Écrit par Samuel Pierre
Au mois de juin 2013, lors d’une réunion de mise en place de l’Institut des sciences, des technologies et des études avancées d’Haïti (ISTEAH) tenue à Port-au-Prince, le Groupe de réflexion et d’action pour une Haïti nouvelle (GRAHN) avait annoncé l’initiative d’une Académie haïtienne des sciences (AHS). Une page Web avait alors été créée sur le site Internet de l’ISTEAH1 pour entretenir cette idée, en attendant de pouvoir la concrétiser. Il s’agissait pour le GRAHN de contribuer à doter le pays d’un instrument de promotion de la science dont il a grandement besoin pour son développement.
Nan mwa jen 2013, pandan yon reyinyon, nan Pòtoprens pou mete sou pye Enstiti syans, teknoloji ak etid avanse Ayiti a (ISTEAH), Gwoup refleksyon ak aksyon pou yon Ayiti tou nèf (GRAHN) te anonse lide pou yo kreye yon Akademi Ayisyen pou lasyans (AHS). Yo te kreye yon paj Web sou sit ISTEAH1 a pou bay lide a jarèt anvan yo rive reyalize li. Se te yon okazyon pou GRAHN ede nan tabli anndan peyi a yon enstriman pou fè pwomosyon lasyans. Yon zouti peyi a bezwen tout bon pou devlopman li.
Écrit par Nancy Roc
Alors qu’Haïti est proche d’une extinction de masse de sa biodiversité, avec seulement 1 % restant de ses forêts primaires, des scientifiques américains explorant le reste des forêts vierges du pays ont non seulement trouvé une abondance de grenouilles, mais également six espèces qu’ils croyaient disparues depuis près de deux décennies. Le 9 décembre dernier, la Société Audubon Haïti (SAH) a présenté une faune haïtienne encore inconnue du public à travers la projection du documentaire environnemental Extinction en cours, au Karibe Convention Center. Découverte d’une grande aventure qui a duré quatre ans et a donné un film classé au cinquième rang parmi 200 films du genre dans le monde en 2014.
Pandan Ayiti ap mache drèt nan direksyon disparisyon yon bon pati nan byodivèsite li, kant genyen 1 % ki rete nan forè primè li yo, kèk syantifik ameriken ki ap ekzamine rès forè vyèj ki gen nan peyi a, te jwenn, nonsèlman yon pakèt krapo, men yo te jwenn tou, sis espès diferan, yo te konprann ki te disparèt depi plizyè dizèn ane. Nan dat 9 desanm ki sot pase a, « Fondation Audubon Haïti (SAH) » te montre piblik la yon « fón » ayisyen, li poko konnen apati pwojeksyon yon dokimantè sou anviwonnman ki rele : « Extinction en cours », nan Karibe Convention Center. Se aboutisman yon bèl avanti ki te dire kat ane, epi ki pwodui yon fim yo klase an 5èm pozisyon pami 200 fim menm jan ak li nan lemonn, nan ane 2014.
Écrit par Jennie-Laure Sully
Le lien entre diversité des savoirs et préservation de la biodiversité mondiale est reconnu internationalement depuis le Sommet de la terre de 1992. Dans différents pays, les connaissances des peuples ayant un mode de vie traditionnel ont été utilisées de concert avec les connaissances académiques et scientifiques pour bâtir une modernité inclusive. L’intérêt pour les savoirs locaux haïtiens s’est manifesté notamment en novembre 2015 à travers une publication de l’Université d’État d’Haïti. Dans cet article, des initiatives réussies d’intégration de la diversité des savoirs en cours dans des pays du Nord et du Sud sont présentées afin de dégager des pistes d’action en la matière pour Haïti.
Depi nan Rankont « Sommet de la terre 1992 », tout moun konnen Lyen ki genyen ant divès branch lakonesans yo epi prezèvasyon byodivèsite mondyal la. Nan anpil peyi diferan, divès konesans pèp, ki genyen vivasyon tradisyonèl, te mache kòt-a-kòt avèk konesans akademik epi syantifik pou fonde yon modènite san baryè. Nan mwa novanm 2015, te gen yon enterè pou savwa natif-natal anndan Ayiti. Sa te parèt nan piblikasyon yon dokiman ki te soti nan « Université d’État d’Haïti ». Nan atik la, te genyen ekzanp inisyativ entegrasyon divès branch konesans nan peyi nan Nò ak nan peyi nan Sid yo, ki te mache byen. Sa kab ede nou jwenn fason pou nou aji nan domèn sa a anndan Ayiti.
