki rive antre nan inivèsite Leta a 2. Sa vle di, si nou konsidere done sa yo, nou ka wè nan chif 1000 elèv sa yo, ki antre nan premye ane lekòl primè a, genyen mwens pase 50 ki rive fini klas tèminal, epi se yon pòsyon nan 50 elèv sa yo ki 1.

Ministère de l’Éducation Nationale. (1985). Plan National d’Éducation 2004 – Rapport de Synthèse Diagnostique Technique du Système Éducatif Haitien. Port-au-Prince, Haiti.

2. Refleksyon nou ap fè la a plis konsène Inivèsite Leta Ayisyen an.

Cahier thématique – Universités publiques en région

antre nan inivèsite. Nou pa gen done sou konbyen nan elèv sa yo ki pase konkou yo. Men, lè nou gade sitiyasyon an byen, nou doute genyen 203 nan yo ki pase, epi ki antre nan inivèsite a. Men, pwen ki atire atansyon nou nan atik sa a, sèke malgre Inivèsite Leta a pa gen kapasite pou li satisfè demann kantite etidyan ki vle fè etid inivèsite yo, sistèm nan gen gwo difikilte pou li pèmèt etidyan ki antre yo byen reyisi etid yo. Nan difikilte sa yo, gen pwoblèm lojman pou etidyan, sal klas ki pa fin reponn ak egzijans pedagojik yo, pwoblèm motivasyon anseyan ki mal touche, oubyen ki pa touche alè, pwoblèm bibliyotèk, pwoblèm pou antreprann bon jan rechèch selon nòm entènasyonal, etsetera. Men, malgre tout pwoblèm sa yo, nou oblije mande nan ki lang etidyan Ayisyen yo ka ekri pi byen ki pou pèmèt yo ekri Memwa sòti yo avèk mwens difikilte ? Kesyon sa a mete nou anfas yon lòt pwoblèm ki pa mansyone nan lis pwoblèm nou sot mansyone a : pwoblèm lang lan nan ansèyman siperyè a. Done nou ta bezwen pou nou fè analiz objektif sou pwoblèm lang lan nan inivèsite a, epi jan li enfliyanse devlopman akademik etidyan yo nan inivèsite a pa vrèman disponib. Men, depi nou antre nan refleksyon ki chita sou baz rasyonalite, nou ka wè inivèsite a pa ka chape poul li anba pwoblèm lang ki travèse tout sistèm edikatif la nan peyi Ayiti epi ki menm travèse tout sektè nan sosyete a. Li petèt itil pou nou raple enfòmasyon tout moun ki te travay sou Ayiti oubyen ki ap reflechi sou edikasyon ak devlopman nan peyi a, oubyen sa majorite Ayisyen sanse gentan konnen. Ayiti se yon peyi ki gen yon lang ki rele li chèmètchèmètrès. Lang sa a se lang kreyòl la. Pa gen Ayisyen ki fèt Ayiti ki pa pale lang kreyòl la kòm lang natifnatal yo. Menm minorite moun ki pale lang fransè a byen yo pale kreyòl tou. Men, se lang fransè a ki sanse lang prensipal nan sistèm edikasyon an, paske liv ki gen matyè pou elèv yo etidye yo se an fransè yo ye. Fason pwoblèm lang nan enfliyanse nagativaman devlopman akademik elèv Ayisyen yo, se yon pwen plizyè chèchè diskite nan rechèch yo. Egzanp, nou jwenn yon travay Dejean pibliye sou tit :Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba4, kote otè a pran swen pou li byen detaye pwoblèm lang lan nan edikasyon nan peyi Ayiti. JeanPierre fè sa tou nan yon liv li pibliye sou tit : Language and Learning in a Post-Colonial Context - A Critical Ethnographic Study in Schools in Haiti5. Se de (2) nan chèche yo sèlman nou site la a, 3.

Li enpòtan pou nou souliye tou, chif ki soti nan etid la se anviwon 34 elèv ki rive fini etid segondè yo sou 1000 elèv ki antre nan premye ane lekòl primè. Si nou konsidere done sa a jan li ye a, nou ta ka di : kòm se 34 sa yo ki pase, se yo ki ka patisipe nan konkou yo ; kòm konkou yo fèt pou yo ka elimine pi fò nan elèv ki enskri yo, epi pran enpe, si nou ta di genyen mwatye ladan yo ki rive antre nan inivèsite a, chif sa a ta 17 sou 34. Men, kòm inivèsite a pa gen kapasite pou li menm pran mwatye elèv ki patisipe nan konkou yo, nou pa ka menm pale de 17 sou 34. Li ta sanble menm pi bon pou nou di petèt gen mwens pase 10 elèv ki rive antre nan inivèsite sou 1000 elèv ki antre nan premye ane lekòl primè.

