Écrit par Bénédique Paul
Le développement des pays et sociétés est nécessairement un développement humain. Le cas échéant, le pays ou la société en question est matériellement riche, mais ne se développe pas. La mesure de ce développement en est venue à prendre compte le capital humain1 incluant des actifs tant intellectuels que de santé. Le fait d’avoir des hommes et des femmes importe, mais le plus crucial, c’est d’avoir des hommes et des femmes éduqués et en santé, capables de penser sainement et d’agir consciencieusement.
Devlopman tout peyi ansanm ak sosyete ki anndan yo a se devlopman moun. Si se pa sa, peyi oubyen sosyete a ka rich materyèlman, men, li pa pe devlope. Pou nou mezire devlopman yon sosyete, nou dwe konte sa moun1 ki anndan li yo vo, sou plan entèlektyèl tankou sou plan lasante. Se enpòtan pou genyen fi ak gason nan yon sosyete, men li pi enpòtan toujou pou moun sa yo gen yon edikasyon, pou yo an sante, pou yo kab panse san fòs kote, epi pou yo aji avèk konsyans yo an pè.
Écrit par Maud Pierre-Pierre
Le Ralliement des infirmières et infirmières auxiliaires haïtiennes de Montréal (RIIAHM) est un organisme à but non lucratif fondé le 17 septembre 1977. Un de ses objectifs est d’être un lieu d’échange et d’entraide pour ses membres. L’espace ainsi créé favorise des discussions autour de problèmes touchant les expériences vécues en milieu de travail et les problèmes de santé de la communauté haïtienne souvent liés au fait migratoire. En septembre 2017, le RIIAHM célébrera ses 40 années de présence dans la communauté, 40 ans de persévérance malgré une conjoncture parfois difficile. Nos actions ont toujours visé le bien-être et la santé de nos membres et de la communauté haïtienne du Québec et d’Haïti. Notre présence au sein d’organismes tels que le Regroupement des organismes canado-haïtiens pour le développement (ROCAHD) et Solidarité Santé Haïti-Canada (SOSAKA) témoigne de notre engagement envers Haïti et de notre souci de partager notre expertise en matière de santé.
An 2014, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) te deside enfòme piblik la sou rezilta ofisyèl egzamen yo sou sit li a. Rezilta sa yo ki gen anpil enfòmasyon pèmèt nou pran tansyon sistèm edikatif la apati kèk varyab tankou : estati lekòl la, gwosè lekòl la ansanm ak pozisyon jeyografik li. Atik sa a konsène sèlman egzamen sizyèm (6èm) ane fondamantal nan ane 2014.
Lucile Charles et Marlène Rateau
Dans le cadre de la célébration du quarantième anniversaire du Ralliement des infirmières et infirmières auxiliaires haïtiennes de Montréal (RIIAHM), l’éditeur en chef de la revue Haïti Perspectives, le professeur Samuel Pierre, a eu la générosité d’offrir à cette association l’occasion de s’exprimer sur cet espace privilégié. Nous tenons à le remercier lui et toute l’équipe de direction de cette publication
Nan kad selebrasyon 40 lane depi òganizasyon ki rele «Ralliement des infirmières et infirmières auxiliaires haïtiennes de Montréal (RIIAHM),» egziste, chèf editè piblikasyon Haïti Perspectives, pwofesè Samuel Pierre, te gen jantiyès bay asosyasyon sa a okazyon pou li pran lapawòl nan espas espesyal sa a. Nou ap remèsye li ansanm ak tout ekip ki ap dirije piblikasyon sa a
voir l'article |
Voir l'article |
Écrit par Lucile Charles
