Vol. 7 n° 1 · Analyse

Konbinezon responsablite fanmi ak etid : reyalite kèk etidyan fi anndan Université d’État d’Haïti a

Première page — Stevens Azima, Ericca Johanna Déborah Lagrandeur ak Samuel Edouard Duclosel

Rechèch ki fèt sou plas fanm nan inivèsite Ayiti yo sanble detekte yon reta UEH la parapò ak inivèsite prive yo nan pousantaj fanm ki frekante yo.

Rezime : Rechèch sa a konsantre sou ka etidyan fi nan « Université d’État d’Haïti a (UEH) » ki vin ansent oswa ki gen pitit deja. Rechèch ki fèt sou plas fanm nan inivèsite Ayiti yo sanble detekte yon reta UEH la parapò ak inivèsite prive yo nan pousantaj fanm ki frekante yo. Epoutan, nan plan estratejik 2011-2020 UEH la te adopte a, sa ekri aklè UEH la vle bay tout moun menm chans, kit fi kit gason. Lèfini, antre nan inivèsite a se yonn, rete ladan se yon lòt. Nan ka etidyan fi ki ansent oswa ki paran deja yo, li posib pou yo genyen plis defi toujou pou yo leve. Fason fakilte yo jere ka sa yo pa toujou klè. Nou fè yon ankèt kalitatif bò kote kèk fi ki viv sitiyasyon sa a atravè yon analiz ki chita sou jan ak sou enstitisyon yo. Rechèch sa a devwale yon vid enstitisyonèl, yon anviwònman ki pa toujou akeyan pou etidyan sa yo pandan yo ap konfwonte tout kalte defi. Sepandan, sipò kèk moun nan lantouraj yo konn ede yo rete motive. Moman gwosès la parèt la soti tou kòm yon nosyon kle pou nou konprann diferans ki genyen nan mitan ka yo.

1. ENTWODIKSYON

Yonn nan mekanis ki genyen anpil konsekans nan divèjans ki kapab genyen sou chimen yon fi ak pa yon gason, se sa yo rele typecasting sou jan yo an angle. Li fikse yon wòl pou moun yo jwe nan sosyete a swivan yo se fi oswa gason. Se konsa, ou ap tande genyen « metye fi », genyen « metye gason ». Rechèch yo montre distribisyon wòl sa yo kòmanse byen bonè, depi tou piti. Anwetan yon seri lòt pwoblèm estriktirèl ki kapab fè fi yo pa pran menm wout ak gason yo, typecasting lan poukont pa li kapab esplike poukisa nou jwenn anpil fi tèl kote pandan lòt kote yo ra (tankou, nan metye fi yo ap chwazi parapò ak metye gason yo ap chwazi), desizyon pou fè pi gwo etid toujou, elatriye. Etid yo montre genyen relasyon pozitif ki konekte nivo etid yon moun ak kantite kòb li pral touche pita, envestisman nan edikasyon fi yo bay pi bon rannman toujou pase envestisman nan edikasyon gason epi genyen yon relasyon negatif ant nivo edikasyon moun yo avèk inegalite ekonomik yo [4, 5]. Kidonk konprann obstak ak boustè moun jwenn, sitou fi, pou fè oswa kontinye etid siperyè konekte ak yon bann lòt kesyon ki gen pou wè ak devlopman ekonomik peyi yo.