4. Dejean, Y. (2007). Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba. Port-auPrince : Fondasyon Konesans ak Libète. 5.

Jean-Pierre, M. (2016). Language and Learning in a Post-Colonial Context - A Critical Ethnographic Study in Schools in Haiti. New York, Routledge, 234 p.

men, gen lòt toujou ki montre jan kesyon lang nan bay pwoblèm nan sistèm edikayon an. Se menm pwoblèm nan tou nou jwenn nan nivo inivèsitè. Se vre, etidyan nan nivo inivèsite yo rive akimile yon nivo konpetans, nan lang fransè a, ki pi avanse, akoz tan yo pase nan lekòl primè ak lekòl segondè nan resite leson an fransè pa kè, men konpetans yo nan lang fransè a pa kanmarad konpetans yon etidyan ameriken gen nan lang anglè a kòm lang matènèl yo, oubyen konpetans Fransè yo genyen nan lang fransè a kòm lang matènèl yo. Nan sans sa a, li enpòtan pou nou konsidere pwoblèm lang nan kòm youn nan gwo pwoblèm Inivèsite Leta Ayisyen an (ILA) genyen. Menm pwoblèm nan menase Inivèsite Piblik nan Rejyon yo, ki kòmanse pran rasin nan plizyè depatman jewografik nan peyi a. Nou kwè, li enpòtan pou nou aksepte antre nan yon diskisyon rasyonèl sou fason nou ka apwoche pwoblèm lang lan nan ansèyman siperyè a, epi an patikilye nan Inivèsite Leta Ayisyen an ak Inivèsite Piblik nan Rejyon yo. Premyèman, nou ap gade kesyon lang lan nan yon diskisyon ki pi laj konsènan refleksyon sou lang. Dezyèman, nou ap gade jan kesyon lang nan ye nan kèk gwo inivèsite nan lemonn, twazyèman nou ap gade enpòtans lang kreyòl la pou inivèsite a ak posiblite pou ta gen yon depatman lang kreyòl nan chak fakilte anndan inivèsite a.

2.2 Kad teyorik

Kad teyorik ki sèvi pou refleksyon nou sou lang nan ansèyman siperyè ann Ayiti baze prensipalman sou travay Bourdieu6 (1982), ki wè lang kòm yon kapital, ak travay Foucault yo sou relasyon ant lang oubyen diskou, konesans ak pouvwa7. Travay save sa yo fè nou konsevwa lang kòm yon zouti pou devlòpman ekonomik ak pou devlòpman lakonesans. Gen plizyè apwòch ki marinen ak konseptyalizasyon sa a. Gen Apwòch Ekolojik la ki baze sou kontinyòm bileng oubyen miltileng8, ki wè lang kòm resous pou devlòpman yon nasyon. Nan sa ki konsènen zafè lang, Apwòch Ekolojik la sanse gen menm oryantasyon avèk Apwòch jewopolitik ki baze sou travay Grosfoguel9, Mignolo10, epi Madonado-Torres11. Lè nou aplike apwòch jewopolitik la ak Apwòch Ekolojik la nan refleksyon sou kesyon lang, nou wè nesesite pou yon endividi metrize lang aktè enfliyan yo itilize pou yo pran desizyon ki konsène rejyon 6. Bourdieu, P. (1991). Language and symbolic power. (Translation of the 1982 volume ??? Langage et pouvoir symbolique. Paris : Editions Fayard). Cambridge (Massachusetts), 291 p. Harvard University Press 7. Foucault, Michel (1980). Power/knowledge : Selected interviews and other writings, 1972-1977. New York, Vintage Books, 288 p. 8. Hornberger, N. H. (1989). Continua of biliteracy. Review of Educational Research, vol. 59, no (3), p. 271–296. 9. Grosfoguel, R. (2002). Colonial difference, geopolitics of knowledge, and global coloniality in the modern/Colonial capitalist worldsystem. Review (Fernand Braudel Center) p. 203-224. 10. Mignolo, W. (2002). The geopolitics of knowledge and the colonial difference. The South Atlantic Quarterly, vol. 101, no 1, 57-96. 11. Maldonado‐Torres, N. (2004). The topology of being and the geopolitics of knowledge : Modernity, empire, Coloniality. City, vol. 8, no 1, 29-56.

