Écrit par Samuel Pierre
Le concept d’économie sociale et solidaire désigne un ensemble d’entreprises organisées sous forme de coopératives, de mutuelles, d’associations ou de fondations, dont les activités et le fonctionnement interne sont fondés essentiellement sur un principe de solidarité et d’utilité sociale. Ces entreprises adoptent des modes de gestion démocratiques et participatifs. Elles encadrent strictement l’utilisation des bénéfices qu’elles réalisent : le profit individuel est proscrit et les résultats sont réinvestis.
Konsèp ekonomi sosyal epi solidè a se yon makòn antrepriz ki òganize sou fòm kowoperativ, sosyete mityèl, asosyasyon oubyen fondasyon. Aktivite epi fonksyònman entèn antrepriz sa yo chita esansyèlman sou yon prensip solidarite epi itilite sosyal. Kalite antrepriz sa yo swiv divès mòd jesyon demokartik, kote tout moun mete men. Antrepriz sa yo siveye fason moun yo sèvi ak benefis yo fè sou lajan yo envesti yo. Pa gen moun ki la pou fè benefis pou tèt yo ; lajan ki rantre kòm pwofi yo sèvi pou fè pi plis envestisman.
Écrit par Jacques-Michel Gourgues
Cet article vise à vulgariser les réflexions du groupe de pensée critique latino-américaine Modernité/Colonialité (MC) sur la production et la transmission des connaissances dans les pays périphérisés. Il fait ressortir le rôle important du manuel scolaire dans la domination de la pensée des individus – des pays périphériques (colonialité de l’être) par le biais du discours occidental qui s’y impose (colonialité du savoir). Ce discours européo-nord-américain se présente comme la seule référence épistémologique au détriment des autres épistémologies du Sud, considérées comme subalternes (colonialité du pouvoir).
Enpòtans atik sa a se fè moun konnen travay refleksyon gwoup panse kritik latino-ameriken Modènite / kolonyalite (MC anfranse) sou pwodiksyon epi transmisyon konesans nan peyi ki sou dominasyon peyi gwo ponyèt yo. Atik la demontre kokennchenn wòl liv lekòl yo genyen nan kontwole lespri dives moun ki ap viv nan peyi ki anba kolonizasyon mantal yo apati dives pawòl ki soti nan peyi oksidantal yo epi ki ap devlope an mèt-e-seyè sou teritwa say o. Se yon pawòl ewopeyen nan anviwonnman Nò-ameriken an.
Écrit par Jean-Emmanuel Léon et Jean-Claude Roc
Ce numéro de la revue Haïti Perspectives suit la logique des thématiques fondamentales abordées par le GRAHN. Il y est question d’économie sociale solidaire (ESS) conçue comme l’un des piliers du développement durable d’Haïti. Grâce aux multiples efforts du secteur de l’économie sociale à travers le monde, il convient d’affirmer que de concilier l’économique et le social est un facteur positif pour le développement économique et social d’un pays. Néanmoins, si le concept d’économie sociale solidaire est familier dans la littérature, il n’en demeure pas moins qu’il est encore mal compris dans la pratique. L’ESS est plus qu’un statut ou des valeurs ; sa force se mesure dans la pratique et se reconnaît dans la performance de ses résultats dans la société. Il paraît judicieux de proposer un cadre de référence, non exhaustif, visant à l’identification d’une entreprise d’économie sociale ayant pour but de faire de l’économie autrement. L’ESS est une solution de rechange au développement économique et social d’un pays sous l’emprise d’un capitalisme classique féroce, d’une administration publique moribonde rendant la plupart des individus qui le composent improductifs en détruisant tout leur potentiel productif. Par ailleurs, résonne l’écho cacophonique d’une colonie d’organisations non gouvernementales (ONG) de charité qui pataugent dans le non-durable et dans l’assistanat. La promotion de l’entrepreneuriat social et collectif devient un passage obligé pour l’Haïti nouvelle que nous prônons.
