Vol. 7 n° 1 · Analyse

Ansèyman lasyans sou tè Ayiti

Première page — Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj)

Li genyen tou yon pingga pou fanmi ki genyen pitit fi ansanm ak pwofesè lekòl ki kab genyen yon tandans trete elèv gason yo yon fason diferan parapò ak elèv fi yo nan sal klas yo.

Rezime : Atik sa a louvri ak yon remak jeneral sou enpòtans lang kreyòl la nan ansèyman anndan Ayiti. Li genyen tou yon pingga pou fanmi ki genyen pitit fi ansanm ak pwofesè lekòl ki kab genyen yon tandans trete elèv gason yo yon fason diferan parapò ak elèv fi yo nan sal klas yo. Apresa, otè atik la tabli an pwofondè sou fason pwofesè yo ta dwe anseye lasyans nan peyi a ansanm ak sou modifikasyon Ministè edikasyon nasyonal dwe fè nan kourikoulòm ki ap sèvi pou ansèyman lasyans, yon matyè ki esansyèl nan devlopman peyi a.

YON PINGGA POU PARAN AK PWOFESÈ LEKÒL

kote li ap livre pen lenstriksyon bay chak grenn elèv ki nan sal klas li a, kit li fi, kit li gason, kit li genyen lòt oryantasyon seksyèl. Gen yon verite ki klè epi ki se an menm tan yon kle inivèsèl : « Konesans tankou manje fèt pou separe yonn ak lòt. »

Se vre, deplizanpli, fanmi ki gen pitit fi sispann sakrifye edikasyon pitit fi yo pou yo bay pitit gason yo plas pou yo kiltive tèt yo. Sa vle di, pitit gason yo jwenn posiblite pou yo devlope tout potansyèl yo, pandan fanmi an pa te janm kab konnen vrè fòs chak grenn pitit yo genyen,pandan yo ap grandi kòtakòt ak yon pitit gason. Se vre, depi nan finisman ane senkant yo, pou debouche sou ane swasant yo, manman ak papa pitit te kòmanse fè tout efò yo pou yo te kreye opònite, sou plan ediksayon, pou pitit fi yo tou, yon fason pou ak pitit fi yo, ni pitit gason yo grandi egal ego. Men, faktè sosyal nasyonal kou entènasyonal, ki ap peze sou fi yo, repouse medam yo nan pye nechèl lavi a, poko prèt pou yo disparèt nèt ale, san kite tras. Nan sans sa a, lè nou abòde difikilte ki genyen nan ansèyman lasyans sou tè Ayiti, nou ap ankouraje pwofesè lekòl yo pou yo mete loup espesyal, yon fason pou yo rive reveye, detekte epi alimante potansyèl chak grenn elèv fi nan sal klas yo, ak lide pou okenn moun pa tonbe nan dèyè kamyonèt lakonesans. Se afòs tout pitit peyi a, fanm kou gason, va rive jwenn tout sa ki revyen li dedwa nan savwa, sosyete Ayiti a va rive benefisye talan chak grenn moun ki ladan san konsiderasyon pou orijin sosyal, nivo fòtin lafanmi oubyen ankò si moun lan se fi osnon gason. Nan peyi nou, sou tè Ayiti, pawòl la di li aklè :« Tout moun se moun, pa gen moun pase moun. » Se panse moral sa a, pwovèb sa a, chak grenn pwofesè dwe gade vivan nan fondas lespri li chak fwa li mete pye li nan papòt sal klas,