Cahier thématique – Universités publiques en région

kote yo ap viv la. Apwòch Ekolojik la avèk Apwòch jewopolitik la rekonèt enpòtans lang lokal ak lang ki enfliyanse lavi nan rejyon yo. Apwòch sa yo konekte ak refleksyon sou Miltiliterasi ki prevwa yon ouvèti pi laj sou konesans yon fason pou pèmèt etidyan yo konprann lakonesans nan lòt lang epi itilize pwòp lang yo pou yo pwodi lakonesans epi patisipe nan konvèsasyon toupatou nan lemonn12. Nan menm sans la, nou jwenn Apwòch Aksyonèl13 la ki kwè etidyan yo se aktè sosyal yo ye, epi edikasyon yo ap resevwa dwe prepare yo pou yo asire wòl yo kòm aktè sosyal olye pou yo ap suiv yon kouran edikasyon ki ap rann yo pasif. Daprè Apwòch Aksyonèl la, ni nan sans apwòch ni nan sans metòd, yo dwe ansye lang yon fason pou pèmèt etidyan yo pran responsablite yo kòm aktè sosyal, kòm ajan devlòpman. Etidyan yo dwe itilize lang pou yo pou yo aji, pou yo poze aksyon sosyal nan divès kontèks, kote yo ka twouve yo, epi pou divès rezon14. Nou jwenn tou Apwòch Posmodèn15 lan sou kesyon lang, ki kwè aprantisaj plizyè lang, se yon egzijans peryòd kontanporen an epi, aktè nan monn kontanporen an, se yon moun mobil ki ap evolye nan yon monn ki pa toujou previzib epi ki ap chanje rapidman – moun lan dwe pare pou li bouje avèk monn lan (nan sans lengistik, nan ka sa a). Finalman nou jwenn Apwòch Fenomenolojik16 la ki kwè monn nan se rezilta pwòp kreyasyon nou epi defansè apwòch sa a kwè pou yon moun a rive devlope, fòk li ka rive konprann se limenm ki kreye fenomèn sosyal yo, epi li kab reyapropriye yo pou byenèt li. Nan sans sa a, lang yon kominote, se yon kapital li genyen, daprè Bourdieu, epi kominote a dwe reyapwopriye kapital sa a pou li itilize li nan devlopman byenèt li. Menm jan an tou, moun sa a ka trape lòt lang ki ka sèvi li kòm kapital, pou li aprann yo epi itlize yo, kote ki nesesè, olye pou li kite lang sa yo alyene li. Selon apwòch sa yo, sou kesyon lang, li nesesè pou responsab ansèyman siperyè nan peyi Ayiti kreye bonjan regleman pou pèmèt etidyan yo metrize lang ki nesesè pou yo avanse nan etid yo. Lè nou gade enpòtans kesyon lang nan devlopman akademik etidyan yo, epi pwoblèm lang lan nan sosyete a nan peyi Ayiti, li vin yon nesesite nasyonal, istorik epi patriyotik pou lidè edikasyon yo kreye regleman ki dyanm pou yo abòde pwoblèm lang nan. Li nesesè pou gen yon Fakilte Etid Kreyòl ak yon Fakilte Lang Vivan ki pou travay sou kesyon lang lan nan Inivèsite Leta Ayisyen ansanm ak Inivèsite Piblik nan vil pwovens 12. Cazden, C ; Cope, B. Fairclough, N. Gee, J. et al. ; (1996). A pedagogy of multiliteracies : Designing social futures. Harvard Educational Review, vol. 66, no 1 ; Research Library p. 60-92. 13. Cadre Européen Commun de Référence de Langue – CECR. http:// www.coe.int/t/dg4/linguistic/Source/Framework_FR.pdf. (Dat konsiltasyon : out 2016) 14. Cadre Européen Commun de Référence de Langue – CECR http:// www.coe.int/t/dg4/linguistic/Source/Framework_FR.pdf. (Dat konsiltasyon : out 2016) 15. Mann, S. J. (1999). « A postmodern Perspective on Autonomy ». Bells : Barcelona English language and literature studies, vol. 10, p. 35-46. 16. Miller, D. (1987). Material culture and mass consumption. Oxford and Cambridge (Massachusetts), Basil Blackwell, 240 p.

yo ki ap devlope nan divès depatman jewografik yo. Nan atik sa a, nou ap plis panche sou posiblite kreyasyon yon Fakilte Etid Kreyòl. Nou va panche sou Fakilte Lang Vivan yon nan yon lòt okazyon. Men, anvan nou pale de Fakilte Etid Kreyòl la, an nou gade ki jan depatman lang fonksyone nan kèk lòt inivèsite.