voir l'article |
Écrit par Pierre Minn et Ary Régis
Ce numéro d’ tifiques et les savoirs traditionnels en Haïti. Le lecteur y Haïti Perspectives porte sur les savoirs scientrouvera des articles sur divers sujets où les savoirs, les connaissances, les preuves et les vérités sont au cœur des préoccupations des auteurs. En tant que chercheurs en sciences sociales, nous aimerions ouvrir le numéro en remettant en question cette division entre science et tradition. Nous savons, d’après les travaux des historiens Éric Hobsbawm et Terence Ranger, que le concept de la « tradition » est une « invention » des 18e et 19e siècles, faisant partie de projets de construction d’États-nations. On peut se poser la question à savoir pourquoi on considère que le chapeau de paille et le djakout du paysan haïtien comme des objets « traditionnels », mais pas sa cuillère en métal.
Nimewo Haïti Perspectives sa a fèt sou savwa syantifik ak savwa tradisyonèl an Ayiti. Lektè a ap jwenn atik sou yon varyete sijè, ki an rapò ak savwa epi konesans, kote sa ki enterese otè yo se divès kalite savwa, konesans, prèv epi laverite. Kòm chèchè nan domèn syans sosyal, nou ta renmen kòmanse nimewo sa a avèk yon diskisyon sou diferans ki genyen ant syans ak tradisyon. Nou konnen daprè travay istoryen kou Eric Hobsbawm ak Terence Ranger, konsèp « tradisyon » an se yon « envansyon » ki soti nan 18yèm ak 19yèm syèk, apati pwojè kreyasyon Leta-nasyon yo. Yon moun kab poze tèt li kesyon sa a : « Pouki sa yo konsidere chapo pay epi dyakout peyizan ayisyen an tankou objè tradisyonèl, men yo pa panse menm jan an pou kiyè an metal li ap itilize a. »
voir l'article |
Voir l'article |
Écrit par Jean Baptiste Mario Samedy
Notre unité d’analyse est la problématique des rapports complexes entre les modes de connaissance traditionnels (religion animiste, religion monothéiste, théologie, philosophie, lettres, droit et savoir-faire agropastoral), scientifiques (génie, agronomie, médecines expérimentale, préventive et curative, architecture, biologie, biochimie, économie, sociologie, politique, etc.) et le développement socio-économique d’Haïti. Notre recherche qui débouche sur la proposition concrète d’une stratégie de développement socio-économique d’Haïti se déploie dans trois registres. Le premier registre est d’ordre épistémologique : il s’agit de conceptualiser ces deux types de modes de connaissance pour tester historiquement leur puissance effective de développement socio économique. Le deuxième registre est d’ordre politique : il est question d’examiner de manière critique la gestion des affaires de certains gouvernements haïtiens de 1804 à 2011, à partir de documents officiels. Le troisième registre est d’ordre stratégique : il s’agit alors de proposer des mesures concrètes de développement socio-économique, à partir des expériences « revisitées » de sociétés comme la France, le Brésil, l’Argentine et l’Algérie. Dans cette optique, nous examinons l’état de nos ressources naturelles, le degré technique des exploitations agricoles, le niveau de modernisation de nos industries, les réseaux ruraux et urbains de commercialisation, la rente foncière, la « qualité » pédagogique et scientifique de nos universités, la vulgarisation des connaissances scientifiques et techniques, les technologies appropriées au développement socio-économique, la balance commerciale, les infrastructures routières, notre niveau de dépendance technologique, commerciale et alimentaire de certains pays, etc.
Inite analiz nou an, se defi divès rapò konplèks ki genyen ant mòd konesans tradisyonèl yo ( relijyon animis, relijon monoteyis, teyoloji, filozofi, lèt, lalwa epi konpetans agwopastoral), syantifik( jeni, agwonomi, lamedsin eksperimantal, prevantif epi ki ap swaye moun, achitekti, byoloji, byochimi, ekonomi, sosyoloji, politik, elatriye..) epi devlopman sosyo-ekonomik peyi Ayiti. Rechèch nou an, ki louvri sou pwopozisyon pratik pou yon estrateji devlopman sosyo-ekonomik peyi Ayiti, ap pran twa oryantasyon. Premye a, se yon oryantasyon epistemolojik : se konseptyalizasyon de (2) kalite modèl savwa pou nou rive teste istorikman vrè fòs yo nan yon devlopman sosyo-ekonomik. Dezyèm oryantasyon an, se yon oryantasyon politik, kote pou nou ekzamine kèk dokiman ofisyèl, daprè yon apwòch kritik, ki ap pèmèt nou wè nan ki fason kèk gouvènman ayisyen, soti 1804 rive 2011, te jere peyi a. Twazyèm oryantasyon an, se yon oryantasyon estratejik, kote pou nou pwopoze mwayen pratik pou yon devlopman sosyo-ekonomik apati adaptasyon eksperyans ki deja fèt nan peyi kou Lafrans, Brezil, Ajantin, Aljeri. Se yon fason pou nou analize eta resous natirèl nou yo, nivo teknik eksplwatasyon agrikòl nou yo, nivo modènizasyon endistri nou yo, rezo komèsyalizasyon andeyò epi nan vil nou yo, rantre lajan apati byen imobilye, bon fonksyonnman inivèsite nou yo sou plan pedagojik, syantifik epi teknik, difizyon lakonesans sou plan syantifik epi teknik, difizyon konesans teknik ki esansyèl pou devlopman sosyo-ekonimik, balans komèsyal, chapant wout nou yo, ajoute sou sa, nivo depandans teknolojik, komèsyal epi alimantè nou parapò ak kèk peyi, elatriye.
