Écrit par Bénédique Paul
L’école est le lieu de la socialisation consacrant l’entrée de l’individu dans la société. Celle-ci, pour bien fonctionner et s’épanouir, ne peut pas compter que sur de simples individus, mais sur des citoyens, c’est-à-dire des individus institués au sens qu’ils sont dotés de droits et de devoirs grâce au processus d’institutionnalisation leur inculquant les règles de la société. C’est d’ailleurs pour cette raison que l’école a été, durant le 18e siècle, qualifiée d’« institution » et les professeurs, d’« instituteurs ».
Lekòl se yon espas sosyalizasyon ki louvri pòt pou yon moun antre nan sosyete a. Si pou lekòl byen fonksyone, li pa kab konte sèlman sou chak grenn moun, men se tout moun byen fòme, nan sans yo konnen dwa yo ak devwa yo gras ak yon pwosesis enstitisyonalizasyon, ki aprann yo divès règ sosyete a. Poudayè, se pou rezon sa a menm yo te kreye lekòl, pandan 18èm syèk la, epi yo te rele li «enstitisyon» kanta pwofesè yo, yo te rele yo «enstititè».
Écrit par Stevens Simplus et Jean Claude Bruffaerts
En 2014, le ministère de l’Éducation Nationale et de la Formation professionnelle (MENFP) a décidé de rendre publics à nouveau les résultats aux examens officiels sur son site. Ces résultats sont une riche source d’informations, permettant un diagnostic du système éducatif sur quelques variables : statut de l’école, taille de l’école et sa position géographique. Cet article porte spécifiquement sur l’examen de la 6e année fondamentale de 20141.
An 2014, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) te deside enfòme piblik la sou rezilta ofisyèl egzamen yo sou sit li a. Rezilta sa yo ki gen anpil enfòmasyon pèmèt nou pran tansyon sistèm edikatif la apati kèk varyab tankou : estati lekòl la, gwosè lekòl la ansanm ak pozisyon jeyografik li. Atik sa a konsène sèlman egzamen sizyèm (6èm) ane fondamantal nan ane 2014.
Écrit par Patrice Dalencour
Une remise en chantier du système éducatif haïtien semble se profiler à l’horizon. Cette perspective suscite de l’espoir, mais aussi de la crainte, car les dernières tentatives n’ont pas été analysées de manière à en tirer les leçons. Or, de pseudo-évidences donnent naissance à de petits vices cachés susceptibles de pervertir les meilleures entreprises. Pour les débusquer, courons le risque d’être « politiquement incorrect » sur au moins trois thématiques : La question linguistique, Les nouveaux curricula, La formation des maîtres. Pourchasser le diable dans les détails, c’est débusquer, nommer et débattre des non-dits et du refoulé dans la pensée et dans les discours sur l’éducation.
Sanble gen yon lòt chantye sistèm edikasyon ayisyen an ki nan wout ap vini. Lide sa a pote lespwa ak laperèz, paske yo poko analize pase-men ki te fèt fwa pase a, yon fason pou yo tire leson ki nesesè yo. Poutan, prèske gen evidans ki demontre genyen kèk defo kache ki ka deranje pi bèl pwojè sa yo. Pou nou detekte yo, nou riske poze aksyon ki pa politikman kòrèk sou omwen twa tematik: kesyon lengwisitik la, nouvo korikoulòm yo, fòmasyon mèt yo. Al kouri dèyè dyab nan divès detay, se chase, nonmen epi debat yon bann non-di epi tout sa ki rete gonfle nan lespri moun ansanm ak nan langay ledikasyon.