2.3 Ansèyman lang nan inivèsite monn oksidantal la : Ka Inivèsite Masachosèt Amès, Inivèsite Pari Didro, Inivèsite Sòbòn, ak Inivèsite Monreyal

Jan anpil nan lektè yo konnen li deja, an jeneral, ansèyman oubyen etid lang yo fèt de (2) fason nan inivèsite yo : yo fèt kòm lang etranje oubyen yo fèt kòm lang natifnatal – byenke gen inivèsite an Frans ki pa itilize konsèp lang etranje a, yo itilize pito lang womèn, lang Azi, elatriye. Nan nivo lang etranje, yon etidyan ka fè yon bachelò (lisans), sa vle di kat (4) ane etid. Si li vle ale pi lwen, li ka fè yon metriz (2 ane etid an jeneral). Si li vle ale pi lwen toujou, li ka rive fè yon Doktora (4-7 ane etid apre metriz an jeneral). Egzanp, nan ka Etazini, lang yo pi anseye nan inivèsite yo kòm lang etranjè, se fransè, panyòl, alman. Nan nivo ansèyman yon lang nan kòm lang natifnatal, nenpòt etidyan ka chwazi devlope yon ekspètiz nan lang lan nan nivo bachelò (lisans) epi li ka fè metriz (2 ane etid an jeneral) oubyen doktora si li vle ale pi lwen toujou. Yon etidyan ka rive fè yon doktora nan lang anglè, ki se lang prensipal nasyon an. Se menm jan tou pou lang fransè a an Frans oubyen pou lang alman nan peyi Almay, oubyen nan ka lang fransè a ak lang anglè a nan peyi Kanada. Egzanp sa yo moutre, nan ka Ayiti, ansèyman lang dwe vize posiblite pou yon etidyan ayisyen devlope nenpòt nivo akademik nan lang kreyòl la – soti nan nivo lisans ale nan nivo metriz epi rive nan nivo doktora. An menm tan, inivèsite yo dwe ofri etidyan yo opòtinite pou yo devlope nenpòt nivo akademik nan yon seri lang ki enpòtan nan rejyon an tankou :lang anglè, lang panyòl ak lang fransè. Pou lang fransè a menm, li pi enpòtan toujou pou de (2) rezon sa yo : yon kote, se yon lang ki marinen ak istwa peyi a, yon lòt kote, epi sou menm baz istwa a dayè, devlope bonjan konpetans nan lang fransè a ka kontribye nan pèmèt yon etidyan konprann lang kreyòl la pi byen epi evite melanje de (2) lang yo, tankou sa fèt souvan nan diskou politik anndan peyi a ak nan laprès. Nan kad devlopman konpetans nan lang natifnatal yon peyi, lè nou voye je sou pwogram lang anglè a nan Inivèsite Masachosèt Amès (University of Massachusetts – Amherst), ki se yon inivèsite nan Nòdès peyi Etazini, nou wè fakilte etid lang anglè a ofri senk (5) domèn kote yon etidyan ka chwazi pou li espesyalize li. An jeneral, yon etidyan chwazi youn nan espesyalizasyon ki nan pwogram lan. Yon lè konsa, petèt nou ka jwenn yon etidyan espesyalize li nan plis pase yon branch. Gen youn nan espesyalizasyon yo ki santre sou Etid sou lavi entèn Etazini. Etidyan, ki chwazi konsatrasyon sa a, ka konsantre refleksyon li yo ak rechèch li yo sou nosyon ras, klas, etnisite, jan (maskilinite, feminite, omoseksyalite, transjan). Gen yon lòt espesyalizasyon ki santre sou Ekriti/Redaksyon kreyatif pou etidyan ki