Bien-être et santé sont des vœux auxquels les professionnels haïtiens de la santé aspirent et pour lesquels beaucoup d’efforts ont été consentis. L’Association nationale des infirmières licenciées d’Haïti (ANILH), fondée en 1930, souhaitait déjà créer un ordre infirmier haïtien pour contrer la sous-réglementation de cette profession. Les infirmières, conscientes de leurs responsabilités, se sont positionnées comme acteurs de la promotion du développement de la profession et aussi comme garants des soins infirmiers de qualité à la population dans le respect des valeurs fondamentales d’excellence. Bien des progrès ont été réalisés depuis pour doter la profession d’un ordre infirmier haïtien et une proposition de loi en ce sens a été déposée, en juillet 2013, devant le législateur. Cependant, le manque d’engagement du pouvoir législatif devient un obstacle au vote de cette loi très importante devant réglementer la pratique des soins infirmiers dans le pays. Il s’avère que ce manque de réglementation est de plus en plus préjudiciable à la pratique et à la qualité des soins infirmiers en Haïti. Il devient donc impératif de doter la profession infirmière de mécanismes modernes de réglementation sous un leadership infirmier éclairé et visionnaire. La vision partagée par l’ANILH et la Direction des soins infirmiers du ministère de la Santé publique et de la Population (DSI/MSPP) vise à ce que la population haïtienne reçoive des soins infirmiers de qualité régis par le code de déontologie de la profession. Ainsi, nous pourrons contribuer à l’atteinte des Objectifs de développement durable à l’horizon 2030, objectifs adoptés par les États membres de l’ONU en septembre 2015. Dans un tel contexte, nous nous demandons quel rôle peut jouer le Ralliement des et infirmières-auxiliaires haïtiennes de Montréal afin d’aider à renforcer les actions de l’ANILH pour qu’enfin cet ordre infirmier haïtien devienne une réalité. Le bien-être de la population haïtienne et l’avancement de la profession infirmière en dépendent.
Byennèt ak sante se yon seri aspirasyon pwofesyonèl ayisyen, ki nan domèn lasante genyen epi yo fè anpil efò pou sa. Association Nationale des infirmières licenciées d’Haïti (ANILH), ki fonde nan ane 1930 te deja vle kreye Lòd enfimyè pou yo goumen kont kèk reglemantasyon ki genyen nan pwofesyon an. Enfimyè fi kou enfimyè gason, ki pran responsablite yo tout bon, te kanpe dyanm pou yo fè pwomosyon devlopman pwofesyon yo a, epitou pou yo bay popilasyon an bon jan swen nan respè pou ekselans nan valè fondamantal yo. Gen anpil pwogrè ki fèt depi tout tan sa yo pou pwofesyon an genyen yon Lòd Enfimyè Ayisyen, epitou genyen yon pwojè lwa yo depoze pou sa devan lachanm, nan mwa jiyè 2013. Men, kòm pouvwa lejislatif la pa te fin twò enterese, li te vin tounen yon baryè nan moman lachanm ta pe vote lwa esansyèl sa a, ki ta pral reglemante pratik swen enfimyè nan peyi a. Li vin klè, mank reglemantasyon sa a vin kreye pi plis pwoblèm nan pratik ak nan kalite swen enfimye nan peyi Ayiti ap bay. Li vin obligatwa pou pwofesyon enfimyè a genyen mekanis modèn pou reglemante li sou direksyon enfimyè ki vle ale lwen epi ki genyen rèv pou profesyon an. Fason ANILH wè dosye swen lasante a sanble ak fason Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP an franse) wè li limenm tou. Yo tou de bezwen pou pèp ayisyen an jwenn bon jan swen nan men enfimyè yo, epi pou swen sa yo respekte kòd deyontoloji pwofesyon an. Konsa, nou va rive patisipe nan aksyon pou respekte objektif devlopman dirab la vè ane 2030 lan. Se objektif sa yo peyi ki manm Loni yo (ONU an franse) te adopte nan mwa septanm 2015. Nan ka sa a, nou ap mande tèt nou ki wòl Raliman enfimyè ak enfimyè oksilyè ayisyen fi kou gason, nan Monreyal, kapab jwe pou yo ede ranfòse aksyon ANIHL pou Lòd Enfimyè Ayisyen an ka vini yon reyalite ? Se sou sa, byennèt popilasyon ayisyen an ansanm ak avansman metye enfimyè a kapab konte.
