Écrit par Bénédique Paul
La participation citoyenne est une affaire de citoyens. En effet, être citoyen, en dépassant volontairement le champ de la politique pour entrer dans le champ de l’institutionnalisme économique, suppose une participation nécessaire de l’individu dans la constitution du bien-être collectif. En politique, être citoyen implique que l’on fait partie d’un corps politique, appelé « État », et que l’on a dans ce corps politique des droits et des devoirs politiques. Dans l’institutionnalisme économique, ou plus largement dans la sociologie économique, les droits et les devoirs du citoyen sont des institutions (c’est-à-dire des règles) qui garantissent un climat d’interaction pérenne. Ils ne peuvent en aucun cas l’autoriser à en faire un État (au sens du « Tiers institué », chez Pierre Legendre) qui viole les intérêts des citoyens ou qui ne contribue pas au bien-être collectif. En fait, n’est citoyen que l’individu socialisé, c’est-à-dire ayant intégré les institutions d’une société donnée de manière à s’insérer dans la marche de celle-ci vers le progrès.
Patisipasyon moun nan afè peyi yo se afè tout bon sitwayen. Alaverite, pou yon moun aji tankou yon bon sitwayen, se pa politik senpman ki pou enterese li. Li dwe gen yon ajisman pozitif sou plan ekonomik. Moun sa a dwe patisipe nan devlopman byennèt pou tout moun. Sou plan politik, yon bon sitwayen se yon moun ki patisipe obligatwaman nan yon òganizasyon politik, ki rele Leta, epi nan òganizasyon politik sa a, genyen dwa ak devwa politik. Nan sa nou rele enstitisyon ekonomik lan, oubyen sou yon plan lajman laj sosyoloji ekonomik, dwa ak devwa sitwayen yo se enstitisyon (sa vle di règleman) ki garanti yon klima entèraksyon ki ap toujou la. Kalite sitwayen sa yo pa gen dwa kite li tounen yon Leta (tyès ki tounen enstitisyon an nan fason Pierre Legendre wè li a), kote enterè sitwayen yo ap pran brimad, oubyen kote pa gen anyen ki fèt pou byennèt popilasyon an. Anfèt, vrè sitwayen an, se moun ki anndan yon estrikti sosyal, sa vle di, yon moun ki antre anndan divès enstitisyon nan yon sosyete kèlkonk, yon fason pou li fè pati travay ki ap fèt pou mennen tout moun nan direksyon pwogrè a.
Écrit par Jean-Marie Raymond Noël
Grande a été ma stupeur, le soir du 17 octobre, de constater pour la première fois depuis 1978 que le nom de Pierre Paquiot ne figurait pas sur la programmation des cours 20162017 de la Faculté des sciences (FDS). Je l’appelai sur-le-champ pour lui exprimer mon étonnement et m’enquérir de son état de santé. Il me fit alors part de sa situation critique sans pour autant être défaitiste. Il croyait encore qu’il s’en sortirait s’il trouvait les soins appropriés. Il s’est adressé aux rectorats des deux universités qu’il desservait encore – à savoir l’Université d’État d’Haïti (UEH) et l’Université Quisqueya (UNIQ) – pour une mobilisation de fonds. Il démontrait alors beaucoup d’énergie, de pragmatisme et de détermination qui seront progressivement érodés par la lenteur de l’administration publique, à tel point qu’au début du mois de novembre, son médecin lui a déconseillé de voyager à bord d’un avion commercial. L’angoisse s’est mise désormais de la partie jusqu’au jour où l’horizon s’est dégagé pour son départ à Cuba. Il avait repris confiance, mais c’était trop tard. L’irréparable s’était déjà installé et, le 23 novembre, au petit matin, il a tourné la page
voir l'article |
Écrit par Suzy Castor et Michel Max Raynaud
Ce nouveau numéro d’Haïti Perspectives offre aux lecteurs les réflexions du Comité d’union et de support aux municipalités (CUSM), organisation de la société civile qui entre dans sa vingtième année d’existence et s’est toujours distinguée comme un espace de dialogue et d’échanges sur les questions d’intérêt commun. Consacré à la problématique de la participation engagée, ce numéro, à partir de l’analyse des diverses expériences présentées par les auteurs, suscite beaucoup de réflexions sur les importants défis et enjeux de la construction de la nation et de la démocratie dans notre pays.
