Écrit par Bénédique Paul
Le temps passe, et comme les hommes sont généralement oublieux, ils s’en rendent peu compte tant qu’ils ne sont pas rattrapés par les phénomènes silencieux cumulatifs ou réguliers. Dans ce grand tableau, il y a en effet une question d’échelle. Puisque les humains sont tellement relativement petits dans l’univers et que leur existence est si courte, un biais temporel s’installe souvent dans leur perception des changements lents. Ce biais est en général renforcé par la pauvreté qui entraîne la focalisation des préoccupations d’une grande partie des populations du monde sur des moyens d’existence au quotidien. C’est le cas d’Haïti où la vulnérabilité représente la principale composante du risque sismique étudié dans ce numéro d’Haïti Perspectives.
Tan ap pase, men kòm jeneralman, moun bliye fasil, yo pa reyalize sa jiskaske yo vin tonbe fas pou fas ak yon seri evennman ki parèt sou yo sanzatann, youn sou lòt epi ak regilarite. Nan kontèks sa a, gen yon kesyon nivo enpòtans pou nou konprann. Lè nou konsidere jan moun parèt piti nan inivè a, ak jan lavi yo kout, anpil fwa, jan yo pèsevwa chanjman ki fèt tipa tipa yo kapab debalanse. Kondisyon lamizè moun yo vin kore pèsepsyon sa a e se poutèt sa nou vin konsantre preyokipasyon yon bon pati popilasyon nan lemonn lan sou kijan pou li rive viv chak jou. Se sa nou wè an Ayiti, kote kondisyon frajilite yo reprezante eleman prensipal nou jwenn nan danje tranbleman tè n ap egzamine nan nimewo Haïti Perspectives sa a.
voir l'article |
Voir l'article |
Écrit par Eden Lubéris, Florence Labrell et Charles Tardieu
Résumé : En Haïti, la gestion des déchets demeure un problème depuis plus de 30 ans pour les autorités et les populations, entraînant un fort taux d’insalubrité. Pour autant, l’éducation relative à l’environnement (ERE) n’a pas encore été intégrée dans le curriculum haïtien alors que des chefs d’établissements scolaires sont assez favorables à sa mise en place.
Rezime : An Ayiti, jesyon dechè rete yon pwoblèm depi plis pase 30 ane pou otorite yo ak popilasyon yo, sa ki lakòz yon gwo pousantaj salte. Sepandan, edikasyon ki gen rapò ak anviwònman an (ERE) poko enteg
voir l'article |
Écrit par Eden Lubéris, Florence Labrell et Charles Tardieu
Résumé : L’écrit constitue une source d’information, elle nous permet de communiquer, d’accéder aux autres, de découvrir notre soi, notre monde et celui des générations passées. Il nous donne aussi la possibilité de créer quotidiennement et d’assurer notre place dans la prospérité peu importe qu’elle reste individuelle ou collective. Mais comment s’approprier cet écrit et faire partie du titre grandiose de lectrice ou de lecteur où qu’on soit.
Rezime : Ekri se yon sous enfòmasyon, li pèmèt nou kominike, konekte ak lòt moun, dekouvri pwòp tèt nou, monn lan an ak sa ki nan jenerasyon ki sot pase yo. Li ban nou tou opòtinite pou nou kreye chak jou epi sekirize plas nou nan pwosperite a kèlkeswa si li rete endividyèl oswa kolektif. Men, ki jan pou nou apwopriye nou ekri sa yo pou nou ka pran tit mayifik lektè ak lektris la tout kote nou ye.
voir l'article |
Dominique Boisson et Claude Prépetit
Haïti est soumise au risque sismique. Aujourd’hui, c’est là une phrase banale, une évidence pour le citoyen haïtien. Il le sait, après avoir durement vécu la catastrophe du 12 janvier 2010 où tant de personnes ont perdu la vie, où tant de dégâts ont été enregistrés dans un si court laps de temps. L’espace d’un cillement, pour paraphraser Jacques Stephen Alexis. Et pourtant, le risque sismique a toujours existé en Haïti et a été superbement ignoré par les nouvelles générations qui n’ont aucun souvenir des catastrophes du passé.
Ayiti anba menas tranblemanntè. Jodi a, se pawòl sa a ki nan bouch tout moun, se yon verite pou tout sitwayen ayisyen. Ayisyen konnen sa byen, apre li fin pase anba katastwòf 12 janvye 2010 la, kote genyen yon bann ak yon pakèt moun ki pèdi lavi yo, kote yo wè yon bann dega nan yon ti tan tou kout, distans yon batman je, tankou Jacques Stéphen Alexis ta di. Epi poutan, menas tranblemanntè a te toujou ekziste an Ayiti. Men sepandan, jenerasyon moun kounye a yo inyore konplètman menas tranblemantè ki toujou la, epi yo pa genyen okenn souvni katastwòf ki te pase yo.