Cahier thématique – Universités publiques en région

vle devlope talan ekri yo oubyen talan ekriven yo. Yon twazyèm espesyalizasyon fokis sou ekriven pwofesyonèl pou plizyè kalte biznis tankou edite tèks lòt moun ekri, prepare dokiman pou pwojè, prepare dokiman pou lojisyèl ak hadwè, prepare rapò epi divès kalte kominikasyon pou biznis. Nan menm sans lan, gen yon lòt espesyalizasyon ki santre sou konpetans pou ekri pou òganizasyon imanitè, domèn lasyans, domèn medikal, domèn legal, literati ki pa nan fòm woman, piblikasyon akademik epi komèsyal, devlòpman nouvo medya, epi koreksyon tèks. Finalman, gen yon senkyèm espesyalizasyon ki santre sou ansèyman lang anglè a nan nan lekòl segondè.

nan branch sa yo. Nan nivo lang anglè ak lang etranjè, Inivèsite Monreyal nan Kebèk ofri plizyè opsyon pou etidyan ki vle fè ni lisans, ni metriz, ni doktora19.

Nan Inivèsite Pari Didro (Université Paris Diderot), an Frans, gen plizyè jan tou, etidyan ka devlope konpetans nan lang fransè a, ki se lang natifnatal peyi a. Etidyan yo ka chwazi fè lisans, oubyen Metriz oubyen Doktora nan yon domèn kèlkonk nan lang fransè a. An jeneral, etid sa yo konsantre yo sou lèt, domèn atizay epi sinema. Yon etidyan ka fè yon lisans nan fransè ki santre sou sinematografi, li ka fè yon lisans tou nan lèt ak atizay ki ka pèmèt li chwazi yon lòt espesyalizasyon nan domèn lang nan nivo metriz ak doktora. Nan nivo metriz, yon etidyan ka chwazi fè etid li nan lèt, atizay ak lapanse konptanporen, li ka chwazi fè etid metriz li nan domèn ki ap pèmèt li devlope kompetans pou li vin yon ekriven pwofesyonèl, li ka fè metriz nan ansèyman lang fransè ak nan lekòl segondè, oubyen tou li ka chwazi fè metriz li nan sinema, dokimantasyon ak medya. Yon etidyan ka chwazi konsantre rechèch li nan nenpòt branch sa yo pou nivo doktora. Inivèsite Pari Didro (Université Paris Diderot) ofri plizyè opsyon nan nivo etid lang etranje17.

Lè nou gade enpòtans lang kreyòl la pou Ayiti, li nesesè pou gen yon depatman ki panche sou zafè lang lan nan sistèm Inivèsite Leta Ayisyen an ak Inivèsite Piblik ki nan vil pwovens yo. Depatman sa a ta ka pote non Fakilte Etid Kreyolofòn. Men, non sa a, li ta plis baze sou aspè pale oubyen entèraksyon nan mitan moun yo. Kesyon kreyòl la ale pi lwen pase aspè pale lang nan nan sans sentaks, fonetik, semantik. Nou te ka rele li Fakilte Kreyòl, kilti, ak literati. Men nou ka annik di Fakilte Etid Kreyòl, paske apelasyon sa a sanse anglobe etid ki ka bezwen fèt sou lang kreyòl la ansansm avèk aspè kilti, literati, elatriye. Men, kèlkeswa non an, yon depatman ki santre sou etid lang kreyòl la ka ofri plizyè konsantrasyon nan domèn lang pou etidyan yo. Nan paragraf ki pi ba yo nou idantifye sèt (7) nan konsantransyon sa yo.

Nan Inivèsite Sòbòn (Université Paris-Sorbonne), yon lòt inivèsite an Frans, yon etidyan ka fè yon lisans nan kilti antik ak kilti monn kontanporen an, lang fransè ak teknik enfòmatik, literati klasik, literati modèn, literati ak lang nan nivo medya. Yon etidyan ka chwazi fè yon doub lisans nan domèn atizay, lèt, lang epi konsantrasyon sou kilti grèk ak laten, literati fransè ak literati konpare, oubyen nan lang fransè. Nan nivo metriz, yon etidyan ka fokis sou literati medyeval, lang fransè, lang fransè aplike, lèt klasik, lengistik fransè, literati konpare, literati ak lang pou medya odyovizyèl, teyori literè. Nan kad diplòm sou lang etranje, Inivèsite Sòbòn ofri anviwon venn senk (25) opsyon nan nivo metriz18. Nan Inivèsite Monreyal Kebèk (Université de Montréal à Québec), nan peyi Kanada, etidyan yo ka chwazi fè lisans yo nan literati lang fransè, literati lang fransè ak filozofi, literati lang fransè ak lengistik, literati konpare, tradiksyon, fransè kòm dezyèm lang. Apre lisans, an jeneral, yon etidyan ka deside kontinye etid avanse li nan nivo metriz oubyen doktora nan nenpòt 17. Konsilte adrès elektwonik inivèsite a pou enfòmasyon sou opsyon sa yo : http://www.univ-paris-diderot.fr/english/sc/site.php ?bc=formations&np=ficheufr&n=1&g=sm. 18. Konsilte adrès elektwonik inivèsite a pou enfòmasyon sou branch sa yo : http://vof.paris-sorbonne.fr/fr/index/master-XB.html.

