Écrit par Bénédique Paul
L’économiste anglais Thomas Robert Malthus (1766-1834) a expliqué la nécessité de l’équilibre de la croissance de la population et de celle de la production de nourriture. Lorsque cet équilibre est rompu de façon durable, les phénomènes malthusiens apparaissent dans le cadre d’un équilibrage naturel ou sociétal, par les catastrophes naturelles, les famines et les guerres, y compris les guerres civiles. Aussi méchante que cette analyse puisse paraître, les thèses de Malthus tendent à s’appliquer en permanence en Haïti, particulièrement sur les 50 dernières années, depuis que la croissance démographique s’est accélérée avec la réduction des mortalités infantiles sans le contrôle de la fécondité et des naissances.
Ekonomis angle a, Thomas Robert Malthus (1766-1834), bay eksplikasyon sou nesesite pou genyen yon balans ant kwasans popilasyon an ak kwasans pwodiksyon nan lamanjay. Lè balans sa a kraze pandan yon tan ki long, fenomèn yo rele fenomèn Malthusiens an kòmanse parèt kòm yon pati nan yon balans natirèl oswa sosyetal avèk dezas natirèl, grangou epi lagè, nou kab menm konte lagè sivil yo ladan. Menm si analiz sa a sanble gen meschanste ladan, tèz Malthus yo gen tandans pou yo aplike tout tan nan ka Ayiti a, patikilyèman pandan 50 ane ki sot pase yo, kote kwasans popilasyon an ogmante avèk rediksyon nan mòtalite tibebe, san okenn kontwòl fètilite a epi nesans yo
voir l'article |
Voir l'article |
Écrit par Bénédique Paul et Joseph N. Pierre
À cause de la faiblesse du processus de création et de distribution de richesses matérielles1 ainsi que de la tertiarisation continue de l’économie nationale aux dépens de l’agriculture [1], la capacité d’Haïti à nourrir sa population est de plus en plus réduite. Cette population, cependant, ne cesse de s’accroître à un taux supérieur à celui de la création de richesse nationale. Il en résulte qu’une partie considérable de la population est en situation d’insécurité alimentaire.
Kapasite Ayiti genyen pou li bay tout moun nan peyi a manje vin piti anpil, paske mwayen pou pwodui richès materyèl1 nan peyi a piti. Anplis, ekonomi nasyonal la, ki chita prensipalman sou bay sèvis, pa nan avantaj lagrikilti [1]. Sepandan, popilasyon an kontinye ap ogmante pi plis pase mwayen peyi a genyen pou li kreye richès. Sa lakòz yon bon pati nan popilasyon an ap viv nan yon ensekirite alimantè.
voir l'article |
Voir l'article |
Écrit par Alix Daméus et Jean Ribert François
Dans les exploitations agricoles de type familial de Jean-Rabel se combinent production et consommation. Cette dernière se réalise à la fois à partir des produits cultivés (autoconsommation) et à partir d’acquisitions faites sur le marché en utilisant des revenus de toutes sortes (agricoles, extra-agricoles et de transferts). Les disponibilités alimentaires globales des familles des exploitations agricoles proviennent donc à la fois de leur production et de l’offre des marchés où elles font leurs achats au moyen de leurs revenus de toutes sortes. L’accès aux aliments offerts sur le marché est assuré par les revenus agricoles, extra-agricoles et de transferts. Dans un tel contexte, cette étude cherche à déterminer le poids de l’agriculture (autoconsommation et acquisition de produits alimentaires sur le marché à partir de revenus agricoles), des sources de revenu non agricoles (activités extra-agricoles et de transferts) et des deux (agriculture et sources de revenu non agricoles) dans la sécurité alimentaire des familles des exploitations agricoles de Jean-Rabel. Pour réaliser l’étude, à partir d’une population de 5 942 exploitations de type familial avec des revenus de production végétale, de production animale, d’activités extra-agricoles et de transferts et s’approvisionnant en produits alimentaires de base (céréales, tubercules, légumineuses, fruits et légumes, produits animaux, produits transformés) par autoconsommation depuis l’autoproduction et par des achats aux marchés, neuf types d’exploitations familiales ont été constitués sur la base des critères superficie exploitée et taille du cheptel en unités gros bétail et un échantillon global de 594 exploitations (soit 10 % de la population statistique de l’étude) réparties sur les différents types a fait l’objet d’une enquête formelle. À l’intérieur des types d’exploitations et par rapport aux besoins des familles sur les plans énergétique et nutritionnel, l’analyse a été conduite sur des aspects de disponibilité alimentaire (autoproduction