voir l'article |
Écrit par Lucie Tremblay
L’Ordre des infirmières et infirmiers du Québec (OIIQ) est dûment constitué en vertu des dispositions de la Loi sur les infirmières et les infirmiers (L.I.I.). Il est un organisme dont la fonction principale est d’assurer la protection du public, conformément au Code des professions, en contrôlant notamment l’exercice de la profession infirmière par et avec ses membres. La compétence des professionnels est au cœur des mécanismes de protection du public, qui est la raison d’être du système professionnel. Un autre ordre professionnel, celui des infirmières et infirmiers auxiliaires du Québec, encadre le travail des infirmières et infirmiers auxiliaires. Les deux professions – infirmière et infirmière auxiliaire1 – ont des champs d’exercice distincts, bien que complémentaires, qui donnent lieu, dans la dispensation des soins, à des interrelations continues. À cet égard, ces deux ordres entretiennent une collaboration soutenue. Au Québec, tous les ordres professionnels (30 dans le domaine de la santé et des relations humaines) font partie d’un système qui, pour protéger le public, s’appuie sur les valeurs et les exigences de la société québécoise, notamment celle de protéger le droit des personnes dans le respect de leur intégrité physique et psychologique. La notion de protection du public s’interprète donc en fonction des droits fondamentaux et du rôle des professionnels concernés par ceux-ci. L’État québécois a ainsi confié aux ordres professionnels l’encadrement des professions à travers quatre leviers de contrôle. Ce sont: l’admission à la profession, l’inspection professionnelle, la formation continue et la déontologie. L’OIIQ constate que, dans le domaine de la santé, les changements se sont multipliés. Au fil des dernières années, les besoins en santé de la population sont devenus plus complexes, confirmant l’OIIQ dans sa volonté d’intensifier ses actions pour favoriser le développement de rôles infirmiers contemporains et émergents. Par ses actions, l’OIIQ souhaite aider la population et les décideurs à mieux comprendre la portée de la profession infirmière, à utiliser de manière optimale les compétences infirmières et à soutenir celles-ci par un accès à la formation initiale et continue adéquate.
Lòd enfimyè fi ak enfimyè gason Kebèk la (OIIQ an franse) kreye legalman daprè dispozisyon Lalwa sou enfimyè fi ak enfimyè gason (LII en franse). Se òganizasyon sa a ki la prensipalman pou li pwoteje piblik la nan fason li kontwole moun ki ap ekzèse metye enfimyè a avèk èd manm yo epi manm yo aksepte fè travay kontwòl la. Tout sa rive fèt daprè kòd pwofesyon yo. Konpetans pwofesyonèl yo se nanm pwosesis ki la pou pwoteje piblik la. Se pou sa menm, sistèm pwofesyonèl la ekziste. Gen yon lòt lòd pwofesyonèl. Se lòd enfimyè fi ak enfimyè gason oksilyè nan Kebèk. Se limenm ki kontwole travay enfimyè oksilyè fi ak enfimyè oksilyè gason. Enfimyè ak enfimyè oksilyè se de (2) pwofesyon diferan. Yo chak genyen chan aksyon pa yo. Yonn konplete lòt, men nan bay swen medikal, de (2) metye sa yo toujou mache ansanm. Konsa, tou de (2) lòd sa yo toujou kolabore yonn ak lòt. Nan Kebèk tout lòd pwofesyonèl yo (trant nan domèn lasante ak relasyon pibilik) fè pati yon sistèm, ki la pou pwoteje piblik la apati yon seri valè epi ekzijans sosyete kebekwa, prensipalman nan pwoteje dwa moun apati respè pou entegrite fizik yo epi sikolojik yo. Konsa, yon moun ka entèprete nosyon pwoteksyon pou piblik la apati dwa fondamantal yo epi wòl pwofesyonèl ki sou lobedyans regleman sa yo. Leta nan Kebèk mete ankadreman pwofesyon yo sou kont lòd pwofesyonèl yo apati kat (4) levye kontwòl. Se : aksepte moun nan pwofesyon an, enspeksyon pwofesyonèl, fòmasyon san rete, epi respè pou tout regleman pwofesyon an (deyontoloji). OIIQ konstate nan domèn lasante gen anpil chanjman enpòtan ki rive rapidman. Ane yo ap pase, epi bezwen popilasyon an sou plan lasante vin pi konplèks, sa vle di, OIIQ dwe ogmante aksyon li yo pou li favorize devlopman nan domèn enfimyè, yon fason pou konesans nan pwofesyon an rete ajou. Apati aksyon li, OIIQ vle ede popilasyon an epi moun ki ap pran desizyon yo pou yo konprann pi byen enpòtans pwofesyon enfimyè a, pou yo itilize konpetans ki genyen nan branch enfimyè nan bon fason, epi pou yo soutni moun ki nan pwofesyon an avèk yon bon fòmasyon depi nan kòmansman epitou fòmasyon an dwe kontinye kòrèkteman.