2.4 Pwopozisyon konsènan lang kreyòl la nan devlopman ansèyman siperyè ann Ayiti

Nan ka Ayiti, kòm nou di li deja, pandan peyi a ap devlope etid siperyè yo, li enpòtan pou gen bonjan pwogram ni nan nivo lang natifnatal la, ki se lang kreyòl la, ni nan nivo lang panyòl, lang fransè ak lang anglè. An nou gade ki jan inivèsite yo ta ka devlope bonjan pwogram fòmasyon konsènan lang kreyòl la.

1. Konsantrasyon / Espesyalizasyon Tradiksyon. Etidyan ki chwazi konsantrasyon sa a ap devlope konpetans nan tradiksyon ak entèpretarya, nan lang kreyòl la ak lòt lang li enterese a. Etidyan sa a ap gen pou devlope yon dezyèm espesyalizasyon, sa vle di yon minè, nan omwen de (2) nan lang sa yo : panyòl, fransè, anglè (Petèt pita nou ka ajoute pòtigè tou). 2. Konsantrasyon / Espesyalizasyon ansèyman. Etidyan ki chwazi konsantrasyon sa a ap devlope konpetans espesyal nan ansèyman lang kreyòl la nan tout nivo. Yo ap gen pou yo pran kou sou pedagoji nan Lekòl nòmal pou yo konble kisis etid yo a. 3. Literati kreyolofòn : Etidyan ki chwazi konsantrasyon sa a ap devlope konpetans espesyal sou literati peyi Ayiti, literati Karayib kreyolofòn nan, ak literati lòt peyi kreyolofòn yo pou syèk ki soti nan ane 1800 rive nan ane 2000. 4. Literati kreyolofòn kontanporen : Etidyan ki chwazi konsantrasyon sa a ap devlope konpetans espesyal sou literati Ayiti, literati Karayib kreyolofòn nan, ak literati lòt peyi kreyolofòn yo pou peryòd soti nan ane 1980 rive peryòd tan prezan an.

19. Konsilte adrès elektwonik inivèsite a pou enfòmasyon sou opsyon sa yo : https ://admission.umontreal.ca/programmes-de-cycles-superieurs/ lettres-et-langues/.