Yonn nan gwo tonton kontribisyon epistemolojik rechèch feminis yo se montre enpòtans rapò sosyal ki baze sou sèks moun yo nan chapante sosyete yo, soti yon epòk ale nan yon lòt, soti nan yon espas ale nan yon lòt [1]. Konsèp jan an vin santral, paske li pèmèt pwojektè brake sou fason sosyete yo (re)pwodui rapò sa yo pou kenbe privilèj yon gwoup, gason yo, parapò ak yon lòt gwoup, fi yo, sou baz sèks yo. Ki vle di, rapò sa yo se rapò dominasyon yo ye. Yo transvèsal (yo toupatou, menm si yo pa manifeste menm jan toupatou) epi yo pa sispann repwodui tèt yo divès fason atravè listwa [2]. Epoutan, sa te pran tan anvan pwodiksyon konesans syantifik yo kòmanse konsidere fason rapò sa yo afekte reyalite gason ak fi nan sosyete a. Se konsa, pou nou pran yon egzanp, tout lè kèk sosyològ tap etidye sitiyasyon ouvriye ewopeyen yo apre Dezyèm Gè Mondyal la, linèt yo a pa te pèmèt yo wè jis nan ki pwen reyalite ouvriye fanm yo te diferan. Se Madeleine Guilbert (1946) ki tap yonn nan premye moun ki etidye kesyon an epi ki te rive montre se fanm yo ki jwenn pi vye djòb yo nan faktori yo poutèt fason sosyete a wè yo te diferan parapò ak fason li wè gason yo [3]. Depi lè yo fin pran koub epistemolojik sa a nan rechèch la, genyen pwogrè ki fèt. Jodi a, chaje rechèch ki (ap) fèt nan divès domèn lakonesans ki antre konsiderasyon jan an pou esplike reyalite sosyal yo. Se konsa, nan sosyoloji, nou jwenn sosyoloji relasyon konjigal, sosyoloji makonnay travay-fanmi, sosyoloji etid siperyè yo ki konn prete linèt jan an pou analize pwoblèm yo.

Rechèch ki fèt deja sou plas fanm nan inivèsite Ayiti yo sanble detekte yon reta Université d’Etat d’Haïti (UEH) parapò ak inivèsite prive yo nan pousantaj fanm ki frekante yo. Menm si UEH la pa pibliye estatistik sou sèks etidyan li yo, genyen responsab fakilte ki plase pousantaj fanm yo nan entèval 25 rive 30% [6]. Epoutan, nan plan estratejik UEH la te adopte pou peryòd 2011-2020 an, sa ekri aklè UEH la vle bay tout moun menm chans, kit fi kit gason. Reyalite a pa sanble kore bèl vizyon sa a.

Cahier thématique – Femmes et sciences

Ayiti, enfòmasyon sou sitiyasyon fanm nan inivèsite yo ra anpil [6]. Men yon kategori enfòmasyon ki pi ra toujou, se sa ki konsène matènite etidyan fanm yo, e se pa sèl Ayiti li konsa. Enviziblite etidyan sa yo nan done yo gentan voye yon move siyal sou kalte tretman yo jwenn [7]. Poutèt tout rezon sa yo, nou panse li ta bon pou nou gade sitiyasyon etidyan fi ki viv gwosès yo ak yon linèt feminis epi gade si epi kòman enstitisyon yo, fòmèl kou wè enfòmèl, afekte sitiyasyon etidyan sa yo. Nou te ka pran gason ki paran tou, men nonsèlman sa ka pi difisil, ra rechèch ki fèt deja montre yo pa souvan enterese oswa santi rechèch sa yo yo konsène yo twòp pase sa, sa ki petèt tradui jan chay parantalite a plis sou do fi yo an jeneral [7, 8]. Lèfini, fason nou kwaze analiz jan an avèk analiz enstitisyonalis la se yon konbinezon orijinal ki kapab enspire pou lòt etid pi pouse annapre. Nan seksyon ki ap vini an, nou ap bay plis presizyon sou kad teyorik nou an : kesyon jan an epi analiz enstitisyon yo. Nou ap pwofite gade tou, rapidvit, sitiyasyon etidyan ansent yo nan kèk lòt peyi. Apre sa nou ap prezante metòd rechèch nou te adopte, nan yon kontèks ki te sentre nou anpil, pou nou kapab kolekte kèk enfòmasyon anpirik. Boutofen, nou ap prezante yon analiz rezilta nou yo epi nou ap konkli avèk yon diskisyon sou sa yo enplike.