voir l'article |
Voir l'article |
Écrit par Eric Calais
Résumé : Il s’agit ici de décrire, de façon nécessairement partielle et partiale, la recherche en géosciences en Haïti avant, pendant, et après le tremblement de terre dévastateur du 12 janvier 2010, avec évidemment une attention particulière portée aux séismes. L’histoire montre que la menace sismique en Haïti était scientifiquement établie dès le début du 20e siècle. Les Grandes Antilles furent même un des laboratoires naturels qui contribuèrent à l’émergence et à la concrétisation de la théorie de la tectonique des plaques – le moteur des séismes – dans les années 1970-1980. Cela fut accompagné d’une période de cartographie géologique intense, qui permit notamment de construire la carte géologique du pays à l’échelle du 1/250 000e , finalisée en 1984. Conformément aux pratiques de l’époque, cet effort ne porta pas d’attention particulière à l’histoire géologique la plus récente, celle qui a sculpté les paysages actuels, déterminé le niveau des océans et conduit certaines failles tectoniques à accumuler l’énergie élastique qu’elles libèrent parfois sous la forme de séismes majeurs. Les géosciences haïtiennes en restent là, à peu de choses près, pendant les années 1986-2010 surtout marquées par des difficultés politiques et économiques chroniques. Le 12 janvier 2010 marque un changement de tempo dans la recherche en géosciences en Haïti, en sismologie bien sûr, mais aussi dans d’autres domaines des géosciences, car le pays gagne soudain en visibilité sur la carte mondiale des lieux de recherche pertinents dans ces domaines. La communauté universitaire haïtienne, qui avait prêté peu d’attention à la chose sismique avant 2010, a su rebondir pour s’approprier de nouvelles compétences et commencer à développer des actions de recherche nouvelles en sismologie et plus généralement en « sciences de la planète ». Beaucoup reste à faire, mais rien ne se fera sans une recherche et une formation de haut niveau, en Haïti, dans ces champs scientifiques essentiels au développement durable de nos sociétés.
Rezime : Atik sa a se yon deskripsyon, nan yon fason nesesèman pasyèl ak pasyal, rechèch nan jeosyans nan peyi Ayiti anvan, pandan, ak apre tranbleman tè 12 janvye 2010 lan, ak evidamman yon atansyon patikilye sou tranblemanntè a. Istwa montre, menas tranbleman tè nan peyi Ayiti te etabli syantifikman depi kòmansman 20yèm syèk la. Gwo Zantiy yo te menm youn nan laboratwa natirèl yo ki te kontribiye nan aparisyon ak reyalizasyon teyori plak tektonik - ki se motè tranblemanntè yo - nan ane 1970-1980 yo. Sa te akonpaye ak yon peryòd entans pou katografi jeyolojik, ki te rann posib konstriksyon kat jeyolojik peyi a nan yon echèl 1:250,000, ki te fini nan 1984. Annakò ak pratik ki nan moman sa a, zefò sa a pa te mete yon atansyon patikilye sou istwa jewolojik ki pi resan, sa ki desine peyizaj jodi yo, detèmine nivo oseyan yo epi ki pouse sèten defo tektonik akimile enèji elastik ki lage pafwa sou fòm gwo tranblemanntè. Jeosyans ayisyen an rete la, plis oswa mwens, pandan ane yo 1986-2010 espesyalman nan mitan difikilte politik ak ekonomik kwonik. Jounen 12 janvye 2010 la make yon chanjman tenmpo nan rechèch jeosyans nan peyi Ayiti, nan sismoloji sèten, men tou, nan lòt domèn nan jeyansyans lan, paske peyi a toudenkou vin yon zòn rechèch enpòtan sou kat monn lan nan domèn sa a. Kominote inivèsitè ayisyen an ki te pòte atansyon tou piti sou bagay sismik la anvan 2010, vin rebondi pou li pran nouvo konpetans epi kòmanse devlope nouvo aksyon rechèch nan sismoloji, pi jeneralman nan "syans latè". Anpil bagay dwe fèt toujou, men pa gen anyen ki pral fèt san rechèch ak fòmasyon wo nivo nan peyi Ayiti nan domèn syantifik sa yo, ki esansyèl nan devlopman dirab sosyete nou yo.
voir l'article |
Écrit par Claude Prépetit
Résumé : Beaucoup d’Haïtiens ont encore en mémoire la catastrophe du mardi 12 janvier 2010 causée par un séisme de magnitude 7 en Haïti. Tous les experts en la matière s’accordent sur le fait que le bilan funeste de ce séisme est principalement lié, d’une part, au mode de construction et d’aménagement urbain, et, d’autre part, à la méconnaissance du phénomène sismique par la population. Au vu de ce constat douloureux, les survivants du drame ont été unanimes à penser, au lendemain du 12 janvier 2010, qu’Haïti avait beaucoup de leçons à tirer de la catastrophe et que des dispositions célères doivent être prises pour que, entre autres, la reconstruction des régions affectées et la construction de tous nouveaux bâtiments soient conformes aux normes généralement admises en la matière. Et pour tenter de réduire les conséquences économiques, sociales et environnementales d’un développement imprudent de la société, l’État haïtien a entrepris, entre 2010 et 2020, un certain nombre d’études et d’actions qui, malgré tout, se sont révélées insuffisantes, comme en témoigne la secousse modérée du 6 octobre 2018 au large de Port-de-Paix. Sans une appropriation de toutes ces avancées positives par la population et les décideurs nationaux et locaux on n’arrivera pas de si tôt à atteindre les objectifs fondamentaux de la prévention qui s’inscrivent dans la logique du développement durable, contrairement aux mesures de réparation post-crise.
