Écrit par Samuel Pierre
La société haïtienne est bien connue pour être l’une des plus inégalitaires du monde. Cette piètre performance se manifeste dans toutes les sphères de l’activité économique, sociale et politique. Elle se manifeste également dans l’accès des femmes aux instances de pouvoir, et encore plus à la poursuite de carrières scientifiques. Même si ce phénomène est aussi observé dans des sociétés plus développées comme celles des États-Unis ou du Canada, où la proportion des femmes en mathématiques, en sciences et en génie est moins élevée que dans les autres disciplines, il revêt une importance capitale en Haïti, où il est difficile de gagner sa vie dans des métiers traditionnellement réservés aux femmes. Il faut donc tout faire pour offrir des perspectives aux femmes, en évitant de les enfermer dans des ghettos professionnels au sein desquels la mobilité sociale n’existe presque plus et – pire encore – où l’espoir de vaincre la pauvreté à l’échelle d’une vie est très mince. C’est donc un passage obligé si on veut réduire les inégalités sociales dont les femmes demeurent les principales victimes.
Tout moun konnen sosyete Ayiti a kòm yonn nan sosyete, kote ki genyen pi plis inegalite sou latè. Rezilta medyòk sa a parèt toutpatou nan aktivite ekonomik, sosyal epi politik. Se menm rezilta mizerab la ki parèt nan espas desizyonèl yo, epi pi plis toujou lè fanm yo bezwen rapousuiv yon karyè nan domèn syantifik yo. Menm si pwoblèm sa a parèt nan tout sosyete ki pi rich pase Ayiti, tankou Etazini ak Kanada, kote kantite fanm ki nan domèn matematik, lasyans epi jeni pi piti pase nan lòt branch pwofesyonèl yo ; nan ka Ayiti a, sa pi grav toujou, paske li difisil pou yon moun viv apati pwofesyon, ki se metye, fanm yo sèlman pratike. Nou dwe fè tout sa nou kapab pou nou bay fanm yo ouvèti sou lavni, yon fason pou nou pa fèmen yo nan yon geto pwofesyonèl, kote yo pa genyen okenn chans pou yo monte nan tout nivo nechèl sosyal yo ki pa prèske ekziste epi – pi plis toujou- kote lespwa pou yon moun kraze baryè povrete a pandan lavi yo piti anpil. Kidonk, nou dwe prepare yon pi bèl avni pou fanm yo, si nou vle diminye inegalite sosyal yo, kote se yomenm, ki se vrè viktim yo.
Écrit par Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukouwouj)
Résumé : Cet article débute par une remarque générale sur l’importance que devrait avoir la langue créole dans le domaine de l’enseignement en Haïti. On y trouve aussi une mise en garde addressée aux parents et aux enseignants ; lesquels sont portés à traiter les filles différemment des garçons à la maison et dans les salles de classe. L’auteur de l’article a insisté sur la façon dont les sciences pourraient être enseignées dans le pays. Il propose aussi des modifications qui pourraient être faites par le Ministère de l’éducation dans le programme d’enseignement de cette discipline vitale pour le développement du pays.
Rezime : Atik sa a louvri ak yon remak jeneral sou enpòtans lang kreyòl la nan ansèyman anndan Ayiti. Li genyen tou yon pingga pou fanmi ki genyen pitit fi ansanm ak pwofesè lekòl ki kab genyen yon tandans trete elèv gason yo yon fason diferan parapò ak elèv fi yo nan sal klas yo. Apresa, otè atik la tabli an pwofondè sou fason pwofesè yo ta dwe anseye lasyans nan peyi a ansanm ak sou modifikasyon Ministè edikasyon nasyonal dwe fè nan kourikoulòm ki ap sèvi pou ansèyman lasyans, yon matyè ki esansyèl nan devlopman peyi a.
