Écrit par Samuel Pierre
Depuis très longtemps, nous assistons à un accroissement préoccupant du phénomène des enfants des rues. De façon générale, l’expression enfant des rues renvoie à une personne mineure – un enfant – qui vit dans la rue. Pour désigner le même phénomène, on parle également d’enfants en situations de rue, pouvant être de trois types : les enfants de la rue, qui vivent et habitent dans la rue ; les enfants dans la rue, qui travaillent dans la rue tout en ayant une famille et un domicile ; les enfants à la rue, soit plutôt ceux qui sont en situation de fugue temporaire avec un risque certain de demeurer dans la rue. Certains de ces enfants peuvent vivre avec leur famille dans la rue ou dans un refuge.
Sa fè trè lontan nou ap gade fenomèn timoun nan lari a tankou yon tèt chaje ki ap grandi pi plis. An jeneral, lè yo ap pale de timoun nan lari, sa vle di moun ki poko granmoun -timoun- ki ap viv nan lari. Pou yo nonmen menm fenomèn sa a, yo di tou, timoun ki nan sitiyasyon pou yo nan lari. Nou kapab klase sitiyasyon sa a nan twa kategori : timoun lari a, ki ap viv epi ki rete nan lari ; timoun nan lari a, ki ap travay nan lari a menm lè yo genyen yon fanmi ak yon kay pou yo rete ; timoun pou lari, se sila yo ki nan sitiyasyon kote yo sove kite kay fanmi yo pou yon tibout tan ki genyen bon jan chans pou yo rete nan lari a nèt. Kèk nan timoun sa yo kapab rete nan lari a avèk fanmi yo oubyen nan yon refij.
voir l'article |
Voir l'article |
Écrit par Jacques-Michel Gourgues
Cet article est inspiré des réflexions des groupes de pensée critique latino-américaine Modernité/Colonialité (MC) et américaine (théorie critique de la race) sur la race, le racisme, le sexisme, et la suprématie blanche de la pensée européenne sur les autres pays périphérisés. Il discute de la prééminence et de la prégnance du privilège épistémique européo-nord-américain dans les ouvrages haïtiens de sciences sociales de l’école fondamentale (premier, deuxième et troisième cycles). Il constate que ceci est le résultat du maintien et de l’entretissage de relations néocoloniales entretenant des repères mentaux racialisés chez les apprenants grâce à l’utilisation d’une contre-vérité, l’idée de race et de stéréotypes renforçant ainsi l’existence d’inégalités sociales et d’un « colonialisme interne ». Face à cette domination épistémique eurocentrée, l’auteur propose, en s’appuyant sur Walter Mignolo du groupe MC, de déconstruire et de décoloniser le savoir et l’éducation en Haïti.
Atik sa a fèt apati refleksyon gwoup panse kritik nan Amerik Latin lan modernity / Coloniality (TM) ak Ameriken (teyori kritik sou koulè po moun) sou ras, rasis, sèksis, ak sipremasi blan sou lapanse ewopeyen an genyen sou lòt peyi ki alantou yo. Nan atik sa a otè a pale sou siperyorite san limit ak sou fòs privilèj epistemik ewopeyo-nò-ameriken an nan liv syans soyal yo nan lekòl fondamantal la ( premye, dezyèm epi twazyèm sik). Nan atik la, otè a konstate rezilta pèsistans ak melanj relasyon neyokolonyal yo, sa ki fasilite referans mantal daprè laras lakay timoun lekòl akoz itilizasyon yon fo-verite, lide ras ak estereyotip ki ranfòse prezans inegalite sosyal yo ak yon « sistèm kolonyal entèn ». Devan dominasyon epistemik ki santre sou Lewòp la otè a pwopoze , apati travay Walter Mignolo ki nan gwoup MC, pou dekonstwi epi dekolonize lakonesans ak ledikasyon an Ayiti.