de produits alimentaires), d’accessibilité aux aliments de base sur les marchés grâce à des revenus de toutes sortes, de qualité des aliments consommés du point de vue énergétique et nutritionnel, et de stabilité de production et de revenu. L’étude montre que, au moment de l’enquête, l’agriculture à travers l’autoconsommation ou l’achat à partir de revenus agricoles comble moins de la moitié (de 10 à 43 % selon le type d’exploitation) des besoins en énergie des familles agricoles productrices et consommatrices de la commune de Jean-Rabel, avec des déficits en micronutriments (de 29 à 95 % selon le nutriment). La plus grande part des produits consommés provient des marchés à partir de sources de revenu non agricoles. Ces dernières permettent de satisfaire de 30 à 43 % (selon le type d’exploitation agricole) des besoins énergétiques des familles agricoles et de 22 à 78 % de leurs besoins nutritionnels, selon le nutriment et le type d’exploitation agricole. L’agriculture et toutes les sources non agricoles de revenu (revenus extra-agricoles et de transferts) des familles dans les exploitations agricoles de la commune de Jean-Rabel ne suffisent pas pour couvrir la totalité des besoins énergétiques de ces familles, avec des écarts de 18 à 52 % selon le type d’exploitation agricole, ni leurs besoins nutritionnels, avec des écarts de 2 à 56 % selon le nutriment considéré et le type d’exploitation agricole. D’autre part, la production et le revenu global des familles ayant des exploitations agricoles se révèlent instables. Tout cela témoigne d’une insécurité alimentaire dans la population considérée qui n’est pourtant pas au bas de l’échelle socio-économique.
Kilti latè jan sa fèt nan mitan lafanmi nan Jan-Rabèl makònen pwodiksyon ak konsomasyon. Kalite konsomasyon sa a chita sou pwodui yo fin kiltive pou yo manje yomenm tou, oswa sou pwodui yo al achte nan mache ak lajan yo fè nan tout kalte lavant (pwodui gadinaj, pwodui ki pa nan domèn gadinaj, epi transfè lajan). Nan kontèks sa a, etid nou fè la a ap chèche dekouvri fòs kilti latè (manje moun yo pwodui pou yo manje epi acha pwodui alimantè yo nan mache ak kòb lavant pwodui gadinaj yo). Etid sa a pral cheche konnen tou fòs kilti latè genyen sou mache lokal la apati lajan ki rantre nan men moun yo ki pa soti nan lavant pwodui agrikòl (aktivite ki pa sou lebedyans lagrikilti epi transfè-lajan) epi, tou de (2) sous sa yo an menm tan ( lagrikilti epi rantre lajan ki pa soti nan lagrikilti), sou sekirite lamanjay fanmi ki ap fè kilti latè nan Jan-Rabèl. Men kijan nou reyalize etid la : nou pran yon popilasyon 5 942 jaden modèl-lafanmi ki ap fè lajan ak pwodiksyon viv pwodui vegetal, elvaj bèt, aktivite angrè, transfè-lajan ; fanmi ki konn al achte aliman/manje òdinè (legim, fwi, vyann, pwodui-konsèv) ; manm ki adopte oto-konsomasyon (manje sa yo pwodui) ak oto-pwodiksyon (pwodui pou yo tèt pa yo), ki al achte nan mache, ki reprezante 9 modèl jaden-lafanmi anba kritè tankou gwosè-lajè, sipèfisi jaden yo, tout bèt nèt nan elvaj la ; yon echantiyon 594 jaden (kidonk 10 % popilasyon estatistik ki fè pati etid la), ki konte pami plizyè modèl, epi ki te patisipe nan yon ankèt fòmèl. Etid la montre nou, nan dewoulman ankèt la menm, manje pwòp pwodui jaden yo, oswa pwodui yo achte ak lajan lavant, kouvri mwens pase mwatye (10 - 43 % selon modèl gadinaj la), bezwen enèjetik fanmi ki ap pwodui epi konsome pwodui agrikòl nan komin Jan-Rabèl, avèk yon mank mikwo-nitriman (kalsyòm, potasyòm) (soti 29 rive 95 % selon kalte nitriman an). Pifò nan pwodui moun yo te konsome yo te soti nan mache yo, epi se avèk lajan ki pa soti nan komès lagrikilti yo te achte yo. Sous revni sa yo te ede fanmi kiltivatè yo satisfè 30 jiska 43 % (selon modèl jaden an) bezwen enèjetik yo ; oswa tou, 22 jiska 78 % bezwen nitrisyonèl yo, selon nitriman ak modèl jaden-lafanmi an. Kilti latè makònen ak lòt sous (revni non-agrikòl, pwodui-angrè, transfè-lajan) pou fanmi kiltivatè yo nan Jan-Rabèl pa te vrèman ase pou kouvri tout bezwen enèjetik manm fanmi yo, ki gen gwo twou vid soti18 rive 52 %, selon modèl jaden-lafanmi an, epitou bezwen nitrisyonèl yo soufri anba twou vid soti 2 rive 56 %, selon tip nitriman, epi selon modèl jaden fanmi an te suiv. Sou yon lòt bò, pwodiksyon ak rantre lajan global fanmi ki ap fè kilti latè yo pa yon pwodiksyon ki estab. Sa montre aklè ensekirite nan lamanjay ki menase popilasyon nou te etidye a. Poutan popilasyon an pa fin pi ba pase sa nan nechèl-ekonomik sosyete a.