2. KWAZMAN YON KAD ANALIZ FEMINIS AK YON KAD ENSTITISYONALIS 2.1 Yon analiz feminis sou reyalite a : yon sistèm ki pa bay fi ak gason menm chans Ayiti, prèske genyen menm fòs fi ki frekante lekòl primè parapò ak gason. Men rapò a debalanse rive nan segondè akoz fi yo plis kite lekòl pase gason. Yonn nan esplikasyon pou jan fenomèn kitelekòl anvan lè sa a afekte fi plis pase gason an, se paske lè sitiyasyon ekonomik fanmi an mangonmen yo pi rapid sakrifye lekòl ti fi yo pase pa ti gason yo, nan yon kontèks kote depans lekòl reprezante 40% kòb fanmi yo antre epi kote anpil fanmi se dlo yo ap bat pou fè bè. Rive nan inivèsite, inegalite yo kontinye. Évelyne Trouillot Ménard idantifye, anplis rezon ekonomik yo, yon seri lòt rezon ak reprezantasyon ki soti dwat nan rapò sosyal ki baze sou sèks yo anndan sosyete a : yo pa atann pou fi yo fè gwo klas (kòmkwa yo kapab toujou mete espwa yo sou maryaj), responsablite travay nan kay se sou do yo, abi seksyèl yo konn viktim yo, san bliye jan yon gwosès ka anpeche yo kontinye lekòl oswa menm kraze chans pou yo ta retounen lekòl annapre [6]. Dapre otè a, kontèks avèk fòs kote sa a pa pouryen nan diferans trajektwa fi-gason ki parèt nan zafè lekòl ak inivèsite. Otè a pa bay plis detay sou inegalite ki kapab egziste nan mitan fi yo ankò nan sosyete a. Si envizibilite reyalite fanm yo nan rechèch yo te maske anpil inegalite nan kèk sektè pandan lontan, yon analiz sou baz jan yo ale pi lwen pase annik kreye yon varyab sèks epi gade jan sa nou ap etidye a varye swivan sèks moun yo. Jan an pa yon senp varyab, li pa sèlman dekri diferans yo, li esplike yo epi li antre yo nan yon kad pi jeneral ki òganize sosyete a an jeneral [1].

Tank tan ap pase yo t apral dekouvri menm nan mitan fanm yo kapab genyen inegalite epi kapab genyen sougwoup ki vin parèt envizib, konsa tou, kategori etidyan fanm ki paran yo prèske pa pale ditou, tankou li pa te egziste Ayiti. Nan lòt peyi tankou Lafrans se menm konsta a [7]. Ayiti, menm jwenn nou pa ka jwenn ki pousantaj etidyan fi ki paran ki genyen. Pou Clémentine Gaide, menm pami etidyan fanm ki paran yo, nou dwe fè distenksyon swivan moman gwosès la parèt nan vi etidyan an (sa li rele tanporalite gwosès la) [7].

2.2 Enpòtans analiz enstitisyon yo Ayiti, menm jan ak lòt sosyete, genyen rapò sosyal sou baz sèks ki patisipe nan chapante tout sosyete a epi ki ka repwodui tèt li divès fason. Yonn nan fason yo egzèse epi repwodui tèt yo se atravè enstitisyon yo. Ekonomis yo montre enpòtans wòl enstitisyon yo, sa vle di yon seri « kontrent moun kreye pou estriktire entèraksyon yo yon fason pou moun ki kreye yo a ogmante chans pou yo atenn objektif yo nan kad echanj sosyal, politik ak echanj ekonomik yo1 », pou nou prete definisyon Douglass North la. Definisyon sa a enteresan pou fason li montre enstitisyon yo pa la san rezon, yo la pou ede aktè yo atenn objektif yo. Nou pozisyone nou nan yon kad analiz ki fè nou sipoze enstitisyon aktè yo adopte yo ap la pou kenbe tennfas rapò sosyal sou baz sèks nou tap pale pi wo a. Alèkile North [9] pote yon presizyon ki pral itil nou anpil nan fason nou ap pwoche enstitisyon yo : li di nou akote enstitisyon fòmèl yo (konstitisyon, lwa, règleman ofisyèl, elt.), genyen enstitisyon enfòmèl (konpòtman yo, lizay yo, valè yo, tradisyon yo, konvansyon yo, elt.) nou pa dwe souzestime. Men menm jan enstitisyon kapab ede yon rapò sosyal repwodui tèt li, se konsa tou yo kapab ede kwape li. Se konsa, yon règ ki prevwa akomodman pou moun ki genyen yon enkapasite, pou fanm ki ansent, etidyan ki paran, elatriye, kapab ede korije kèk inegalite. Menm jan an tou, yon senp lwa kapab chanje anpil bagay. Reprezantasyon ak valè parantalite etidyan an je sosyete a kapab esplike yon seri (pwojè) dispozisyon ak bourad etidyan paran yo benefisye nan kèk peyi, menm si aktè yo konn jije yo pa sifi, tankou : (posiblite) konje matènite pou etidyan yo sou plizyè sesyon, bous pou etidyan paran, gadri pou timoun etidyan paran yo nan espas inivèsite a, elt. Gaide montre tou pwòch etidyan sa yo kapab ba yon bon jan bourad ki ride yo travèse peryòd difisil yo [7]. Sèlman, se vre enstitisyon yo kapab bay gwoup moun sa yo ankadreman, men enstitisyon yo pa chanje konsa konsa. Pafwa se gwo mouvman sosyal ki kapab mennen chanjman sa yo. Nan ekonomi ak politik, chaje teyori sou chanjman enstitisyonèl : nou ka site pou egzanp travay Ostom ak Basurto [10] oswa pa Greif ak Laitin an [11]. Nan analiz jan yo, malerezman, sanble gen yon twou vid ki pa ko konble. Poutan, menm jan enstitisyonalis yo analize reyalite a (ekonomi an, vi politik la, elt.) kòm pwodui enstitisyon yo, konsa tou feminis lan (antouka feminis materyalis la) wè reyalite li ap etidye a kòm yon konstriksyon sosyal, ki vle di li pa « natirèl ». Se sa ki fè anpil otè kwè, de apwòch sa yo kapab konbine pou fòme yon enstitisyonalis feminis ki ap pèmèt nou esplike reyalite a pi byen toujou [12]. 1.