voir l'article |
Écrit par Daniel Derivois, Josué Vaval et Amira Karray
La problématique des enfants des rues est une préoccupation mondiale qui mobilise politiques et professionnels du social dans la mise en place de dispositifs d’éducation adaptés à leurs besoins. Cependant, l’efficacité de ces dispositifs dépend non seulement de la compréhension des vécus subjectifs profonds de ces enfants, mais aussi du contexte sociopolitique de leur mise en oeuvre. Ainsi, dans des pays comme la Namibie, le Mali, le Togo, la Roumanie ou encore le Brésil ou le Pérou, les projets de réinsertion sociale tiennent compte des spécificités historiques culturelles locales tout en s’inspirant de ce qui se pratique ailleurs. Il arrive aussi que des événements majeurs viennent reconfigurer la problématique de ces enfants, mettant ainsi en évidence des zones insuffisamment explorées de leurs souffrances et leurs ressources disponibles. C’est le cas d’Haïti.
Pwoblèm timoun lari yo se yon tèt chaje mondyal ki mobilize politik ak pwofesyonèl sosyal nan chèche mete chita yon metòd edikasyon ki adapte selon bezwen yo (Unesco, 1999). Sepandan, efikasite metòd sa yo depann nonsèlman de konpreyansyon pase pèsonèl pwofon timoun yo, men tou, li depann de kontèks sosyopolitik pou rive mete yo an aplikasyon. Konsa, nan peyi tankou Namibie, Mali, Togo, Roumanie oubyen ankò Brésil oubyen Pérou, pwojè reyensèsyon sosyal yo pran an konsiderasyon patikilarite istorik kiltirèl nan zòn yo tou pandan yo ap enspire yo sou sa ki fèt lòt kote. Genyen tou lòt gwo evènman ki vin bay kesyon timoun sa yo yon lòt fòm, nan dekouvri yo dekouvri zòn kote soufrans yo pa rive antre epi nan dekouvri yo dekouvri tou resous ki genyen aladispozisyon yo. Se ka pa Ayiti a sa.
voir l'article |
Voir l'article |
Écrit par Iris Wexler Buzaglo
Notre recherche porte sur les symboles historiques et culturels dans les dessins des enfants de la rue en Haïti, deux années après le séisme de janvier 2010. En partant de la situation limite dans l’espace de la rue haïtienne, nous émettons l’hypothèse que le fait de se trouver dans l’espace social de la rue se reflète dans les représentations picturales et une partie de ces formations prend appui sur certaines modalités de la transmission psychique. À partir d’observations réalisées dans un cadre-dispositif de création thérapeutique auprès d’adolescents âgés de 10 à 18 ans, l’étude montre que les symboles historiques et culturels haïtiens présentent l’identité collective comme ressource conative d’appel psychique groupal des enfants déplacés dans la rue en situations limites et extrêmes.
Rechèch nou an chita sou senbòl istorik ak senbòl kiltirèl nan desen ti Ayisyen ki ap viv nan lari, de ane apre tranblemanntè janvye 2010 la. Lè nou soti sitiyasyon nan wòdpòte espas lari ayisyen an, nou parèt ak yon ipotèz, kote, kòm timoun yo nan lari a, espas sosyal sa a parèt nan reprezantasyon foto yo epi yon pati nan fòmasyon sa yo chita sou kèk fòm transfè sichik. Apati obsèvasyon ki fèt nan yon anviwonnman dispoze pou kreyasyon terapi bò kote jenn timoun soti 10 rive 18 lane, etid sa a demontre senbòl istorik ak senbòl kiltirèl ayisyen yo prezante idantite kolektif la kòm resous ki kapab reveye aspè sichik grap timoun ki nan lari a de bra pandye nan yon sitiyasyon ekstrèm.
voir l'article |
Écrit par Irdèle Lubin
La pratique d’intervention auprès des enfants et des jeunes de la rue en Haïti permet de recenser plusieurs tentatives et plusieurs propositions pour favoriser la scolarisation de ce public. Depuis environ 30 ans que l’on intervient dans ce champ en Haïti, on n’enregistre pas encore d’évaluation générale de cet aspect. Pour mieux avancer dans la scolarisation des enfants de la rue en Haïti, on ne peut ignorer ce qui a été fait. Cet article présente brièvement quelques-unes des expériences de scolarisation réalisées en Haïti auprès de jeunes avec un antécédent de vie dans la rue.