voir l'article |
Écrit par Wilmina Détournel
Une pénurie de main-d’œuvre spécialisée qualifiée sévit en Haïti depuis de nombreuses années. La majorité des infirmières tiennent leurs compétences de leur formation initiale. L’insuffisance de formation continue en milieux hospitalier et clinique est un frein non négligeable à l’évolution de la pratique infirmière à travers le pays. Le niveau de connaissances demeure stationnaire avec peu de formation en cours d’emploi. Le personnel œuvre sans outils concrets de référence qui garantiraient l’habileté dans la dispensation des soins prodigués. L’accessibilité des soins de qualité représente un défi majeur pour le système de santé, faute de modèles qualifiés et de connaissances renouvelées. De ce fait, la qualité des services fournis diminue, d’où l’augmentation du taux de morbidité et de mortalité. Ce contexte sanitaire en Haïti est bien défini et nécessite dans un avenir proche des transformations importantes de ce système. Les infirmières sont évidemment concernées et doivent s’investir dans de nouveaux modèles de rôle s’appuyant sur de nouvelles formations. Partout dans le monde, les sciences infirmières évoluent vers un rôle plus élargi et plus contributif. Les spécialistes dotés d’une formation en pratique avancée deviennent le levier de changement dans l’amélioration de l’accessibilité, la qualité des soins ainsi que l’avancement de la profession. Consciente de cette problématique et à la recherche d’une solution viable, posons l’interrogation suivante : La pratique avancée serait-elle un atout pour répondre aux besoins de soins de santé de la population haïtienne ? Cette pratique marque l’évolution de la profession et vise le développement de l’expertise infirmière dans différents domaines afin d’améliorer la compétence des soignants. Elle donne naissance à des infirmières spécialisées dans plusieurs sphères du domaine de la santé. Des pistes de solution envisagées ne seront effectives qu’à travers des actions diversifiées de partenariat avec des acteurs clés tels la Direction des soins infirmiers et l’Association des infirmières et infirmiers licenciés d’Haïti et des collaborateurs internationaux comme le Conseil international des infirmières (CII), le Ralliement des infirmières et auxiliaires haïtiennes de Montréal(RIAHM), le Groupe de Réflexion et d’Action pour une Haïti Nouvelle (GRAHN) et autres
Depi plizyè ane, Ayiti gen yon ratman travayè espesyalize ki gen bon jan kalifikasyon. Konesans travayè espesyalize yo rete nan menm nivo a, paske yo pa prèske suiv kou pou yo ogmante konesans yo pandan yo ap travay la. Konesans pifò enfimyè yo genyen an se konesans yo soti ak li nan lekòl enfimyè a. Ratman ki genyen nan fòmasyon pwofesyonèl lasante yo, pandan yo ap travay la, se yon eleman ki bloke evolisyon travay pratik enfimyè yo toupatou nan peyi a. Estaf enfimyè yo ap travay san zouti referans, ki kab garanti abilite