voir l'article |
Écrit par Josette Bruffaerts-Thomas et Tony Cantave
La refondation d’Haïti passe inévitablement par une édu cation fondamentale et professionnelle de qualité qui tient - compte à la fois des contraintes économiques, sociales, spatiales et démographiques. La qualification des enseignants demeure le pivot de cette entreprise. Les multiples initiatives prises dans le cadre de la réforme du système éducatif haïtien depuis sa mise en œuvre en 1982 jusqu’au lancement du Programme de scolarisation universelle gratuite et obligatoire (PSUGO) en 2011 n’ont pas permis d’atteindre cet objectif. Nous en voulons pour preuve l’implantation anarchique des établissements scolaires, la situation de précarité économique et l’embauche fantaisiste des enseignants, conséquences du désengagement de l’État dans ce secteur comme dans bien d’autres
Vle pa vle, refondasyon Ayiti a dwe fèt apati yon edikasyon fondamantal ansanm ak yon edikasyon pwofesyonèl ki genyen bon jan kalite epitou ki pran an konsiderasyon alafwa kontrent ekonomik, kontrent sosyal, kontrent espas ak demokratik. Kalifikasyon pwofesè yo se pivo gwo travay sa a. Bann kantite inisyativ yo pran nan domèn refòm sistèm edikatif ayisyen an depi lè yo te mete li sou pye an 1982 a jis rive nan lansman pwogram eskolarizasyon invèsèl gratis epi obligatwa (PSUGO an franse) an 2011 lan pa penmèt nou rive nan bout objektif sa a. Nou genyen kòm prèv, lekòl bòlèt ki pouse tankou dyondyon, sitiyasyon ekonomik brankal peyi a, mete sou sa, pwofesè yo anboche sou yon baz fantezis, ki se konsekans lese grennen angajman Leta a nan sektè sa a tankou nan anpil lòt sektè
voir l'article |
Voir l'article |
Écrit par Gérald Fallon
L’objet de cet article est d’offrir une réflexion critique de la notion de gouvernance qui sous-tend actuellement la dynamique de gestion et de coordination de l’éducation fondamentale en Haïti. Se basant sur des données recueillies à partir d’entrevues avec des acteurs-terrain et de certains documents clés concernant la structure décisionnelle de l’école fondamentale haïtienne, l’auteur met en évidence deux modalités types de gouvernance de l’éducation fondamentale : d’un côté, la dominance sur le terrain d’une approche hiérarchique, autoritaire et centralisée ; et de l’autre, une approche alternative qui met l’accent sur la participation horizontale et la consultation communautaire et démocratique dans les prises de décision. Chaque modalité type représente un parti pris pour un ensemble de valeurs, de normes, de fonctions et de comportements qui favorisent un certain régime par rapport aux principes à partir desquels est organisée l’éducation fondamentale. En ce sens, la gouvernance scolaire de l’école fondamentale en Haïti n’échappe pas aux problématiques de toutes autres formes de gouvernance. Cet article fournit une analyse critique de la situation actuelle en matière de gouvernance tout en proposant des pistes de développement comme possibles solutions.
Atik sa a ede nou fè yon refleksyon kritik sou nosyon gouvènans ki sèvi kounye a kòm baz dinamik jesyon ak kowòdinasyon ansèyman fondamantal an Ayiti. Lè nou konsidere enfòmasyon nou jwenn nan brase lide ak aktè yo sou teren an epi nan kèk dokiman kle ki gen rapò ak enstans ki ap pran desizyon nan nivo lekòl fondamantal la an Ayiti, otè tèks la mete anfaz sou de (2) mòd gouvènans nan ansèyman fondamantal la : yon kote, sa ki ap domine sou teren an se yon apwòch otoritè anwo, gwo ponyèt, ak pouvwa santral la; yon lòt kote, nou jwenn yon apwòch ki mete aksan sou patisipasyon orizontal (nan menm nivo) ak konsiltasyon kominote ak demokrasi nan desizyon nou ap genyen pou nou pran. Chak mòd gouvènans sa yo reprezante yon seri valè, prensip, fonksyon ak konpòtman ki favorize yon kèlkonk rejim an rapò ak prensip sa yo ki pèmèt ansèyman fondamantal la òganize. Nan sans sa a, gouvènans lekòl fondamantal an Ayiti pa rete andeyò pwoblèm tout mòd gouvènans sa yo kreye. Atik sa a founi yon analiz kritik sou reyalite nou ap viv kounye a nan zafè gouvènans pandan nou ap pwopoze kèk wout devlòpman kòm sous solisyon ki posib.
