Écrit par Samuel Pierre
S’il y a une chose qui surprend en Haïti, c’est la capacité de production littéraire d’expression française, dans un pays où l’alphabétisation demeure un souci et où la maîtrise du français est réservée à une infime élite. Depuis la naissance de l’État haïtien, la littérature haïtienne d’expression française a donné de grands écrivains dont la renommée a dépassé les frontières d’Haïti. Il suffit de penser à Oswald Durand, Etzer Vilaire, Jean F. Brierre, Jean-Price Mars, Anténor Firmin, Jacques Roumain, Jacques Stéphen Alexis et – parmi les vivants – René Dépestre, Frankétienne, Dany Laferrière, Yanick Lahens, Kettly Mars, Lyonel Trouillot, Gary Victor, pour ne citer que ceux-là. Ce sont là des écrivains de grand talent qui figurent, par leurs écrits, parmi les grands noms de la littérature universelle et qui font honneur au pays. L’entrée de Dany Laferrière à l’Académie francaise en constitue un point culminant. La littérature haïtienne d’expression créole connaitra, elle aussi, ses heures de gloire, avec un nombre grandissant d’écrivains qui l’enrichissent en produisant des oeuvres de qualité.
Si gen yon bagay ki kab fè moun sezi an Ayiti, se kapasite nan pwodiksyon literè ki fèt nan lang franse a, nan yon peyi kote alfabetizasyon an toujou rete yon pwoblèm, epi kote se yon ti ponyen moun tou piti nan lelit la ki metrize lang franse a. Depi nan kreyasyon Ayiti , literati peyi a, nan lang franse, te founi anpil gran ekriven. Genyen ladan yo ki te kite mak yo nan peyi etranje. Nou kab nonmen Oswald Durand, Etzer Vilaire, Jean F. Brierre, Jean-Price Mars, Anténor Firmin, Jacques Roumain, Jacques Stéphen Alexis epi - pami sila yo ki ap viv toujou - René Dépestre, Frankétienne, Dany Laferrière, Yannick Lahens, Kettly Mars, Lyonel Trouillot, Gary Victor. Ekriven nou nonmen la yo, ak anpil lòt ankò, se yon bann ekriven ki genyen anpil talan. Gras ak zèv yo, non yo parèt nan literati inivèsèl la epi yo fè onè peyi a. Ak antre Dany Laferrière nan Akademi fransè a, lonè peyi a, sou plan literè, rive nan pi wo degre li. Literati Ayiti nan lang kreyòl la, limenm tou, va genyen moman laglwa pa li avèk prezans pi plis ekriven, ki va fè valè li ak bon jan zèv ki gen nen nan figi yo.
Écrit par Alain Gilles
Le nombre et la vocation des partis politiques occupent une place centrale dans les études sur les systèmes de partis, qui permettent de comprendre la participation politique dans ses dimensions quantitatives et qualitatives : non seulement beaucoup de gens participent, mais des gens de différentes couches sociales le font. Les partis, par leur nombre, sont aussi un indicateur du degré de consensus dans une société, de la capacité des différentes forces à articuler leurs intérêts dans une vision commune capable d’être exprimée dans un parti politique. Dans ce bref article, où nous invitons à étudier les phénomènes politiques en tenant compte des contextes historiques et sociaux dans lesquels ils se développent, nous soutenons que le nombre des partis politiques tend à se multiplier en Haïti en raison de la faible cohésion sociale et de la centralité du politique dans la société haïtienne..