North, D. C. (1994). Economic performance through time. The American Economic Review, 84(3), 359-368. p. 2

Cahier thématique – Femmes et sciences

3. METODOLOJI Ototal, nou pale avèk sèlman 3 patisipan. Ekip la te blije kowòdone rechèch la adistans nan yon tan ki kout anpil. Tout sa se limit ki anpeche nou pwofonde pwoblematik la plis toujou. Jan Gaide di li a, tèlman manke literati sou sijè matènite etidyan an, pa vrèman genyen liy metodolojik ki pi rekòmande pase lòt [7]. Ositou, sa kapab jistifye yon seri apwòch ki, olye yo demare ak yon teyori, pito baze sou rezilta yo jwenn yo pou yo konstwi teyori ki kapab esplike reyalite yo etidye a (teyori ankre oswa anrasinen), yon apwòch ki mande plizyè aleretou sou teren. Yon apwòch konsa pa te ap posib pou nou akoz kontrent tan epi kontrent sou lòt resous yo. Etid ka yo kapab enteresan nan kontèks sa yo tou. Sou baz yon klasifikasyon etid ka nou prete nan syans politik yo, nou kapab distenge etid ka san teyori yo, sa ki ap chèche konfime oswa kontredi yon teyori, sa ki vize pwodui ipotèz tou nèf pou teste annapre, epi sa ki konsantre sou ka ki san parèy yo [13]. Etid ka yo konn enteresan paske yo pa mande twòp resous, epi li posib pou etidye ka yo sou plizyè ang : analiz anndan yon ka, analiz ant plizyè ka [14]. Menm si kontribisyon teyorik etid ka ki fèt pou konfime/ kontredi yon teyori yo pa gwo pase sa, nan ka pa nou an metòd sa a enteresan paske kad konseptyèl feminis epi enstitisyonalis nou adopte a pako vrèman aplike pou etidye sitiyasyon etidyan paran Ayiti yo. Nou te voye yon kesyonè bay etidyan sa yo. Nou te kontakte yo sou baz rezotaj ak metòd yonn di lòt la. Se yo ki ranpli kesyonè a poukont yo. Tout se nan UEH la yo ye. Kesyonè a te ba yo posiblite konfime (si yo dakò) patisipe nan rechèch la epi garanti non yo p ap site ni okenn enfòmasyon ki ka ede idantifye yo p ap site. Kòmdefèt, pou pwoteje idantite patisipan nou yo, nou chwazi konsantre nou sou yon analiz ant plizyè ka pase pou nou dekòtike chak grenn ka apa. Nou analize rezilta yo atravè yon seri pwen ki ka pèmèt nou kapte enfòmasyon ki pi pètinan yo. Anvan sa nou prezante rezilta yon rechèch nou te fè sou enstitisyon fòmèl yo an jeneral (lwa yo, règleman anndan kèk inivèsite oswa fakilte) pou nou te wè kisa kad ofisyèl la prevwa pou parantalite etidyan yo.