Écrit par Samuel Pierre
Lè mwen sot fè yon vwayaj ann Ayiti nan kòmansman mwa Out pase a, mwen te kapab mezire nivo degradasyon kondisyon politik, sosyal ak ekonomik nan peyi a, sitou apre evènman 6 ak 7 jiyè 2018 la ki sanble siprann anpil moun, akoz vyolans ak nivo dega evènman sa yo charye ak yo, men ki parèt pou anpil lòt yon revèy brital devan yon sitiyasyon deplorab pi plis sitwayen peyi a ap viv chak jou. Anpil pawòl di, anpil koze ekri sou sitiyasyon ki pa kite endiferan okenn sitwayen, okenn obsèvatè, kit li ayisyen kit li etranje. Li pa nesesè pou n’ pèdi tan dekri sitiyasyon sa a. Yon kout rezime sifi pou drese tablo a : Lamizè k’ap vale teren pi plis toujou, inegalite sosyal ki pa sispann grandi (si nou baze sou endis « Gini », Ayiti se yonn nan peyi yo ki pi inegalitè nan mond la), yon nasyon ki sou pant pou l’ eklate, yon kòripsyon ki tounen fason moun dwe viv, yon enpinite ki fè lajistis pa egziste nan sosyete sa a, anyen pa anyen ak enpwovizasyon se pi bon filozofi pou moun gouvène, rapò sosyal yo mennen nou nan epòk Mwayennaj, valè fondamantal yo pou moun viv ansanm fè piyay, mwen di sa yo sèlman. Tout sa yo mennen menm moun tèt yo pi dwat anndan peyi a nan yon dout sou kapasite fòm demokrasi nou an pou li ta pote bon jan remèd pou kòkennchenn maladi k’ap fini ak peyi d’Ayiti.
voir l'article |
voir l'article |
voir l'article |
Écrit par Samuel Pierre
L’Haïti nouvelle dont nous faisons la promotion est fondée sur le droit, la justice, le partage, la solidarité, l’éducation, le respect de l’environnement et le culte du bien commun. Elle repose sur notre devise : « Liberté, égalité, fraternité » à laquelle il nous faut donner un contenu plus tangible, inscrit dans l’action véritable. Cela devrait débuter par une acceptation dans les faits (au-delà de la règle du droit) du principe d’égalité de tous les Haïtiens, sans égard à leur âge, leur sexe, leur origine sociale, ethnique ou géographique, leur lieu de résidence (Haïti ou diaspora), la couleur de leur peau, etc. Cela nous amènerait à construire une communauté de destin fondée sur la non-discrimination et le partage de la citoyenneté. Tout cela consiste à ériger un état de droit : droit à la justice (lutte contre l’impunité), droit à la sécurité, droit à l’éducation, droit à la santé, droit au travail. Cette Haïti nouvelle est aussi fondée sur une décentralisation véritable qui rend possible le développement local en harmonie avec le développement national du pays, une décentralisation qui libère les énergies créatrices des régions afin que celles-ci puissent se prendre en main et fournir des services de proximité aux citoyens.
Lòt Ayiti n’ap fè pwomosyon pou li a, li fonde sou dwa, jistis, pataj, solidarite, edikasyon, respè anviwònman epi nan kilti byen pou tout moun. Li chita sou deviz nou an : « Libète, egalite, fwatènite », nou dwe bay deviz sa a yon sans pou tout moun wè klè nan aksyon toutbonvre. Sa ta dwe kòmanse nan aksepte reyalite (ale pi lwen pase règ dwa yo) prensip egalite ant tout ayisyen, san nou pa konsidere laj pa yo, sèks pa yo, orijin sosyal, ras oubyen jeyografik pa yo, kote yo rezide a (ann Ayiti oubyen nan dyaspora a), koulè pa yo, eks. Sa t’ava kondui nou nan reyalite pou nou konstwi yon kominote kote desten nou ta fonde nan voye jete diskriminasyon men nan pataj sitwayènte. Tout sa mande pou nou kreye yon Letadwa : dwa pou lajistis (lit kont enpinite), dwa pou sekirite, dwa pou edikasyon, dwa pou lasante, dwa pou travay. Lòt Ayiti sa a ta fonde tou sou yon desantralizasyon toutbonvre ki ta pèmèt yon devlòpman lokal nan tèt kole ak devlòpman nasyonal peyi a, yon desantralizasyon ki libere fòs kreyatris rejyon yo pou yo kapab pran men yo epi pou yo bay sitwayen ki pre yo a bon sèvis
The new Haiti that we are promoting is based on the law, on justice, sharing, solidarity, education, respect for the environment, and a strong commitment for the common good. It is based on our national motto : “Liberty, Equality, Fraternity”, to which we must give a more tangible content, rooted in real action. This should begin with an acceptance in practice (beyond the rule of law) of the principle that all Haitians are equal, regardless of their age, their gender, their social, ethnic or geographical origin, their place of residence (Haiti or the Diaspora), the color of their skin, etc. This would lead us to build a common destiny anchored on non-discrimination and a sense of shared citizenship. All of this requires that we construct a society grounded on fundamental rights : the right to justice (fight against impunity), the right to security, the right to education, the right to health care, the right to work. This new Haiti is also based on a genuine decentralization policy that makes local development possible, in sync with the country’s national development, a decentralization process that frees the creative energies of the regions so that they can take charge of their own destiny and provide the citizens services at the local level.