Kantite epi misyon pati politik yo gen yon plas enpòtan nan etid sou lide ki alabaz pati politik yo. Sa pèmèt moun konprann patisipasyon nan politik apati dimansyon kantitatif epi kalitatif yo : nonsèlman gen anpil moun ki patisipe nan politik, men genyen tou, moun ki soti nan divès kouch sosyal yo ki ap patisipe. Kantite pati politik ki genyen yo montre aklè : ki nivo konsansis ki genyen anndan yon sosyete, kapasite divès fòs yo pou yo prezante enterè yo daprè yon vizyon komen ki kab parèt anndan yon pati politik. Nan tèks tou kout sa a, nou envite nou etidye fenomèn politik yo apati kontèks istorik, sosyal, kote yo ap dewoule a; nou kwè kantite pati politik yo ap gen tandans miltipliye an Ayiti, paske manke koyezyon nan sosyete a epi akoz wòl santral politik la genyen nan sosyete Ayiti a.
Écrit par Fritz Dorvilier et Michel Julien
L’État haïtien est né avant la nation haïtienne. C’est dire que la formalisation institutionnelle fut d’emblée priorisée par les pères fondateurs. Depuis lors, on remarque une lutte entre l’État et la nation. D’aucuns pensent que le premier s’est soulevé contre la seconde et l’a même marginalisée. Cette relation conflictuelle, qui a conduit à une situation de révolte permanente, a eu et a encore un effet négatif sur la construction de l’État moderne en Haïti. Elle a souvent impliqué des pouvoirs autoritaires comme celui des Duvalier (1957-1986).
Leta ayisyen an te kreye anvan nasyon ayisyen an. Sa vle di, fondatè yo, an lagan, te bay fòmalizazyon enstitisyon yo priyorite. Depi lè a, nou remake yon chirepit ant Leta a ak nasyon an. Gen moun ki panse se Leta a ki leve kanpe kont nasyon an, epi li pouse li, mete nan yon kwen. Relasyon hinghang sa a, ki mennen nou nan yon sitiyasyon koupe fache toutan, te genyen yon enpak negatif ki rete jouk jodi a nan konstriksyon Leta modèn nan an Ayiti. Souvan, pouvwa diktatè, toukou pouvwa Duvalier yo (1957-1986), enplike nan kalte relasyon gwoponyèt sa a.
voir l'article |
Voir l'article |
Écrit par Eric Sauray
Certains acteurs politiques haïtiens et certains penseurs ont coutume de se plaindre de la difficulté à instaurer la démocratie en Haïti alors que le pays est doté de toutes les institutions nécessaires. Ce constat semble nier le fait que, si la démocratie en Haïti ne peut pas se construire ou se consolider sans les institutions, il ne suffit pas d’avoir des institutions pour avoir la démocratie. Il faut que les acteurs politiques soient à la hauteur des exigences démocratiques qu’ils ont eux-mêmes fixées. Après avoir caractérisé les faiblesses des institutions post-1986, Eric Sauray fait appel à Montesquieu et à Portalis pour montrer qu’il existe des issues à condition que les acteurs politiques, la société civile et les citoyens retrouvent l’esprit des lois.
Genyen kèk aktè sou teren politik Ayiti a epi kèk moun ki ap reflechi ki gen abitid plenyen sou difikilte ki genyen pou tabli demokrasi an Ayiti, poutan peyi a genyen enstitityson esansyèl yo. Kalite konsta sa a sanble bliye, si nou pa kab tabli demokrasi a an Ayiti epi konsolide li, san enstitisyon yo, se pa senpman prezans enstitisyon yo ki kab garanti demokrasi a. Aktè politik yo dwe alawotè ekzijans domokratik yo tabli yomenm yo. Apre Eric Sauray fin demontre feblès enstitisyon ki kreye apre ane1986 yo, li site Montesquieu epi Portalils pou li montre gen mwayen pou nou soti nan sa nou ye a, men aktè politik yo, sosyete sivil la, ak tout moun nan peyi a dwe respekte lespri lwa yo.