4. ANALIZ REZILTA YO 4.1 Enstitisyon fòmèl yo Òganizasyon etatik ki te ka pi rapidman di yon mo konsènan parantalite etidyan yo nan peyi a, tankou Ministère de L’Éducation Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP) ak Ministère à la Condition féminine et aux Droits des Femmes (MCFDF), pa di kwik sou sitiyasyon sa a. UEH la sanse pa di anyen sou sa nonplis, anwetan yon kote nan chat yo a yo esplike diskriminasyon yo ap dekouraje nan UEH la yo gen ladan yo sa ki konsène andikape yo avèk fanm ansent yo tou. Nan Université Quisqueya (uniQ), pa gen dispozisyon apa nan chat inivèsite a pou etidyan ansent yo. Si yon etidyan ansent twouve li nan yon sitiyasyon kote li oblije rate kou oswa egzamen, fòk li jisitifye sa avèk yon sètifika medikal.

Nan Université Notre Dame d’Haïti. L’Université Notre-Dame d’Haïti (UNDH), pa gen okenn dispozisyon espesyal yo prevwa nonplis pou etidyan ansent yo.

4.2 Reyalite/Bezwen/Defi etidyan fanm ki paran yo Prezantasyon Nou te rive mennen yon ti ankèt avèk 3 medam nan plizyè fakilte UEH la ki te ansent pandan yo etidyan oubyen ki te paran anvan sa. Prèske tout fini depi omwens 2 lane. An jeneral, menm si pwomosyon yo gen plis gason lontan pase fanm, anbyans lan te favorab pou yo etidye. Sèlman, lè yo vin tonbe ansent, anpil bagay chanje. Men menm si sa, sitiyasyon an sanble pi aseptab pou yon fanm ki prèske fini etid li pase youn ki ta fenk antre.

Fanmi ak antouraj Nan kòmansman gwosès sa yo, pou moun ki pa marye yo, se yon gwo chòk pou fanmi yo, met sou jan moun ki nan antouraj yo nan gade sa ; medam yo konn menm wont, kwayans relijye yo konn ranfòse santiman wonte sa a. Se sa ki fè menm si pyès moun pa fè presyon sou yo, yo konn santi yo blije marye pou repare imaj ki kole sou yo a. Nan ka medam nou kesyone yo, sa pa anpeche anpil lòt moun nan fakilte yo, tankou pwofesè, kanmarad ak zanmitay konn sipòte yo divès fason. Fanmi yo tou, apre yo fin asepte nouvèl la, ede yo jwenn fòs pou kanpe anfas sosyete a. Medam sa yo te rive briye nan klas malgre tout defi yo di gwosès la te reprezante pou yo.

Fakilte yo Jan orè fakilte yo bati a, sitou Agwonomi ak Odontoloji, li konn difisil pou medam ansent yo rive asosye egzijans kò yo (anvi vomi, anvi dòmi, elt.) ak ekzijans akademik yo. Etidyan agwonomi an te esplike jan egzistans yon dòtwa etidyan nan fakilte a kote li ka dòmi te ede li. Gen fakilte, ki gen règleman ki pa fonde, ki ap repete depi lontan sou jan enstitisyon an jere ka fanm ansent. Se konsa anpil etidyan kwè fakilte a egzije pou yo marye si yo ansent alòske se pa vre. Men fakilte a pa fè efò nonplis pou derasinen kwayans sa a nan tèt etidyan yo. Lèfini, pa te gen okenn dispozisyon espesyal pou yon fanm ki tonbe ansent, pandan etidyan sa yo konn genyen bezwen konsiderasyon sitou sou tan pou yo prepare egzamen.