voir l'article |
Écrit par Roody Edmé
L’État haïtien a mis en place, depuis la fin du siècle dernier, divers projets de réforme du système éducatif. Pourtant, les problèmes demeurent, voire empirent, en dépit des efforts répétés de différents ministres de l’Éducation nationale. Il va sans dire qu’il est nécessaire, pour réaliser une réforme véritable du système, refonder l’école fondamentale. Cela implique la mise en place de nouvelles politiques éducatives inclusives et innovantes. Il faut surtout, à l’intérieur d’un pacte de stabilité politique, accroître les capacités de gestion du secteur pour permettre aux réformes de s’établir dans du solide sur une base de permanence institutionnelle. La professionnalisation du métier d’enseignant, le renforcement de l’éthique dans l’éducation et l’intégration de l’école au centre de la vie communautaire et familiale dans une perspective républicaine et démocratique sont autant de facteurs clés à prendre en compte dans tout projet éducatif d’un État de droit.
Leta ayisyen, depi finisman syèk ki sot pase a, mete sou pye divès pwojè refòm pou sistèm edikasyon an. Poutan, malgre divès efò san rete diferan minis Edikasyon Nasyonal te fè, pwoblèm yo rete la pi rèd, yo menm vin pi mal. Sa vle di, pou nou reyalize yon bon refòm nan sistèm lan , se pou nou refonde lekòl fondamantal la. Sa mande mizanplas divès politik pou ledikasyon ki tou nèf, ki enklizif epi ki mache ak inovasyon. Anndan yon akò pou estabilite politik, nou dwe prensipalman ranfòse kapasite jesyon sektè sa a. Se sa ki pral pèmèt refòm yo tabli solidman sou yon baz enstitisyonèl ki pèmanan. Pwofesyonalizason nan metye fè lekòl, ranfòsman prensip etik yo nan ledikasyon epi entegrasyon lekòl nan kè lavi kominotè epi familyal ak yon pèspektiv ki ale nan sans larepiblik epi ki domokratik, tout sa se faktè kle pou nou konsidere nan tout pwojè edikatif pou nou rive kreye yon Leta ki respekte dwa moun.
voir l'article |
Écrit par Jacques-Michel Gourgues
Dans cet article, le focus est mis sur la nécessité de réfléchir sur l’implémentation des vocables « qualité de l’éducation » dans un pays comme Haïti, dit « état fragile ». L’auteur a donc proposé la mise en place – comme l’a fait le Sénégal à une époque – du Paquet minimum intégré de services en Éducation (PMISE) afin que, d’un bout à l’autre du territoire, tous les établissements scolaires aient les mêmes pratiques tant administratives que pédagogiques permettant de sortir de cette école haïtienne à plusieurs vitesses, une école exclusive devenant inclusive
Nan atik sa a, nou fikse atansyon nou sou nesesite pou nou reflechi sou itilizasyon tèm kou « kalite edikayson an» nan yon peyi kou Ayiti, yo konsidere tankou yon « Leta frajil». Otè a pwopoze pou nou konsidere – tankou Senegal te fè li, yon epòk – Paquet minimòm entegre pou sèvis nan Ledikasyon (PMISE an franse), sa ap pèmèt etablisman eskolè yo aji menm jan sou plan administratif tankou sou plan pedagojik . Sa ap ede nou sòti nan lekòl ayisyen ki genyen plizyè vitès la : yon lekòl esklizif ki vin enklizif.