voir l'article |
Écrit par Géraldo Saint-Armand
Le mépris et le rejet exprimés à travers le comportement électoral des masses populaires, durant les présidentielles de l’ère post-1986 en Haïti, à l’encontre des hommes ou des femmes de parti trouvent leur point d’appui dans la structuration séculaire du social haïtien basé sur des liens ségrégatifs assignant une bonne partie de la population à la misère et aux privations de toutes sortes. Cet ordre social bipolaire se trouve échafaudé sur des institutions qui entretiennent aisément l’opposition entre l’Etat et la nation ou entre les élites et les masses populaires. Ne s’élevant pas au-dessus de cet ordre social, en vue d’être de véritables vecteurs de participation, les partis politiques haïtiens sont identifiés comme une parmi les pièces nécessaires à faire tourner le moteur de cette apartheid sociale établie entre les élites et les masses. A cet effet, les présidentielles réalisées de 1990 à 2011 sont happées par les masses populaires comme lieu de participation pour produire des comportements de colère et de rejet comme signe de revanche à l’encontre de toute figure symbolisant la représentation de ces partis politiques considérés comme acteur de l’ordre social inégalitaire. Cet état de fait devient alors un terrain fertile pour l’émergence des outsiders.
Pandan kanpay elektoral pou laprezidans lan, nan peryòd apre 1986 la an Ayiti, mepriz ak endiferans mas pèp la pou fanm ak gason ki te nan pati politik yo, jwenn fòs yo nan fòm sosyete ayisyen an genyen depi digdantan an. Se yon sosyete ki chita sou yon kalite divizyon, kote yon bon pòsyon popilasyon an ap viv nan mizè epi nan lakras sou tout fòm. Kalite sosyete de vitès (bipolè) sa a chita sou divès enstititsyon ki ap simen fasilman divizyon ant Leta ak Lanasyon oubyen ant lelit la ak mas pèp la. Kòm pati politik yo, pa rive vize pi wo, pou yo kase kalite sistèm sosyal sa a, epi fasilite yon chanjman sou fòm patisipasyon, yo vin tounen yonn nan pyès esansyèl ki ap fè motè sistèm apateyid sosyal la woule dous nan mitan lelit la ak mas pèp la. Konsa, mas popilè yo sèvi ak divès kanpay prezidansyèl, soti nan ane 1990 pou rive nan ane 2011 lan, kòm espas patisipasyon pou yo montre kòlè yo ak endiferans yo, kòm mwayen pou yo pran vanjans yo sou moun ki reprezante pati politik sa yo, yomenm –nan pèp la- konsidere kòm aktè sistèm sosyal inegal la. Sitiyasyon sa a vin tounen yon teren tou pare pou etranje yo tabli nan peyi a.
voir l'article |
Écrit par Sandra Jean Gilles
Le parlement haïtien propose à l’analyse, une réalité de structuration et de fonctionnement tout à fait passionnante. Cette institution concentre l’ensemble des contradictions majeures qui traversent le processus de transition démocratique en Haïti. Il s’est constitué au cours d’une dynamique institutionnelle faite de tensions, de conflits et de crises tant internes que dans son rapport avec les autres pouvoirs d’Etat. Ainsi, il n’a pas su participer à la modernisation de l’Etat et à la transition démocratique en Haïti.
Yon analiz paleman ayisyen an demontre yon reyalite ki pasyonan nan chapant li ak nan fonksyonnman li. Enstitisyon sila a rasanble tout gwo kontradiksyon ki anndan pwosesis tranzisyon demokratik la an Ayiti. Yo te kreye li nan yon dinamik enstitisyonèl kote ki te gen anpil tansyon, konfli epi kriz nan mitan manm li yo tankou avèk lòt pouvwa Leta yo. Konsa, paleman an pa rive patisipe nan modénizasyon Leta a ak nan tranzisyon demokratik la an Ayiti.
voir l'article |
Écrit par Emerik Céus
Après la chute de la dictature trentenaire des Duvalier en 1986, la Constitution de 1987 ouvrait normativement la voie à une dynamique de décentralisation. L’instabilité politique que le pays a connue depuis l’adoption de cette nouvelle charte fondamentale a empêché la mise en oeuvre et la réussite de la décentralisation. Il faut toutefois dire que cet échec est à mettre surtout sur le compte de la gouvernance locale. L’observation empirique montre effectivement que la gestion des collectivités territoriales haïtiennes, notamment celle de la Section communale assurée par les CASEC et ASEC, manque grandement d’efficacité. Ce dysfonctionnement dérive aussi bien du déficit d’éducation et de connaissance de la législation s'y référant des élus locaux, que de l’isolement administratif et politique de cette collectivité territoriale.