voir l'article |
Anie Bras, Bernard Fusilier et Kerline Joseph
La promotion des femmes dans la science et les professions universitaires relève à la fois d’une valeur sociale, en favorisant l’égalité entre les sexes, mais aussi d’un souci d’efficacité, en donnant la possibilité à tous et à toutes d’épanouir leurs talents et ainsi de renforcer le potentiel de progrès scientifique et de développement d’une société. Ce numéro spécial vise à mettre en perspective et à comprendre les processus, mécanismes, obstacles et adjuvants qui interviennent dans l’accès des femmes aux domaines scientifiques et leur progression dans les carrières académiques au sein de la société haïtienne.
Pwomosyon fanm yo nan lasyans ak pwofesyon anndan inivèsite yo rantre nan kategori valè sosyal, ki ap favorize egalite ant fanm ak gason. Se an menm tan yon volonte pou genyen pi bon randman nan travay ki ap fèt yo apati posiblite tout moun genyen pou yo demontre talan yo. Se sa tou, ki ap pèmèt Leta ranfòse potansyèl pou genyen bon jan pwogrè syantifik ki ap ede Sosyete a devlope. Objektif nimewo espesyal sa a se fè tout moun konnen epi konprann pwosesis, ajansman, difikilte epi èd ki disponib pou pèmèt fanm yo jwenn plas nan divès domèn syantifik yo epi ki pou pèmèt yo pwogrese nan karyè akademik anndan sosyete Ayiti a.
voir l'article |
Voir l'article |
Écrit par Suze Youance et Audrey Groleau
Résumé : Pendant la dernière décennie, la présence des filles et des femmes a progressé de manière considérable dans la majorité des filières techniques et universitaires, sauf celles liées aux sciences, à la technologie, à l’ingénierie et aux mathématiques (STIM). Force est de constater que certains facteurs continuent de freiner le choix d’une carrière technoscientifique chez les femmes. Dans cet article, nous nous penchons, d’une part, sur la situation actuelle de l’enseignement des STIM du secondaire à l’université au Québec et en Haïti et, d’autre part, sur les manières dont des établissements d’enseignement peuvent favoriser l’accès des filles à ces filières universitaires. Pour ce faire, nous examinons tour à tour des initiatives réalisées à cet égard en amont de la formation universitaire, au moment de l’admission et pendant le parcours universitaire, au Québec comme en Haïti. Dans tous les cas, nous recherchons les convergences et les divergences entre les contextes québécois et haïtien. Nous concluons l’article en proposant quelques recommandations pour favoriser la présence des filles et des femmes dans les filières relatives aux STIM.