voir l'article |
Écrit par Jevensky J. Maxime et Bénédique Paul
L’étude empirique sur les systèmes de vulgarisation agricole réalisée en 2015 dans le département du Centre, en Haïti, a permis d’analyser les conséquences de la vulgarisation agricole sur la situation socio-économique des agriculteurs. Elle montre que les acteurs privés sont plus impliqués dans la vulgarisation agricole que le secteur public, alors que la vulgarisation est avant tout un service public. La fonctionnalité des ces systèmes reste encore faible. Néanmoins par ses conséquences sur les revenus agricoles dans le milieu rural, la vulgarisation agricole apparaît comme un outil de lutte contre l’insécurité alimentaire. En effet, non seulement les agriculteurs bénéficiaires directs des services de vulgarisation agricole enregistrent-ils une productivité plus élevée, mais surtout, ils tirent des revenus agricoles annuels plus élevés que ceux des non-bénéficiaires. Nous proposons donc que l’État s’implique mieux dans la vulgarisation agricole en vue de réduire l’insécurité alimentaire. Les acteurs privés ont également intérêt à aider l’État à améliorer sa prestation en matière de vulgarisation agricole.
Yon etid anpirik sou sistèm vilgarizasyon enfòmasyon nan domèn agrikilti ki te fèt nan depatman Platosantral, nan peyi Ayiti, te pèmèt nou analize kalite konsekans vilgarizasyon agrikòl kapab genyen sou sitiyasyon sosyo ekonomik moun ki ap plante yo. Etid sa a montre moun ki nan sektè prive yo fè plis travay sou plan vilgarizasyon pase sila yo ki nan sektè piblik yo. Poutan, travay vilgarizasyon an se yon sèvis piblik. Sistèm sèvis vilgarizasyon an pa mache byen. Sepandan, pou konsekans li kab genyen sou rantre lajan nan domèn agrikilti nan zòn riral yo, vilgarizasyon agrikòl la vin tounen yon zouti pou moun ki nan peyi a konbat ensekirite alimantè a, goumen kont ensekirite alimantè a. Anfèt, moun ki ap travay epi ki genyen sèvis vilgarizasyon agrikòl la genyen yon pi bon pwodiksyon epitou, lajan yo fè chak ane ak pwodui agrikòl yo pi plis pase pa sila yo ki pa genyen kalite sèvis sa a. Konsa, nou ap pwopoze pou Leta pran pwogram vilgarizasyon agrikòl la an chay pou yo kapab diminye ensekirite alimantè a. Moun ki nan sektè prive yo genyen enterè pou yo ede Leta amilyore pèfòmans li sou plan vilgarizasyon agrikòl la.
voir l'article |
Écrit par Jean-Baptiste Anténord, Etienne Billette de Villemeur et Justin Leroux
Arroser permet de pallier l’absence prolongée de précipitations et donc d’améliorer la productivité d’une exploitation agricole. Cependant, en cas d’inondation et de destruction des récoltes, les pertes sont plus importantes à cause des coûts associés à l’arrosage. Nous établissons ici des critères pour aider les exploitants à faire face au mieux à la variabilité des conditions climatiques. La mise en place d’un coûteux système d’arrosage n’est pas toujours rentable. Par contre, arroser – même manuellement – une partie des parcelles plantées constitue toujours une bonne assurance contre le risque de sécheresse. Dans certaines conditions, l’arrosage permet non seulement d’augmenter le rendement espéré, mais également de diminuer la variabilité des revenus.