Nouvo nimewo « Haïti Perspectives » sa a pote bay lektè yo refleksyon Comité d’union et de support aux municipalités (CUSM) a, oganizasyon sosyete sivil la ki antre nan ventyèm ane depi li egziste epi ki toujou defini tèt li tankou yon espas dialòg ak echanj sou kesyon ki nan enterè tout moun an jeneral. Nimewo sa a ki chita sou pwoblèm patisipasyon angaje, apati analiz divès kalite esperyans otè yo prezante nou yo ankouraje nou reflechi anpil sou gwo defi ak gwo posiblite ki genyen nan konstriksyon nasyon an ak demokrasi a pou nou mete kanpe nan peyi a.
voir l'article |
Voir l'article |
Écrit par Cécile Marotte
Comment œuvrer dans un contexte difficile, au sein d’une communauté marginalisée en mobilisant la conscience collective, en implantant de nouveaux mécanismes de participation des habitants, en les considérant comme des interlocuteurs ? En 2007 germe lentement l’idée de l’aménagement d’un parc à Martissant, dans la banlieue de Port-au-Prince. Au fil des années, depuis deux décennies environ, les quartiers défavorisés de Martissant rimaient jusqu’alors avec violence, misère sociale et gangs armés. Cécile Marotte, engagée par la Fondation Connaissance et Liberté, Haïti (la FOKAL), s’est penchée sur des modalités d’une implication de la communauté de Martissant dans la réalisation du parc et a introduit une méthodologie novatrice d’approche de la communauté. Ainsi sont nés, sur la base de rencontres régulières avec les habitants, les espaces de parole. Ce changement d’approche radical a dès lors pris l’allure d’une utopie : le parc est devenu un lieu où changements, avancements et réalisations ont reposé sur la naissance d’une parole à la fois inattendue mais de plus en plus entendue, écoutée, de plus en plus solide.
Kijan pou yon moun rive fonksyone nan yon kondisyon difisil nan mitan yon kominote sosyete a mete sou kote, pandan li ap mobilize konsyans kolektif la, pandan li ap mete sou pye nouvo mwayen pou abitan yo kapab patisipe, pandan li ap konsidere kòm patnè? Nan ane 2007, lide pou yo kreye yon Pak nan Matisan, yon katye ki alantou Pòtoprens, te kòmanse grandi tou dousman. Ane yo pase, genyen 20 an apeprè, depi divès katye pòv ki nan Matisan yo ap mache men nan men avèk mizè epi gang ame. Cécile Marotte, yon anplwaye Fondasyon Konesans ak Libète (FOKAL), te mete tan li pou li jwenn mwayen pou li angaje kominote Matisan an nan kreyasyon pak la. Se nan sans sa a li te devlope yon metodoloji tou nèf pou yon apwòch kominotè. Se konsa, espas pou lapawòl yo vin kreye apati rankont en pèmanans avèk moun ki ap viv nan zòn lan. Chanjman radikal metòd travay sa a vin pran fòm yon rèv moun pa ta kwè ki ta kab reyalize : Pak la vin tounen yon espas, kote chanjman, pwogrè epi pwodiksyon vin pran pye sou baz yon pawòl pyès moun pa te kwè ki ap rive fèt, men tout moun vin pran abitid tande li, aksepte li, epi ki vin solid.
voir l'article |
Écrit par Anne-Laurence Verret, David Telcy, Anie Bras et Evens Emmanuel (Centre de recherche et d’appui aux politiques urbaines, Université Quisqueya, Port-au-Prince, Haïti)
Les villes se transforment et évoluent à une vitesse qui rend leur organisation complexe. Et lorsque la carence des autorités publiques en la matière prend des proportions de démission nationale, les populations livrées à elles-mêmes s’organisent pour prendre en main la gestion de leur territoire. Cet article a pour objectif d’analyser, à travers le cas de Canaan, une approche alternative de gestion de la ville.