NAN KI LANG LEKÒL DWE FÈT NAN PEYI AYITI ? Premye prensip tout pwofesè lekòl dwe toujou sonje, se yon prensip ki di : Tout konesans tou nèf fèt pou li derape apati konesans ki te la deja. Se apati sa yon moun deja konnen pou nou aprann li sa li poko konnen. Nan sans sa a, premye levye transmisyon lakonesans lan se lang ki sèvi pou anseyan yo fè aprantisay la. Tout Ayisyen rantre lekòl ak yon konesans yo kòmanse akimile depi nan vant manman yo. Konesans lang kreyòl la. Si nou baze nou sou premye prensip nou ekri pi wo a, se apati konesans lang kreyòl la, tout jenn ayisyen deja metrize pandan yo ap antre lekòl premye fwa nan lavi yo, pou yo aprann tout sa yo ap genyen pou yo aprann nan premye moman yo antre lekòl, epi pou yo kontinye aprantisay yo, depi genyen materyèl ki disponib. Kote ki pa genyen, se responsablite pwofesè a pou li prepare yo. Men, yo dwe jwenn motivasyon pou sa. Alaverite, si fondasyon ki sèvi pou bati konesans yo mal pati, konesans yo ap kontinye monte miwo miba, tèt anba. Sila yo, ki gen plis abilite, va aprann byen vit nan kèlkeswa kondisyon yo, epi lèzòt yo va lage sa nan wout, oubyen ankò yo va pachiman. Lè nou konnen daprè estatistik, sou 87 780 elèv ki te enskri nan nan premye ane apati ane 1960, se 1 028 ladan yo ki te rive pase bakaloreya nan ane 1973, ( Pierre Michel Chéry). Nou dwe avwe, gen yon gwo pwoblèm nan sistèm edikasyon nou an. Lè nou sonje soti 1973 rive jounen jodi a, se anpire sitiyasyon peyi a ap anpire, nou

Analyse

kab deja prevwa ap genyen mwens timoun toujou ki rive konplete klas tèminal yo nan ane akademik 2017- 2018 la.

KISA LASYANS YE ? Lè nou louvri Diksyonè kreyòl Vilsen twazyèm edisyon, Educa Vision (2009), nou li : « Lasyans se ansanm konesans, rechèch, ak solisyon ki genyen sou yon koze, ki mande metòd ak Teknik. [Se yon] fason òganize pou moun rasanble enfòmasyon. [Lasyans se] enfòmasyon ak konesans sistematik ki baze sou obsèvasyon , sou etid epi sou tès pou [moun] konprann nati ak prensip yon bagay [fenomèn ] ki aletid. »(p. 458). Nan yon lòt nivo sans, nan menm diksyonè a, nou li :« [Lasyans] se disiplin ki gen fizik, chimi, matematik, biyoloji, etid latè, nan pwogram lekòl konsidere kòm syans. » (p.458).

POUKISA NOU DWE ETIDYE LASYANS ? Lè nou ap pale sou ansèyman lasyans, se pa senpman paske nou vle oryante okenn aprenan pou yo vin syantifik oubyen ankò, paske nou vle devlope enterè yon moun pou domèn teknoloji. Se an menm tan, paske lasyans anvayi nou nan tout sa nou ap fè. Se prezans lasyans nan lavi chak jou nou, ki pral sèvi motivasyon pou elèv nou yo. Se sa ki pral pèmèt yo konprann epi dekouvri swadizan mistè ki ta vle ekziste nan manifestasyon fenomèn natirèl kou : fòmasyon nyaj, fòmasyon lakansyèl - ki pa gen okenn bonèt pou bay okenn moun richès - rezon ki fè syèl la parèt ble, fòmasyon zèklè, yo tout se yon seri manifestasyon natirèl lèzòm rive etidye depi kèk tan. Etidye lasyans ap pèmèt elèv yo konprann tranblemann tè se yon manifestasyon natirèl ki pa yon chatiman okenn fòs espirityèl voye pou detwi moun sou tè Ayiti, oubyen peyi a, paske zansèt yo te sèvi ak konesans yo te genyen pou yo te batay pou lendepandans peyi a, oubyen paske Ayisyen sèvi lwa. Ansèyman lasyans gen yon kokennchenn wòl pou li jwe nan konesans nou dwe genyen sou anviwonnman, kote nou ap viv la, oubyen nan yon seri aktivite lèzòm ap antreprann sou latè ansanm ak nan fason noumenm moun, nou konekte yonn ak lòt, ki lakòz yon maladi kab soti byen lwen pou li vin teri sou tè kote nou ap viv la. Lasyans gen materyèl pou etidye tout sa. Konsa, nou kab di : lasyans pa maji ni mistè. Pou elèv yo rive anrasine prensip lasyans ki klè nan lavi moun, lasyans pa kab senpman ap fèt apati memorizasyon konsèp kle yo, oubyen memorizasyon vokabilè mo teknik. Si ansèyman an rete kole nan nivo lamemwa sèl grenn, elèv pa pe janm rive entegre li nan lavi yo. Ni tou, yo pa pe janm kab ale pi lwen nan apwofondi konesans yo, jouk pou yo rive sèvi ak tout materyèl ki nan anviwonnman natirèl yo, ak lide pou yo amelyore kondisyon lavi yo ansanm ak lavi moun ki ap viv nan kominote yo a. Pi plis toujou, pou yo ta rive devlope yon konpòtman ki pral demontre, yomenm tou, yo responsab chanjman pozitif oubyen negatif ki genyen nan anviwonnman kote yo ap viv la. Se revèy konsyans sa a, ki pral devlope kreyativite elèv yo jouk pou yo jwenn yon mwayen pou yo devlope yon solisyon syantifik pou pwoblèm ki nan anviwonnman yo. Nou dwe toujou sonje, se pa paske elèv la wè yon demonstrasyon ki fè li kab konprann li, ni tou, se pa pawòl pwofesè a osnon pawòl

