Écrit par Bénédique Paul
Que ce soit en économie, en physiologie, en physique, en chimie ou en écologie, les réflexions sur l’environnement montrent une primauté de celui-ci sur l’élément constituant, ici l’homme en particulier. Évidemment, l’environnement peut être considéré comme étant partiellement une construction humaine, en plus du capital naturel dont il est constitué. Justement, ce caractère trophique détermine largement sa vulnérabilité.
Kit se nan pèspektiv ekonomi, fizyoloji, fizik, osnon chimi, kit se nan ekoloji, brase lide ki fèt sou anviwonnman an montre enpòtans faktè sa a sou eleman kle a, sou endividi a espesyalman. Li klè anviwonnman an kapab konsidere tankou yon chapant, kote se moun an pati ki mete li sou pye, ansanm avèk eleman lanati ki fòme chapant li. Nan kontèks sa a, se kalite konstitisyon sa a menm ki pral defini vilnerablite li..
Écrit par Alexandra Emmanuel and Yanick Simo
Exposure to lead is well known to have detrimental effects on the environment and human health, including almost every organ and system in the body. In Haiti, although leaded gasoline has been banned since 1998, lead is still present in the environment due to its persistence and bioaccumulative capacities. In addition to lead air emissions, urban groundwater resources are exposed to lead. The Haitian population is exposed to a widespread urban health problem that especially affects children and pregnant women who are more vulnerable. In order to understand environmental lead pollution in Haiti, a literature review in the MEDLINE/PUBMED database was conducted on lead in drinking water from 1997 to 2016. The inclusion criteria included all studies that reported the prevalence of blood lead levels in the general population and studies assessing the risk of exposure to lead in drinking water in different regions of the country. This work gives an overview of exposure to lead in the environment, its impact on the health of the Haitian population and indicates requirements for future policy responses and interventions
Kontak ak plon se bagay moun konnen byen poutèt gwo dega sa fè sou anviwonnman an ak sou sante moun, san konte dega li fè sou preske tout ògàn ak sistèm nan kò moun. Nan peyi Ayiti, menm si yo entèdi gaz ki gen plon depi 1998, plon an toujou kanpe kinalaganach nan anviwonnman an akoz pèsistans li ak kapasite byoakimilasyon li genyen. Anplis, plon an gaye nan lè a (emisyon atmosferik), rezèv dlo anba tè nan vil yo riske kontamine ak plon. Popilasyon ayisyen nan vil yo ap viv ak yon pwoblèm sante an jeneral ki afekte sitou timoun yo ak fanm ansent ki pi fèb (vilnerab) yo. Pou nou konprann polisyon anviwonnman an sou zafè plon nan peyi Ayiti, nou fè yon revi leterati nan baz done MEDLINE / PUBMED sou plon nan dlo potab soti 1997 rive 2016. Kritè yo te rasanble tout etid ki te rapòte depasman limit kantite plon ki menase popilasyon an an jeneral ansanm ak etid ki evalye ris espozisyon plon ki genyen nan dlo potab nan diferan kalite rejyon nan peyi a. Travay sa a bay yon apèsi sou espozisyon ak plon nan anviwonnman an, sou enpak li genyen sou sante popilasyon ayisyen an epi li bay egzijans pou genyen bon jan repons ak bon jan entèvansyon politik pou lavni.
Evens Emmanuel et Carlo Prévil
La qualité et la soustenabilité (ou durabilité) de la vie dans les espaces urbains, plus particulièrement dans les pays en développement (PED), sont affectées par l’interrelation complexe qui existe entre la croissance et le développement économique, la gestion de l’environnement et le bien-être des citoyens. En effet, l’accroissement rapide de la population et l’industrialisation progressive ou moderne entraînent une demande accrue de ressources naturelles. De telles situations ne permettent pas toujours aux pays du Sud de s’organiser pour disposer en milieux urbains d’écosystèmes sains et équilibrés. La nécessité d’adopter des approches coordonnées, pour mieux comprendre les grands problèmes environnementaux et les défis de durabilité auxquels sont confrontées les Villes du Sud, devient de plus en plus urgente.