voir l'article |
Écrit par Tony Cantave
Aujourd’hui, en Haïti, aucune institution de l’État ne peut, de Port-au-Prince étant, prétendre gérer à bien les dossiers dont elle a la charge. La vision d’une décentralisation effective des responsabilités promue par la Constitution de 1987 représente une nécessaire rupture avec le mode traditionnel de gestion publique et pose d’emblée l’urgente et nécessaire réforme de l’État et de son administration pour combattre l’État excluant, un des principaux maux de notre situation de pays mal développé et où sévit une pauvreté critique. À ce compte, comme stipulé aux articles 32 à 32-9 de la Charte mère, les collectivités territoriales ont un rôle primordial à jouer à côté du pouvoir central dans la gestion du système éducatif, ce qui reste à préciser pour chacune d’elles. L’administration municipale devra, hormis les missions traditionnelles, s’impliquer dans l’élaboration et la gestion de la carte scolaire communale, la distribution du matériel didactique aux démunis, l’implantation de coopératives et de cantines scolaires et développer d’étroites relations avec l’EFACAP pour l’organisation de sessions de formation d’enseignants dans l’optique de fortifier la qualité de l’éducation dans la commune. Le projet d’établissement des écoles pôles relayant dans une gestion de proximité les activités de l’EFACAP en termes d’encadrement, la mise en place du Bureau éducatif communal (BEC) remplaçant le Bureau du district scolaire (BDS) chevauchant sur plusieurs communes et relevant tous du Ministère et la mise en place du Service des affaires éducatives, culturelles et de solidarité (SAECS) relevant de l’administration municipale dans le cadre du couple décentralisation/déconcentration constituent les principaux leviers pour une prise en charge partagée des responsabilités.
Jounen jodi a, pa gen okenn enstitisyon Leta, an Ayiti, ki kab apati Pòtoprens, konprann li kab byen jere dosye ki sou kont li yo. Vizyon Konstitisyon 1987 la genyen pou desantralize responsablite yo, se yon separasyon obligatwa avèk fason ansyen yo konn jere afè piblik epi sa montre lapoula nesesite rapid ki genyen pou refòm Leta ansanm ak administrasyon li pou konbat Leta ki eskli moun, yonn nan prensipal pwoblèm ki mete nou nan eta yon peyi ki mal devlope, kote ki gen yon povrete ki depase limit. Nan sans sa a, tankou sa parèt nan atik 32 rive nan atik 32-9 nan manmanlwa peyi a, kolektivite teritoryal yo gen yon wòl esansyèl pou yo jwe kòtakòt ak pouvwa santral la nan jesyon sistèm edikasyon an. Se yon wòl ki fèt pou presize pou chak grenn kolektivite sa yo. Administrasyon minisipal la pral oblije,mete misyon tradisyonèl yo sou kote, pou li rantre nan elaborasyon epi jesyon kat eskolè komininal, distribisyon materyèl didaktik pou moun ki pa gen mwayen yo, kreye kowoperativ epi kantin eskolè epi devlope yon relasyon sere avèk EFACAP ( en franse) pou òganize sesyon pou fòmasyn anseyan yo ak lide pou konsolide kalite edikasyon an nan komin lan. Pwoje ki genyen pou kreye yon seri lekòl, yo ka rele lekòl pol (lekòl sektè), ki ap konekte nan jesyon li aktivite EFACAP (an franse) pou ankadre lòt lekòl yo, mete sou pye Biwo edikatif kominal (BEK) ki pral ranplase Biwo distri eskolè a (BDS an franse) ki kouvri plizyè komin an menm tan epi yo tout sou kont Ministè a epi mete sou pye Sèvis afè edikatif, kiltirèl epi solidarite (SAECS an franse) ki ap sou kont administrasyon minisipal la nan kad yon aksyon marasa desantralizasyon/dekonsantrasyon ki ap fòme prensipal levye pou gen yon responsablite pataje pou tout sa ki dwe fèt.
voir l'article |
Écrit par Josette Bruffaerts-Thomas
Forte d’une expérience de près de six ans dans l’enseignement numérique en Haïti à l’école fondamentale, l’association Haïti Futur avec le ministère de l’Éducation nationale et de la Formation professionnelle (MENFP) a déployé le tableau numérique interactif (TNI) dans près de 200 écoles et a pu observer l’usage et l’intérêt que celui-ci suscite. Cependant, il s’avère que le numérique répond à des besoins et à des publics très différents de ce que l’on rencontre dans les pays dits « développés ». Nous proposons dans cet article de souligner dans un premier temps les différences de contexte puis, dans un deuxième temps, de décrire les différences dans les implémentations et les usages que cela provoque.