yo pou yo fè yon bon travay. Pou yon moun rive jwenn bon jan swen nan domèn lasante, se yon gwo defi paske manke moun kalifye ki pou sèvi kòm modèl, epitou pa gen renouvèlman konesans nan sektè swen enfimyè a. Sa lakoz sèvis la pèdi nan kalite li, epitou kantite moun malad ansanm ak moun ki mouri vin ogmante. Tout moun okouran pwoblèm sanitè sa a nan peyi Ayiti. Sa mande, nan yon tan byen kout, bon jan chanjman nan sistèm lasante a anndan peyi a. Se yon sitiyasyon ki konsène tout enfimyè yo. Nan sans sa a, yo dwe mete tan yo pou yo devlope modèl nèf apati fòmasyon tou nèf yo va resevwa. Toupatou nan lemonn, syans enfimyè ap devlope, epi wòl li ap jwe a pran plis plas nan sektè lasante a. Espesyalis branch lan, ki genyen yon fòmasyon pratik wo nivo, vin sèvi kòm levye pou genyen chanjman ki fèt nan amelyore fason pou moun jwenn sèvis, nan amilyore kalite swen yo ak nan avansman pwofesyon an. Kòm nou konnen pwoblèm lan, epi nou ap chèche yon bon solisyon pou li, nou kab poze kesyon sa a: èske yon pratik avanse nan swen enfimyè pa ta yon bon mwayen pou nou abòde pwoblèm swen lasante yo nan peyi Ayiti? Kalite pratik sa a se yon mwayen pou fè metye enfimyè a ale pi lwen nan divès sektè branch lasante a. Sa ap ede moun ki ap bay swen yo fè yon pi bon travay. Yo ap vin pi dyanm nan pwofesyon an. Teknik avanse pèmèt genyen enfimyè espesyalize nan divès branch ki ekziste nan domèn lasante a. Solisyon nou anvizaje yo ap kab bay bon rezilta sèlman si yo rive fèt apati aksyon divè¬ sifye nan patenarya avèk enstitisyon enpòtan kou Direksyon Swen Enfimyè epi Association Nationale des infirmières licenciées d’Haïti (ANILH) nan peyi Ayiti ansanm ak kèk lòt kolaboratè tankou: Konsèy entènasyonal enfimyè yo, Raliman enfimyè nan Monreyal, GRAHN, elatriye…
voir l'article |
Écrit par Arnelle Julien et Vardine Jean-Baptiste
Les infirmières haïtiennes représentent la plus forte proportion de professionnels œuvrant à tous les niveaux du système de santé. Elles se retrouvent dans les régions éloignées, responsables d’institutions de santé, et sont souvent seules à prodiguer des soins à la population. Elles évoluent dans un système de santé qui fait face à de nombreux défis organisationnels. Une réforme en profondeur du système de santé d’Haïti s’impose. Il est indispensable que soient revues toutes ses composantes afin d’améliorer la pratique de tous les acteurs. Les solutions devront passer par la mobilisation des infirmières et le renforcement de leurs compétences. La formation continue, y compris l’accès à des formations spécialisées en soins et en gestion des unités de soins, est à privilégier. Un diplôme d’études supérieures spécialisées (DESS) en gestion des services de santé est offert à l’Université d’État d’Haïti en partenariat avec l’Université de Montréal. La trajectoire de ce programme sera présentée et des infirmières y participent avec succès. Leur désir d’acquérir de nouvelles