Rezime : Anpil Ayisyen toujou sonje yon Madi 12 janvye 2010 dezas ki te koze yon tranbleman avèk mayitid 8 nan peyi Ayiti. Tout ekspè nan domèn lan dakò pou di rezilta fatal sa a te sitou lye, sou yon bò, avèk metòd konstriksyon ak planifikasyon ibèn lan, epi sou lòt bò, avèk inyorans popilasyon an sou fenomèn sismik la. Nan sans Devan obsèvasyon penib sa a, tou swit apre jounen 12 janvye 2010 la, tout moun ki sove anba dram tout moun ki pa mouri yo kwè ke Ayiti te gen anpil leson pou li te aprann avèk katastwòf la epi gen aksyon rapid ki dwe fèt pou rekonstriksyon rejyon ki afekte yo ak konstriksyon tout bilding nouvo yo daprè nòm estanda pou domèn lan. Epi pou eseye diminye konsekans ekonomik, sosyal ak anviwònmantal yon devlopman san prekosyon nan sosyete a, Leta ayisyen an te fè, ant 2010 ak 2020, yon seri etid ak yon seri aksyon ki, malgre tout bagay, pa te kont, si nou wè chòk 6 oktòb 2018 la nan Pòdepè. San yon bon jan apwopriyasyon pwogrè sa yo nan popilasyon an ak desidè nasyonal ak lokal yo, nou poko pre pou nou reyalize objektif fondamantal prevansyon yo ki se nan lojik nan devlopman dirab, kontrèman ak mezi reparasyon pòs-kriz.
voir l'article |
Écrit par Bétonus pierre
Résumé : À la suite du séisme du 12 janvier 2010, le gouvernement haïtien a adopté une feuille de route sismique (FRS) pour une meilleure prise en compte de l’aléa sismique auquel Haïti est exposée. La FRS prévoyait un ensemble de neuf objectifs à atteindre pour une meilleure gestion de ce risque. Cet article présente ces composantes et objectifs puis passe en revue les divers efforts de mise en œuvre en collaboration avec les partenaires
Rezime : Apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la, gouvènman ayisyen an te adopte yon fèy wout sismik (FRS) pou pi bon prizanchaj danje sismik Ayiti ap viv. Fèy wout sa a bay yon seri nèf (9) objektif ki dwe reyalize pou yon pi bon jesyon risk sa a. Atik sa a prezante konpozant ak objektif yo epi revize tout zefò mizannèv la an kolaborasyon avèk patnè yo
voir l'article |
Écrit parJean-Luc Berenguer, Guy Etienne et Julien Balestra
Résumé : Une des missions de l’école est de permettre aux élèves de mieux appréhender les sciences autrefois confinées dans les laboratoires scientifiques. Depuis une vingtaine d’années, un programme de sismologie éducative a été mis sur pied en France métropolitaine puis dans les Caraïbes. Le point innovant de ce programme est de permettre à des élèves d’installer un sismomètre à vocation éducative dans leur école. Avec le séisme du 12 janvier 2010 à Port-au-Prince, ce programme éducatif s’est intensifié auprès des écoles haïtiennes et notamment au collège Catts Pressoir (http://sismo.gpetech.net). Une nouvelle génération d’élèves et d’enseignants s’approprie aujourd’hui cette approche d’éducation au risque sismique au sein d’un même projet coopératif présent dans plusieurs écoles sur le territoire haïtien.
Rezime : Yonn nan misyon lekòl la se pèmèt elèv yo byen konprann lasyans ki anvan sa, te fèmen anndan laboratwa syantifik yo. Depi yon ven ane, yon pwogram sismoloji edikatif te mete kanpe sou tè prensipal Lafrans ak nan Karayib la. Pwen inovatè nan pwogram sa a se pèmèt elèv yo enstale yon sismomèt edikasyonèl nan lekòl yo. Avèk tranbleman tè 12 janvye 2010 la nan Pòtoprens, pwogram edikasyon sa a entansifye nan lekòl ayisyen yo, an patikilye nan kolèj Catts Pressoir (http://sismo.gpetech.net). Yon nouvo jenerasyon elèv ak pwofesè ap pran posesyon apwòch edikasyon risk sismik sa a nan yon sèl pwojè koperativ ki anndan plizyè lekòl an Ayiti.
voir l'article |
1649 Notre-Dame-de-Fatima
Laval, Québec
H7G 4V8, Canada
E-mail: contact@grahn-monde.org
Téléphone: 514-691-0637