Lè nou wouze yon jaden, sa pèmèt nou korije pwoblèm sechrès la kreye, paske lè lapli pa tonbe pandan lontan, wouze yon tè pèmèt li amilyore rannman li nan domèn agrikilti. Sepandan, si ta vin genyen inondasyon ki gate rekòt yo, nou ap pèdi pi plis, paske sa koute lajan pou moun wouze yon tè. Nan atik sa a, nou tabli kèk prensip ki pou pèmèt moun ki ap plante yo kòlte pi byen ak pwoblèm chanjman kondisyon klimatik yo. Li pa toujou rantab pou nou enstale yon sistèm awozay ki koute chè. Sepandan, si nou wouze tè a - menm si se alamen- se yon bon garanti kont posiblite sechrès. Genyen kèk sikonstans kote aksyon wouze tè a, nonsèlman, pèmèt tè a bay pi bon rannman, men tou li dimininye nan chanjman ki kab genyen nan rantre lajan.
voir l'article |
Écrit par Bénédique Paul, Lemâne Delva, Yvens Philizaire
Parmi tous les problèmes auxquels l’agriculture haïtienne doit faire face, celui de la qualité est rarement abordé. C’est le cas pour la production d’arachide, qui représente à la fois une source de revenus et une source de protéines pour une part importante de la population. Dans cet article, à partir d’une enquête de terrain suivie d’analyses en laboratoire, nous examinons les pratiques des différents acteurs de la filière arachide et démontrons que les producteurs, les vendeurs, les transformateurs et même les consommateurs sont peu conscients de l’ampleur des risques sanitaires qu’elles posent. Pourtant, les analyses de qualité montrent une contamination justifiant l’application d’un protocole approprié. Si la contamination est observée à plusieurs stades de la filière et que les conséquences touchent la santé publique à cause des propriétés génotoxiques et cancérogènes de l’aflatoxine, nous proposons un schéma de traitement susceptible de réduire le risque a priori, ce risque concernant tant la santé de la population que l’économie de la filière tout entière et, par conséquent, la sécurité alimentaire nationale.
Pami tout pwoblèm agrikilti peyi Ayiti ap konfwonte, pwoblèm kalite a se yonn, yo pa prèske abòde. Sa se ka pwodiksyon pistach la, ki reprezante nonsèlman yon sous enpòtan pou rantre lajan, men yon sous pwoteyin pou majorite popilasyon an. Nan atik sa a, ki chita sou yon ankèt anndan peyi a, sou kalite tè a, epi analiz ki fèt nan laboratwa, nou egzamine pratik diferan konesè nan rechèch sou pistach la epi nou demontre kote pwodiktè yo, vandè yo, moun ki ap transfòme pwodui yo epi menm konsomatè yo, yo pa pran konsyans gwosè ris pratik sa yo poze pou lasante. Poutan, gen analiz serye ki montre yon kontaminasyon. Sa demontre nesesite pou nou aplike pwesesis syantifik espesyal pou pwoteje popilasyon an. Si yo konstate gen kontaminasyon nan plizyè etap pwosesis rechèch sou pistach la, epi kòm konsekans, sante piblik la vin an danje akoz yon seri faktè jenotoksik epi kansewojèn ki nan aflatoksin lan, nou pwopoze yon plan tretman ki ka redui ris yo apati sa nou konnen deja, ris sa a ki konsène nonsèlman sante popilasyon an, men tou, ekonomi ki an rapò ak sektè pistach la, kidonk, sekirite alimantè nasyonal la.
voir l'article |
Écrit par Joseph N. Pierre
L’agriculture haïtienne est l’un des piliers indispensables du processus de développement socio-économique du pays. Il faut la moderniser et en faire un système de production plus industriel et commercial. Un programme approprié d’amélioration de la gestion agraire couplé à de meilleurs efforts dans l’éducation formelle à tous les niveaux, dans la recherche scientifique et dans la vulgarisation agricole est un levier qu’il convient de combiner à d’autres activités pour faire avancer le pays. Dans cet article, nous expliquons ce qui doit être fait pour doter Haïti d’un meilleur système de production agricole.
Agrikilti nan peyi Ayiti se yonn lan faktè endispansab nan pwosesis devlopman sosyo-ekonomik peyi a. Fò nou modènize li pou nou fè li tounen yon sistèm pwodiksyon ki plis endistriyèl, epi komèsyal. Yon pwogram kòmsadwa pou rann agrikilti a miyò, ki pou double ak pi gwo jefò nan yon edikasyon fòmèl nan tout nivo, nan rechèch syantifik epi nan gaye konesans agrikòl la, se yon mwayen daksyon nesesè ki pou konbine ak lòt aktivite pou nou fè peyi a avanse. Nan atik sa a, nou esplike sa ki pou fèt pou Ayiti ka benefisye yon pi bon sistèm pwodiksyon agrikòl.
voir l'article |
1649 Notre-Dame-de-Fatima
Laval, Québec
H7G 4V8, Canada
E-mail: contact@grahn-monde.org
Téléphone: 514-691-0637