Nimewo jounal Haïti Pespectives sa a ap swiv menm lojik tematik fondamantal GRAHN yo. Nou pral pale sou solidarite nan ekonomi sosyal solidè (ESS) ki se yonn nan poto mitan devlopman dirab an Ayiti. Gras ak divès efò nan sektè ekonomi sosyal la toupatou nan lemond, fòk nou di lè fòs sektè ekonomik yo mache men nan men ak divès eleman nan sosyete a, se yon faktè pozitif pou devlopman ekonomik ak sosyal nan yon peyi. Sepandan, si konsèp nan ekonomi sosyal solidè kouran, nan lavi toulèjou a li se yon gwo kastèt. ESS se plis pase yon desizyon legal oswa obligasyon nan domèn finans ; fòs li chita nan aksyon pratik ak nan bon rezilta li bay nan sosyete a. Li sanble nòmal pou nou pwopoze yon demilitasyon nan referans yo, ki ap rete louvri, sa ap pèmèt nou idantifye yon antrepriz ekonomi sosyal ki gen entansyon fè ekonomi an mache yon lòt jan. ESS se yon altènativ nan devlòpman ekonomik ak sosyal yon peyi kote se kapitalis klasik epi feròs la k’ap dirije, kote ki gen yon administrasyon piblik ki fèb, sa rann pi fò moun ki ladann yo parese epi sa bloke tout potansyèl pwodiktif yo. Anplisde-sa, gen yon pakèt òganizasyon non-gouvènmantal (ONG) ki la pou fè charite k’ap fè anpil bri, poutan yo ap naje nan aksyon ki pa dirab epi ki rann peyi a pi depandan. Pwomosyon antreprenarya sosyal ak kolektif la vin tounen yon pasaj oblije pou Ayiti tou nèf n’ap voye monte a.
voir l'article |
Voir l'article |
Écrit par Jean-Claude Roc, Jean-Emmanuel Léon
L’économie sociale est basée sur les principes de la solidarité, du bien commun, de l’entraide, du partage et du principe de la coopération, entre autres. Elle regorge des valeurs fondamentales de la société haïtienne en proie à des problèmes sociaux et économiques criants, voire endémiques. Par conséquent, l’amélioration du bien-être de la population haïtienne implique nécessairement le développement et la valorisation d’une économie sociale et solidaire composée d’acteurs dont la finalité est de créer de la richesse basée sur l’équité, la solidarité, le partage et la durabilité : une création de richesse au profit des parties prenantes et de la communauté. Ce processus de création de richesse doit nécessairement valoriser les ressources locales tout en protégeant l’environnement et les ressources naturelles d’Haïti. D’où l’importance d’implanter un réseau d’économie sociale solidaire haïtien.
Ekonomi sosyal baze sou prensip solidarite, byen komen, youn ede lòt, pataj ak prensip nan koperasyon pa egzanp. Li gen anpil valè de baz ki esansyel nan sosyete Ayiti a ki chaje ak gwo pwoblèm sosyal, ekonomik epitou ki fè anpil mon mal. Se poutèt sa, amelyore byennèt nan popilasyon ayisyen a dwe pase nan devlopman ak amelyorasyon ekonomi sosyal solidè ki baze sou aktè ki gen objektif kreye richès sou egalite, solidarite, pataje ak aksyon dirab : kreyasyon richès pou tout moun ki gen enterè yo nan kominote a. Pwosesis kreyasyon richès dwe pase nan devlope resous lokal pandan n ou ap pwoteje anviwònman ak resous natirèl Ayiti. Pakonsekan li enpòtan pou mete sou pye yon rezo ekonomi sosyal solidè ayisyen.
voir l'article |
Écrit par James Oriza et Bénédique Paul
L’économie sociale et solidaire est portée essentiellement par des femmes en Haïti. Mais celles-ci sont cantonnées dans des activités économiques informelles. Dans cet article, nous montrons que ces femmes constituent, par leur expérience et leur insertion dans des réseaux sociaux, un bassin d’acteurs stratégiques pour le développement de l’économie sociale et solidaire. Nous proposons donc de les soutenir à travers une démarche de professionnalisation entrepreneuriale.
Nan peyi Ayiti, se fanm yo prensipalman ki pote chay ekonomi sosyal la ak ekonomi solidè a. Men, medam yo plis tabli nan aktivite ekonomik enfòmèl. Nan atik sa a, nou demontre, fanm yo, apati eksperyans yo epi rantre yo nan rezo sosyal yo, se yon sous estratejik pou devlopman ekonomi sosyal epi solidè a. Nou pwopoze pou yo jwenn èd apati yon demach pwofesyonèl nan antrprenarya.
voir l'article |
Écrit par Bénédique Paul, Christian Poncet et Delphine Vallade
’La Constitution de la République d’Haïti garantit la liberté d’association. Cependant, la production institutionnelle légale, spécifique à ce secteur d’activités, demeure lacunaire. Partant de l’idée que le capital institutionnel sert de condition à la production du capital social qui est la ressource première des organisations de l’économie sociale et solidaire (ESS), nous mobilisons l’approche institutionnelle pour montrer, d’une part, que l’État haïtien, ayant des moyens d’action limités, aurait intérêt à produire des institutions qui organisent l’ESS et, d’autre part que les organisations de l’ESS se présentent comme une forme alternative de production d’institutions, mais très souvent fragilisées.