voir l'article |
Écrit par Jean Judson Joseph
Cette recherche sur les pratiques médicales en Haïti montre la place privilégiée de la médecine traditionnelle dans l’imaginaire social haïtien. Cette thématique a été retenue comme travail pratique dans le cadre du cours d’anthropologie médicale donné en première année à la Faculté des sciences infirmières de l’Université Notre-Dame d’Haïti. Les étudiants ont recueilli les informations dans quatre communes du département du Sud-Est en mai 2015. Nous avons complété cette recherche empirique par des entretiens semi-structurés et des observations participantes dans plusieurs péristyles et des scènes de guérison des groupes religieux (armée céleste et autres). La conclusion et la principale recommandation faite se veulent une réflexion dynamique sur une intégration systématique et contrôlée des deux pratiques médicales en Haïti. Aussi pensons-nous que cette réflexion pourrait aider à renforcer le cours d’anthropologie médicale enseigné dans certaines facultés en Haïti et, du même coup, servir de base dans une perspective de réforme du système sanitaire en Haïti.
Rechèch sa a, ki sou pratik lamedsin an Ayiti, montre plas respektab medsin tradisyonèl la nan imajinè sosyal pèp ayisyen an. Yo te chwazi tèm sa a kòm travay pratik nan kad yon kou antwopoloji medikal yo bay nan premye ane Fakilte syans enfimyè nan « Université Notre-Dame d’Haïti ». Etidyan yo te ranmase enfòmasyon nan kat komin nan depatman Sid-Ès la nan mwa me 2015. Nou te fè rechèch anpirik sa a apati chita-tande semi-estriktire epi obèvasyon nan patisipasyon anba plizyè peristil ak nan aktivite gerizon kèk gwoup relijye (lame selès epi kèk lòt). Konklizyon an epi prensipal rekòmandasyon ki soti nan rankont sa yo, kapab pase tankou refleksyon dinamik sou pratik medikal yo an Ayiti nan entegrasyon yo sistematikman epi yon fason byen kontwòle nan domèn medikal yo. Konsa, nou kwè, refleksyon sa a ka ede ranfòse kou antwopoloji medikal yo anseye nan kèk fakilte an Ayiti, epi yo kab sèvi an menm tan kòm baz nan yon pèspektiv refòm sistèm sanitè a an Ayiti.
voir l'article |
Écrit par Pierre Minn
Le développement des capacités en recherche est au cœur de nombreux programmes de formation en santé mondiale. Alors que les anthropologues médicaux ont mené des recherches qualitatives dans des milieux à faible ressources depuis des décennies, ils sont de plus en plus sollicités pour former des chercheurs, des cliniciens et des étudiants « locaux » en méthodes qualitatives. Cet article décrit de telles formations à l’intention de personnel médical haïtien. Ces formations permettent aux participants d’identifier, de mieux comprendre et de relever les défis reliés aux services de santé, à la qualité des soins et aux relations avec les patients. Par contre, elles risquent également de renforcer un héritage colonial d’objectification et perpétuer des hiérarchies dans les systèmes de pensée et dans la production des savoirs. La prolifération de ce type de formation nous offre la possibilité de réfléchir sur de nouvelles formes d’interventions transnationales qui ont comme objectif de réduire les inégalités en santé.