Rezime : Pandan dis dènye ane ki sot pase yo, prezans fi ak jenn fi nan majorite branch teknik ak inivèsite pwogrese yon fason konsiderab, sof nan branch ki gen rapò ak syans, teknik, jeni ak matematik (STJM). Nou wè aklè genyen kèk faktè ki kontinye mete fren nan chwa yon karyè teknosyantifik lakay medam yo. Nan atik la, nou panche, yon bò, sou sitiyasyon jan yo anseye STJM yo nan Kebèk (Québec) ak Ayiti soti nan lekòl sekondè rive nan inivèsite epi, sou yon lòt bò, nou panche sou jan lekòl yo ak inivèsite yo kapab fasilite fi yo pou yo antre nan inivèsite nan branch sa yo. Pou nou te ka fè sa, nou egzamine youn apre lòt aksyon ki poze nan sans sa a nan koumansman fòmasyon inivèsitè nan Kebèk tankou Ayiti, nan moman enskripsyon an epi pandan pakou etid inivèsitè a. Nan tou de ka sa yo, nou chache resanblans ak dezakò ki genyen ant kontèks kebekwa a ak kontèks ayisyen an. Pou nou fini atik la, nou pwopoze kèk rekòmandasyon pou nou favorize prezans fi ak jèn fi nan branch ki gen rapò ak STJM
voir l'article |
Écrit par Ketleine Charles
Résumé : Cet article expose l’état des inégalités de genre qui sévissent dans le système universitaire haïtien eu égard à la représentation des femmes et à la reproduction des rapports sociaux de sexe. Il résulte de ces réflexions qu’en dépit d’une « féminisation » de la population estudiantine, notamment dans les universités privées haïtiennes au cours des vingt dernières années, le corps académique et administratif reste profondément marqué par une ségrégation masculine. En nous basant sur les modèles développés par Marry [1] et Le Feuvre [2], nous soutenons que ce déséquilibre a un fondement sociohistorique qui se manifeste à travers la représentation sociale du genre et les modes de fonctionnement organisationnel. L’enjeu demeure une université haïtienne ancrée dans un dirigisme masculin en absence de toute ouverture à une réforme centrée sur des valeurs de mixité et d’égalité. En revanche, la présence significative des femmes dans des postes de carrière à l’université servirait de leitmotiv pour les plus jeunes qui sont à la recherche de modèles et d’orientations, lesquels sont nécessaires à de nouvelles perspectives de recherche à la fois porteuses d’opportunités et favorables à une société inclusive juste et égalitaire.
Rezime : Atik sila a, se yon ekspoze sou sitiyasyon inegalite ant fanm ak gason ki layite nan sistèm inivèsite ann Ayiti nan sa ki konsènen reprezantasyon fanm ak repwodiksyon rapò sosyal ant sèks yo. Menm si pandan 20 dènye lane sa yo, kantite fanm nan popilasyon etidyan an ogmante, sitou nan inivèsite prive ayisyen yo, obsèvasyon nou yo pèmèt nou konstate gen yon segregasyon an pwofondè ki kontinye ap favorize gason nan mitan kominote akademik ak administratif la. Sou baz modèl Marry [1]ak Le Feuvre [2] te devlop , nou ap ensiste pou nou di defazay sa a gen rasin sosyal-istorik li nan fason fanm ak gason reprezante ak jan yo òganize nan sosyete a. Defi a nan jounen jodi a, se ekzistans yon sistèm inivèsite kote se gason sèlman ki ap dirije pandan pa gen oken tantativ ki ap fèt pou tanmen yon refòm ki pou fokise sou prensip patisipasyon fanm ak gason ak tretman egal pou yo nan tout nivo. Se poutèt sa prezans yon bon kantite fanm nan yon seri pòs pwofesyonèl nan inivèsite yo ta kapab sèvi kòm ankourajman pou sa ki pi jèn yo e ki ap chache modèl ak oryantasyon, eleman ki nesesè pou fasilite lòt pèspektiv rechèch ki va pote debouche e ki va louvri wout la pou yon sosyete ki entegre tout moun e ki baze sou « jistis ak egalite ».