Vil transfòme epi yo evolye ak yon vitès ki lakòz òganizasyon yo vin difisil. Epitou, lè nou tande Leta ki responsab kalite dosye sa yo fèmen je yo epi yo fè lasoud orèy, popilasyon an pa genyen gadò epi li pran tèt li pou kont li pou li jere teritwa li. Prensipal objektif atik sa a, se analize apati dosye Kanaran an, yon lòt fason pou yo jere yon vil.
voir l'article |
Écrit par Jeanine Liautaud Millet
À première vue, les marchés de rue semblent constituer une réponse à l’insuffisance ou à l’absence d’équipements de services dans un contexte d’urbanisation croissante, de multiplication des quartiers précaires et d’appauvrissement de la population. Certains y voient une forme de chômage déguisé dans une ville sans emplois. Il n’en reste pas moins vrai qu’une « ville c’est une entité à nourrir1 » et qu’elle doit être pensée aussi comme un espace de vie, où « la relation avec la nourriture est immanente2 ». Pétion-Ville fait face à une extension grandissante et anarchique des marchés de rue pendant que les réponses apportées par les autorités locales se révèlent inefficaces. Face à cette situation, le Comité d’Union et de Support aux Municipalités (CUSM) recommande une gestion du phénomène centrée sur une responsabilité plus grande tant du côté des décideurs que du côté des citoyens. L’expérience pilote d’un marché de rue modèle apporte beaucoup d’enseignements à cet égard.
Lè nou fenk gade nou ta di, mache ki nan lari yo ta sanble solisyon devan mank osnon absans ekipman sèvis nan yon moman kote fenomèn devlopman vil yo ap vale teren. Katye frajil yo, an menm tan ak kantite moun pòv yo ap ogmante. Gen moun ki wè sa tankou yon fenomèn chomaj nan yon vil ki pa gen dyòb. Wi se vre, yon vil « se yon espas ki mande swen » epi fòk yo panse a li tankou yon espas kote relasyon ak manje se yon bagay pèsòn pa ka rate. Petyonvil ap konfronte yon ogmantasyon rapid e an dezòd mache ki nan lari yo pandanke solisyon otorite yo pote yo pa bay rezilta yo swete yo. Devan sitiyasyon sa a, (Komite Inyon ak Sipò pou Minisipalite yo) (CUSM an franse) rekòmande yon jesyon fenomèn sa a ki ap chita sou responsablite wodpòte ni bò kote sitwayen yo ni bò kote moun ki ap pran desizyon yo. Eksperyans ki fèt nan yon mache lari kòm modèl pèmèt anpil aprantisaj fèt nan sans sa a.
voir l'article |
Écrit par Paola Flores et Silvere Jarrot
Loin d’être un lieu passif, la ville est le support du développement de nouvelles dynamiques et de préservation d’un capital culturel riche. Dans ce cadre-là, les citadins sont les principaux promoteurs de ces dynamiques qui nourrissent et transforment la vie urbaine. Cela fait de la ville un espace qui se tend et se détend en fonction des rapports de forces qui sous-tendent les dynamiques à l’œuvre. Trop longtemps, la réalité humaine de ces tensions a été oubliée et les résidents ont été laissés spectateurs des changements qui s’opéraient dans leurs vies quotidiennes. Le « savoir-faire » des populations urbaines pour s’adapter aux changements, voire pour les provoquer, a ainsi été mis en valeur. Or, à l’heure où la question du financement de la ville est délicate et où l’État-providence est en crise, le dynamisme des citadins représente un potentiel fabuleux. Ainsi, les mettre au centre des politiques urbaines signifie de considérer leurs intérêts et leurs besoins et surtout de reconnaître leurs rôles d’acteurs actifs et responsables du processus de planification, de gestion et de durabilité du projet urbain. Aussi, il faut aujourd’hui se demander comment mieux les intégrer dans l’élaboration des politiques urbaines pour non seulement les informer, mais aussi les mobiliser. Dans cette optique, l’analyse proposée tente d’apporter un éclaircissement sur des mécanismes qui permettent d’amener la participation des résidents au projet urbain et de contribuer à l’émergence et à la gestion de nouvelles politiques et de nouveaux projets urbains. L’article s’attachera à distinguer les différents niveaux de participation et à mettre en lumière la façon dont cela contribue, ou non, à modifier la manière de penser et de mettre en place les politiques urbaines.