Cahier thématique – Universités publiques en région

5. Literati Afrik pòskolonyal ak teyori pòskolonyal : Etidyan ki chwazi konsantrasyon sa a ap devlope konpetans espesyal sou literati Afrik pòskolonyal la ak teyori pòskolonyal an jeneral. 6. Literati Konpare : Etidyan ki chwazi konsantrasyon sa a ap devlope konpetans espesyal sou literati kreyolofòn ak literati frankofòn. Yo ap kapab apwofondi rapò ant literati Ayiti a ak literati fransè depi fen 18yèm syèk la. 7. Espesyalite kòm pwodiktè tèks an kreyòl pou divès domèn : Etidyan ki chwazi konsantrasyon sa a ap devlope konpetans espesyal pou yo ekri materyèl nan divès domèn tankou administrasyon piblik oubyen prive, materyèl pou pwojè, domèn dwa, lamedsin, elatriye. Yo ap kapab espesyalize nan kategori ki aplike nan chak domèn an patikilye. Etidyan sa yo ap gen pou yo pran kou ki bay enfòmasyon jeneral sou domèn yo chwazi a pou yo kapab gen yon lide sou kalte langaj ki aplike nan domèn yo pral travay la. Espesyalizasyon sa yo se kèk nan domèn etid ki ka devlope nan Fakilte Etid Kreyòl la. Li enpòtan pou nou siyale, kèlkeswa konsantrasyon yon etidyan chwazi nan lis sèt (7) konsantrasyon sa yo, li ap gen pou li pran kredi nan yon seri domèn. Pi ba a, nou prezante yon lis 16 domèn, kote yon etidyan ap gen pou li pran kou pou li devlope konpetans entèlektyèl jeneral li kòm manm kominote akademik la : 1. ideyoloji epi ideyoloji lang 2. kreyolistik, 3. lengwistik, 4. lengwistik aplike, 5. Lang (omwen 2 lòt lang) 6. Istwa Ayiti ak istwa Karayib la, 7. Istwa monn nan, 8. Sèvis nan sektè piblik, sèvis nan sektè prive 9. Kominikasyon 10. Administrasyon piblik, 11. Woutin pouvwa lejsilatif, jidisyè, epi ekzekitif, 12. Lavi pati ak òganizasyon politik epi òganizasyon polipè, 13. Kolektivite tèritoryal, 14. Lavi ak istwa diplomasi Ayiti. 15. Agrikilti ak resous natirèl 16. Enviwònman, jesyon dezas epi meteyoloji Apre li fin pran kou nan 16 domèn sa yo, etidyan an ap gen pou li pran kou nan anviwon 4 lòt domèn ankò tankou : rechèch, estaj aplike, piblikasyon epi espas jeyopolitik Karayib la. Nan sans sa a, pou yon etidyan diplome avèk yon lisans (4 ane etid) li ap kapab pran yon kou 3 kredi nan chak kou nan lis sa a, ki ap pèmèt li genyen 60 kredi. Epi, li ap pran lòt 60 kredi ki rete yo nan kou sou espesyalizasyon li an. Nan nivo metriz ak

doktora, etidyan an ap kapab pran kou ki pi avanse nan domèn sa yo epi devlope rechèch li. Menm jan kèk inivèsite fè sa nan Etazini, etidyan sa a ta ka antre nan pwogram doktora apre lisans yo (bachelò). Apre etidyan fin konplete de (2) ane etid li yo avèk siksè, li ka resevwa yon diplòm nivo metriz. Li ka pran kou pou yon ane ankò epi pran de (2) ane pou li konsantre li sou tèz doktora li. Gen kèk inivèsite ki te ka menm fè li antre nan peryòd de (2) ane rechèch la dirèkteman apre de (2) ane metriz li yo. Grenn ane ki nan mitan an ta ka sèvi tou pou li rann sèvis yo nan kominote a, tankou : ede nan kesyon alfabetizasyon, ede nan devlòpman kolektivite tèritoryal yo, oubyen ede nan kesyon òganizasyon kominotè ak preparasyon eleksyon.

2.5 Diferans ant Fakilte Etid Kreyòl ak Fakilte lengistik Aplike nan inivèsite Leta ayisyen an

Nan refleksyon pou etabli yon Fakilte Etid Kreyòl, yon moun ka gen tandans mande ki nesesite ki genyen pou UEH / ILA kreye yon Fakilte konsa, paske deja genyen Fakilte Lengistik Aplike ak Lekòl Nòmal nan Inivèsite Leta Ayisyen an. Pou nou adrese kesyon sa a, nou vle raple, nan inivèsite nou sot site pi wo yo, epi nan anpil lòt sistèm inivèsite rejyonal, nasyonal, mondyal oubyen inivèsite prive yo, depatman oubyen fakilte lang ak depatman oubyen fakilte lengwistik se pa menm domèn etid yo ye. Li enpòtan pou nou pa konfonn domèn etid sa yo nan refleksyon nou ap fè pou etabli yon Fakilte Etid Kreyòl nan Inivèsite Leta Ayisyen an ak nan Inivèsite Piblik nan vil pwovens yo nan peyi Ayiti. Ekzanp, nan Inivèsite Masachosèt Amès, Etazini, gen yon Depatman ki ap fè etid sou lang anglè, gen yon depatman, kote etidyan yo etidye lengistik, gen yon depatman ki konsantre travay li sou lang ak literati, epi gen yon pwogram nan Depatman edikasyon an ki santre sou lang, edikasyon ak kilti. Se sanse menm konfigirasyon an ki genyen nan Inivèsite Konektikèt Storrs, ki se yon lòt inivèsite nan Nòdès Etazini. Gen yon Depatman ki ap fè etid sou lang anglè, gen yon depatman, kote etidyan yo etidye lengistik, gen yon depatman ki konsantre li sou lang, literati ak kilti, epi nan Depatman Edikasyon an, yon etidyan ka santre etid li sou lang, edikasyon ak kilti. Nan sans sa a, nan ka Ayiti a, li enpòtan pou nou sonje, Fakilte Lengistik Aplike ak yon Fakilte tankou Fakilte Etid Kreyòl se de (2) domèn etid diferan. Chak domèn etid yo gen wòl presi yo. Nan efò Ayiti ap fè pou li gen inivèsite ki nan ran entènasyonal, inivèsite yo ta dwe gen yon Fakilte Lengistik menm. An jeneral, Fakilte Lengistik santre sou kèk nan aspè lang tankou aspè entèn lang : etid sentaks, semantik, fonoloji, istwa ak devlòpman lang, elatriye. Fakilte Lengistik Aplike fokis, grosomodo, sou aspè aplike lang lan an patikilye. Nan sans sa a, nou wè Fakilte Lengistik Aplike tankou yon antite akademik pou kont li, li pa ranplase ni Fakilte Lengistik, ni Fakilte Etid lang tankou Fakilte Etid Kreyòl, ni Fakilte sou lang, literati ak kilti. Petèt, li bon pou Fakilte Lengistik Aplike, ki nan Inivèsite Leta a, vin tounen yon Fakilte Lengistik menm, ki ta gen ladan li Lengistik Aplike ak Kreyolistik kòm de (2) konsantrasyon /espesyalizasyon diferan.