connaissances pour rehausser leur niveau de pratique est comblé. Compte tenu du fait que le taux de mortalité maternelle en Haïti est le plus élevé de la région caribéenne et de l’Amérique du Nord, la spécialisation des sages-femmes est réapparue en Haïti et des infirmières sont intéressées à la recevoir. Les infirmières sages-femmes contribueront à l’atteinte de deux des objectifs du Millénaire pour le développement (OMD): la réduction de la mortalité infantile et la diminution du taux de mortalité maternelle. Il est donc important de promouvoir la formation des infirmières sages-femmes et la reconnaissance de cette spécialisation par le système de santé. Un plaidoyer constant doit être maintenu pour faire valoir les compétences et la place des infirmières sages-femmes. L’évolution de la société haïtienne est tributaire d’un système de santé qui fait une place à une pratique infirmière diversifiée, adaptée aux besoins
Enfimyè ayisyen yo se gwoup pwofesyonèl ki an pi grann kantite nan divès nivo branch lasante nan peyi a. Genyen ladan yo ki ap viv nan rejyon ki pa pre gwo vil yo, kote se yomenm ki responsab enstitisyon lasante a epi souvan, yo pou kont kò yo pou yo bay popilasyon an swen medikal. Yo ap travay nan yon sistèm lasante ki twouve li devan anpil defi sou plan òganizasyon. Dwe genyen yon refòm an pwofondè nan sistèm lasante a anndan Ayiti. Li enpòtan pou Leta revize tout sistèm lasante a pou yo kab amilyore fason tout mounn ki nan sektè lasante a ap travay. Pou genyen yon solisyon pou pwoblèm sa yo, fòk yo mobilize tout enfimyè yo epi ranfòse konpetans yo. Leta dwe mete priyorite pou gen Fòmasyon san rete ansanm ak pou fòmasyon espesyal nan domèn swen epi nan jesyon inite swen. Genyen yon pwogram ki bay yon diplòm etid siperyè espesyalize nan jesyon sèvis sante (DESS an franse). Pwogram sa a se Université d’État d’Haïti ki bay li an patenayra avèk Université de Montréal. Nou ap prezante cheminman kou sa a. Genyen enfimyè ki patisipe ladan epi yo diplome. Rèv yo te genyen, pou yo ogmante konesans avèk enfòmasyon tou nèf, te reyalize. Kòm to mòtalite manman pitit pi wo nan peyi Ayiti pase nan lòt peyi ki nan rejyon Karayib la ak nan Amerikdinò, espesyalizasyon pou moun vin fanmsaj la reparèt nan peyi a, epi genyen enfimyè ki enterese pou yo suiv kou a. Enfimyè ki fanmsaj, an menm tan an, pral ede nan reyalizasyon de (2) Objektif Milenè a pou Devlopman (OMD): diminye lanmò timoun piti ak lanmò manman pitit. Konsa, li enpòtan pou genyen pwomosyon pou fòmasyon moun ki vle vin enfimyè epi fanmsaj an menm tan epi pou Leta rekonèt espesyalizasyon sa a nan sistèm sante a. Dwe toujou genyen moun ki ap goumen pou Leta rekonèt konpetans enfimyè ki fanmsaj yo ansanm ak wòl yo nan sistèm sante a anndan peyi a. Devlopman sosyete a nan peyi Ayiti mande pou genyen yon sistèm sante ki rekonèt nesesite pou genyen enfimyè ki gen divès kalite konpetans ki koresponn ak sa peyi a bezwen.