Pratik jan yo abòde timoun ak jèn timoun ki ap viv nan lari Ayiti yo pèmèt nou jwenn plizyè tantativ ak plizyè pwopozisyon pou fasilite moun sa yo fè klas yo lekòl. Depi 30 lane apeprè, nou ap ede nan anviwonnman sa a an Ayiti, nou poko rive genyen yon evalyasyon jeneral pou fòm èd sa a. Pou nou vanse pi byen nan fè timoun ki ap viv nan lari Ayiti yo fè klas yo, nou pa ka mete sou kote sa ki te fèt deja. Atik sa a ap montre rapidman kèk nan eksperyans ki fèt an Ayiti avèk jèn moun ki te gen abitid viv nan lari ki rive fè klas yo.
voir l'article |
Écrit par Nephtalie Eva Joseph
Cet article s’intéresse à la relation entre les facteurs familiaux, environnementaux et socio-économiques en jeu dans le processus du départ de l’enfant dans les rues. Nos entretiens auprès des cinq enfants de la Timkatec ainsi que d’un membre de la famille de chacun d’eux nous ont permis de dégager des spécificités du style parental en rapport avec la conception de l’enfant dans le contexte haïtien. Ces spécificités ont mis en évidence certains besoins identitaires, affectifs et matériels des enfants dans la rue. En effet, l’analyse de ces données révèle que le style parental autoritaire ou laisser-faire des familles pauvres favorise le développement du phénomène des enfants des rues. Par ailleurs, elle montre que les conditions socio-économiques influent grandement sur les styles éducatifs des parents.
Atik sa a baze sou relasyon ki genyen ant eleman familyal, eleman anviwonnmantal ak sosyoyekonomik ki antre an relasyon nan etap pou timoun nan ale nan lari a. Rankont nou fè ak senk timoun nan Timkatec, ansanm ak yon manm nan fanmi yo, chak te pèmèt nou rive distenge patikilarite estil paran an pa rapò ak konsepsyon timoun nan kontèks ayisyen an. Karakteristik sa yo fè moun wè aklè kèk bezwen idantite, bezwen afeksyon ak bezwen materyèl timoun nan lari yo. Analiz enfòmasyon sa yo fè konnen vrèman estil paran ki otoritè yo oubyen estil lesegrennen ki genyen nan fanmi pòv yo favorize devlopman ka timoun nan lari yo. Dayè, li montre kondisyon sosyoyekonomik yo enfliyanse anpil estil edikasyon paran yo.
voir l'article |
Écrit par Nathalie Guillier-Pasut
C’est dans le cadre du projet ANR-RECREAHVI Résilience et processus créateurs chez les enfants et adolescents haïtiens victimes de catastrophes naturelles que cet article se propose d’étudier les indices de la présence des tuteurs potentiels de résilience chez ces enfants et adolescents victimes. Il y est question d’un tuteur en particulier : la famille. À partir de dessins réalisés par des enfants des rues en Haïti, nous verrons comment ces enfants, à travers ce dispositif d’accès à l’imaginaire et cette possibilité d’expression privilégiée, perçoivent et pensent la famille, dans ses rencontres avec l’altérité.
Se nan kad pwojè ANR-RECREAHVI Rezilyans ak pwosesis kreyatè kay timoun ak jenn timoun ayisyen viktim katastwòf natirèl yo, atik sa a pwopoze etidye siy prezans pwotektè posib rezilyans kay timoun ak jenn timoun ki viktim yo. Nou ap pale de yon pwotektè an patikilye : fanmi an. Apati desen timoun nan lari Ayiti yo reyalize , nou ap wè kouman timoun sa yo, nan mwayen pou nou antre nan domèn imajinasyon ak posiblite ekspresyon privilejye sa a, konprann sans lafanmi an epi panse ak li, nan rankont yo avèk diferans yo genyen nan yo.