ki ekri nan liv yo, ki ap ase pou reveye kiryozite elèv yo oubyen alimante kreyativite yo. Pou elèv yo metrize konsèp syantifik yo, fòk yo rive manyen materyèl yo, sèvi ak materyèl yo, epi viv eksperyans lan yon fason pou yo konekte fizikman epi entèlektyèlman ak eksperimantasyon an. Elèv yo pa dwe ap sèvi ak materyèl ki nan men yo tankou yon resèt kuizin. Sa vle di, melanje tout sa ki nan men yo san konprann wòl chak engredyan, senpman ak lide, yo pral genyen yon pwodui final, tankou se yon manje yo pral manje. Aprantisay la dwe ale pi lwen toujou pase sa. Elèv yo dwe konnen pou ki rezon yo ap fè eksperyans lan. Kisa fè yon eksperyans ka itil yo ? Kisa yo ap chèche konnen ? Lè yo rive genyen repons pou kesyon sa yo, kiryozite yo pral devlope pi plis toujou nan pwen pou yo poze lòt kesyon apati repons yo fin jwenn yo. Nan chimi parekzanp, enpòtans yon eksperyans, pa chita senpman nan konnen ki kalite pwodui elèv la pral melanje, ni nan fason li pral melanje yo a, oubyen ankò nan fason li pral suiv metòd syantifik la. Tout sa enpòtan, se vre, men sa ki esansyèl la se konnen vrè rezon ki fè li ap fè eksperyans lan. Lè sa a, elèv la pa pral aji tankou yon robo, ki ap melange pwodui chimik. Li ap vin yon aktè ki ap poze pwoblèm, konekte repons li jwenn yo ak reyalite lavi chak jou li, jiskaske li rive konprann sou ki sa envestigasyon an ka debouche nan lapratik. Se sa ki pral pèmèt elèv la mete nanm li, tout pasyon li, epi pasyans li nan envestigasyon syantifik, li ap antreprann nan klas la. Konsa, envestigasyon syantifik pa pe vini senpman yon moman pou detant, ni pou elèv la jwe ak materyèl ki nan men li yo. Envestigasyon an ap vini yon aprantisay pou elèv la amelyore ekzistans pa li, ansanm ak ekzistans sila yo ki ap viv nan menm kondisyon ak li. Se nan moman sa a tou, demach syantifik la pral genyen vrè valè li pou elèv la. Okenn envestigasyon syantifik pa dwe fèt nan yon klas san li pa suiv etap sa yo nan lòd : Chèche konnen (Konesans)  Idantifye yon pwoblèm  Fè yon ipotèz (predi sa ki kab rive anvan ou fè eksperyans lan)  Kreye etap pou ou fè eksperyans lan  Fè eksperyans lan  Òganize done yo  Fè sentèz done yo  Fè yon konklizyon (sa kab yon modèl, yon teyori…)  Fè yon eksperyans pi pouse  Modifye konklizyon an  Fè yon lòt ipotèz