Avèk apeprè sis ane eksperyans nan ansèyman nimerik nan lekòl fondamantal an Ayiti, asosyasyon Haïti Futur avèk Ministè Edikasyon Nasyonal epi Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) mete yon tablo nimerik entèraktif (TNI an franse) nan apeprè 200 lekòl epi yo obsève izaj epi enterè li kreye. Sepandan, sa ki rive, sèke sistèm nimerik la mache ak divès bezwen epi piblik ki trè diferan parapò ak sila yo nou kontre nan peyi yo rele peyi «devlope yo». Nan atik sa a, nou pwopoze, nan yon premye tan, pou siyale divès kontèks diferan yo, epi nan yon dezyèm tan, pou dekri divès diferans ki genyen nan enstalasyon yo epi izaj sa ka pwovoke.
voir l'article |
Écrit par Anne-Suze Amicy
Dans cet article, notre réflexion porte sur le degré et la qualité de l’éducation relative à l’environnement dans les écoles haïtiennes. La pollution, la mauvaise gestion des déchets, la déforestation, l’érosion, etc., sont autant de facteurs ayant des incidences graves sur l’environnement. La dégradation écologique accélérée oblige à tourner le regard vers des actions concrètes et durables pour trouver des pistes de solution à ce problème épineux. Ce constat impose une autre approche ; il s’agit d’orienter l’enseignement en Haïti vers des paradigmes incluant l’éducation relative à l’environnement consacrée par les instances internationales comme un outil important de résolution des problèmes environnementaux.
Nan atik sa a, refleksyon nou rete sou degre ak kalite edikasyon an rapò ak anviwònman an nan lekòl an Ayiti. Polisyon, move jesyon fatra, aksyon koupe pyebwa, ewozyon, eksetera, tout se faktè ki bay move konsekans sou anviwònman an. Rapidite nan degradasyon ekolojik la fòse nou fè yon kout je sou aksyon ki klè epi ki ap dire anpil tan pou nou kapab twouve solisyon pou rezoud kòkennchenn pwoblèm sa a. Sa nou konstate la yo oblije nou gen yon lòt apwòch. Nou dwe oryante lansèyman an Ayiti an direksyon lòt modèl pandan nou ap konsidere yon edikasyon anviwònmantal menm jan enstans entènasyonal yo konsisidere li tankou yon zouti enpòtan pou rezoud pwoblèm anviwònmantal yo.
voir l'article |
Écrit par Fritz Dorvilier
L’école haïtienne, à défaut de pouvoir remplir correctement sa mission socio-pédagogique, s’est convertie en une machine à trier les élèves qui y ont eu difficilement accès et ainsi à gaspiller les maigres ressources financières que l’État et les ménages haïtiens mettent à sa disposition. Sa stratégie pédagogique est caractérisée par le redoublement à tous les niveaux d’enseignement. Cet article rend compte des impacts psychosociologiques et économiques de cette stratégie, et propose une procédure pouvant conduire à son élimination.
Lekòl nan peyi Dayiti, nan enkapasite li pou li ranpli misyon pedagojik li kòmsadwa, vin tounen yon machin ki ap triye grenn elèv ki frekante lekòl nan goumen, epi konsa ki ap gaspiye ti kras lajan Leta ak fanmiy yo dispoze pou sa. Estrateji pedagojik sa a eksplike rezon ki fè elèv sa yo ap double klas nan tout nivo ansèyman an. Atik sa a pèmèt moun konprann enpak sikolojik, sosyal ak ekonomik estrateji sa a, epi pwopoze yon pwosedi ki kapab ede nou elimine pwoblèm sa a.
voir l'article |
1649 Notre-Dame-de-Fatima
Laval, Québec
H7G 4V8, Canada
E-mail: contact@grahn-monde.org
Téléphone: 514-691-0637