voir l'article |
Écrit par Yvrose Amazan et Marie-Luce Ambroise
La stigmatisation de la maladie mentale est encore très présente dans nos sociétés malgré les efforts consentis pour la contrer. Elle demeure un des « tabous » des temps modernes avec des conséquences néfastes qui aggravent le sort des personnes atteintes de problèmes de santé mentale. Ces conséquences s’étendent du rejet et de la honte de la maladie au refus d’aller chercher de l’aide, allant jusqu’à l’isolement et à l’exclusion sociale dans certaines cultures. La situation est semblable en Haïti et il nous faudra travailler avec les infirmières pour trouver des pistes de solution viables en vue d’obtenir un système de santé capable de relever les défis posés par la maladie mentale dans ce pays. Conséquemment, nous traitons dans ce texte d’une nouvelle approche qui consiste à réduire les stigmates de la maladie mentale par le théâtre. Cette initiative a été développée par l’Alliance socioculturelle et d’aide pédagogique (ASAP) d’après le concept du théâtre intégrateur. Sous l’égide de l’Institut universitaire en santé mentale de Montréal (IUSMM), l’ASAP est appelée à donner des réponses à l’exclusion et à l’incompréhension de la maladie mentale. Il s’agit d’une approche éducative et thérapeutique inscrite dans un projet de théâtre collectif auquel participent des jeunes atteints de problèmes mentaux. Cette approche inclut les parents, d’autres patients, les intervenants en santé mentale et le grand public. La thérapie par le théâtre a été évaluée positivement et son efficacité a été établie par l’Unité d’évaluation des technologues sur les différents moyens d’intervenir en santé mentale. Nous démontrons comment une approche créatrice par le théâtre peut combattre la stigmatisation de la maladie mentale et être en même temps salvatrice. Pour ce faire, nous procédons en cinq étapes: la description de la maladie mentale, la présentation du théâtre intégrateur, celle de l’expérience du théâtre à l’IUSMM 2016 et du rôle des infirmières dans la réalisation du projet, l’évaluation des résultats de l’expérience du théâtre à l’IUSMM et le partage de cette approche avec Haïti.
Fason degradan moun ki nan sosyete a kategorize moun ki gen maladi mantal yo pa chanje. Poutan, genyen anpil efò ki fèt pou sa chanje. Sitiyasyon moun ki soufri maladi mantal yo, se yon sitiyasyon moun pa vle pale aklè. Se yon tabou sosyal, ki ekziste nan tan modèn yo avèk anpil konsekans negatif ki kab agrave sitiyasyon moun ki gen maladi mantal yo. Konsekans yo se kab yon sitiyasyon kote yo mete moun lan aleka, se lawont pou moun ki ap soufri anba maladi mantal, moun malad yo refize al chèche tretman, yo izole yo. Genyen kilti menm, kote yo mete moun ki soufri maladi mantal yo nan kwen. Se menm sitiyasyon an ki genyen Ayiti. Nou dwe travay avèk enfimyè yo pou nou kab jwenn bon jan solisyon ki kab kòlte ak divès defi maladi mantal yo mete devan nou anndan peyi a. Konsa, objektif atik sa a se demontre kouman yon apwòch kreyatif, kote yo sèvi ak teyat, kapab ede diminye fason degradan moun ki nan sosyete a konsidere moun ki gen maladi mantal yo. Se Alliance Socioculturelle et Aide Pédagogique (ASAP) ki te parèt ak kalite aksyon sa a daprè yon konsèp ki rele théâtre intégrateur. Sou direksyon Institut universitaire en santé mentale de Montréal (IUSMM), l’ASAP la pou li reyaji devan ekzklizyon epi enkonpreyansyon ki ekziste nan ka moun ki soufri maladi mantal yo. Se yon apwòch kote edikasyon ak terapi mache ansanm anndan yon pwojè teyat kolektif, kote nou jwenn jenn moun ki soufri ak maladi mantal. Nan apwòch sa a, nou jwenn fanmi moun ki gen maladi mantal yo, lòt moun ki gen maladi mantal, moun ki ap swaye malad mantal yo epi piblik la an jeneral. Prensip sèvi ak teyat kòm mwayen pou trete moun ki ap soufri ak maladi mantal yo te jwenn yon evalyasyon pozitif, epi gwoup evalyasyon teknològ sou divès fason pou moun ede nan ka sante mantal yo te bay pwogram lan yon evalyasyon pozitif tou. Konsa, objektif atik sa a se demontre kouman apwòch kreyatif avèk teyat la kapab konbat move tretman sosyal moun ki soufri maladi mantal yo viktim ansanm ak merit kalite pwogram sa a genyen.