Konstitisyon Repiblik Ayiti a garanti libète pou moun fè asosyasyon. Men, pwodiksyon enstitisyonèl legal, ki kouvri sektè aktivite sa a, toujou ap trennen. Apati lide ki konsidere kapital enstitisyonèl la tankou yon kondisyon pou pwodiksyon kapital sosyal, ki se prensipal sous pou òganize ekonomi sosyal epi solidè a (ESS), nou ap sèvi ak apwòch enstitisyonèl pou demontre, an premye, Leta ayisyen, ki pa gen anpil mwayen, ta gen enterè pou li kreye enstitisyon ki kab òganize ESS la, epi, sou yon lòt bò, òganizasyon ESS yo ta kab parèt tankou yon lòt mwayen pou kreye enstitisyon, men ki fèb.
voir l'article |
Écrit par Louis Favreau
Il existe encore beaucoup de confusion à propos des notions d’économie informelle, telle que l'a introduite le Bureau international du travail en 1972 et d’économie populaire, concept défini par des organisations non gouvernementales (ONG) et des chercheurs d’Afrique et d’Amérique latine dans les années 1980. D’autant plus qu’elles sont souvent adossées aux idées d’« économie sociale » et d’« économie solidaire ». Cet article présente quelques paramètres de base de ces notions et une mise en perspective, sachant qu’elles sont, chacune à leur manière, une affirmation politique traversée par des sensibilités sociales et culturelles relativement différentes selon les pays et les continents, au Nord comme au Sud.
Gen anpil konfizyon apwopo nosyon kou ekonomi enfòmèl, tankou Biwo entènasyonal pou travay la te parèt ak li nan ane 1972 la epi «ekonomi popilè » ki se lide ONG yo epi chèchè nan kontinan Lafrik la ak Ameriklatin lan depi nan ane 1980 yo. Anplis tèm sa yo anpil fwa, yo mache kòtakòt ak mo kou : ekonomi sosyal epi ekonomi solidè. Nan atik sa a nou va jwenn kèk lide fondamantal sou nosyon sa yo ansanm ak yon vizyon pou nou ale pi lwen, paske mo sa yo, yo chak nan fason pa yo, se pozisyon ideyolojik sosyal epi kiltirèl ki diferan selon peyi kote yo sèvi ak yo a, epi kontinan yo sou bò Nò tankou sou bò Sid.
voir l'article |
Écrit par Richard Féthière
Flowers have been grown and produced commercially in Haiti for a long time. Prior to the 1970’s flowers were grown around the main family house as a way for the women of the house to supplement the family income. In the 1980’s a multitude of florists opened their doors and business was brisk. The florists purchased flowers on the local market but relied mainly on imported flowers to satisfy the demand. Local flower production remained small and unreliable and most local enterprises were amateur in nature except for a few producers who applied advanced production techniques and were able to export quality flowers on a regular basis. Flower is a huge business worldwide. Haiti has a variety of ecosystems where all kind of flowers can be grown with the right expertise. Socio-economically speaking, the flower business is an opportunity for women to enter the economy and own a business providing that social economic organizations are reinforced, and that the State of Haiti and the State University System provide the framework, the training and the agricultural support system and the agricultural credit necessary for its development in a sustainable and beneficial way for the economy.
Pandan lontan yo toujou fè flè pouse an Ayiti pou yo vann. Anvan ane 1970-yo, yo te konn flè pouse alantou kay lafanmi an. Se te yon fason pou medam yo, ki ap viv nan kay la, fè yon ti kòb an plis Nan ane 1980-yo gen yon dal fleris ki te louvri magazen flè epi sa te mache byen pou yo. Fleris yo te achte flè yo vann yo nan peyi a, men yo konn kòmande flè nan peyi etranje pou yo pa pran pàn nan lavant yo. Fè flè pouse nan peyi a pou lavant pa te yon gwo biznis. Moun pa te fouti depann sou sa pou yo viv, epitou pwodiksyon flè nan peyi a se te ti biznis pou moun ki pa gen anpil eksperyans, aleksepsyon kèk grenn pwodiktè flè ki te sèvi ak teknik avanse epi yo te rive ekspòte bon kalite flè regilyèman. Komès flè se yon gwo biznis patou sou latè. Ayiti gen divès kalite ekosistèm, kote tout kalite flè ka pouse si genyen bon ekspètiz.
see the article |
1649 Notre-Dame-de-Fatima
Laval, Québec
H7G 4V8, Canada
E-mail: contact@grahn-monde.org
Téléphone: 514-691-0637