Relasyon antre soti (entèrelasyon) konplike ki genyen ant kwasans ak devlopman ekonomik, ant jesyon anviwonnman ak byennèt sitwayen yo afekte kalite ak dirablite lavi nan vil yo, plis espesyalman nan peyi an devlopman yo (PAD\PED). Reyèlman vre, ogmantasyon popilasyon an, yo pa kontwole a, mete sou endistriyalizayon ansyen oubyen modèn vil yo pa kite nan men vil peyi PAD yo ankò yon ekosistèm ki ni sen ni ekilibre. Nesesite pou nou adopte metòd ki byen kowòdone pou nou konprann dabò gwo pwoblèm anviwonnman yo ansanm ak pwoblèm dirablite vil peyi PAD yo konfwonte ap vin pi ijan chak jou Bondye mete.
voir l'article |
Voir l'article |
Écrit par Sebastian Weissenberger
Cette contribution vise à offrir quelques réflexions sur l’approche de résilience pour l’adaptation climatique en Haïti et ce qui la rend appropriée dans le contexte haïtien. L’approche de résilience se situe dans le cadre conceptuel des systèmes socioécologiques. En Haïti, autant les sous-systèmes sociaux que les sous-systèmes écologiques contribuent à la vulnérabilité. On note aussi la présence de rétroactions renforçant la vulnérabilité, par exemple celles qui ont cours entre le développement urbain et péri-urbain, la dégradation des coraux et des mangroves, le risque d’inondations, la diminution des revenus de pêche, le développement de l’agriculture dans les terrains pentus et la dégradation des bassins versants. Étant donné que l’approche de résilience met l’accent sur la capacité de réaction et de transformation des systèmes socioécologiques et donc de leurs qualités intrinsèques, elle permet de prendre en compte les risques multiples – climatiques, sismiques, économiques, de sécurité alimentaire – présents en Haïti. Il faut cependant se garder de ne considérer que les risques ponctuels, et aborder aussi les questions de développement et d’occupation du territoire à plus long terme. Là réside aussi une des difficultés de l’action environnementale en Haïti, qui est le plus souvent portée par des ONG et organismes intergouvernementaux, sur la base de programmes limités dans leur étendue et leur durée.
Objektif kontribisyon sa a se pou fè kèk refleksyon sou metòd rezistans (rezilyans) pou adaptasyon klimatik an Ayiti epi sa ki rann li apwopye nan kontèks ayisyen an. Metòd rezilyans la chita nan kad lide sistèm sosyoekolojik yo. Nan peyi Ayiti, menm jan ak sistèm sosyal yo, sistèm ekolojik la kontribye nan feblès la. Nou remake tou prezans retwoaksyon ki ranfòse feblès la, paregzanp retwoaksyon ant devlopman vil la ak zanviwon vil la, degradasyon koray yo, pye manng yo bò lanmè a, ris inondasyon, diminisyon kòb lapèch la, devlopman agrikilti nan tèren an pant yo ak degradasyon basen vèsan yo. Plis pase metòd rezilyans la konsidere kapasite reyaksyon ak transfòmasyon sistèm sosyoekolojik yo epi kapasite natirel yo genyen nan yo menm, li pèmèt yo konsidere tout kalite ris (rismiltip)-ris move tan, ris tranblemanntè (goudou goudou), ris ekonomik ris sekirite alimantè ki chita kò yo nan peyi Ayiti. Sepandan, fò nou pa rete chita sou ris yo lè yo rive sèlman, nou dwe abòde tou kesyon devlopman ak okipasyon tèritwa a pou pi lontan (plilontèm). Se la a difikilte aksyon anviwonnman an chita nan peyi Ayiti, kote se ONG ak òganis entègouvènmantal ki pote dosye a sou yon baz ki limite sou tèritwa epi ki pa dire lontan.
voir l'article |
Écrit par Elmyre Clervil, Ketty Batthazard-Accou et Farah A. Dorval
Haïti est classée parmi les pays les plus vulnérables de la région des Amériques. Parmi les facteurs de vulnérabilité, les catastrophes naturelles et la dégradation de l’environnement ont été classées comme les plus inquiétants. Actuellement, le pays se retrouve à la frontière d’un désastre écologique et d’une faillite économique sans précédent. Il doit pourtant faire face à ces deux problèmes, intimement liés, et qui représentent, entre autres, des dangers pour le bien être des générations actuelles et futures. Le paradigme du développement durable prend tout son sens dans ce contexte et invite les chercheurs et les décideurs à trouver la meilleure formule pour répondre à ce défi. Il s’est avéré que l’évaluation environnementale stratégique (EES) constitue un cadre éprouvé permettant d’intégrer les questions liées aux risques environnementaux dans la planification stratégique durable. À la lumière des effets néfastes de deux catastrophes majeures ayant frappé Haïti le 12 janvier 2010 et le 4 octobre 2016, cet article analyse la pertinence de l’utilisation de l’EES dans la planification stratégique des actions de réduction de la vulnérabilité multirisque d’Haïti face aux catastrophes naturelles
Evalyasyon anviwonnman estratejik (EAE) la tounen yon zouti sou lamen pou planifikasyon politik, pou plan ak pwogram gwo entèvansyon gouvènman yo ak konpayi yo pou yo rive evalye entèraksyon ak entèvansyon sa yo avèk konsiderasyon ekonomik, sosyal ak anvivonnmantal. Plizyè etid an EAE montre enpak planifikasyon sa yo sou devlopman dirab la. Anpil peyi kòmanse fè lwa sou itilizasyon EAE a nan avantaj devlopman politik planifikasyon yo. Ann Ayiti, EAE a poko antre nan pwosesis evalyasyon anviwonnmantal la pou plizyè rezon ki depann de kad gouvènans la, de feblès estrikti yo, de feblès enstitisyon yo menm jan li depann de kad legal la. Atik sa a pwopoze yon analyz sou bezwen pou yo itilize EAE a ann Ayiti, nan planifikasyon estratejik aksyon ki pou ta diminie tout risk vilnerabilite peyi a anfas katastrof natirèl yo.