KI JAN POU NOU ANSEYE LASYANS AK EFIKASITE Pou yon pwofesè syans rive fè yon bon travay nan klas li, li dwe itilize estrateji ki efikas tankou : Fè timoun lan sèvi ak materyèl syantifik yo pou yo obsève epi fè dekouvèt. Timoun lan dwe genyen bon jan abilite nan li epi konprann sa li fin li yo. Nan sans sa a, dwe gen travay ki fèt pou devlope abilte timoun lan nan domèn lekti ak konpreyansyon tèks syantifik yo. Pwofesè syans lan dwe ankouraraje elèv yo eksplike rezilta yo jwenn lè yo fin fè yon envestigasyon. Se sa ki pral pèmèt elèv yo prepare konklizyon yon envestigasyon syantifik kòrèkteman. Nan yon peyi kou Ayiti, pwofesè yo dwe eseye sèvi ak materyèl yo genyen nan peyi a menm. Pwofesè yo dwe devlope sans kreyativite yo pou yo dekouvri sa ki genyen nan espas kote yo ye a, epi sèvi ak yo kòm materyèl pou yo fè envestigasyon syantifik nan klas yo.

Analyse

Kòm sijesyon, nou ap ankouraje pwofesè yo konsilte yon sit entènèt ki rele « Khan Academy on Science ». Ladan yo va jwenn kèk ekzanp sou fason yo kab sèvi ak materyèl lokal pou yo anseye branch lasyans kou : fizik, chimi, biyoloji, astwonomi. Enfòmasyon ki parèt sou sit sa a ekri nan lang angle. Nou kab ankouraje timoun yo li Ansiklopedi Lasyans ak Educa Vision. Se yon Ansiklopedi an kreyòl ki genyen 9 volim. Se Educa Vision ki pibliye li. Kalite lekti pèsonèl sa a ka sèvi boustè nan yon premye etap pou yo konprannn epi apresye pwogrè lasyans. Yon anseyan efikas se yon anseyan ki sèvi avèk pratik diferan chak fwa sa nesesè pou li motive elèv li yo aprann. Pou yon ansèyman fèt avèk efikasite, genyen plizyè prensip osnon metòd ansèyman pwofesè a dwe respekte. Men de (2) ladan yo : ansèyman an dwe mache ak reyalite lavi elèv yo. Nan sans sa a, Leta gen yon travay pou li fè nan pwogram syans, pwofesè yo ap itilize anndan lekòl nan peyi a. Pwogram syans lan dwe koresponn ak reyalite lavi nan kominote, kote lekòl la tabli a. Pwofesè yo kab rankontre ansanm (tab won, seminè, konferans), epi deside an ekip, apati diferan pwoblèm ki genyen nan yon kominote, kilès pami pwoblèm sa yo ki ta kab rantre nan pwogram syans Ministè edikasyon an tabli pou anseye lasyans nan peyi a. Ekzanp, nou genyen tranblemann tè kòm reyalite lavi moun sou tè Ayiti, pwoblèm fatra (tout kalite) nan peyi a, pwoblèm dlo potab, pwoblèm salte ki nan lè a, eksetera. Tout se pwoblèm ki konekte ak reyalite lavi elèv yo, ki ka ankouraje yo suiv kou syans yo epi fè eksperyans nan laboratwa, apati sa yo sèvi nan rejyon an, ki kab ede yo konprann pi byen, ki kote pwoblèm sa yo sòti, epi nan ki fason yomenm, nan kominote kote yo ap viv la, yo kab rezoud yo. Lekòl dwe fèt an fonksyon bezwen yon peyi, yon vil, yon kominote. Lè pwogram yo prepare daprè bezwen peyi a, elèv la ap rete konekte ak lakonesans ki ap simaye nan klas la, paske konesans li ap akimile a, se konesans ki pral itil li pèsonèlman, ki kab itil fanmi li, epi lòt moun ki nan kominote kote li ap viv la.