voir l'article |
Écrit par Stevens Azima, Ericca Johanna Déborah Lagrandeur ak Samuel Edouard Duclosel
Résumé : Ce papier étudie le cas de la maternité étudiante à l’Université d’État d’Haïti (UEH). Les travaux antérieurs semblent avoir identifié un retard de l’UEH par rapport à des universités privées en matière de représentation des femmes. Pourtant, dans son plan stratégique 2011-2020, l’université affirme clairement sa volonté de donner à tout le monde les mêmes chances, peu importe son sexe. De plus, il est une chose d’être admis-e à l’UEH, il en est une autre de boucler tout le cycle. Il est possible que la grossesse et plus largement la maternité étudiante amènent des défis supplémentaires pour certaines étudiantes. La façon dont les facultés encadrent ces situations spécifiques est mal connue. Nous avons conduit une enquête qualitative auprès de quelques étudiantes concernées en mobilisant un cadre d’analyse institutionnaliste selon le genre. L’enquête a permis de mettre en évidence un vide institutionnel sur la question, un environnement qui peut ne pas être acceuillant pour ces étudiantes alors même qu’elles confrontent divers défis. Toutefois, le support de leurs proches peut être déterminant dans leur motivation à poursuivre leurs études malgré les difficultés rencontrées. La temporalité de la maternité s’est également révélé un concept pertinent pour saisir la spécificité de chaque cas
Rezime : Rechèch sa a konsantre sou ka etidyan fi nan « Université d’État d’Haïti a (UEH) » ki vin ansent oswa ki gen pitit deja. Rechèch ki fèt sou plas fanm nan inivèsite Ayiti yo sanble detekte yon reta UEH la parapò ak inivèsite prive yo nan pousantaj fanm ki frekante yo. Epoutan, nan plan estratejik 2011-2020 UEH la te adopte a, sa ekri aklè UEH la vle bay tout moun menm chans, kit fi kit gason. Lèfini, antre nan inivèsite a se yonn, rete ladan se yon lòt. Nan ka etidyan fi ki ansent oswa ki paran deja yo, li posib pou yo genyen plis defi toujou pou yo leve. Fason fakilte yo jere ka sa yo pa toujou klè. Nou fè yon ankèt kalitatif bò kote kèk fi ki viv sitiyasyon sa a atravè yon analiz ki chita sou jan ak sou enstitisyon yo. Rechèch sa a devwale yon vid enstitisyonèl, yon anviwònman ki pa toujou akeyan pou etidyan sa yo pandan yo ap konfwonte tout kalte defi. Sepandan, sipò kèk moun nan lantouraj yo konn ede yo rete motive. Moman gwosès la parèt la soti tou kòm yon nosyon kle pou nou konprann diferans ki genyen nan mitan ka yo.
voir l'article |
Écrit par Mickens Mathieu
Résumé : Cet article propose de synthétiser une série de réflexions analytiques portant sur l’incidence de la sphère familiale dans le choix de carrière et dans l’insertion socioprofessionnelle des femmes. Il accorde une place centrale à l’hypothèse selon laquelle l’unité familiale est une médiatrice inévitable entre la macrostructure (institutionnelle et culturelle), d’une part, les comportements économiques et les résultats des femmes sur le marché du travail, d’autre part. Ces assises théoriques montrent que les espaces familial et occupationnel peuvent contribuer à la segmentation des opportunités d’acquisition de capital humain et d’emplois selon les conditions de genre des individus. L’intérêt de cette analyse est de provoquer des débats scientifiques à caractère contradictoire sur les contributions et les limites desdites perspectives dans la construction des connaissances sur le sujet. L’article est aussi une invitation à les tester pour mieux comprendre la réalité haïtienne au moyen d’études scientifiques à caractère quantitatif, qualitatif, ou mixte.
Rezime : Atik sa a pwopoze pou nou fè yon rale sou yon kalte refleksyon kritik ki chita sou enfliyans milye familyal la genyen nan chwa karyè ak chwa fi yo genyen pou yo antre nan domèn sosyopwofesyonèl yo. Nannan atik la chita sou sipozisyon kote yo di baz fanmi an se poto mitan ki pa ka pa la ki genyen ant makwostrikti (sou plan sosyopwofesyonèl ak kiltirèl) yon bò epi yon lòt bò, ant konpòtman ekonomik ak rezilta fi sou mache travay la. Baz tewori sa yo montre plas fanmi an okipe kapab kontribye nan diminisyon chans pou nou jwenn kantite moun ak kantite dyòb selon kondisyon si se yon gason oubyen yon fi. Enterè atik la se pou li pwovoke deba syantifik ki mete nou an kontradiksyon sou kontribisyon ak limit ki genyen nan aspè sa yo pandan nou ap bati konesans sou sijè a. Atik la se yon envitasyon tou pou nou teste aspè sa yo pou nou kapab pi byen konprann reyalite ayisyen an avèk etid syantifik ki chita sou kantite, sou kalite oubyen sou tou de ansanm (miks).
voir l'article |
Écrit par Rose Esther Sincimat Fleurant
Résumé : Cet article analyse la portée de l’égalité réelle des femmes et des hommes dans l’enseignement supérieur en Haïti. Il essaie de cibler les enjeux de cette approche dans la production des connaissances scientifiques utiles au service du développement. Il tente d’exposer de nouvelles méthodes de travail susceptibles de contribuer à la déconstruction de l’ensemble des représentations sociales qui arrangent le masculin et le féminin dans des relations de hiérarchisation. Il propose un cadre stratégique d’intégration et d’institutionnalisation de l’égalité femmes-hommes.