voir l'article |
Écrit par Lisbeth Brolles
En invitant les enfants des rues au colloque de clôture de l’Agence nationale de la recherche et de la Fondation de France, l’équipe du projet RECREAHVI a voulu mettre en évidence l’importance de la reconstruction psychique après une catastrophe naturelle. La créativité dont ces enfants ont fait preuve au cours d’ateliers de peinture est un témoignage des ressources internes sur lesquelles il faut s’appuyer pour favoriser la reconstruction psychique. C’est à ce titre que leur présence était importante. Le colloque de clôture du projet « Haïti pour une reconstruction durable » qui s’est tenu à Port-au-Prince du 3 au 5 décembre 2014 a été l’occasion de présenter les résultats de la recherche RECREAHVI. Les ateliers de peinture proposés à des enfants des rues ont constitué un temps important de cette recherche. Les résultats ont en particulier mis en évidence la créativité intense de ces enfants, créativité qui a été mise à l’honneur pendant le colloque avec l’exposition de leurs peintures et dessins réalisés pendant les ateliers.
voir l'article |
Écrit par Amira Karray
Cet article porte sur la situation des enfants des rues en Haïti dans le contexte post-séisme. À travers une étude de dessins d’enfants des rues produits lors d’ateliers réalisés dans le cadre de la recherche ANR-RECREAHVI, nous mettons en évidence ce que ces dessins nous disent de la vie de ces enfants à la rue, de leurs besoins et aspirations. L’analyse, portant essentiellement sur les dessins des maisons, de l’environnement famille et de l’environnement rue, nous montre, outre la vulnérabilité de ces enfants et la fragilité de leurs enveloppes environnementales et psychiques, leur capacité de saisir des soutiens existant dans l’environnement, ainsi que leurs capacités expressives et leur recherche active d’ancrage identitaire : relationnel, familial, social et national.
Atik sa a chita sou sitiyasyon timoun ki ap viv nan lari Ayiti apre tranblemanntè a. Nou sèvi ak desen yo te fè sou timoun nan lari yo nan atelye pou rechèch ANR-RECREAHVI a pou nou rive montre aklè sa desen sa yo di sou timoun yo nan lari a, sou bezwen yo ak tou sa yo ta renmen vini (aspirasyon yo). Analiz la ki chita sitou sou desen kay, desen anviwonnman fanmi ansanm ak anviwonnman lari fè nou wè, anplis frajilite timoun sa yo ak frajilite tou sa ki anviwonnen yo epi frajilite lespri yo, kapasite yo genyen pou yo sèvi ak èd ki ekziste nan anviwonnman yo ansanm ak kapasite pou yo avek rechèch yo ap fè san gade dèyè pou mete chita idantite yo : sou plan relasyon, sou plan fanmi, sou plan sosyal ak nasyonal.
voir l'article |
Écrit par Maïtena Armagnague
Ce texte s’appuie sur l’analyse d’une mission d’ingénierie sociale réalisée auprès de « l’enfance des rues » au Cap-Haïtien. Il vise à comprendre qualitativement ce phénomène, entendu comme une dynamique sociale hétérogène et instable mais profondément organisée et structurante. Les expériences de précarité juvénile sont porteuses de ressources, de réflexivité et de repères identificatoires, ayant des conséquences sur les libertés d’action des acteurs dans des univers dominés. Ces jeunesses peuvent ainsi être des matrices de compréhension de la société haïtienne, dans ses inégalités et sa justice sociale locale.
Tèks sa a apiye sou analiz yon misyon enjeneri sosyal ki te reyalize bò kote « timoun nan lari » Okap yo. Li vize yon konpreyansyon kalitatif fenomèm sa a ke tout moun wè tankou yon dinamik sosyal etewojèn epi enstab, men ki òganize an pwofondè epi ki byen makònen ansanm. Eksperyans lajenès sa a ki pòv, ki frajil, se yon basen resous, refleksyon ak referans idantifikatwa, ki genyen konsekans sou libète aksyon aktè yo nan inivè ki domine yo. Jenès sa yo kapab tounen yon moul pou konpreyansyon sosyete ayisyen an, nan inegalite li yo ansanm ak nan jistis sosyal nan zòn kote timoun yo ap viv la.
voir l'article |
1649 Notre-Dame-de-Fatima
Laval, Québec
H7G 4V8, Canada
E-mail: contact@grahn-monde.org
Téléphone: 514-691-0637