Jan yo viv sa Anpil nan medam sa yo santi atansyon tout moun vin fokis sou yo, tankou yo te « anba pwojektè ». Sa rive yon etidyan plede di lòt moun yo ansent epi yo konn di sa nan sikonstans ki pa apwopriye, tankou se moun yo tap fè pou yo. Gen yon seri vye blag yo konn fè sou medam sa yo ki mete yo malalèz tou. Vokabilè mesye yo konn devalorizan, tankou « plenn », « gwòs », « Wana », elt. Yon lòt bò, kanmarad ki nan anviwonman pwòch yo pwoteje yo anpil, defann yo, sa ki konn ede yo reprann vi nòmal yo byen vit. Pou egzanp, nou ap pran yon bout nan temwanyaj youn nan yo

Cahier thématique – Femmes et sciences

« Etidyan an te prèt pou eksplike m sa m pa konprann si m pa t la, pwofesè pa t make m lè m pa swiv kou yo, ti pèsonèl la konn rann mwen sèvis, medam kafeterya yo konn ban n konsèy sou gwosès la. »

Men peryòd aprè akouchman an pi konplike pou kèk nan yo ki te bay tete, sitou pou sila yo ki te akouche kèk semèn anvan egzamen yo. Kanta pou nou ta konnen si genyen yon diferans nan tretman pou gason ki pral papa yo, yonn nan repons nou jwenn yo montre, sa pa yon anje pou gason yo nan espas fakilte yo, paske pa gen fason pou detekte yon gason ki pral papa.

Sa yo ta swete Patisipan yo esplike enpòtans pou yo ta rann orè egzamen yo pi fleksib pou yon fanm ki ansent oubyen fenk akouche. Lèfini, genyen yonn ki di anrejistraman odyo kou pou etidyan ki oblije rate kou yo t ap itil. Epi akonpanyman finansye, tankou la jan pou demach kay doktè, se yonn nan eleman yo idantifye ki enpòtan pou etidyan ki ansent yo epi ki kapab genyen enpak sou etid yo ak byennèt yo.

5. DISKISYON/KONKLIZYON Ka nou etidye yo ta vle konfime yon vid nan nivo enstitisyon fòmèl yo sou fason pou jere oswa ankadre etidyan sa yo ki montre klèman yo ap fè fas ak anpil defi, anpil difikilte. Li pèmèt nou souliye tou egzistans fawouch ak pawòl chokan, seksis, ki esprime yon volonte kontwòl sou kò fanm yo, yon atitid ki pran rasin nan rapò sosyal ki baze sou sèks yo. Yon seri enstitisyon sosyal tankou maryaj, legliz vin parèt tankou yon zouti pou fè etidyan fanm ki ansent yo santi yo wont. Yonn nan pwen ki te frapan se fason kominote etidyan yo rive devlope pwòp enstitisyon pa yo, pwòp reprezantasyon pa yo, pwòp règ pa yo (enstitisyon enfòmèl ki genyen plis enpak sou fi ki ansent yo pase gason), se fason yo rive fè kwè règ sa yo se règ ofisyèl pandan se pa vre. Presyon enstitisyon enfòmèl sa yo mete sou do fi ki konsène yo montre enpòtans sa te genyen pou nou pa te sèlman konsantre nou sou règ fòmèl yo. Epi absans enstitisyon fòmèl pou akonpayman gwoup moun sa yo, pandan UEH la ap klewonnen li vle koupe fache ak tout diskriminasyon kont fanm ansent, montre kantite chemen ki rete pou fèt. Men sou yon lòt bò, nou te dekouvri tou yon seri fòm solidarite medam sa yo benefisye, soti nan fanmi yo rive sou kèk kamarad anndan fakilte yo a oswa pwofesè yo tou ak moun ki nan antouraj yo an jeneral. Enpòtans fanmi jwe nan ede etidyan fi yo travèse peryòd sa a, nou te gentan souliye li nan rechèch ki fèt deja yo. Epi tou, repons nou jwenn yo sanble kore lide kòmkwa tanporalite gwosès la (si moman li deklare a se nan kòmansman oswa nan fen etid la, si moun yo marye deja ak si yo pa marye, elt.) kapab fè yon diferans sou jan fi a pral viv esperyans sa a.