voir l'article |
Écrit par Viviane Namaste
Cet article présente les contributions, souvent invisibles, des infirmières haïtiennes dans la lutte contre le sida à Montréal pendant les années 1980. Basée sur des entrevues avec des personnes impliquées dans ce dossier, cette recherche vise à documenter l’impact de l’épidémie du sida, ainsi que les réponses des membres de la communauté. Nos compréhensions de l’histoire du sida font souvent référence à la sphère publique – pensons par exemple à l’association des personnes d’origine haïtienne au sida – comme suite à la déclaration faite par la Croix-Rouge canadienne en mars 1983. Une analyse des médias et de la sphère publique est, certes, importante, mais risque de négliger le travail accompli dans la vie privée. Cet article expose les principales contributions des infirmières, que ce soit la prestation des services aux personnes malades, la prévention et l’éducation au sein de la communauté haïtienne, la négociation d’un terrain complexe étant donné la stigmatisation profonde de la maladie à l’époque, les campagnes de financement pour aider les personnes vivant avec le sida, ou bien les actions collectives pour structurer la réponse institutionnelle. La description de ce travail offre une occasion de reconnaître certaines contributions des infirmières à Montréal dans la lutte contre le sida. En même temps, notre recherche nous permet de tirer quelques leçons de cette histoire pour nos réflexions actuelles sur les pratiques infirmières et la profession. Parmi celles-ci, notons l’importance du travail des infirmières dans la sphère intime et leur engagement au niveau de la collectivité, démontrant ainsi la place centrale qu’elles occupent dans la mobilisation et comme actrices de changement. En lien direct avec le thème de ce numéro d’Haïti Perspectives, cet article exposera les contributions significatives des infirmières haïtiennes à Montréal afin de permettre de mieux comprendre comment les infirmières haïtiennes peuvent être des catalyseurs pour apporter des changements au système de santé en Haïti.
Nan atik sa a nou va li kontribisyon enfimyè ayisyen yo nan batay kont sida nan ane 1980 yo, nan Monreyal. Se pa yon kontribisyon tout moun konnen. Rechèch sa a, ki fèt apati antrevi avèk moun ki angaje nan dosye sida a, ap dokimante enpak epidemi sida a ansanm avèk fason moun nan kominote ayisyen an te reyaji nan moman an. Fason nou konprann istwa sida a voye nou nan reyaksyon piblik la – ekzanp asosyasyon ayisyen ki gen sida- apati deklarasyon Lakwa Wouj kanadyen nan mwa mas 1983. Yon analiz travay jounalis yo ansanm ak reyaksyon piblik la enpòtan anpil, men, sa kab lakòz yo neglije travay ki fèt an prive yo. Atik sa a montre tout aksyon enfimyè yo, nan sèvis yo bay moun malad yo, nan aksyon pou prevansyon, nan edikasyon moun yo nan kominote ayisyen an, nan negosyasyon ki te fèt nan milye a, akoz imilyasyon moun ki te gen maladi a te soufri nan epòk la, nan kanpay ranmase lajan pou ede moun ki te gen sida yo, oubyen nan rasanbleman pou kowòdone aksyon kont enstitisyon yo. Travay sa a ap pèmèt plizyè enfimyè nan Monreyal jwenn yon rekonesans nan batay yo kont maladi sida a. Rechèch sa a ap pèmèt, an menm tan, nou tire leson nan istwa sa a pou refleksyon nou prezantman sou pratik enfimyè, epi sou pwofesyon an limenm menm. Pami refleksyon sa yo, nou kab nonmen enpòtans enfimyè yo nan yon anviwonnman entim, demann pou aksyon kolektif, epi plas prensipal fanm yo vin jwenn nan mobilizasyon avek aktè chanjman. Atik sa a, ki konekte dirèkteman avèk tèm nimewo Haïti Perspectives sa a, ap montre kontribisyon enfimyè ayisyen yo nan Monreyal, epi fason yo kab jwe yon wòl kòm katalizè pou yo aji sou chanjman ki dwe fèt nan sistèm lasante nan peyi Ayiti.
voir l'article |
1649 Notre-Dame-de-Fatima
Laval, Québec
H7G 4V8, Canada
E-mail: contact@grahn-monde.org
Téléphone: 514-691-0637