Devlopman kapasite pou fè rechèch se nannan anpil pwogram fòmasyon nan domèn lasante sou plan mondyal. Pandan antwopològ medikal yo ap fè rechèch kalitatif nan zòn ki pa genyen anpil resous depi plizyè dizèn ane, yo plis ap mande yo konkou yo pou yo fòme chèchè, moun ki ap travay nan klinik, ak etidyan nan zòn kote yo ye a nan metòd kalitatif. Atik sa a, dekri kalite metòd fòmasyon sa yo pou pèsonèl medikal Ayiti a. Fòmasyon sa yo pèmèt moun ki patisipe ladan yo idantiifye, konprann pi byen, epi leve defi ki an rapò ak sèvis lasante, kalite swen yo, epi relasyon avèk pasyan yo. Sepandan, sitiyasyon sa a gen posiblite ranfòse yon eritay kolonyal epi kontinye mete yon yerachi nan lapanse ak nan pwodiksyon konesans yo. Prezans kalite fòmasyon sa a ban nou posibilite pou nou reflechi sou nouvote nan fòm entèvansyon transnasyonal yo ak objektif pou nou redui inegalite yo nan domèn lasante.
voir l'article |
Écrit par Pierre Minn
Pierre Minn : En tant que chercheur, quelles sont, d’après vous, les plus grandes contributions du savoir scientifique ?
William Pape : Le savoir scientifique est le moteur du développement. On ne peut pas développer un pays sans faire de la recherche et sans appliquer cette recherche dans le contexte du pays. Cet apport est essentiel.
voir l'article |
Un entretien avec Rachel Beauvoir Dominique
Écrit par Ary Régis
Max Gesner Beauvoir était le premier Ati national, le premier chef suprême du vodou haïtien organisé et en processus de modernisation. Il était très curieux, avec un sens de l'humour très poussé et un esprit ouvert doublé d'un esprit critique. Modeste, prêt à apprendre même du plus petit et à partager son savoir avec tous ceux qui venaient à lui. Il a su marier cette soif d'apprendre avec la rigueur scientifique et était capable de voir les phénomènes à partir de différentes approches. En lui, co-existaient le scientifique qui, dans son laboratoire à Montrouis, a pu découvrir une méthode permettant d'extraire l'hécogénin du jus de sisal, base des médicaments appelés les «corticosteroïdes» et le houngan qui a construit un savoir sur le potentiel des plantes médicinales à partir de l'expérience de la vie et de l'héritage vodou de la famille. Celui qui a organisé le vodou haïtien, lui a restitué sa place dans la société haitienne, qui l'a scruté à travers ses recherches et l'a défendu ici et ailleurs; cet homme, c'est Max Gesner Beauvoir, un mélange de scientifique et de houngan, qui « a traversé » récemment à l’âge de 79 ans. Il nous est présenté à travers le prisme de l’anthropologue Rachel Beauvoir Dominique, sa fille, qui a reçu Haïti Perspectives dans la propriété familiale de Mariani.
Max Gesner Beauvoir te premye Ati nasyonal Ayiti, premye chèf siprèm vodoun ayisyen òganize a, epi ki nan pwosesis modènizasyon li. Max se yon moun ki te gen yon lespri fouyapòt. Se te yon blagè, ak yon lespri laj, makònen ak yon lespri kritik. Ati Max Beauvoir te yon moun senp, ki te toujou pare pou li aprann nan
men mounn ki pi piti pase li, men li te toujou pare pou li pataje konesans li ak tout moun ki te abòde li. Li te rive konekte anvi aprann li an avèk lojik syantifik la, epi li te rive analize divès fenomèn ki parèt devan li apati plizyè apwòch diferan. Max Beauvoir, se te konbinezon yon syantifik epi yon houngan. Se syantifik la, ki te rive dekouvri yon fòmil ki te pèmèt li retire, nan ji fèy pit, baz medikaman yo rele kòtizo-esteroyid yo. Se houngan an, ki te bati yon chan konesans sou potansyèl plant medikal yo apati eksperyans li nan lavi epi eritay vodou a ki soti nan fanmi li. Houngan Beauvoir, se moun ki te òganize vodou a pou li te kab jwenn plas li nan sosyete Ayiti a. Ati Max Beauvoir te sèvi ak rechèch li yo pou li te bay vodou a yon baz solid epi pou li te defann li nan peyi a kou aletranje. Gason solid, ki te rele Max Gesner Beauvoir la, se te yon melanj, houngan epi syantifik. Pa gen lontan, li te genyen 79-an. Se antwopològ Rachel Beauvoir Dominique, pitit fi li, ki te pale sou li ak Haïti Perspectives, nan divès dimansyon li, kòm Ati, anndan kay fanmi an nan Maryani.
voir l'article |
1649 Notre-Dame-de-Fatima
Laval, Québec
H7G 4V8, Canada
E-mail: contact@grahn-monde.org
Téléphone: 514-691-0637