Etid sa a chaje limit. Echantiyon nou an limite. Nou pa rive kouvri yon seri sitiyasyon ki te ka plis poze pwoblèm, tankou : ka kote fanmi yo pa sipòte etidyan an, se etidyan UEH sèlman nou kesyone, nou pa kesyone etidyan gason ki paran yo ak etidyan ki pa paran ditou pou nou konnen kijan yo wè sa, elt. Men nou rete kwè travay sa jete yon premye baz pou yon analiz pi pouse sou dosye matènite lakay etidyan yo. Li pèmèt nou verifye kad analiz sou baz jan an bay bonjan zouti pou analize sitiyasyon sa yo, epi nou te wè li enteresan pou nou konbine li avèk yon analiz enstitisyon yo. Menm si kantite ka yo limite anpil, paske pa gen anpil etidyan ki paran parapò ak sila ki pa paran yo, nou panse yon analiz ekonomik tap genyen plas li tou. Li te ka ede nou wè kòman esperyans matènite etidyan an ak konsekans li varye swivan sitiyasyon ekonomik moun nan ak fanmi li. Tout chemen sa yo, yo kapab pran yo nan lòt rechèch ki ap gen pou fèt sou kesyon sa a. Atik la montre twou vid ki rete pou moun konble nan zafè enstitisyon inivèsite yo epi garanti egalite chans pou tout etidyan.

REFERANS 1 CLAIR, Isabelle (2012). Sociologie du genre. Paris, Armand Colin, Sociologies contemporaines. 128 p. 2 DAUNE-RICHARD, Anne-Marie ak DEVREUX, Anne-Marie (1992). « Rapports sociaux de sexe et conceptualisation sociologique », Recherches féministes, vol. 5, no 2, 7-30. 3 GUILBERT, Madeleine (1946). « Le travail des femmes », Revue française du travail, no 8. 4 PSACHAROPOULOS, George (1994). « Returns to investment in education : A global update », World Development, vol. 22, no 9, 1325-1343. 5 DICKSON, Matt ak HARMON, Colm (2011). « Economic returns to education : What we know, what we don’t know, and where we are going—some brief pointers », Economics of education review, vol. 30, no 6, 1118-1122. 6 MÉNARD, Évelyne Trouillot (2013). « L’éducation en Haïti : inégalités économiques et sociales et question de genre. La femme dans l’enseignement supérieur », Haïti Perspectives, vol. 2, no 3, 35-39. 7 GAIDE, Clémentine (2014). Les temporalités de la maternité étudiante : cycle de vie, temps du quotidien. Mémoire Sociologie IEP Paris. http://www.ovenational.education.fr/medias/Memoire_Clementine_Gaide.pdf, konsiltasyon an mas 2018. 8 HOCHSCHILD, Arlie Russell (1989). The second shift : working parents and the revolution at home. New York, Viking. 309 p. 9 NORTH, Douglass Cecil (1994). « Economic performance through time », The American Economic Review, vol. 84, no 3, 359-368. 10 OSTROM, Elinor ak BASURTO, Xavier (2011). « Crafting analytical tools to study institutional change », Journal of institutional economics, vol 7, no 3, 317-343. 11 GREIF, Avner. ak LAITIN, David (2004). « A theory of endogenous institutional change », American political science review, vol. 98, no 4, 633-652. 12 MOREL, Sylvie (2007). « Pour une « fertilisation croisée » entre l’institutionnalisme et le féminisme », Nouvelles Questions Féministes, vol. 26, no 2, 12-28. 13 LIJPHART, Arend (1971). « Comparative politics and the comparative method », American political science review, vol. 65, no 3, 682-693. 14 MILES, Matthew ak HUBERMAN, Michael. (2003). Analyse des données qualitatives. Bruxelles, De Boeck Supérieur, 626 p.

Cahier thématique – Femmes et sciences

Stevens Azima, M.Sc., fè lisans « Université d’État d’Haïti » a. Li gen yon metriz nan agwoekonomi nan « Université Laval ». stevensazima@gmail.com Ericca Johanna Déborah Lagrandeur, Ing.-Agr., fè lisans li « Université d’État d’Haïti ». Li travay sou teren ak fanm yo epi li ap travay pou pwoteje mangwòv yo nan Lagonav. debojlag@gmail.com Samuel Édouard Duclosel, li ap fè yon lisans nan Dwa nan « Université Quisqueya ». Li enterese nan medya an jeneral, politik ansanm avèk kilti. samuel.duclosel@gmail.com

Télécharger le PDF