Yon vil pa yon espas vid kote lavi pa fleri, okontrè li se yon espas ki favorize dyougans epi li pwoteje kapital richès kiltirèl yon zòn. Nan kontèks sa a, sitwayen yo se pòt drapo nan fè pwomosyon nouvèl fòs sa yo ki se motè chanjman lavi nan vil yo. Sa fè an sòtke, vil yo se yon espas tansyon ak detant suivan rapò ki genyen ant fòs ki ap alimante mouvman nan zòn lan. Sa fè twò lontan yo fèmen je sou reyalite lavi moun parapò ak tansyon sa yo kant moun ki ap viv nan vil sa yo rete tankou espektatè pwòp chanjman yo kreye ki afekte lavi yo toulejou. Abilite popilasyon vil yo pou yo adapte yo ak chanjman oubyen chanjman yo pwovoke yo menm te vin gen tout enpòtans yo. Nan moman kote kesyon finanse vil parèt frajil tankou ze epi an menm tan, kote modèl Leta bon papa a ap travèse yon gwo kriz. Dyougans moun lavil yo vin parèt tankou chans moman-an. Konsa, mete yo nan mitan politik vil yo se konsidere bezwen ak enterè yo sitou se rekonèt wòl yo tankou aktè vivan ak responsab nan pwosesis planifikasyon, jesyon ak lonjevite pwojè vil yo. Se sa ki fè jodi a nou ap mande tèt nou kijan pou pi byen entegre sitwayen yo nan mete kanpe politik piblik yo, sa ap pèmèt yo tou enfòme epi mobilize yo tou. Sou ang sa a, analiz nou pwopoze la a ap eseye pote limyè sou plizyè machasuiv ki ap pèmèt favorize patisipasyon sitwayen yo nan pwojè vil yo epi potekole nan favorize aparisyon ak mwayen pou jere nouvèl politik ak yon pil nouvo pwojè pou vil yo. Atik sa a ap pèmèt nou distenge divès nivo patisipasyon epi tou li ap pèmèt nou wè kouman sa kontribiye oubyen pa kontribiye, li ap pèmèt tou nou modifye fason pou panse e mete ann aplikasyon politik pou vil yo.
voir l'article |
Écrit parJean-Marie Raymond Noël
Le sous-développement d’Haïti remet en question le modèle de l’État centralisé et centralisateur, contraire au projet de décentralisation de la Constitution de 1987. Comme piliers de ce projet, les collectivités territoriales, bourrées de compétences mais sans ressources proportionnelles. La participation citoyenne semble être un levier intéressant. À titre d’exemple, le Comité d’union et de support aux municipalités (CUSM) assure la vigie citoyenne sur des questions aussi sensibles que la gestion municipale, la planification urbaine, l’intégration sociale, le développement communautaire, l’environnement et le patrimoine. Les mécanismes de ce type méritent d’être encadrés pour réduire l’effet des contraintes, car porteurs de démocratie.
Sou devlopman Ayiti an kreye yon sitiyasyon kote moun ap kesyone model ki mete Leta nan mitan tout koze epi kote Leta limenm nan mitan tout koze nan pwojè desantralizasyon an jan Konstitisyon 1987 la poze li a. Kolektivite teritoryal yo, ki chaje ak konpetans, men ki pa gen resous yo ta dwe genyen an, se poto mitan pwojè sa a. Patisipasyon sitwayen se yon bon mwayen pou fè pwojè sa a mache. Nou kab site kòm ekzanp, Komite inyon ak sipò pou minisipalite yo (CUSM an franse) ki ap siveye tout kesyon ki an rapò ak jesyon minisipal, planifikasyon vil yo, entegrasyon sosyal, devlopman kominotè, anviwonnman epi patrimwàn. Kalite aksyon sa yo fèt pou yo jwenn bon ankadreman pou evite kontrent, paske se yo menm ki ap garanti demokrasi a.
voir l'article |
1649 Notre-Dame-de-Fatima
Laval, Québec
H7G 4V8, Canada
E-mail: contact@grahn-monde.org
Téléphone: 514-691-0637