Apre diktati Divalye yo, ki te dire trant an sou pouvwa a, te rache manyòk li an 1986, Konstitisyon 1987 la te louvri lavwa pou yon bon jan desantralizasyon. Dezòd ki te gen nan peyi a, imedyatman apre adopsyon Konstitisyon an, te anpeche Leta aplike bèl prensip nòmatif desantralizasyon an. Nou dwe di tou, echèk sa a soti nan enkonpetans moun ki eli nan divès rejyon yo. Yon obsèvasyon anpirik montre tout bon, jesyon kolektivite teritoryal yo an Ayiti,espesyalman jesyon Seksyon kominal yo ki sou kont CASEC epi ASEC yo manke anpil nan efikasite yo. Move fonksyonnman sa a parèt, paske moun yo pa genyen yon bon konesans ak edikasyon sou lwa ki an rapò ak moun ki eli nan rejyon an. Move fonksyonnman seksyon kominal yo rive tou, paske kolektivite teritoryal la izole sou plan administratif ak sou plan politik.
voir l'article |
Écrit par Bénédique Paul et Charles Charleston
Cet article analyse le cadre institutionnel et légal des collectivités territoriales en Haïti, notamment les décrets de 2006. Il montre qu’en dépit des insuffisances dont ils souffrent, ces derniers pouvaient créer les conditions d’un début de décentralisation tant économique (développement territorial) que politique (apprentissage démocratique). Rapportés au lendemain de leur publication, ces décrets, qui comportaient un certain nombre d’innovations institutionnelles, ont été mis en veilleuse. C’est pourquoi ils témoignent d’un balbutiement, mais aussi pourquoi les collectivités territoriales haïtiennes constituent un analyseur du blocage institutionnel dans le processus démocratique consacré par la Constitution de 1987.
Nan atik sa a, otè analize kad enstitisyonèl epi legal kolektivite teritoryal yo an Ayiti, yon ekzanp, se dekrè 2006 yo. Otè a montre malgre mankman ki genyen nan dekrè 2006 yo , yo te kab kreye kondiyson pou kòmansman yon desantralizasyon ekonomik (devlopmanteritoryal) kou politik (aprantisay demokratik). Jou ki suiv piblikasyon dekrè sa yo, ki te genyen ladan yo anpil inovansyon sou plan enstitisyon, yo te mete yo sou kote. Se pou sa, dekrè sa yo poko janm kab pran pye. Se pou sa tou kolektivite teritoryal yo an Ayiti se yon eleman nan blokaj enstitisyonèl nan pwosesis demokratik ki parèt nan Konstitisyon 1987-la.
voir l'article |
Écrit par François Facchini et Bénédique Paul
Cet article explique par la théorie de l’entrepreneur politique pourquoi l’avènement de la démocratie en Haïti en 1986 n’a pas réussi à améliorer la qualité de la gouvernance de ce pays et les conditions de vie de la population. C’est parce que la principale motivation des élus d’Haïti n’est pas la mise en oeuvre de réformes institutionnelles capables de créer les conditions de la prospérité, mais la captation d’une rente politique, que l’avènement de la démocratie n’a pas eu les effets bénéfiques qu’elle a pu avoir dans d’autres pays. La démocratie en Haïti a créé une vaste classe politique sans faire émerger une classe de politiciens réformateurs porteurs d’une vision de l’intérêt général et des changements institutionnels nécessaires au pays. Elle n’a donc pas accouché d’entrepreneurs politiques dans le sens de l’entrepreneuriat productif pour la collectivité.