Cahier thématique – Universités publiques en région

Fakilte Etid Kreyòl se pa menm ak Depatman Edikasyon tankou Ekòl Nòmal. Fakilte Etid Kreyòl santre sou etid lang lan nan aspè kiltirèl li, literè, ak nan aspè kritik an jeneral – epi, aspè sa yo se kèk nan bonjan konesans rive devlope. Depatman Edikasyon tankou Ekòl Nòmal konsantre yo sitou sou aspè pedagoji a. Epi, Ekòl Nòmal se pa menm chan etid li ye avèk Fakilte lang ak literati ki etidye lang etranje yo an pwofondè. Men, dwe gen bon relasyon ant depatman yo. Ekzanp, etidyan yo dwe pran kou elektif / twon kòmen yo nan depatman ki ofri yo a. Nan kad sa a, chak Fakilte ta dwe konsantre sou espsyalizasyon respektif yo epi fè etidyan yo pran lòt kou pou konesans jeneral akademik yo nan lòt fakilte ki ofri yo.

3. Konklizyon

dirijan yo ka menm rive bliye li nan planifikasyon sistèm akadmik yo. Jan nou sot moutre li a, lang se yon fenomèn ki konekte ak pouvwa epi kapital ekonomik. Kreyasyon yon Fakilte Etid Kreyòl ap pèmèt inivèsite a fè fas ak pwoblèm lang nan poze nan sistèm edikasyon an, epi li ap kontribye nan siksè akademik etidyan yo. Dezyèman, li ap kontribye nan devlopman lang kreyòl la piske pral gen plis chèchè ki ap itilize lang kreyòl la nan pwodiksyon materyèl akademik, literè epi syantifik. Twazyèman, ap gen plis ouvèti pou elèv ki fin fè klas segondè yo. An gwo, li nesesè pou nou fokis sou wòl lang nan jwe nan devlopman Inivèsite Leta Ayisyen an ak Inivèsite piblik nan Rejyon yo, epi rive etabli yon Fakilte Etid Kreyòl nan inivèsite yo ap pèmèt nou fè sa pi byen.

Pou nou fini, zafè lang nan, se yon gwo moso li ye nan devlopman ansèyman siperyè yo. Zafè lang nan tèlman enpòtan, souvan Marky Jean-Pierre se profesè nan Inivèsite Tulane (Tulane University) nan vil Nouvèl Òleyan, Etazini. Li anseye lang ak literati fransè ; lang, kilti, epi literati kreyòl ; etid karayib epi ideyoloji lang. Jean-Pierre resevwa yon doktora nan domèn edikasyon nan Inivèsite Leta Masachosèt (UMass Amherst) epi yon doktora nan etid fransè ak frankofoni nan Inivèsite Leta Konektikèt (UConn Storrs). Li se otè « Language and Learning in a Post-Colonial Context : The Case of Haiti ». Li ekri plizyè lòt atik tou sou lang ak edikasyon nan peyi Ayiti. mjeanpie@tulane.edu

Télécharger le PDF