voir l'article |
Écrit par Neptune Prince, Anne-Laurence Verret, Yolette Jérôme et Anie Bras
La gestion environnementale dans les espaces urbains des pays du Sud est affectée par l’écart existant entre les normes d’urbanisme et l’action des citoyens. La gestion environnementale et le bien-être des citadins dépendent effectivement de la participation des citoyens en vertu des principes établis. Or, la croissance galopante de la population dans les milieux précaires entraîne un déséquilibre entre la capacité de l’État et le pouvoir des citoyens de créer des espaces de vie. Canaan, un quartier précaire de 200 000 habitants au nord de l’aire métropolitaine de Port-au-Prince, semble être un bon exemple pour analyser ce déséquilibre. Notre objectif est de montrer l’impact de la participation des citoyens sur la gestion environnementale dans une interrelation d’acteurs de gouvernance urbaine. À cet effet, les données d’une enquête et d’un groupe de discussion réalisés à Canaan ont été utilisées conjointement avec celles tirées d’observations de terrain.
Eka ki genyen ant nòm ibanis ak aksyon sitwoyen nan peyi an devlopman yo afekte jesyon anviwonnman espas nan vil peyi sa yo. Jesyon ak byenèt sitwayen yo depann vrèman de patisipasyon sitwoyen yo ki dwe chita anviwonnman sou prensip byen etabli. Poutan, popilasyon an ki ap ogmante san gade dèyè nan bidonvil yo vin bay tèt chaje nan ekilib ant kapasite Leta ak pouvwa sitwayen yo genyen pou yo devlope espas pou yo viv. Kanayan (Canaan), yon bidonvil ki gen 200.000 moun ki nan nò kapital Pòtoprens la sanble yon bon egzanp pou nou analize dezekilib sa a. Objektif pa nou se pou nou montre enpak patisipasyon sitwayen yo genyen sou jesyon anviwonnman an nan yon relasyon ale vini ant aktè gouvènans vil yo. Se poutèt sa nou itilize tout rezilta yo ansanm nan kèk akyon gwoup diskisyon ki te reayalize nan Kanayan ansanm ak rezilta ki soti nan obsèvasyon sou teren an.
voir l'article |
Écrit par Ketty Balthazard-Accou, Elmyre Clervil
L’évaluation environnementale stratégique (EES) est devenue un instrument courant pour la planification des politiques, des plans et des programmes d’intervention d’envergure des gouvernements ou des entreprises, afin d’évaluer les interactions de ces interventions avec des considérations économiques, sociales et environnementales. Plusieurs études en EES ont montré les impacts de ces planifications sur le développement durable. De nombreux pays ont commencé à légiférer sur l’utilisation de l’EES au profit du développement de leurs politiques de planification. En Haïti, l’EES n’est pas encore intégrée dans le processus d’évaluation environnementale pour des raisons multiples relevant du cadre de gouvernance, des faiblesses structurelles, institutionnelles autant que du cadre légal. L’objectif de cette étude est de proposer des arguments, résultant d’analyses, sur le besoin d’intégrer l’EES en Haïti, ainsi que de montrer les bénéfices de l’EES pour l’atteinte des objectifs de développement durable.