Rezime : Nan atik sa a otè a ap analize nivo egalite ki vrèman genyen ant gason ak fi nan ansèyman siperyè sou tè Ayiti. Atik la baze sou pwoblèm egalite fi ak gason nan pwodiksyon konesans syantifik ki itil pou devlopman. Otè atik la eseye dekri metòd travay tou nèf ki kab ede dekonstwi divès reprezantasyon sosyal ki klase gason ak fi nan yon relasyon dominasyon yonn parapò ak lòt. Atik la pwopoze yon kad estratejik pou entegrasyon epi enstitisyonalizasyon egalite ant fi epi gason.
voir l'article |
Écrit par Lucie Carmel Paul-Austin
Résumé : Les statistiques à travers le monde montrent de manière invariable le niveau de la sous-représentation des femmes au sommet des carrières scientifiques. Haïti ne saurait faire exception. Les recherches tentent d’expliquer cet état de fait, en mettant en avant des facteurs liés à la condition féminine. Cependant, au-delà des choix personnels, les femmes subissent au quotidien le poids des relations de pouvoir, des structures de classe et de l’organisation socioéconomique. Un tel contexte est loin d’être neutre, mais fondé sur les rapports sociaux de sexe. Cet ensemble complexe conduit à l’exclusion des femmes des carrières scientifiques. Ainsi, à travers l’histoire, la question en débat demeure-t-elle celle d’une condition toujours associée à une double opposition : autonomie contre subordination, autonomie contre limitation. En Haïti, comme ailleurs, les écarts entre hommes et femmes ont sensiblement diminué, parce que les femmes ont pu avancer, individuellement et collectivement. Cela est fondamentalement dû à l’accès aux études et à l’emploi salarié. Toutefois, des rapports inégalitaires perdurent parce que l’espace domestique continue de maintenir les femmes en position de subalterne. Toute réfutation de la dominance mâle semble réaffirmer le schéma binaire privé/public. Notre propos tente d’aborder la question dans le sens d’une double négation du corps et du sujet.
Rezime: Estatistik atravè mond lan toujou montre jouk nan ki pwen fanm pa prèske prezan nan pi wo nivo ki genyen nan divès karyè syantifik . Ayiti pa yon eksepsyon nan koze sa a. Rechèch yo eseye eksplike sa aveèk faktè ki gen rapò ak kondisyon fanm yo. Sepandan, pi plis toujou pase chwa pèsonèl yo, fanm yo sibi chak jou pwa relasyon pouvwa, estrikti klas ak òganizasyon sosyo-ekonomik yo mete sou yo chak jou. Kalite kontèks sa a pa yon aza, men se pito yon reyalite ki chita sou relasyon sosyal fanm ak gason. Rapò sa yo pwovoke eksklizyon fanm yo nan tout karyè syantifik. Konsa, nan listwa, kesyon sa a se yon kesyon ki toujou asosye avèk yon kondisyon ki genyen yon doub opozisyon: otonomi an opozisyon ak sibòdinasyon, otonomi an opozisyon ak limitasyon. Nan peyi Ayiti, tankou nan lòt peyi yo, diferans ant gason ak fanm diminye yon ti kras, paske fanm yo te kapab vanse pi devan, endividyèlman epi kolektivman. Sa rive, fondamantalman, akòz aksè nan edikasyon epi paske yo touche pou travay yo fè. Sepandan, relasyon inegal yo pèsiste paske responsablite fanm yo nan kay la ap kontinye kenbe yo nan yon pozisyon restavèk. Kèlkeswa refi a nan dominasyon gason sanble reparèt avèk modèl binè prive/piblik la. Objektif nou se eseye apwoche kesyon an nan sans yon negasyon doub kò moun lan epi moun lan limenm menm.
voir l'article |
1649 Notre-Dame-de-Fatima
Laval, Québec
H7G 4V8, Canada
E-mail: contact@grahn-monde.org
Téléphone: 514-691-0637