KONKLIZYON Vrè pwoblèm ansèyman lasyans nan peyi a pa chita senpman sou metòd pwofesè yo ap itilize, oubyen sou teknik ansèyman yo, pwoblèm yo chita tou sou kalite pwogram Leta mete disponib pou lekòl yo. Tout sa ki ap fèt nan yon klas dwe reflete milye timoun lan ap viv ladan an. Si se liv pèpè, pwogram prete, ki ap antre anndan lekòl nou yo ak reyalite lavi nan peyi etranje, nou poko prèt, pou nou rive devlope pasyon elèv nou yo pou lasyans. Kidonk, pou nou kòmanse genyen yon pi bon ansèyman lasyans nan peyi a, Leta dwe kòmanse chanje pwogram ministè edikasyon an epi lang ansèyman an. Liv yo dwe koresponn ak bezwen peyi a, pi plis toujou, Leta dwe peye ekspè pou yo devlope materyèl natif natal. Sosyete sivil la ap toujou la pou li kore Leta, men Leta se premye enstans ki dwe pran responsablite li nan ansèyman lasyans nan peyi a. Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj) Vis Prezidan Biwo Santral Sosyete Koukouy Manm Akademi Kreyòl Ayisyen an

REFERANS • Candido L. Jack et al. (1991) : Les Maillons de la Science, Editions de la Chenelière, Inc. Montréal, Québec. • Chéry, Pierre Michel (2018) : 100 Kesyon pou AKA : 100 repons pou moun ki bezwen konnen (Esè) ki poko pibliyie. • Hunter, Madeleine (1982) : Mastery Teaching, Univesity of Los Angeles, California • Mayer , William (1970) : Biology Teacher’s Handbook, Edition John Wiley And Sons. New York. • Science (1999) : The Ontario Curriculum Grades 9 and 10, Ontario • Vilsaint Fèquière et Heurtelou Maude (2009) : Diksyonè Kreyòl Vilsen, Educa Vision, Coconut Creek, Florida. • Miguel, Antonio (2004) : Dlo se lavi (Kaye fòmasyon), Edisyon F.A.S.E. Gatineau, Québec. Moun ki bezwen Dlo se lavi pou yo itilize kòm zouti pedagojik nan klas yo kapab al chèche li sou entènèt. Yo kab telechaje li san yo pa peye. Liv la gratis. Men, yo pa dwe vann li. Nou va jwenn li nan : www.dloselavi.ch • Science (1999) : The Ontario Curriculum Grades 9 and 10, Ontario • Vilsaint Fèquière et Heurtelou Maude (2009) : Diksyonè Kreyòl Vilsen, Educa Vision, Coconut Creek, Florida.

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj), M.Sc., se Pwofesè syans, alaretrèt. Li se powèt, kritik literè, òganizatè kominotè. Li se manm Akademi Kreyòl Ayisyen, Vis Prezidan Biwo santral Sosyete Koukouy. Michel-Ange Hyppolite te etidye nan New Jersey City University ak nan Ottawa University, kote li genyen yon metriz nan domèn edikasyon. Nan domèn literati, li pibliye plizyè rekèy pwezi tankou Anba Lakay (1984) ; Zile Nou (1995). Nan lane 2000, li pibliye yon esè literè Istwa Pwezi Kreyòl Ayiti, (Educa Vision, 2000). Li pibliye Lèt Ife ak Soul (2006), woman epistolè. Nan domèn pedagoji, li pibliye Atlas Leksik Zo Mounn (1989) nan 4 lanng, Li Konprann Ekri : Yon Jaden Kreyòl, (Educa Vision, 1995). michelangehyppolite@rogers.com

Télécharger le PDF