Evalyasyon anviwonnman estratejik la (EES an franse) vin tounen yon enstriman tout moun itilize pou yo planifye divès aksyon yo ap antreprann nan preparasyon pwogram entèvansyon Leta yo osnon nenpòt antrepriz. Se yon fason pou nou evalye entèraksyon entèvansyon sa yo nan mitan kèk konsiderasyon ekonomik, soyal epi anviwonnmantal. Genyen anpil rechèch ki fèt sou domèn EES, ki demontre tout enpak kalite planifikasyon sa yo genyen sou devlopman dirab. Gen anpil peyi ki kòmanse ap pase lwa sou itilizasyon EES nan avantaj devlopman tout aksyon yo vle antreprann nan planifikasyon yo. Nan peyi Ayiti poko genyen EES ki antre nan pwosesis evalyasyon anviwonnman an akoz divès rezon ki soti nan gouvènans lan, divès feblès estriktirèl, enstitisyonèl epi an menm tan legal. Objektif travay sa a se pwopoze bon agiman, ki soti nan analiz sou nesesite pou nou entegre EES nan peyi Ayiti, epitou pou nou demontre tout benefis ki genyen nan EES jouk nou rive genyen yon devlopman dirab.
voir l'article |
Écrit par Franky Zamor, Edwige Petit et Yvens Chérémond
Port-Salut, cette commune littorale, est située à 25 km de la ville des Cayes. Port-Salut est considéré comme une destination touristique en raison de ses belles plages qui donnent sur la mer des Caraïbes, en particulier la plage Pointe Sable et ses splendides paysages. La montée d’un flux touristique balnéaire, les impacts cycloniques, comme Matthew en octobre 2016, et les impacts des changements climatiques sur l’environnement côtier affectent la qualité des eaux de baignade des plages. Ce n’est pas sans poser de graves problèmes environnementaux, surtout au regard de l’assainissement. L’objectif est de présenter une étude portant sur l’élaboration d’un profil de baignade de la plage Pointe Sable de Port-Salut qui aborde les systèmes d’assainissement, les risques liés à la baignade et le tourisme dans un cadre de protection de l’environnement, en plus de s’interroger sur ces points après les ravages causés par Matthew dans le sud du pays. Selon une réalisée en 2013, l’eau de baignade de la plage est de bonne qualité, classée selon la nouvelle directive européenne de 2006, malgré les conditions précaires de l’assainissement et de la gestion des déchets solides dans la ville et dans ses environs. Les analyses microbiologiques des eaux marines pendant la saison balnéaire 2013 montrent un dépassement de la norme guide observé. Tandis que les résultats en temps de pluie ne montrent pas de dépassement. Pour Escherichia coli, on observe un seul cas de dépassement, et c’est par temps sec. Pour les entérocoques, on observe plus de trois pics de dépassement. La pluviométrie cumulée sur plusieurs jours avant le temps sec, la démographie locale augmentée d’un surplus de touristes et de vacanciers dans les saisons balnéaires restent des éléments d’explication avec une utilisation intensive de l’assainissement et de l’eau en général. Le profil de baignade de la plage Pointe Sable présente des recommandations pour garder et améliorer la qualité des eaux de baignade de la plage et son environnement.
Pòsali, komin sa a ki chita bò lanmè, gen 25 km ki separe li ak vil Okay la. Yo konsidere Pòsali tankou yon zòn touristik akoz bèl plaj li yo ki bay sou lanmè Karayib la, sitou plaj Pwent Sab ak bèl peyizaj li yo. Ogmantasyon kantite touris bò lanmè a, enpak siklòn yo, kòm Matthew ann oktòb 2016 epi chanjman klima yo sou anviwonnman, kesyone nou sou pwen sa yo apre ravaj siklòn Matthew te fè nan sid peyi a. Selon yon etid an 2006, dlo kote yo benyen nan plaj la bon nèt, se konsa, nouvèl direktiv ewopeyen 2006 klase dlo a, malgre move kondisyon ijyèn ak malpwopte ansanm ak jesyon fatra nan vil la ak nan zanviwon an nan analiz mikwobyolojik dlo lanmè ki soti nan kontwol sanitè 2013 la. De faktè mikwobyolojik yo konsidere kòm bon endikatè kontaminasyon matyè fekal se Echerichia coli ak entérocoques ki depase nòm nan. Dapre ezilta yo, lè gen lapli, yo pa depase nòm nan. Pou Echerichia coli nou jwenn yon sèl ka, men se nan tan sèk. Pou antewokòk (entérocoques) yo, nou jwenn plis pase twa depasman apik. Se kantite lapli ki tonbe sou plizyè jou anvan tan sèk la, popilasyon lokal la ogmante ak yon sipli touris ak vakansye pandan sezon lanmè a ki ka esplike sa ansanm avèk yon itilizasyon asenisman ansanm ak dlo an jeneral san rete. Aspè benyad plaj Pwent Sab la bay rekòmandasyon pou nou kenbe epi pou nou amelyore kalite dlo benyad la ansanm ak anviwonnman an.
voir l'article |
1649 Notre-Dame-de-Fatima
Laval, Québec
H7G 4V8, Canada
E-mail: contact@grahn-monde.org
Téléphone: 514-691-0637