Nan atik sa a, otè a esplike, apati teyori antreprenè politik, rezon ki fè rantre demokrasi a an Ayiti, nan ane 1986 la, pa rive amilyore kalite gouvènans lan nan peyi a ansanm ak kondisyon lavi popilasyon an. Rezon, ki fè rantre demokrasi a an Ayiti pa rive genyen menm efè pozitif li abitye genyen nan lòt peyi yo, se paske prensipal motivasyon moun ki sou pouvwa yo an Ayiti, se pa aplikasyon refòm enstitisyonèl yo pou yo pote byennèt moun , men se pito pou yo jwenn avantaj politik. Prezans demokrasi a, an Ayiti, rive kreye yon ekip moun ki ap fè politik, san li pa kreye yon ekip politisyen ki ap fè refòm avèk yon vizyon nan enterè jeneral tout moun epi pou pote chanjman enstititsyonèl ki esansyèl pou peyi a. Rantre demokrasi a sou tè Ayiti pa rive kreye antreprenè politik nan sans yon entreprenarya pwodiktif pou kolektivite a.
voir l'article |
Écrit par Fritz Dorvilier
Le mouvement social contemporain contre la dictature trentenaire duvaliériste ayant débuté à la fin des années 1970 s’est démarqué des multiples mouvements populaires que le pays a connus depuis son indépendance. Il s’est structuré autour d’acteurs appartenant à diverses classes sociales et au sein de plusieurs types d’organisations. Il s’est voulu un espace et un vecteur de réflexion et de pratiques tendant vers le changement de l’ordre social qui marginalise la majorité des citoyens haïtiens. Néanmoins, il s’est heurté à des obstacles d’ordre cognitif, organisationnel et politique. C’est pourquoi, malgré un certain changement politique positif, il n’arrive pas encore à influencer une importante transformation sociale.
Mouvman sosyal nan peryòd kontanporen an, ki te leve kont diktati Divalye yo, ki te dire trantan, te diferan parapò ak divès lòt mouvman popilè ki te fèt nan peyi a depi endepandans li an. Li te òganize avèk moun ki te soti nan divès kouch sosyal epi apati divès kalite òganizasyon. Mouvman sosyal sa a te tankou= yon espas, yon direksyon pou refleksyon pou ajisman nan sans pou chanje sistèm sosyal ki bloke majorite pèp ayisyen an. Men, li te jwenn yon blokay nan nivo koyitif, nan nivo òganizasyon ak nan nivo politik. Se pou sa, kwake gen yon chanjman politik pozitif, li poko rive pwovoke yon chanjman sosyal an pwofondè.
voir l'article |
Écrit par Michel-Ange Hyppolite
Atik sa a montre divès difikilte ki genyen nan lavant liv ki ekri an kreyòl epi sa ki dwe fèt pou ogmante lavant liv sa yo ansanm ak kantite moùn ki ap li yo. Pou esplike sitiyasyon an pi byen, nan atik la, genyen eta pwodiksyon liv literè kreyòl yo te ye soti nan peryòd kolonyal la pou rive nan kòmansman ane 1970 yo. Apresa, anndan atik la, yon moùn ka jwenn kèk aksyon pratik ki demontre divès fason pou ogmante pwodiksyon, lavant epi lektora liv ki ekri nan lang matènèl Ayisyen yo.
Cet article traite des difficultés liées à la vente des livres écrits en créole haïtien et de ce qu'il faut faire pour augmenter leur production, leur vente, ainsi que leur lectorat. Une mise en contexte est faite avec la présentation d'un état des lieux de la production littéraire créole de la période coloniale jusqu'au début des années 1970. Ensuite, des actions concrètes sont proposées pour augmenter la production, la vente et le lectorat des livres produits dans la langue maternelle des Haïtiens.
voir l'article |
1649 Notre-Dame-de-Fatima
Laval, Québec
H7G 4V8, Canada
E-mail: contact@grahn-monde.org
Téléphone: 514-691-0637